Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou fanmi ki kretyen yo “rete je klè”

Se pou fanmi ki kretyen yo “rete je klè”

Se pou fanmi ki kretyen yo “rete je klè”

“Annou rete je klè e annou rete nan bonsans nou.” — 1 TES. 5:6.

1, 2. Ki sa chak moun nan fanmi an ka fè pou fanmi an rete je klè nan domèn espirityèl?

MEN sa apot Pòl te ekri kretyen nan vil Tesalonik yo anrapò ak “gran jou Jewova a ki bay lakrentif la”: “Frè nou yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè, paske nou tout nou se pitit limyè e nou se pitit lajounen. Nou pa moun ni lannuit ni fènwa.” Apre sa, Pòl te di: “Se poutèt sa, ann pa kite dòmi pran nou menm jan ak lòt moun yo, men annou rete je klè e annou rete nan bonsans nou.” — Yow. 2:31, NW; 1 Tes. 5:4-6.

2 Konsèy Pòl te bay kretyen Tesalonik yo byen tonbe pou kretyen k ap viv nan “tan lafen an”. (Dàn. 12:4, NW.) Kòm fen sistèm mechan sa a pa lwen rive, Satan detèmine pou l detounen mezi adoratè Jewova li kapab nan sèvis y ap bay Jewova a. Se sa k fè, li t ap saj pou nou suiv konsèy Pòl te bay pou nou rete vijilan nan domèn espirityèl la. Pou yon fanmi ki kretyen rive rete je klè, li enpòtan pou chak moun nan fanmi an pran responsablite Labib ba li a oserye. Men, ki sa mari yo, madanm yo ak jèn yo ka fè pou yo ede fanmi an “rete je klè”?

Mari yo dwe imite “bon bèje a”

3. Selon 1 Timote 5:8, ki sa responsablite yon gason gen ladan l antanke chèf fanmi?

3 Labib fè konnen: “Chèf fi se gason.” ​(1 Kor. 11:3). Ki sa responsablite yon gason gen ladan l antanke chèf fanmi? Ekriti yo di: “Si yon moun pa bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen, sitou moun lakay li, li renye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa.” ​(1 Tim. 5:8). Yon gason dwe bay fanmi l sa fanmi an bezwen nan domèn materyèl. Men, si l vle ede yo rete je klè nan domèn espirityèl, li dwe fè plis pase annik pote lajan nan kay la. Li dwe bati espirityalite fanmi an lè l ede tout moun vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye (Pwo. 24:3, 4). Ki jan l ka fè sa?

4. Ki sa k ka ede yon gason bati fanmi l nan domèn espirityèl?

4 Etandone “yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris se chèf kongregasyon an”, yon gason ki marye dwe egzamine ki egzanp Jezi kite pou kongregasyon an e li dwe imite egzanp li (Efe. 5:23). Ann egzamine kòman Jezi te pale de relasyon li te genyen avèk disip li yo. (Li Jan 10:14, 15.) Ki sa yon gason dwe fè si l vle bati fanmi l nan domèn espirityèl? Li dwe etidye egzanp Jezi, “bon bèje a”, sa vle di li dwe etidye sa Jezi te di ak sa l te fè, epi li dwe “suiv tras li pye pou pye”. — 1 Pyè 2:21.

5. Ki kalite konesans bon Bèje a genyen sou kongregasyon an?

5 Annou wè ki sa yon chèf fanmi ka aprann nan egzanp Kris kite pou nou an. Relasyon ki egziste ant yon bèje ak mouton l yo se yon relasyon ki baze sou konesans ak konfyans. Bèje a konn tout bagay sou mouton l yo, mouton yo konn bèje a e yo fè l konfyans. Yo konn vwa l e yo koute vwa l. Jezi te di: “Mwen konnen mouton m yo e mouton m yo konnen m.” Se pa yon konesans konsa konsa li genyen sou kongregasyon an. Mo grèk yo mete “konnen” pou li a gen ide “konnen [yon bagay] pèsonèlman, byen konnen [l]”. Wi, bon Bèje a konn mouton l yo pèsonèlman. Li konnen ki sa yo chak bezwen, li konn pwen fèb yo e li konn pwen fò yo. Pa gen anyen Jezi pa konnen sou mouton yo. Mouton yo byen konnen bèje a e yo kwè nan kapasite li genyen pou l gide yo.

