Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki lè yon jèn ta dwe batize?

Ki lè yon jèn ta dwe batize?

Ki lè yon jèn ta dwe batize?

MEN sa Carlos *, yon papa ki kretyen k ap viv nan peyi Filipin te di: “Se pa ti kontan m kontan dèske kounye a pitit fi m nan ap sèvi Jewova, e m konnen li menm tou li kontan.” Men sa yon lòt papa k ap viv nan peyi Lagrès te ekri: “Madanm mwen avè m te kontan anpil lè twa pitit nou yo te batize pou yo vin Temwen Jewova pandan yo te adolesan. Yo kontinye ap fè pwogrè nan laverite e yo kontan sèvi Jewova.”

Paran ki kretyen yo gen rezon kontan anpil lè pitit yo batize, men, pafwa yo konn pè pou yo tou. Men sa yon manman te di: “Mwen te kontan anpil, men m te pè anpil tou.” Poukisa li te santi l konsa? Men sa l te di : “Mwen te rann mwen kont, kounye a, pitit gason m nan responsab tout aksyon l nèt devan Jewova.”

Youn nan objektif jèn yo dwe bay tèt yo se batize pou yo ka sèvi Jewova antanke Temwen l. Men, paran ki gen krent pou Bondye yo ka ap mande tèt yo: “Se vre pitit mwen an fè bon pwogrè, men, lè l jwenn presyon pou l fè bagay ki imoral, pou di l ap gen ase fòs pou l reziste epi rete pwòp devan Jewova?” Gen lòt paran ki gen dwa ap mande tèt yo si pitit yo ap kontinye sèvi Bondye ak kè kontan e avèk zèl lè yo jwenn presyon nan domèn materyèl. Kidonk, ki prensip biblik k ap ede paran yo wè si pitit yo pare pou yo batize?

Sa k pi enpòtan se pou l deja disip Kris

Labib pa bay yon laj pou yon moun batize, men li bay kondisyon yon moun dwe ranpli nan domèn espirityèl pou l batize. Jezi te bay disip li yo lòd sa a: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo.” ​(Mat. 28:19). Donk, batèm se pou moun ki deja disip Kris.

Ki sa yon disip ye? Men ki esplikasyon yon liv bay: “Yo plis itilize mo sa a pou yo pale de tout moun ki kwè nan ansèyman Jezi yo e ki suiv ansèyman sa yo pye pou pye.” ​(Étude perspicace des Écritures). Èske jèn yo ka vin bonjan disip Kris? Men sa yon sè k ap sèvi kòm misyonè depi 40 an ann Amerik latin ekri konsènan li menm ak de sè l yo: “Nou te ase gran pou n konnen nou te vle sèvi Jewova e nou te vle viv nan Paradi a. Lefètke nou te vwe tèt nou bay Jewova, sa te ban nou fòs pou nou fè fas ak tantasyon jèn yo konn rankontre. Nou pa regrèt nou te vwe tèt nou bay Jewova pandan nou te toupiti.”

Ki jan w ap fè konnen si pitit ou deja disip Kris? Men sa Bib la di: “Yon timoun moutre ou sa l’ap sòti nan sa l’ap fè. Ou ka di si l’ap serye, si l’ap bon.” ​(Pwo. 20:11). Ann wè kèk bagay k ap montre si yon jèn fè ‘pwogrè l parèt aklè’ antanke disip Kris. — 1 Tim. 4:15.

Prèv ki montre li deja disip Kris

Èske pitit ou obeyi w (Kol. 3:20)? Èske li fè travay ou ba l fè nan kay la? Men sa Labib di konsènan Jezi ki te gen 12 an: “Li kontinye soumèt devan [paran l] yo.” ​(Lik 2:51). Se vre jodi a pa gen okenn timoun k ap obeyi paran l san fay, men, vrè kretyen yo dwe “suiv tras [Jezi] pye pou pye”. Kidonk, si yon jèn ta renmen batize, tout moun ta dwe konnen l kòm yon jèn ki obeyi paran l. — 1 Pyè 2:21.

Paran, fè yon ti reflechi sou kesyon ki vin apre yo: Èske pitit ou patisipe nan ministè a yon fason pou l “kontinye chèche wayòm nan an premye”? (Mat. 6:33.) Èske li dispoze pataje bòn nouvèl la ak lòt moun oswa se ou menm ki oblije toutan ap ankouraje l soti nan predikasyon epi ankouraje l pale ak moun yo? Èske li pran responsablite l oserye antanke pwoklamatè ki poko batize? Èske li dispoze al vizite moun li rankontre nan tèritwa a ki enterese nan laverite? Èske li fè kamarad lekòl li ak pwofesè l konnen li se Temwen Jewova?

