Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ki gen plis enpòtans nan lavi w?

Kiyès ki gen plis enpòtans nan lavi w?

Kiyès ki gen plis enpòtans nan lavi w?

“Se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a!” — SÒM 83:18, NW.

1, 2. Poukisa li pa sifi pou nou annik konnen non Bondye pou nou sove?

PREMYE fwa w te wè non Jewova, petèt se lè yo te montre w li nan Sòm 83:18. Petèt ou te sezi lè w t ap li vèsè sa a ki di (NW): “Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a!” Depi lè sa a, pa gen dout ou deja itilize menm vèsè sa a pou w ede lòt moun konnen non Bondye nou an, Jewova, yon Bondye ki gen lanmou. — Wom. 10:12, 13.

2 Byenke li enpòtan pou moun yo konnen non Bondye se Jewova, konesans sa a pa sifi pou yo sove. Lè salmis la te di “se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a”, li te vle montre gen yon lòt verite enpòtan ankò nou bezwen konnen pou nou ka sove. Wi, nan tout linivè, se Jewova ki pi enpòtan. Antanke Kreyatè, li gen dwa pou l atann pou tout kreyati l yo soumèt devan l (Rev. 4:11). Se sa k fè nou gen bonjan rezon pou nou mande tèt nou: ‘Kiyès ki gen plis enpòtans nan lavi m?’ Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou byen analize repons nou bay pou kesyon sa a!

Kesyon ki te soulve nan jaden Edenn nan

3, 4. Ki sa Satan te fè pou l twonpe Èv, e ki rezilta sa te bay?

3 Kesyon sa a ki te soulve a se yon kesyon ki serye e nou kapab wè sa nan sa k te pase nan jaden Edenn nan. Se nan jaden an zanj rebèl yo te vin rele Satan Ledyab la te twonpe Èv, premye fi a, pou l fè l chèche enterè pa l olye l obeyi kòmandman Jewova te bay pou l pa manje fwi ki te nan yon pyebwa nan jaden an (Jen. 2:17; 2 Kor. 11:3). Twonpe Satan te twonpe Èv la te fè Èv aji yon fason ki montre li te manke respè pou souvrènte Jewova. Èv pa t montre se Jewova ki gen plis enpòtans nan lavi l. Men, ki jan Satan te fè rive twonpe Èv?

4 Lè Satan t ap pale ak Èv, li te itilize plizyè taktik pou l twonpe l. (Li Jenèz 3:1-5.) Premyèman, Satan pa t itilize non Bondye, ki se Jewova. Li te annik pale de “Bondye”. Nan lang orijinal la, moun ki te ekri liv Jenèz la te itilize non pèsonèl Bondye, Jewova, nan premye vèsè ki nan chapit sa a. Dezyèmman, olye Satan pale de “lòd” Bondye te bay la, li te annik mande Èv ki sa Bondye te “di”. (Jen. 2:16.) Petèt se yon fason li t ap fè pou l minimize enpòtans lòd sa a. Twazyèmman, byenke se ak Èv sèlman li t ap pale, li te itilize pwonon “nou” an. Lè l te fè sa, sanble li t ap flate Èv pou l fè l santi li se yon moun enpòtan, kòmsi Èv te gen dwa pale ni pou tèt li ni pou mari l. Ki rezilta sa te bay? Èv te deside pale ni pou tèt li ni pou mari l e sanble se ògèy ki te pouse l fè sa. Men sa l te di sèpan an: “Nou gendwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.”

5. a) Sou ki sa Satan te fè Èv konsantre? b) Ki sa Èv te montre lè l te manje fwi li pa t dwe manje a?

5 Satan te tòde sa Bondye te di yo. Li te mande Èv èske Bondye te di “piga [yo] manje donn tout pyebwa ki nan jaden an”, konsa, li te vle fè konprann Bondye te aji yon fason ki enjis ak Adan ak Èv. Apre sa, Satan te fè Èv wè pwòp enterè pa l, e li fè l konprann si l vin “tankou Bondye”, l ap kapab swadizan amelyore lavi l. Finalman, li te fè Èv konsantre l sou pyebwa a ak fwi ki ladan l yo, konsa, Èv pa t reflechi sou relasyon l avèk Moun ki te ba l tout sa l te genyen yo. (Li Jenèz 3:6.) Malerezman, lè Èv te manje fwi a, li te montre se pa Jewova ki te gen plis enpòtans nan lavi l.

