Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon konfyans total nan Jewova ap fè nou santi nou an sekirite

Yon konfyans total nan Jewova ap fè nou santi nou an sekirite

Yon konfyans total nan Jewova ap fè nou santi nou an sekirite

“Jewova li menm ap tande lè m rele l.”— SÒM 4:3, NW.

1, 2. a) Nan ki sitiyasyon difisil David te ye? b) Ki sòm nou pral egzamine?

WA David te gentan ap dirije peyi Izrayèl depi yon bon ti tan, men kounye a, li nan yon sitiyasyon ki mete lavi l an danje. Absalòm, pitit li, fè yon konplo sou do l e li deklare se li ki wa. David oblije sove kite Jerizalèm. Yon bon zanmi David trayi l tou. Kounye a, David, ap mache pye atè, l ap kriye sou mòn Oliv e li ansanm ak kèk moun ki fidèl avè l. Mete sou sa, Chimeyi, fanmi yon moun ki lakay wa Sayil, ap voye wòch ak pousyè sou David toutpandan l ap ba l madichon. — 2 Sam. 15:30, 31; 16:5-14.

2 Èske sitiyasyon difisil sa a t ap lakòz David mouri ak lapenn nan kè l e nan lawont? Non, paske David te gen konfyans nan Jewova. Konfyans sa a parèt klè nan 3yèm Sòm nan, yon sòm li te konpoze ki pale de kouri li t ap kouri pou Absalòm nan. Se David ki ekri 4yèm Sòm nan tou. Toule de sòm sa yo montre jan David te gen konfyans Jewova koute priyè e li reponn yo (Sòm 3:4; 4:3). Sòm sa yo ban nou asirans Jewova avèk sèvitè fidèl li yo lajounen kou lannuit. Jewova ede yo, li ba yo lapè, li fè yo santi yo an sekirite, sa ki montre li beni yo (Sòm 3:5; 4:8). Kidonk, annou egzamine sòm sa yo pou nou wè ki jan y ap fè nou santi nou an sekirite e ki jan y ap ede nou fè Bondye konfyans.

Lè ‘moun ki leve dèyè nou yo anpil’

3. Jan sa parèt nan Sòm 3:1, 2, nan ki sitiyasyon David te ye?

3 Men sa youn nan mesaje David yo te vin di l: “Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l.” ​(2 Sam. 15:13). David pa t konnen ki jan Absalòm te rive konvenk tout moun sa yo pou yo suiv li, se sa k fè li t ap rele nan pye Bondye: “Senyè, ala anpil lènmi m yo anpil! Ala anpil moun k’ap leve dèyè m yo anpil! Ala anpil moun k’ap pale sou mwen yo anpil! Y’ap di: Aa! Bondye p’ap delivre l!” ​(Sòm 3:1, 2). Anpil Izrayelit te panse Jewova pa t ap delivre David anba men Absalòm ak patizan l yo.

4, 5. a) Ki asirans David te genyen? b) Ki sans ekspresyon “Sila ki leve tèt mwen an” genyen?

4 Men, David te santi li an sekirite paske li te gen konfyans toutbon nan Bondye. Men sa li te chante: “Epoutan, o Jewova, ou se yon boukliye pou mwen, ou se glwa m e ou se Sila ki leve tèt mwen an.” ​(Sòm 3:3, NW). David te gen asirans Jewova t ap pwoteje l menm jan yon boukliye pwoteje yon sòlda. David, ki te kòmanse granmoun, t ap kouri pou Absalòm ak tèt li kouvri e li te wont anpil. Men, Trèwo a t apral chanje sitiyasyon l, li t apral fè l jwenn glwa. Jewova t apral fè l kanpe dwat, li t apral fè l leve tèt li epi fè l mache ak tèt li byen wo ankò. David te rele Bondye paske l te konnen Bondye t ap reponn li. Èske w fè Jewova konfyans menm jan ak David?

