Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Yon bon siveyan e yon bon zanmi”

“Yon bon siveyan e yon bon zanmi”

“Yon bon siveyan e yon bon zanmi”

JOHN (JACK) BARR, youn nan manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, fini kous li sou tè a samdi 4 desanm 2010 la, nan maten. Li te gen 97 an. Yo te rekonèt frè Barr kòm “yon bon siveyan e yon bon zanmi”.

Frè Jack Barr te fèt Aberdeen, ann Ekòs. Paran l yo te gen twa pitit e se li ki te dènye a. Paran l yo te gen esperans pou y al viv nan syèl. Souvan, frè Barr te konn pale an byen de lavi l lè l te timoun. Li te gen rekonesans pou bèl egzanp manman l ak papa l ki te renmen l te ba li.

Lè frè Jack te adolesan, li te difisil anpil pou l pale ak moun li pa konnen. Men, li te fè anpil efò pou l rive venk pwoblèm sa a. Yon dimanch apre midi, nan ane 1927, a 14 an, li te fè papa l konnen li pare pou l al preche kay an kay avè l. Se depi lè sa a li te kòmanse sèvi Jewova, e jiskaske li mouri, li te toujou preche bon nouvèl la avèk zèl.

Manman frè Jack te manke mouri nan yon gwo aksidan, e sa te pouse frè Jack reflechi anpil sou sans lavi a, byenke li te toujou yon adolesan. Li te vwe tèt li bay Jewova an 1929, e nan premye okazyon li te jwenn an 1934, li te batize pou l montre sa. An 1939, li te vin fè pati fanmi Betèl ki nan vil Lonn nan, ann Angletè. Se konsa li te kòmanse yon karyè nan sèvis aplentan ki te dire 71 an.

Nan jou ki te 29 oktòb 1960, frè Barr te marye ak Mildred Willett, yon sè ki te pyonye e ki te yon misyonè ki te zele pandan lontan. Pou frè Barr, relasyon sa a se te “yon relasyon ki gen anpil valè”. Yo te konnen frè Barr ak madanm li kòm yon koup ki te bay bon egzanp e ki te vrèman renmen youn lòt jiskaske sè Mildred te fini kous li sou tè a ann oktòb 2004. Frè Barr ak madanm li te konn li yon pòsyon nan Bib la ansanm chak jou.

Moun ki te konnen frè Jack Barr yo ap toujou sonje l kòm yon moun ki te konn bay bonjan konsèy avèk jantiyès, konsèy ki te ekilibre e ki te chita sou Bib la. Se te yon siveyan ki te konn travay di, ki te gen konsiderasyon ak lanmou pou moun e se te yon moun lè l zanmi w li zanmi w toutbon. Kòmantè l yo, diskou l yo ak priyè l yo te montre jan li te gen lanmou pou laverite e jan li te gen yon relasyon sere ak Jewova.

Byenke n ap sonje frè Barr, yon frè nou renmen anpil, nou kontan pou li paske kounye a, grasa Jewova, li pa ka mouri ankò. Se te yon privilèj li t ap tann e l te konn pale de sa souvan. Se sa sèlman ki te nan lespri l. — 1 Kor. 15:53, 54 *.

[Nòt anba paj]

^ § 8 N ap jwenn plis enfòmasyon sou lavi John E. Barr nan Toudegad 1ye jiyè 1987, paj 26-31 (fransè).