Èske asiste reyinyon yo enpòtan pou li (Sòm 122:1)? Èske li renmen fè kòmantè nan etid Toudegad ak etid biblik kongregasyon an? Èske li patisipe ak tout kè l nan Lekòl ministè teyokratik la? — Ebre 10:24, 25.

Èske pitit ou fè efò pou l rete pwòp nan domèn moral lè l pa fè move zanmi nan lekòl li oswa lòt kote (Pwo. 13:20)? Ki kalite mizik li renmen koute? Ki kalite fim li renmen gade? Ki kalite jwèt videyo li jwe e ki sa l fè lè l sou Entènèt? Èske pawòl li ak aksyon l montre aklè li vle viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la?

Èske pitit ou konn Bib li byen? Èske li ka esplike sa l aprann nan sware adorasyon an fanmi an? Èske li ka esplike ansèyman fondamantal ki nan Bib la (Pwo. 2:6-9)? Èske li renmen li Labib e li renmen etidye piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an fè parèt yo (Mat. 24:45)? Èske li poze kesyon sou ansèyman ak vèsè ki nan Bib la?

Kesyon sa yo kapab ede nou wè pwogrè pitit nou fè nan domèn espirityèl. Yon fwa nou fin reflechi sou yo, nou ka rive wè kote pitit nou bezwen pote amelyorasyon anvan l batize. Paran, si pitit ou montre li se yon disip Kris nan tout sa l ap fè, e si li deja vwe tèt li bay Bondye, ou mèt gen asirans li ka batize.

Jèn yo ka louwe Jewova

Anpil sèvitè Bondye montre yo fidèl pandan yo adolesan e menm pandan yo te pi jèn toujou. Nou gen egzanp Jozèf, Samyèl, Yochiya ak Jezi (Jen. 37:2; 39:1-3; 1 Sam. 1:24-28; 2:18-20; 2 Kwo. 34:1-3; Lik 2:42-49). Kat pitit fi Filip ki t ap pwofetize yo dwe te jwenn bonjan fòmasyon depi yo te toupiti. — Tra. 21:8, 9.

Men sa yon frè k ap viv nan peyi Lagrès te di: “Mwen te gen 12 an lè m te batize. Mwen pa janm regrèt desizyon m te pran an. Depi lè sa a, 24 an gentan pase e mwen gen 23 an nan sèvis aplentan. Lanmou mwen gen pou Jewova te toujou ede m fè fas ak difikilte jèn yo konn rankontre. Lè m te gen 12 an, mwen pa t gen konesans mwen genyen kounye a sou Bib la, men, mwen te deja konnen mwen renmen Jewova e mwen te vle sèvi l pou toutan. Mwen kontan dèske Jewova ede m kontinye sèvi l.”

Kit yon moun jèn, kit li granmoun, si li montre aklè li se yon vrè disip Kris, li dwe batize. Men sa apot Pòl te ekri: “Se nan kè a yon moun gen lafwa pou l ka vin jis nan je Bondye, men se avèk bouch la yon moun fè deklarasyon piblik pou l ka sove.” ​(Wom. 10:10). Lè yon jèn ki deja yon disip Kris deside batize, yon desizyon ki enpòtan, se yon gwo evènman sa ye ni pou li ni pou paran l. Pa kite anyen anpeche ni ou menm ni pitit ou viv bèl eksperyans sa a k ap ban nou kè kontan.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gen non moun yo chanje.

[Kare nan paj 5]

Byen wè batèm pitit ou

Gen kèk paran ki panse se yon bon bagay pou pitit yo batize. Men anmenmtan, yo panse lè pitit yo fè sa se yon risk yo pran, menm jan lè yon moun fè lisans li gen risk pou l fè aksidan. Men, èske batèm ak sèvis sakre moun bay Bondye a riske fè yon moun pa reyisi nan lavi a? Bib la di non. Men sa Pwovèb 10:22 (NW) di: “Benediksyon Jewova, se sa ki fè yon moun rich, e li pa ajoute okenn doulè avè l.” Men sa apot Pòl te ekri Timote ki te yon jèn gason: “Se vre, n ap jwenn gwo avantaj si nou gen atachman pou Bondye, men se si nou kontante nou ak sa nou genyen.” — 1 Tim. 6:6.

