Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou fanmi ki kretyen yo ‘montre yo pare’

Se pou fanmi ki kretyen yo ‘montre yo pare’

Se pou fanmi ki kretyen yo ‘montre yo pare’

“Ebyen nou menm tou, montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” — LIK 12:40.

1, 2. Sa k fè nou dwe pran konsèy Jezi te ban nou pou nou “montre nou pare” a oserye?

KI SA k ap rive ou menm ak fanmi w “lè pitit lòm nan [...] vini nan glwa li” e lè l pral separe “moun yo youn ak lòt”? (Mat. 25:31, 32.) Kòm se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini, li enpòtan anpil pou nou pran konsèy Jezi te bay pou nou “montre nou pare” a oserye. — Lik 12:40.

2 Nan atik anvan an, nou te wè chak moun nan fanmi an ka ede tout fanmi an rete je klè nan domèn espirityèl lè yo pran responsablite yo oserye. Kounye a, nou pral egzamine lòt bagay nou ka fè pou tout fanmi an gen bon relasyon ak Bondye.

Kite je nou “fikse sou yon sèl bagay”

3, 4. a) Ak ki sa fanmi ki kretyen yo dwe fè atansyon? b) Sa sa vle di pou nou kenbe je nou “fikse sou yon sèl bagay”?

3 Pou fanmi yo ka pare lè Kris vini, yo dwe fè atansyon ak tout sa ki ka distrè yo, ki ka fè yo pa konsantre sou vrè adorasyon an, e yo dwe evite bagay sa yo. Etandone anpil fanmi deja tonbe nan pyèj materyalis, ann egzamine sa Jezi te di sou kesyon kite je nou “fikse sou yon sèl bagay” la. (Li Matye 6:22, 23.) Menm jan yon lanp ka klere wout nou e li ka pèmèt nou mache san nou pa tonbe, se menm jan an tou, sa nou kite antre nan ‘kè’ senbolik nou an kapab ede nou konpòte nou yon fason pou nou pa tonbe nan peche. — Efe. 1:18.

4 Pou yon moun wè klè, fòk je l bon e fòk je l ka fikse sou sa l ap gade a. Se menm bagay la tou pou je senbolik nou an. Lè yon moun fikse je senbolik li sou yon sèl bagay, sa vle di li konsantre sou yon sèl objektif. Olye nou konsantre lavi nou sou bagay materyèl e nou enkyete nou twòp pou bezwen materyèl fanmi nou, nou fikse je nou sou bagay espirityèl pito (Mat. 6:33). Sa vle di, nou kontante nou ak bagay materyèl nou genyen yo e nou bay sèvis n ap bay Bondye a premye plas nan lavi nou. — Ebre 13:5.

5. Ki jan yon jèn fi te demontre “je” l fikse sou sèvi Bondye?

5 Lè nou aprann timoun yo pou yo kenbe je yo fikse sou yon sèl bagay, sa bay bon rezilta. Ann pran sa k te rive yon jèn fi nan peyi Etyopi. Li te tèlman byen travay lekòl, lè l fini klas li, yo te ofri l yon bous pou l t al pousuiv etid li. Men, kòm je l te fikse sou sèvi Jewova, li te refize bous la. Yon ti tan apre, yo te ofri l yon djòb kote l t ap gen pou l touche 4 200 dola ameriken pa mwa, sa ki te reprezante yon pakèt kòb parapò ak sa pifò moun touche nan peyi l. Men, “je” demwazèl la te fikse sou sèvis pyonye. Li pa t bezwen mande paran l sa yo panse anvan l te refize djòb la. Ki reyaksyon paran l te genyen lè yo te aprann sa l te fè a? Ebyen, yo te kontan e yo te di l yo fyè de li.

6, 7. Se pou nou “rete je ouvè” pou nou evite ki danje?

6 Nou jwenn yon avètisman kont avidite nan pawòl Jezi yo ki nan Matye 6:22, 23. Jezi pa t konpare yon je ki “fikse sou yon sèl bagay” ak yon je ki “fikse sou plizyè bagay”, men li te konpare l ak yon je ki “fikse sou sa ki mal”. Yon ‘je ki fikse sou sa ki mal’ se yon ‘je ki mechan’, ki anvi afè moun, sa vle di ki gen tanta oswa ki ava (Mat. 6:23; nòt). Ki jan Jewova konsidere tanta oswa avaris? Labib di: “Depi se fònikasyon, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou.” — Efe. 5:3.