6. Ki jan mari yo ka imite bon Bèje a?

6 Pou yon mari kapab egzèse otorite l menm jan ak Kris, li dwe aprann wè tèt li kòm yon bèje e li dwe wè moun ki anba otorite l yo kòm mouton. Li dwe fè efò pou l byen konnen fanmi l. Men, èske l posib vre pou yon mari rive fè sa? Wi, sa posib. L ap rive fè sa si l byen kominike ak tout moun nan fanmi l, si l koute pwoblèm yo, si l pran latèt nan aktivite fanmi an, e si l rann li kont li enpòtan pou l pran bon desizyon anrapò ak adorasyon an fanmi, reyinyon yo, predikasyon, detant ak divètisman. Lè yon mari ki kretyen konprann enpòtans pou l aprann sa Pawòl Bondye a di e pou l byen konnen chak moun nan fanmi l yon fason pou l ba yo bon egzanp e pou l pran desizyon ki saj, gen plis chans pou moun nan fanmi an gen konfyans nan kapasite li genyen pou l gide yo. Gen plis chans tou pou l gen satisfaksyon lè l wè fanmi l rete ini nan vrè adorasyon an.

7, 8. Ki jan yon mari ka imite bon Bèje a nan fason li demontre afeksyon pou moun ki anba otorite l yo?

7 Yon bon bèje gen afeksyon tou pou mouton l yo. Lè nou etidye istwa lavi Jezi ak ministè l nan Evanjil yo, nou santi nou gen apresyasyon pou fason l te demontre afeksyon pou disip li yo. Li te menm “bay lavi [l] pou mouton yo”. Mari yo dwe imite Jezi lè yo demontre afeksyon pou moun ki anba otorite yo. Yon mari ki vle Bondye dakò avè l pap trete madanm li yon fason ki di, men l ap kontinye renmen l “menm jan Kris te renmen kongregasyon an”. (Efe. 5:25.) L ap di madanm li pawòl ki janti e ki demontre konsiderasyon li gen pou li, paske madanm li merite pou l onore l. — 1 Pyè 3:7.

8 Chèf fanmi an dwe kenbe prensip biblik yo fèm lè l ap bay pitit li edikasyon. Men, pandan l ap fè sa, li dwe demontre timoun yo li gen afeksyon pou yo. Lè timoun yo merite pou li disipline yo, li dwe fè sa yon fason pou yo santi li renmen yo. Gen kèk timoun ki ka pran plis tan pase lòt pou yo konprann sa paran yo vle yo fè. Lè konsa, papa a dwe gen plis pasyans avèk yo. Lè mari yo toujou suiv egzanp Jezi, yo fè kay la tounen yon kote timoun yo santi yo an sekirite. Konsa, fanmi yo gen kalite sekirite salmis la te pale de li nan Sòm 23:1-6 la. (Li vèsè yo.)

9. Menm jan ak Noye, ki responsablite mari ki kretyen yo genyen, e ki sa k ap ede yo pran responsablite sa a?

9 Yon lòt bon egzanp chèf fanmi ki kretyen yo kapab suiv se egzanp Noye. Nan epòk Noye t ap viv la, monn nan te nan dènye jou l. Men, Jewova te fè Noye “rete an vi ansanm ak sèt lòt moun, lè l te fè yon delij vini sou yon monn kote moun yo pa t gen respè pou Bondye”. (2 Pyè 2:5.) Noye te gen responsablite pou l ede fanmi l chape nan delij la. Nan dènye jou n ap viv la yo, chèf fanmi ki kretyen yo gen menm responsablite a (Mat. 24:37). Li enpòtan anpil pou yo etidye egzanp “bon bèje a” e pou yo fè efò pou yo imite l.

Madanm yo dwe ‘fè kay yo mache byen’

10. Ki sa sa vle di pou yon madanm soumèt li devan mari l?

10 Apot Pòl te di: “Se pou madanm yo soumèt devan mari yo, tankou yo soumèt devan Seyè a.” ​(Efe. 5:22). Sepandan, pawòl sa yo pa rabese madan marye yo. Anvan vrè Dye a te kreye Èv, premye fi a, men sa l te di: “Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M’ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.” ​(Jen. 2:18). Wòl yon madan marye genyen pou l “ede” mari l la, sa vle di pou l soutni mari l nan responsablite l genyen nan fanmi an, se yon wòl enpòtan.