Kesyon ki te soulve nan epòk Jòb la

6. Ki jan Satan te mete dout sou entegrite Jòb, e ki posiblite sa te bay Jòb?

6 Plizyè syèk annapre, Jòb, yon gason fidèl, te gen posiblite montre kiyès ki te pi enpòtan nan lavi l. Lè Jewova te pale ak Satan de entegrite Jòb, men sa Satan te reponn: “Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a?” ​(Li Jòb 1:7-10.) Satan te rekonèt Jòb te konn obeyi Bondye. Men, li te mete dout sou rezon ki fè Jòb te konn fè sa. Avèk riz, li te fè konprann se pa lanmou ki te fè Jòb sèvi Jewova, men Jòb t ap defann enterè l. Se sèlman Jòb ki te kapab pwouve sa Satan te di a se pa vre, e li te jwenn posiblite pou l fè sa.

7, 8. Ki malè ki te tonbe sou Jòb, e ki sa Jòb te montre lefètke li te andire sitiyasyon sa a avèk fidelite?

7 Jewova te kite Satan fè yon seri malè tonbe sou Jòb youn apre lòt (Jòb 1:12-19). Ki jan Jòb te reyaji? Bib la di li “pat fè okenn peche, ni li pa[t] janm di sa li pat dwe di sou Bondye”. (Jòb 1:22.) Men, Satan pa t satisfè. Men sa l te di: “Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri.” ​(Jòb 2:4). Satan te fè konprann si se Jòb li te atake dirèkteman, Jòb t ap montre se pa Jewova ki pi enpòtan nan lavi l.

8 Jòb te trape yon maladi ki te defigire l nèt. Anplis, madanm li te fè presyon sou li pou l joure Bondye, epi li te di l apre sa li mèt mouri mouri l. Annapre, gen twa fo konsolatè ki te di Jòb se sa l fè l ap peye (Jòb 2:11-13; 8:2-6; 22:2, 3). Sepandan, malgre tout soufrans sa yo, Jòb te kontinye kenbe entegrite l. (Li Jòb 2:9, 10.) Lefètke Jòb te andire sitiyasyon l lan avèk fidelite, li te montre se Jewova ki te pi enpòtan nan lavi l. Jòb te tou montre li posib pou yon moun ki enpafè fè tout sa l kapab pou l bay Dyab la yon repons pou akizasyon l yo. — Konpare ak Pwovèb 27:11.

Jezi te bay yon repons konplè

9. a) Kòm Jezi te grangou, ki jan Satan te sèvi ak sa pou l tante l? b) Ki jan Jezi te reyaji?

9 Yon ti tan apre Jezi fin batize, Satan te eseye fè Jezi aji yon fason egoyis yon fason pou l pa t kontinye konsidere Jewova kòm Moun ki pi enpòtan nan lavi l. Dyab la te met twa tantasyon devan Jezi. Premyèman, kòm Jezi te pase 40 jou ap fè jèn e li te grangou anpil, Satan te eseye fè Jezi fè wòch tounen pen (Mat. 4:2, 3). Donk, Satan te vle fè l mal sèvi ak pouvwa l genyen pou l fè mirak la. Ki jan Jezi te reyaji? Kontrèman ak Èv, Jezi te mete aksan sou Pawòl Jewova a e li te rejte tantasyon an lapoula. — Li Matye 4:4.

10. Poukisa Satan te bay Jezi defi kanpe sou tèt mi tanp plan epi lage kò l anba?

10 Dezyèmman, Satan te eseye fè Jezi aji yon fason egoyis. Li te bay Jezi defi kanpe sou tèt mi tanp lan epi lage kò l anba (Mat. 4:5, 6). Ki sa l te gen nan tèt li? Li te fè konprann si Jezi te lagè kò l anba epi anyen pa rive l, sa t ap pwouve Jezi se “yon pitit Bondye” toutbonvre. An reyalite, Dyab la te vle Jezi enkyete l pou repitasyon l nan pwen pou l ta lage kò l anba pou l fè moun wè. Satan te konnen yon moun kapab aksepte fè yon bagay ki gen danje ladan l si moun sa a gen ògèy e si li pa vle moun pèdi respè pou li. Satan te tòde yon pasaj nan Ekriti yo, men, Jezi te montre li byen konprann Pawòl Jewova a. (Li Matye 4:7.) Piske Jezi te rejte defi sa a, li te pwouve yon lòt fwa ankò se Jewova ki gen plis enpòtans nan lavi l.