7 Li ka fasil pou nou wè lè lòt moun gen tanta, men li pa fasil pou nou wè sa lakay nou. Se sa k fè, n ap montre nou saj si nou koute konsèy Jezi a: “Rete je ouvè, epi evite tout kalite tanta.” ​(Lik 12:15). Pou nou rive fè sa, sa ap mande pou nou egzamine tèt nou pou nou wè ki sa k nan kè nou toutbon. Fanmi ki kretyen yo dwe reflechi seryezman sou kantite tan yo pase nan detant, nan divètisman e nan achte bagay materyèl ak kantite kòb yo depanse nan bagay sa yo.

8. Anrapò ak bagay n ap achte, ki jan nou ka montre nou “rete je ouvè”?

8 Anvan nou achte yon bagay, nou pa dwe gade sèlman si n ap gen ase lajan pou nou achte l, men nou dwe poze tèt nou kesyon ki vin apre yo tou: ‘Èske m ap gen ase tan pou m sèvi avè l regilyèman e pou m byen pran swen l? Konbyen tan sa ap pran m pou m aprann byen sèvi avè l?’ Nou menm jèn, pinga nou kwè tout sa nou tande nan reklam y ap fè pou yon bagay, epi pou n ap fè paran nou egzijans pou yo achte gwo mak rad ki chè oswa lòt bagay pou nou. Se pou nou aprann gen metriz. Epitou, nou tout dwe reflechi pou nou wè si nou achte bagay sa a, èske sa ap ede fanmi an rete pare lè Pitit lòm nan vini? Se pou n gen lafwa nan pwomès Jewova fè a: “Mwen pap janm kite [nou], e mwen pap janm abandone [nou].” — Ebre 13:5.

Fè efò pou nou atenn objektif espirityèl

9. Lè tout moun nan yon fanmi gen objektif espirityèl, ki jan sa ede fanmi an?

9 Yon lòt fason tout moun nan fanmi an kapab fè lafwa yo vin pi solid e yo ka kontribye pou tout moun nan fanmi an gen yon bon relasyon ak Jewova, se lè yo fikse objektif espirityèl e yo fè tout efò yo pou yo atenn yo. Si yo fè sa, sa ap ede yo egzamine sèvis y ap bay Jewova a e sa ap ede yo detèmine ki aktivite ki dwe gen plis enpòtans nan lavi yo. — Li Filipyen 1:10.

10, 11. Ki objektif espirityèl n ap chèche atenn kounye a antanke fanmi, e ki objektif nou ta renmen fikse?

10 Lè chak moun nan fanmi an fikse objektif yo ka atenn, sa ka pote gwo byenfè pou fanmi an, menmsi objektif sa yo piti. Pa egzanp, si nou gen objektif pou nou pale sou tèks pou jounen an chak jou, kòmantè chak moun bay kapab ede chèf fanmi an rive konprann nan ki degre chak moun renmen Jewova e yo renmen laverite. Objektif pou tout moun nan fanmi an li Labib ansanm regilyèman bay timoun yo posiblite nonsèlman pou yo amelyore fason yo li, men tou, pou yo vin pi byen konprann mesaj ki nan Bib la (Sòm 1:1, 2). Èske nou pa ta dwe gen objektif pou nou amelyore kalite priyè nou? Yon lòt bèl objektif nou ka fikse se pou nou rive devlope kalite ki gen nan fwi lespri a pi plis toujou (Gal. 5:22, 23). E si nou ta chèche wè ki jan nou ka montre nou enterese toutbon nan moun nou rankontre nan tèritwa a? Lè tout moun nan fanmi an fè efò pou yo fè sa, sa ap ede timoun yo aprann demontre konpasyon pou lòt moun, e l ap pi fasil pou yo anvi vin pyonye pèmanan oswa misyonè.

11 Poukisa ou pa egzamine kèk objektif ou menm ak fanmi w kapab atenn? Èske nou ka gen objektif pou nou pase plis tan nan ministè a? Èske nou ka fè efò pou nou konbat krent nou genyen pou nou preche nan telefòn, nan lari, oswa kote ki gen biznis? E si nou ta fikse objektif pou n al preche kote ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan? Èske yon moun nan fanmi an ka aprann yon lòt lang yon fason pou l ka preche moun lòt nasyonalite bon nouvèl la?