11. Ki jan yon bon madanm ka “fè kay li mache byen”?

11 Yon bon madanm ap travay nan enterè moun lakay li. (Li Pwovèb 14:1.) Yon madanm ki gen bon konprann oswa ki saj gen yon gwo respè pou mari l ki se chèf fanmi an, alòske yon madanm ki sòt pa gen okenn respè pou chèf fanmi an. Fi ki saj la soumèt li devan mari l, li pa ni dezobeyisan ni endepandan jan madan marye yo ye nan monn nan (Efe. 2:2). Yon fi ki sòt pa pè pale mari l mal, alòske yon fi ki saj travay pou l fè timoun li yo ak lòt moun gen plis respè pou mari l. Yon madanm konsa fè tout efò l pou l pa derespekte mari l, ki se chèf fanmi an, lè l tingting li oswa lè l fè diskisyon avè l. Yon lòt bagay ki enpòtan tou se fè ekonomi. Yon fi ki sòt gen tandans gaspiye lajan fanmi an ki fèt nan di. Men, yon madanm ki soutni mari l pa fè sa. Li kolabore ak mari l nan tout sa ki gen rapò ak lajan. Fason l jere bagay yo montre li gen pridans e li konn ki jan pou l fè ekonomi. Li pa bay mari l presyon pou mari a fè siplemantè nan travay li.

12. Ki sa yon madanm ka fè pou l ede fanmi l “rete je klè”?

12 Yon bon madanm ede fanmi l “rete je klè” lè l ede mari l aprann timoun yo konn Jewova (Pwo. 1:8). Li fè tout sa l kapab pou pwogram adorasyon an fanmi an kenbe. Anplis, li soutni mari l lè mari a bay timoun yo konsèy ak disiplin. Yon madanm ki aji konsa diferan nèt ak yon fi ki pa kolabore ak mari l e ki lakòz pitit li soufri ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl.

13. Poukisa li enpòtan pou yon madanm soutni mari l nan aktivite mari a genyen nan òganizasyon an?

13 Ki jan yon madanm ki kolabore ak mari l santi l lè mari l gen responsablite nan òganizasyon an? Se pa ti kontan l kontan! Kit mari l asistan ministeryèl, kit li ansyen, kit li manm komite lyezon ospitalye oswa manm komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm, li kontan poutèt mari l gen privilèj. Se sèten sa ap mande pou l fè sakrifis pou l rive byen soutni mari l ni nan pawòl li ni nan aksyon l. Men, li konnen lefètke mari l okipe nan aktivite nan òganizasyon Jewova a, sa ap ede tout fanmi an rete je klè nan domèn espirityèl.

14. a) Ki sa k ka fè l difisil pou yon madanm soutni mari l, e ki sa k ap ede l soutni l kanmenm? b) Ki sa yon madanm ka fè pou tout moun nan fanmi an santi yo byen?

14 Li ka difisil pou yon bon madanm soutni mari l lè l pa dakò ak yon desizyon mari a pran. Malgre sa, madanm nan ap demontre li gen yon “lespri ki dou e ki pezib” e l ap kowopere ak mari l lè l soutni desizyon mari a pran an (1 Pyè 3:4). Yon bon madanm ap fè efò pou l suiv bon egzanp medam tan lontan ki te gen lakrentif pou Bondye yo bay, tankou Sara, Rit, Abigayil ak Mari, manman Jezi (1 Pyè 3:5, 6). Epitou, l ap imite granmoun fi nan epòk n ap viv la ki “gen yon konduit ki montre yo gen respè pou Bondye”. (Tit 2:3, 4.) Lè yon bon madanm demontre lanmou ak respè pou mari l, li kontribye pou maryaj li reyisi e pou tout moun nan fanmi l santi yo byen. Tout moun lakay li santi yo alèz e yo santi yo an sekirite. Lè yon gason ki renmen Jewova e k ap travay di pou Jewova gen yon madanm ki soutni l, madanm sa a gen anpil valè nan je l. — Pwo. 18:22.

Jèn yo dwe ‘kite je yo fikse sou bagay moun pa wè’

15. Nou menm jèn, ki sa nou ka fè pou nou ede paran nou yon fason pou fanmi an “rete je klè”?

15 Nou menm jèn, ki sa nou ka fè pou nou ede paran nou yon fason pou fanmi an “rete je klè” nan domèn espirityèl? Reflechi sou pri Jewova mete devan nou an. Lè n te piti, petèt paran nou te konn montre nou foto ki montre ki jan lavi a pral ye nan Paradi a. Pandan nou t ap grandi, siman yo te sèvi ak Bib la ak piblikasyon esklav la pou yo ede nou imajine ki jan lavi ki pap janm fini an pral ye nan monn nouvo a. Si nou kite je nou fikse sou sèvis n ap bay Jewova a, e si nou planifye lavi nou yon fason pou nou kontinye nan sèvis sa a, sa ap ede nou “rete je klè”.

16, 17. Ki sa jèn yo ka fè pou yo byen kouri nan kous pou lavi a?