5 Lè David te di Jewova se ‘Sila ki leve tèt li a’, li te montre li rekonèt se Jewova ki t apral ede l. Men ki jan vèsè sa parèt nan tradiksyon yo rele Bib la: “Men ou menm, Senyè, w’ap toujou pran defans mwen. W’ap fè m genyen batay la. Ou p’ap kite m wont devan lènmi m yo.” Men sa yon liv referans di sou ekspresyon “Sila ki leve tèt mwen an”: “Lè Bondye leve [...] ‘tèt’ yon moun, li bay moun sa a espwa e li fè l santi l an sekirite.” Piske se fòse yo te fòse wa David kite twòn nan, David te gen rezon santi l dekouraje anpil. Men, ‘leve Bondye te leve tèt li a’ t ap fè l pa wont ankò, sa t apral fè l santi l an sekirite plis toujou e sa t ap fè l kontinye gen yon konfyans total nan Bondye.

‘Jewova ap reponn’

6. Poukisa David te di Jewova rete sou mòn ki apa pou li a pou l reponn priyè l yo?

6 David te fè Jewova konfyans e li te santi l an sekirite. Men sa li te kontinye di nan sòm nan: “Mwen rele Senyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.” ​(Sòm 3:4). Sou lòd David, yo te pote lach alyans lan al sou mòn Siyon. Lach sa a te reprezante prezans Bondye. (Li 2 Samyèl 15:23-25.) Donk, David te gen rezon lè l te di Jewova rete sou mòn ki apa pou li a pou l reponn priyè l yo.

7. Poukisa David pa t pè anyen?

7 Piske David te gen asirans priyè l te fè yo pa t pou granmesi, li pa t pè anyen. Sitèlman l pa t pè, men sa l te chante: “Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen.” ​(Sòm 3:5). Menm nan nuit, lè moun plis gen kè sote paske ènmi yo ka atake yo sanzatann, David pa t pè al dòmi. Li te gen asirans l ap leve an byen paske eksperyans li te deja fè ak Jewova te fè l gen yon konfyans total Jewova ap pwoteje l san mank. N ap gen menm konfyans sa a si nou obeyi “lalwa Senyè a” e si nou pa janm abandone l. — Li 2 Samyèl 22:21, 22.

8. Ki jan Sòm 27:1-4 montre David te gen konfyans nan Bondye?

8 David te santi l an sekirite e li te gen yon konfyans total nan Jewova, sa ki te parèt klè nan yon lòt sòm Bondye te enspire l pou l ekri: “Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble? [...] Menm si tout yon lame ta sènen m toupatou, mwen p’ap pè anyen. [...] Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.” ​(Sòm 27:1-4). Si w santi w menm jan ak David, w ap asiste tout reyinyon yo regilyèman ansanm ak lòt adoratè Jewova parèy ou yo. — Ebre 10:23-25.

9, 10. Malgre pawòl nou jwenn nan Sòm 3:6, 7 yo, poukisa nou kapab di David pa t renmen vanjans?

9 Malgre Absalòm te trayi David, e malgre gen plizyè lòt moun ki pa t ret fidèl ak li, men sa David te chante: “Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m toupatou. Leve non, Senyè! Sove m non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.” — Sòm 3:6, 7.

10 David pa t renmen vanjans. Si ènmi l yo ta ‘pran yon souflèt’, konnen se Bondye ki t ap ba yo l. Wa David te kopye liv Lalwa a pou tèt li e li te konnen, nan liv sa a, Jewova te di pawòl sa yo: “Se Senyè a k’ap tire revanj sou yo, se li k’ap fè yo peye sa yo fè.” ​(Det. 17:14, 15, 18; 32:35). Se Bondye ki konnen tou ki lè l ap ‘kase dan mechan yo’. Ekspresyon kase dan mechan yo vle di Bondye ap fè mechan yo pa gen pouvwa pou yo fè pèsonn mal. Jewova konnen ki moun ki mechan paske li kapab “gade sa ki nan kè moun”. (1 Sam. 16:7.) Ala rekonesan nou rekonesan paske Bondye ban nou lafwa ak fòs pou nou kenbe fèm devan chèf mechan yo, anpalan de Satan, li menm yo pral lage talè konsa nan twou san fon an tankou yon lyon ki san dan k ap gwonde e ki merite pou yo detwi l! — 1 Pyè 5:8, 9; Rev. 20:1, 2, 7-10.