11. Poukisa Jezi te refize òf Satan te fè l pou l ba l tout wayòm ki nan monn nan?

11 Nan dènye tantasyon Satan an, Satan te ofri Jezi tout wayòm ki gen nan monn nan (Mat. 4:8, 9). Lapoula, Jezi te rejte òf sa a. Li te konnen si l te aksepte l, sa t ap vle di li rejte souvrènte Jewova, sa vle di dwa Bondye genyen antanke Trèwo. (Li Matye 4:10.) Chak fwa Satan te tante Jezi, Jezi te reponn Satan ak yon pasaj nan Ekriti yo ki gen non Bondye ladan l ki se Jewova.

12. Ki gwo desizyon Jezi te gen pou l pran anvan l mouri, e ki sa l te fè?

12 Anvan Jezi te mouri, li te gen yon gwo desizyon pou l pran. Pandan tan li te pase ap preche a, li te montre li te dispoze bay lavi l kòm sakrifis (Mat. 20:17-19, 28; Lik 12:50; Jan 16:28). Sepandan, li te konnen yo t apral akize l, lajistis t apral kondane l e yo t apral egzekite l kòm yon blasfematè. Sa te enkyete l anpil. Se sa k fè, nan yon priyè li te fè, li te di pawòl sa yo: “Papa, si sa posib, fè koup sa a pase lwen m.” Men li te kontinye pou l di: “Sepandan, se pa jan m vle, men se jan w vle.” ​(Mat. 26:39). Wi, lefètke Jezi te rete fidèl jiska lamò, li te montre kiyès ki te gen plis enpòtans nan lavi l.

Ki repons n ap bay?

13. Ki leson nou aprann nan egzanp Èv, Jòb ak Jezi?

13 Ki sa nou sot aprann? Nan ka Èv, nou aprann moun ki suiv dezi egoyis yo oswa ki panse yo enpòtan montre se pa Jewova ki pi enpòtan nan lavi yo. Yon lòt bò, nan ka Jòb, ki te yon gason fidèl, nou aprann menm moun ki enpafè kapab montre yo bay Jewova premye plas nan lavi yo lè yo rete fidèl malgre yo jwenn pwoblèm e yo pa fin konprann poukisa yo gen pwoblèm sa yo (Jak 5:11). Anplis, egzanp Jezi aprann nou nou dwe dispoze aksepte sitiyasyon ki ka fè nou wont e nou pa dwe bay repitasyon nou twòp enpòtans (Ebre 12:2). Men, ki jan nou kapab aplike leson sa yo nan lavi nou?

14, 15. Ki jan fason Jezi te reyaji devan tantasyon diferan nèt ak fason Èv te reyaji devan tantasyon, e ki jan nou ka imite Jezi? (Pale sou foto ki nan paj 18 la.)

14 Pa janm kite tantasyon fè w bliye Jewova. Èv te kite lespri l konsantre sou tantasyon li te jwenn nan. Li te “wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l.” ​(Jen. 3:6). Fason l te reyaji a diferan nèt parapò ak fason Jezi te reyaji devan twa tantasyon li te jwenn yo. Devan chak tantasyon sa yo, Jezi pa t wè tantasyon an sèlman, men, li te wè konsekans aksyon l yo t apral genyen. Li te sèvi ak Pawòl Bondye a e li te itilize non Bondye, Jewova.

15 Lè nou jwenn tantasyon pou nou fè bagay ki pap fè Jewova plezi, sou ki sa nou konsantre? Plis nou konsantre sou sa nou anvi fè a, se plis l ap vin pi difisil pou nou reziste kont anvi sa a (Jak 1:14, 15). Nou bezwen aji vit pou nou retire move dezi sa a nan nou, menmsi sa nou oblije fè a ta sanble se rache n ap rache yon pati nan kò nou (Mat. 5:29, 30). Menm jan ak Jezi, nou bezwen konsantre sou konsekans aksyon nou yo, sa vle di sou efè aksyon nou yo ap genyen sou relasyon nou ak Jewova. Nou bezwen sonje sa Pawòl li a, Labib, di. Se sèlman lè nou aji konsa n ap montre se Jewova ki gen plis enpòtans nan lavi nou.

16-18. a) Ki sa ki ka fè nou santi nou dekouraje? b) Ki sa k ap ede nou andire sitiyasyon ki fè nou soufri?

16 Pa janm kite malè ki rive w fè w fache ak Jewova (Pwo. 19:3). Ofiramezi n ap vanse pi pre fen monn mechan sa a, dezas ak malè frape plis moun pami pèp Bondye a. Nou pa atann Bondye ap fè mirak pou l pwoteje nou. Se sa k fè, menm jan ak Jòb, sa ka rive nou santi nou dekouraje lè nou gen moun pa nou ki mouri oswa lè n ap andire difikilte.