12. Ki sa chèf fanmi yo ka fè pou yo ede fanmi yo fè pwogrè nan domèn espirityèl?

12 Antanke chèf fanmi, gade pou w wè ki kote fanmi w bezwen fè pwogrè. Apre sa, fikse objektif k ap ede fanmi w pwogrese nan domèn li bezwen pwogrese a. Objektif ou fikse pou fanmi an ta dwe objektif fanmi an ka atenn selon sitiyasyon fanmi an ak sa l ka fè (Pwo. 13:12). Natirèlman, sa pran tan pou yon moun rive atenn yon bèl objektif. Donk, sèvi ak tan ou konn pase ap gade televizyon pou w atenn objektif espirityèl ou fikse yo (Efe. 5:15, 16). Travay di pou w atenn objektif ou fikse pou fanmi w (Gal. 6:9). Lè yon fanmi gen objektif espirityèl, “tout moun ka wè pwogrè [l] aklè”. — 1 Tim. 4:15.

Toujou fè adorasyon an fanmi

13. Ki chanjman yo te fè nan reyinyon kongregasyon an, e sou ki kesyon nou dwe reflechi?

13 Youn nan bèl dispozisyon k ap ede fanmi yo ‘montre yo pare’ lè Pitit lòm nan vini, se gwo chanjman ki te fèt nan pwogram reyinyon nou yo depi 1ye janvye 2009 la. Nou pa gen yon jou fiks ankò nan semèn nan pou nou asiste reyinyon ki te rele etid liv kongregasyon an. Kounye a, reyinyon sa a fèt menm jou ak Lekòl ministè teyokratik la ak reyinyon sèvis la. Yo te fè chanjman sa a yon fason pou fanmi ki kretyen yo gen posiblite planifye yon sware adorasyon chak semèn pou yo ka vin pi djanm nan domèn espirityèl. Kounye a, kòm sa fè yon ti tan depi chanjman sa a fèt, men sa nou ka mande tèt nou: ‘Èske m sèvi ak tan sa a pou m gen yon sware adorasyon an fanmi oswa pou m fè etid pèsonèl? Èske m byen pwofite dispozisyon sa a?’

14. a) Ki objektif prensipal pwogram sware adorasyon an fanmi an oswa etid pèsonèl la genyen? b) Sa k fè li esansyèl pou nou gen yon sware pou nou etidye?

14 Objektif prensipal sware adorasyon an fanmi an oswa sware pou nou fè etid pèsonèl la se pou nou ka vin pi pwòch Bondye (Jak 4:8). Lè nou pase tan ap etidye Labib regilyèman e lè nou vin konn Kreyatè nou an pi byen, relasyon nou gen avè l la vin pi solid. Plis nou vin pwòch Jewova, se plis nou anvi renmen l ‘ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou’. (Mak 12:30.) Se sèten nou swaf obeyi Bondye e nou swaf imite l (Efe. 5:1). Se sa k fè, li esansyèl pou nou gen yon sware adorasyon an fanmi regilyèman pou tout moun nan fanmi nou ka “montre yo pare” nan domèn espirityèl toutpandan n ap tann “gwo tribilasyon” Jezi te predi a (Mat. 24:21). Sa enpòtan anpil pou nou chape.

15. Ki efè sware adorasyon an fanmi an kapab genyen sou santiman moun nan fanmi an genyen youn pou lòt?

15 Yon lòt rezon ki fè yo te pran dispozisyon pou gen adorasyon an fanmi an, se pou ede moun nan fanmi yo vin pi pwòch youn ak lòt. Lè nou pase tan ansanm chak semèn ap pale sou bagay espirityèl, sa gen yon efè sou santiman moun nan fanmi an genyen youn pou lòt. Moun ki marye yo vin pi pwòch youn ak lòt lè yo etidye Labib ansanm e sa fè yo kontan. (Li Eklezyas 4:12.) Lè paran ak pitit adore Bondye ansanm, li pi fasil pou yo vin ini nan lanmou, ki se “chenn ki ini moun yon fason ki san fay” la. — Kol. 3:14.