‘Se ou menm sèl, Jewova, ki ka sove nou’

11. Poukisa nou dwe priye pou kwayan parèy nou yo?

11 David te konnen se sèl Jewova ki te kapab delivre l jan l te vle sa fèt ak tout fòs la. Men, salmis la pa t ap panse ak tèt li sèlman. E tout pèp Bondye a, ki moun ki t apral delivre l? David te bay repons lan nan fen sòm li an lè l te ekri pawòl sa yo: “Se ou menm sèl, Senyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.” ​(Sòm 3:8). Se vre David te gen gwo pwoblèm, men li t ap panse ak pèp Jewova a e li te gen konfyans Bondye t ap beni pèp la. Èske nou menm tou nou pa ta dwe panse ak kwayan parèy nou yo? Annou priye Jewova pou l ba yo lespri sen l yon fason pou yo ka ranmase kouraj yo e pou yo ka preche bon nouvèl la avèk kran. — Efe. 6:17-20.

12, 13. Ki sa k te rive Absalòm, e ki jan David te reyaji?

12 Lavi Absalòm te fini mal. Se yon avètisman pou tout moun k ap maltrete lòt moun, sitou pou moun k ap maltrete moun ki pral nan syèl yo, ki se moun Bondye chwazi, menm jan ak David ki te yon moun Bondye chwazi. (Li Pwovèb 3:31-35.) Lame Absalòm nan te pèdi yon batay kont lame David la. Pandan Absalòm t ap eseye chape poul li sou yon milèt, pil bèl cheve long li yo te pran nan branch yon gwo pyebwa, yon branch ki te tou ba. Li te ret pandye sou branch bwa a san l pa t ka fè anyen jiskaske Yowab te touye l lè l te plante twa baton ak pwent yo byen fèt nan kè l. — 2 Sam. 18:6-17.

13 Èske David te kontan lè l te tande sa k te rive pitit li a? Non. Olye de sa, li te kòmanse fè ale vini, li t ap kriye e li t ap rele byen fò: “Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!” ​(2 Sam. 18:24-33). Se sèl pawòl Yowab yo ki te retire David nan lapenn sa a, yon lapenn li te prèske pa ka sipòte. Sa te vrèman fini mal pou Absalòm ki te kite gwo anbisyon fè l goumen kont pwòp papa l, yon moun Jewova te chwazi, sa ki te fè malè tonbe sou li. — 2 Sam. 19:1-8; Pwo. 12:21; 24:21, 22.

Yon fwa ankò, David montre konfyans li nan Bondye

14. Ki sa nou ka di sou rezon ki fè David te ekri 4yèm Sòm nan?

14 Menm jan ak 3yèm Sòm nan, 4yèm Sòm nan se yon priyè sensè David te fè ki montre li te gen yon konfyans total nan Jewova (Sòm 3:4; 4:3). Petèt se apre Absalòm te fin rate kou l la David te ekri chante sa a pou l di Bondye mèsi e pou l di l jan li santi l soulaje. Oubyen tou, li te gendwa ap panse ak Levit ki konn chante yo lè l te ekri chante sa a. Antouka, si nou medite sou sòm sa a, sa ka fè nou gen plis konfyans nan Jewova.