16 Nan 1 Korentyen 9:24, apot Pòl te konpare sèvis n ap bay Jewova a ak yon kous e li te konpare lavi ki pap janm fini an ak pri n ap resevwa a. (Li vèsè a.) Nou dwe gen detèminasyon pou nou kouri nan kous pou lavi a yon fason pou nou genyen pri a. Nou dwe chwazi mennen lavi nou yon fason k ap fè nou genyen pri sa a, ki se lavi ki pap janm fini an. Gen anpil moun ki vin distrè nan kouri dèyè bagay materyèl e ki pa kite je yo fikse sou pri a. Ala yon gwo erè yo fè! Lè yon moun pase tout vi l ap kouri dèyè richès, sa pa fè l jwenn kè kontan vre. Bagay lajan kapab achte yo pa la pou toutan. Donk, nou menm, se pou nou “kite je nou fikse sou bagay moun pa wè” yo. Poukisa? Paske “bagay moun pa wè yo la pou toutan”. — 2 Kor. 4:18.

17 Benediksyon Wayòm nan ap pote yo fè pati “bagay moun pa wè yo”. Planifye lavi w yon fason pou w rive jwenn benediksyon sa yo. Yon moun ap gen kè kontan toutbon lè l bay tout lavi l nan sèvis Jewova. Lè nou sèvi vrè Dye a, sa ban nou posiblite pou nou fikse objektif n ap kapab atenn nan yon tan ki kout ansanm ak objektif n ap ka atenn alalong *. Lè nou fikse objektif nou ka atenn, sa ap ede nou rete konsantre sou sèvis n ap bay Bondye a avèk espwa n ap jwenn pri a, ki se lavi ki pap janm fini an. — 1 Jan 2:17.

18, 19. Ki jan yon jèn kapab konnen si l gen yon relasyon pèsonèl ak Bondye?

18 Jèn, premye bagay pou w fè k ap mennen w sou wout lavi a se travay pou w gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova. Èske w deja gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova? Mande tèt ou: ‘Èske m konsyan mwen bezwen Bondye nan lavi m, oswa èske se paran m k ap pouse m sèvi Bondye? Èske m devlope kalite k ap fè Bondye kontan avè m? Èske m fè efò pou m fè tout sa ki gen rapò ak vrè adorasyon an regilyèman, tankou priye, etidye, asiste reyinyon yo, epi preche? Èske m travay pou m gen yon relasyon pèsonèl ak Bondye yon fason pou m ka pwoche pi pre l?’ — Jak 4:8.

19 Reflechi sou egzanp Moyiz. Malgre Moyiz te leve avèk Ejipsyen yo, ki pa t gen menm kilti avè l, li te pito yo rekonèt li kòm yon adoratè Jewova pase pou yo rekonèt li kòm pitit gason pitit fi Farawon an. (Li Ebre 11:24-27.) Menm jan an tou, nou menm jèn ki kretyen, nou dwe detèmine pou nou sèvi Jewova avèk fidelite. Lè nou fè sa, n ap gen bonjan kè kontan, n ap viv pi byen depi kounye a, e n ap gen posiblite “kenbe lavi toutbon an fèm”. — 1 Tim. 6:19.

20. Ki moun k ap resevwa pri a nan kous pou lavi a?

20 Se yon sèl moun ki te konn genyen kous ki te konn fèt nan konkou spò nan tan lontan yo. Men, se pa konsa sa ye nan kous pou lavi a. Bondye vle pou “tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:3, 4.) Gen anpil moun ki te byen kouri nan kous sa a anvan w e gen anpil lòt k ap kouri ansanm avè w (Ebre 12:1, 2). Tout moun ki pa abandone kous la ap resevwa pri a. Donk, se pou w detèmine pou w genyen pri a!

21. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

21 “Gran jou Jewova a ki bay lakrentif la [ap] vini” san mank (Mal. 4:5, NW). Fanmi ki kretyen yo pa ta dwe kite jou sa a rive sou yo san yo pa pare. Li enpòtan anpil pou tout moun nan fanmi an pran responsablite yo jan Labib mande yo fè sa. Ki lòt bagay nou kapab fè pou nou rete vijilan nan domèn espirityèl e pou nou vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye? Atik ki vin apre a pral pale de twa bagay ki gen bon efè sou relasyon tout fanmi an genyen ak Bondye.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Gade Toudegad 15 novanm 2010, paj 12-16; 15 jiyè 2004, paj 21-23 (fransè).

Ki sa nou te aprann?

• Sa k fè li enpòtan anpil pou fanmi ki kretyen yo “rete je klè”?

• Ki jan yon mari kapab imite bon Bèje a?

• Ki sa yon bon madanm kapab fè pou l soutni mari l?

• Ki sa jèn yo ka fè pou fanmi yo rete je klè nan domèn espirityèl?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Yon madanm ki soutni mari l ki renmen Jewova e k ap travay di pou Jewova gen anpil valè nan je mari a.