Se vre, sèvi Jewova pa fasil. Jeremi te jwenn anpil difikilte nan travay li t ap fè antanke pwofèt Jewova. Epoutan, gade ki sa li te ekri sou adorasyon li t ap bay vrè Dye a: “Pawòl ou yo, se tout plezi m. Yo fè kè m kontan, paske yo mete m apa pou ou, Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.” ​(Jer. 15:16). Jeremi te konnen se sèvis l ap bay Bondye a ki te ba l kè kontan. Monn Satan an li menm se pwoblèm li bay. Paran yo dwe ede pitit yo wè diferans ki genyen ant sèvi Bondye ak suiv monn Satan an. — Jer. 1:19.

[Kare/Foto nan paj 6]

Èske pitit mwen an ta dwe tann anvan l batize?

Pafwa, menm lè timoun yo pare pou yo batize, paran yo ka deside yo ta dwe tann. Ki sa k ka fè sa?

Mwen pè pou pitit mwen pa eskominye si l fè yon peche grav. Èske li rezonab pou yon paran panse si pitit li tann anvan l batize, pitit la pap gen pou l rann Bondye kont pou sa l fè? Salomon te bay jèn yo avètisman ki vin apre a: “Pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.” ​(Ekl. 11:9). Apot Pòl, bò kote pa l, pa t gen yon laj fiks nan lespri l lè l te di: “Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.” — Wom. 14:12.

Kit yon moun batize, kit li pa batize, li gen pou l rann Bondye kont pou tèt li. Sonje sa, Jewova pwoteje sèvitè l yo lè l ‘pa kite yo tante depase sa yo ka sipòte’. (1 Kor. 10:13.) Toutotan sèvitè Bondye yo ‘kenbe tèt yo anplas’ e yo goumen ak tantasyon yo jwenn, yo mèt gen asirans Bondye ap ede yo (1 Pyè 5:6-9). Men sa yon sè ki gen pitit te ekri: “Timoun ki batize yo gen plis rezon pou yo rete lwen bagay mal ki nan monn nan. Pitit gason m nan, ki te batize lè l te gen 15 an, santi batèm se yon pwoteksyon. Men sa l te di: ‘Sa pa vin nan lespri w pou w fè anyen ki kontrè ak lwa Jewova yo.’ Lè yon moun batize sa ba l plis fòs pou l fè sa ki jis.”

Lè w gen timoun w ap elve, si w montre yo kòman pou yo obeyi Jewova nan pawòl ou ak egzanp ou, ou mèt gen asirans y ap kontinye obeyi Jewova menm apre yo fin batize. Men sa nou li nan Pwovèb 20:7: “Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.”

Gen kèk bagay mwen ta renmen pitit mwen an fè anvan l batize. Jèn yo dwe aprann travay yon fason pou yo kapab responsab tèt yo lè yo vin gran. Sepandan, gen danje lè nou ankouraje yo fè gwo etid e nou ankouraje yo chèche gen anpil lajan, olye nou ankouraje yo bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi yo. Men sa Jezi te di konsènan yon “semans” ki pa grandi, anpalan de mesaj Wayòm nan: “Kanta pou semans ki tonbe nan mitan pye pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun toufe pawòl la, e yo pa bay fwi.” ​(Mat. 13:22). Si yon paran ankouraje pitit li pousuiv objektif nan monn nan, sa ka lakòz pitit li bay relasyon l ak Jewova mwens enpòtans e sa ka fè l vin mwens anvi sèvi Jewova.

Men sa yon ansyen ki gen eksperyans te di konsènan jèn ki pare pou yo batize yo men paran yo pa dakò: “Lè [paran] yo anpeche yon jèn batize, sa kapab ralanti pwogrè jèn nan nan laverite e sa kapab dekouraje l.” Men sa yon siveyan itineran te ekri: “Yon jèn kapab kòmanse santi petèt li pa gen yon bon relasyon ak Jewova, oswa li ka santi li pa fè pwogrè ase menm jan ak lòt yo. Li gendwa anvi al nan monn nan yon fason pou l santi l reyalize yon bagay nan lavi l.”

[Foto]

Èske jèn yo ta dwe al nan inivèsite anvan?

[Foto nan paj 3]

Yon jèn kapab montre aklè li se disip Kris.

[Foto nan paj 3]

Li prepare reyinyon yo e li fè kòmantè.

[Foto nan paj 4]

Li obeyisan.

[Foto nan paj 4]

Li preche.

[Foto nan paj 4]

Li priye.