15. Poukisa nou kapab gen konfyans Jewova ap koute nou lè nou priye l nan non Pitit li a?

15 Yon lòt fwa ankò, David te montre li gen yon konfyans total nan Jewova e li te montre li gen konfyans Jewova ap koute priyè l e l ap reponn yo. Men sa li te chante: “Lè m rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k’ap fè m jistis! Lè m te nan tèt chaje, ou te vin ede m. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.” ​(Sòm 4:1). Nou kapab gen menm asirans sa a tou si nou fè sa ki jis. Piske nou konnen Jewova, ‘Bondye k ap fè moun jistis’ la, beni pèp li a ki dwat, nou kapab gen konfyans l ap koute nou lè nou priye l nan non Jezi, Pitit li a, e si nou gen lafwa nan sakrifis ranson an (Jan 3:16, 36). Se pa ti anpè sa fè nou santi nou anpè!

16. Ki sa, petèt, ki te dekouraje David?

16 Pafwa, gen sitiyasyon difisil ki ka fè nou santi nou pa an sekirite. Petèt sa te rive David pandan yon ti moman nan lavi l, paske, gade sa li te di: “Nou menm menm lèzòm, kilè n’a sispann trennen non m nan labou! Kilè n’a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n’a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!” ​(Sòm 4:2). Nan vèsè sa a, yo pa itilize mo “lèzòm” nan nan yon sans pozitif. Ènmi David yo te “renmen bagay ki pa vo anyen”. Men ki jan yon tradiksyon Labib tradui pati sa a nan vèsè a: “Pandan konbyen tan n ap kontinye renmen sa k pa vre e pandan konbyen tan n ap kontinye chèche fo dye?” ​(New International Version). Menmsi nou vin dekouraje akoz sa lòt moun ap fè, annou kontinye priye sèl vrè Dye a ak tout kè nou e annou kontinye gen yon konfyans total nan li.

17. Esplike ki jan nou ka aji ann amoni ak Sòm 4:3.

17 Konfyans David te gen nan Bondye a parèt klè nan pawòl ki vin apre yo: “Aprann sa, Jewova ap konnen moun ki fidèl ak li a san mank; Jewova li menm ap tande lè m rele l.” ​(Sòm 4:3, NW). Pou yon moun rete fidèl ak Jewova, li bezwen gen kran e li bezwen gen yon konfyans total nan li. Pa egzanp, yon fanmi k ap sèvi Jewova bezwen gen kalite sa yo lè yon moun nan fanmi an fè yon peche grav, li pa repanti e li eskominye. Bondye beni moun ki fidèl konsa e ki suiv prensip li yo. Yon lòt bò, lè moun ki fè pati pèp Bondye a fidèl e yo gen yon konfyans total nan Jewova, sa fè yo gen lajwa. — Sòm 84:11, 12.

18. Ann amoni ak Sòm 4:4, ki sa nou dwe fè si yon moun ta di oswa li ta fè yon bagay ki fè nou mal?

18 Ki sa nou t ap fè si yon moun ta di oswa li ta fè yon bagay ki fè n fache? Nou kapab toujou gen lajwa si nou fè sa David di nan Sòm 4:4 la (NW): “Nou mèt ajite, men pa peche. Pale nan kè nou, sou kabann nou, e ret an silans.” Si yon moun ta di nou oswa li ta fè nou bagay ki fè nou mal, annou pa rann pèsonn mal pou mal pou nou pa peche (Wom. 12:17-19). Nou kapab pale ak Jewova poukont nou lè nou nan kabann nou. Si nou priye sou sa ki fè nou mal la, nou kapab vin wè sa k pase a yon lòt jan e lanmou kapab fè nou padone moun nan (1 Pyè 4:8). Gen yon konsèy apot Pòl te bay ki merite pou nou egzamine, e genlè konsèy sa a baze sou pawòl nou jwenn nan Sòm 4:4 la. Men sa li di: “Menmsi nou an kòlè, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè, e pa kite jwen pou Dyab la.” — Efe. 4:26, 27.