16. Rakonte kòman twa kretyèn pwofite sware yo pase ap etidye Labib ansanm nan.

16 Ann wè kòman twa kretyèn te pwofite dispozisyon ki pran pou gen yon sware pou nou etidye Labib. Twa medam sa yo vèv e yo granmoun, yo pa fanmi, men y ap viv nan menm vil e sa fè plizyè ane depi yo bon zanmi. Yo te vle rankontre youn ak lòt pi souvan, men yo te vle plis pale sou bagay espirityèl olye yo pale sou lòt bagay, se sa k fè yo te deside pran yon sware pou yo etidye Labib ansanm. Yo te kòmanse ak liv ‘Rends pleinement témoignage au sujet du Royaume de Dieu’ a. Men sa youn ladan yo di: “Nou tèlman renmen etid la, byen souvan li dire plis pase inèdtan. Nou eseye imajine sitiyasyon frè nou yo nan premye syèk la t ap rankontre yo e nou pale sou sa nou menm nou t ap fè si nou ta nan menm sitiyasyon sa yo. Apre sa, nou eseye wè ki jan nou ka aplike sa nou aprann yo nan ministè nou. Sa fè nou gen plis kè kontan nan travay predikasyon ak travay fè disip la e nou jwenn pi bon rezilta.” Nonsèlman dispozisyon sa a fè yo vin pi solid nan domèn espirityèl, men tou, sa fè yo vin pi bon zanmi youn ak lòt. Yo di: “Nou renmen dispozisyon sa a anpil.”

17. Ki sa ki ka pèmèt sware adorasyon an fanmi an reyisi?

17 E ou menm? Èske w gen yon sware pou w adore Jewova ak fanmi w oswa pou w etidye Labib pèsonèlman? Si se yon lè konsa ou fè adorasyon an oswa etid ou, li pap atenn objektif nou sot pale de yo a. Chak moun nan fanmi an dwe pare pou l etidye nan moman nou te pwograme pou sa a. Nou pa dwe kite nenpòt ti bagay anpeche nou fè adorasyon an oswa etid la. Anplis, nou dwe byen chwazi sijè nou pral etidye a yon fason pou sa nou etidye yo ka itil chak moun nan fanmi an nan lavi l chak jou. Ki sa w ka fè pou moman w ap etidye ak fanmi w yo se moman ki agreyab? Sèvi ak bon metòd pou w anseye, epi fè yon fason pou anbyans lan se yon anbyans ki trankil kote tout moun gen respè youn pou lòt. — Jak 3:18 *.

“Rete je klè” epi “montre nou pare”

18, 19. Lefètke ou menm ak fanmi w konnen Pitit lòm nan pa lwen vini, ki efè sa gen sou nou?

18 Lè nou wè jan monn n ap viv ladan l lan ap deteryore, sa fè nou konprann, pa gen dout, monn mechan sa a ki anba pouvwa Satan an antre nan dènye jou l depi 1914. Amagedòn toupre. Talè konsa, se pral moman pou Pitit lòm nan vini pou l egzekite jijman Jewova sou moun ki pa gen lakrentif pou Jewova yo (Sòm 37:10; Pwo. 2:21, 22). Lefètke ou menm ak fanmi w konn sa, èske sa pa ta dwe gen efè sou nou?

19 Èske w suiv konsèy Jezi te bay pou nou kite je nou “fikse sou yon sèl bagay” la? Pandan moun yo nan monn nan ap chèche gen richès, gwo renome oswa pouvwa, èske fanmi w ap chèche atenn objektif espirityèl? Èske sware ou pran pou w etidye poukont ou a oswa pou w fè adorasyon an fanmi an pwofitab pou ou? Èske l pèmèt moun nan fanmi w vin pi pwòch ak Jewova e èske l pèmèt yo vin pi pwòch youn ak lòt? Jan nou te pale de sa nan atik anvan an, antanke mari, madanm oswa pitit, èske w pran responsablite Labib ba ou yon fason pou w ede tout moun nan fanmi an “rete je klè”? (1 Tes. 5:6.) Si nou fè sa, n ap “montre nou pare” lè Pitit lòm nan vini.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Pou nou jwenn plis ide sou sa nou ka etidye e sou sa nou ka fè pou sware adorasyon an agreyab epi pou l itil nou, gade Toudegad 15 oktòb 2009, paj 29-31.

Ki sa nou te aprann?

• Kòman fanmi ki kretyen yo kapab “montre yo pare” lè . . .

je yo “fikse sou yon sèl bagay”?

yo fikse objektif espirityèl e yo bat pou yo atenn yo?

yo toujou fè adorasyon an fanmi?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Yon je ki “fikse sou yon sèl bagay” ap ede nou reziste kont distraksyon ki gen nan monn nan.