17 Jòb pa t konprann poukisa Jewova te kite kèk bagay rive, e pafwa nou menm tou nou gendwa pa konprann poukisa move bagay rive. Petèt nou tande gen kèk frè nou ki te fidèl e ki mouri nan tranblemanntè, tankou sila ki mouri ann Ayiti yo, oswa nou tande gen lòt dezas ankò ki lakòz kèk ladan yo mouri. Oubyen nou gendwa konnen yon moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman ki viktim yon zak vyolans oswa ki mouri nan yon gwo aksidan. Oubyen tou nou kapab ap soufri akoz yon sitiyasyon n ap viv oswa akoz yon enjistis nou te sibi. Sa n ap andire a gendwa fè nou mande tèt nou: ‘O Jewova, poukisa? Poukisa se mwen sa rive? Ki sa m fè m ap peye?’ ​(Aba. 1:2, 3). Ki sa k ap ede nou nan moman sa yo?

18 Nan moman sa yo, nou bezwen fè atansyon pou nou pa panse se lage Jewova lage nou. Jezi te montre nou pa dwe panse konsa lè l t ap pale de de malè ki te rive nan epòk li a. (Li Lik 13:1-5.) Jan Eklezyas 9:11 (NW) montre sa, gen anpil malè ki rive moun akoz “evènman moun pa prevwa [...], nan moman yo pa t atann”. Sepandan, kèlkeswa sa k ap fè nou soufri a, nou kapab andire l si nou konte sou “Bondye tout konsolasyon an”. L ap ban nou fòs nou bezwen an pou nou sèvi l avèk fidelite. — 2 Kor. 1:3-6.

19, 20. Ki sa ki te ede Jezi andire sitiyasyon ki te ka fè l wont, e ki sa ki ka ede nou fè menm jan avè l?

19 Pa kite ògèy pran tèt ou e pa konsantre sou imilyasyon ou jwenn. Jezi te enb. Se sa k fè li te “kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav e li te vin tounen yon moun”. (Fil. 2:5-8.) Li te rive andire yon pakèt sitiyasyon ki te ka fè l wont paske li te konte sou Jewova (1 Pyè 2:23, 24). Piske li te andire tout sitiyasyon sa yo, li te montre se volonte Jewova ki pi enpòtan pou li. Kòm rezilta, Bondye te leve l mete nan yon pozisyon ki pi wo (Fil. 2:9). Jezi te ankouraje disip li yo fè menm jan avè l. — Mat. 23:11, 12; Lik 9:26.

20 Pafwa, gen kèk eprèv ki teste lafwa nou e ki ka fè nou santi nou jennen. Sepandan, nou ta dwe gen menm konfyans apot Pòl te gen nan Bondye a. Men sa li te di: “Se poutèt sa m ap sibi bagay sa yo tou, men mwen pa wont. Paske, mwen konnen moun mwen kwè nan li a, e mwen gen konfyans li kapab konsève sa mwen konfye l la jis lè jou a rive.” — 2 Tim. 1:12.

21. Malgre moun yo nan monn nan egoyis, ki detèminasyon ou pran?

21 Bib la te anonse nan epòk pa nou an moun yo t ap “renmen pwòp tèt yo”. (2 Tim. 3:2.) Se sa k fè nou pa sezi lefètke moun alèkile yo se tèt yo yo wè anvan. Ann veye pou nou pa janm vin egoyis menm jan ak yo! Olye de sa, annou chak pran detèminasyon pou nou montre tout moun se Jewova ki gen plis enpòtans nan lavi nou, kit nou jwenn tantasyon, kit malè tonbe sou nou, kit moun eseye fè nou wont.

Ki sa nou ka aprann...

• nan fason Satan te twonpe Èv la?

• nan reyaksyon Jòb devan malè ki te tonbe sou li yo?

• lè nou konprann sa ki te pi enpòtan pou Jezi?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Èv pa t bay relasyon li te gen ak Jewova a enpòtans.

[Foto nan paj 18]

Jezi te rejte tantasyon Satan yo e li te bay volonte Bondye premye plas nan lavi l.

[Foto nan paj 20]

Kèk frè ann Ayiti k ap preche moun ki anba tant apre tranblemanntè a.

Lè malè rive nou, nou dwe konte sou “Bondye tout konsolasyon an”.