19. Ki jan Sòm 4:5 ka ede nou nan adorasyon n ap bay Bondye a?

19 Men sa David te di pou l mete aksan sou enpòtans pou nou fè Bondye konfyans: “Ofri bèt Senyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!” ​(Sòm 4:5). Pou sakrifis Izrayelit yo te konn ofri Jewova yo te gen valè, yo te dwe gen bon entansyon lè yo t ap ofri yo (Iza. 1:11-17). Pou Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a, nou menm tou, nou dwe gen bon entansyon e nou dwe gen yon konfyans total nan li. — Li Pwovèb 3:5, 6; Ebre 13:15, 16.

20. Ki sa ekspresyon ‘limyè fas Jewova’ a vle di?

20 Men sa David te di ankò: “Gen anpil moun ki di: Kiyès k ap montre nou sa ki byen? O Jewova, fè limyè fas ou klere sou nou.” ​(Sòm 4:6NW). ‘Limyè fas Jewova’ vle di favè Bondye (Sòm 89:15, NW). Donk, lè David te mande Bondye pou Bondye ‘fè limyè fas li klere’ sou li ak pèp la, li te vle mande Bondye pou Bondye ‘fè yo favè’. Piske nou gen konfyans nan Jewova, nou gen favè l e nou jwenn anpil jwa toutpandan n ap fè volonte l.

21. Ki sa n ap jwenn si nou patisipe afon nan rekòt espirityèl k ap fèt jodi a?

21 David t ap chèche jwenn lajwa Bondye bay ki plis pase lajwa moun jwenn nan sezon rekòt yo. Men sa l te di Jewova nan yon chante: “Kontantman ou mete nan kè m pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.” ​(Sòm 4:7). Nou mèt sèten n ap jwenn bonjan kè kontan si nou patisipe ak tout kè nou nan gwo rekòt espirityèl k ap fèt jodi a (Lik 10:2). Moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo pran devan nan travay predikasyon an, se sa k fè, jodi a, nou gen plis kè kontan tank ap vin gen plis “travayè nan rekòt la”. Èske w patisipe afon toutbon nan rekòt sa a ki bay kè kontan?

Ann kontinye sèvi Bondye ak yon konfyans total

22. Jan Sòm 4:8 di sa, ki jan sa te ye pou Izrayelit yo lè yo te obeyi lwa Bondye yo?

22 David te fini sòm sa a ak pawòl sa yo: “Anpè mwen pral kouche e anpè mwen pral dòmi, paske ou menm sèl, o Jewova, ou fè m abite an sekirite.” ​(Sòm 4:8, NW). Lè Izrayelit yo te obeyi lwa Jewova yo, yo te anpè avè l e yo te santi yo an sekirite. Pa egzanp, pandan rèy Salomon an, “moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t’ap viv ak kè poze”. (1 Wa 4:25.) Moun ki te gen konfyans nan Bondye yo te viv anpè menm lè nasyon ki te ozalantou yo te kont yo. Menm jan ak David, nou kouche ak kè poze paske Bondye fè nou santi nou an sekirite.

23. Ki sa n ap jwenn si nou gen yon konfyans total nan Bondye?

23 Annou kontinye sèvi Jewova ak kè poze. Se pou nou priye ak lafwa e konsa n ap gen “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann” nan (Fil. 4:6, 7). Se pa ti lajwa sa ban nou! Nou pap pè sa demen ap pote si nou toujou gen yon konfyans total nan Jewova.

Ki repons nou ta bay?

• Ki pwoblèm David te genyen akoz Absalòm?

• Ki jan 3yèm Sòm nan fè nou santi nou an sekirite?

• Ki diferan fason 4yèm Sòm nan ka fè nou gen plis konfyans nan Jewova?

• Ki avantaj n ap jwenn si nou gen yon konfyans total nan Bondye?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Menm lè David t ap kouri pou Absalòm, li te santi l an sekirite paske li te konnen Jewova ap pwoteje l.

[Foto nan paj 32]

Èske w gen yon konfyans total nan Jewova?