Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se vre Abraram te gen chamo?

Èske se vre Abraram te gen chamo?

Èske se vre Abraram te gen chamo?

LABIB fè konnen pami bèt domestik Farawon te bay Abraram yo te gen chamo ladan yo (Jen. 12:16). Lè youn nan sèvitè Abraram yo te gen pou l fè yon vwayaj byen long al Mezopotami, li te “pran dis chamo nan chamo mèt li yo”. Donk, Labib montre byen klè, sa gen anviwon 4 000 an, Abraram te gen chamo. — Jen. 24:10.

Gen kèk moun ki pa dakò ak sa. Men sa yon liv fè konnen: “Gen kèk syantifik ki fè konnen sa Bib la di sou chamo yo pa istorik. Rezon ki fè pifò [syantifik sa yo] panse konsa se paske yo kwè se jis ozanviwon ane 1200 anvan epòk nou an, sa vle di byen lontan apre epòk Abraram nan, anpil moun te sèvi ak chamo kòm bèt domestik.” ​(New International Version Archaeological Study Bible). Donk, pou yo menm, li pa kòrèk pou Labib pale de chamo nan epòk Abraram nan paske moun pa t sèvi ak chamo konsa nan epòk sa a.

Men, gen lòt syantifik ki fè konnen byenke se vre sa gen apeprè 3 000 an sèlman depi anpil moun te vin kòmanse sèvi ak chamo kòm bèt domestik, sa pa vle di moun pa t konn sèvi ak chamo anvan sa. Men sa yon lòt liv di: “Selon kèk rechèch ki fèt sa pa gen lontan, moun te konn sèvi ak chamo kòm bèt domestik nan sidès Arabi sa gen plis pase 4 000 an.” ​(Civilizations of the Ancient Near East). Okòmansman, petèt yo te konn gade chamo pou lèt yo, pou plim yo, pou po yo ak vyann yo, men siman sa pa t pran moun yo anpil tan pou yo rann yo kont yo te ka sèvi ak chamo pou pote bagay lou. Dat yo bay la sanble baze sou kèk zo ak lòt bagay ki te egziste nan tan lontan yo te dekouvri.

Gen kèk bagay yo jwenn ki gen enfòmasyon ki ekri sou yo ki pwouve sa tou. Menm liv la fè konnen “nan Mezopotami, yo jwenn kèk lis ki pale de bèt sa a [chamo] e yo jwenn plizyè so tou ki gen imaj bèt sa a ladan yo, sa ki montre petèt te gen bèt sa a nan Mezopotami sa gen anviwon 4 000 an”, sa vle di, nan epòk Abraram nan.

Gen kèk syantifik ki panse gen machann ki te soti nan sid Arabi, ki te konn vann lansan e ki te konn sèvi ak chamo pou yo pote machandiz al nan nò Arabi, nan zòn Ejip ak Siri. Lè konsa, yo te konn pase nan dezè a, e se konsa yo te tou vin ak chamo nan zòn sa yo. Petèt anpil moun te konn fè komès sa a depi nan ane 2000 anvan epòk nou an. Yon bagay ki enteresan sèke Jenèz 37:25-28 pale de machann ichmayelit ki te sèvi ak chamo pou yo pote lansan al ann Ejip anviwon santan apre epòk Abraram nan.

Petèt pa t gen anpil moun ki te konn sèvi ak chamo kòm bèt domestik nan Pwòch Oryan sa gen anviwon 4 000 an. Men, selon prèv syantifik yo jwenn, sanble gen kèk moun kanmenm ki te konn fè sa. Donk, men konklizyon yon ansiklopedi fè: “Li pa nesesè ankò pou nou konsidere istwa kote Labib pale de chamo nan epòk patriyach yo kòm yon istwa ki pa egzak, etandone akeyoloji bay anpil prèv ki montre moun te konn sèvi ak chamo kòm bèt domestik anvan epòk patriyach yo.” — The International Standard Bible Encyclopedia.