Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Pote woulo yo, sitou pachemen yo’

‘Pote woulo yo, sitou pachemen yo’

‘Pote woulo yo, sitou pachemen yo’

APOT Pòl te di Timote pawòl sa yo pou l mande Timote, ki te misyonè tou, pote kèk dokiman pou li. De ki kalite woulo ak pachemen Pòl t ap pale? Poukisa l te mande yo? E ki sa pawòl Pòl yo aprann nou?

Lè Pòl te ekri pawòl sa yo, apeprè nan mitan premye syèk nou an, 39 liv ki konpoze Ekriti ebrayik yo kounye a, se 22 oswa 24 liv yo te ye, e petèt pifò nan liv sa yo te nan yon woulo diferan. Gen yon pwofesè ki rele Alan Millard ki fè konnen byenke woulo sa yo te chè nan epòk la, yo “pa t [...] twò chè pou moun ki te gen mwayen” yo. Gen kèk moun ki te gen omwen yon woulo. Pa egzanp, Etyopyen ki te chita nan charyo l e ki t ap “li awotvwa nan liv pwofèt Izayi a” te gen youn. Mesye sa a te “gen pouvwa e [li] te nan gwo pozisyon sou Kandas, rèn peyi Etyopi. Se li ki te responsab tout trezò rèn nan.” Siman li te gen ase mwayen pou l te ka gen pwòp woulo pa l. — Tra. 8:27, 28.

Men sa Pòl te mande Timote: “Lè w ap vini, pote manto m te kite Twowas lakay Kapis la pou mwen, ansanm ak woulo yo, sitou pachemen yo.” ​(2 Tim. 4:13). Sa fè nou konprann Pòl te gen plis pase yon liv. Ki liv ki ta ka pi enpòtan pou Pòl pase Pawòl Bondye a? Anrapò ak mo “pachemen” ki nan vèsè sa a, men sa yon biblis ki rele Archibald Robertson fè konnen: “Ta sanble pachemen sa yo se kopi liv Ansyen Testaman an yo ye. Pachemen yo te pi chè pase papiris yo.” Depi lè Pòl te jèn, li te “resevwa fòmasyon [...] nan men Gamalyèl” ki te konn anseye Lalwa e ki te yon moun tout pèp la te respekte. Donk, nou ka konprann rezon ki fè Pòl te gen kopi woulo Pawòl Bondye a. — Tra. 5:34; 22:3.

Kretyen yo te konn sèvi ak woulo yo

Pifò moun pa t gen pwòp woulo Ekriti pa yo. Nan ka sa a, kòman pifò kretyen nan epòk sa a te fè pou yo li oswa tande Pawòl Bondye a? Gen yon bagay Pòl te di Timote nan premye lèt li te ekri l la k ap ede nou jwenn repons lan. Men sa l te ekri: “Annatandan m vini, kontinye konsantre w sou lekti an piblik.” ​(1 Tim. 4:13). Lekti an piblik te fè pati pwogram reyinyon kongregasyon an, e yo te konn fè sa pami pèp Bondye a depi epòk Moyiz la. — Tra. 13:15; 15:21; 2 Kor. 3:15.

Antanke ansyen, Timote te dwe ‘konsantre l’ sou lekti awotvwa, sa ki t ap pwofitab pou moun ki pa t gen pwòp kopi Ekriti pa yo. Siman tout moun te konn byen koute lè gen moun ki t ap li Pawòl Bondye a an piblik yon fason pou yo pa t manke yon mo, e siman paran yo ak pitit yo te konn pale sou sa yo te tande nan reyinyon yo lè yo rive lakay yo.

Woulo Izayi yo te jwenn bò lanmè Sale a mezire prèske 7,3 mèt. Woulo yo dwe te lou paske yo gen yon ti baton nan chak pwent yo e souvan yo gen yon kouvèti pou pwoteje yo. Siman pifò kretyen yo pa t ka pote anpil woulo lè yo pral preche. Menmsi Pòl te gen kèk woulo, siman li pa t ka vwayaje ak tout. Li klè, li te kite kèk Twowas, lakay Kapis, zanmi l lan.

Ki sa nou ka aprann nan egzanp Pòl la?

Men sa Pòl te ekri anvan l te fè demann li an pandan li te prizonye pou yon dezyèm fwa nan yon kay nan vil Wòm: “Mwen konbat nan bèl konba a, mwen fini kous la [...]. Depi kounye a, kouwòn jistis la rezève pou mwen.” ​(2 Tim. 4:7, 8). Sanble se ozanviwon ane 65 epòk nou an, nan epòk kote Newon t ap pèsekite kretyen yo, Pòl te ekri pawòl sa yo. Fwa sa a, antanke prizonye, bagay yo te di pou li anpil. Anfèt, li te santi anvan lontan yo t ap touye l (2 Tim. 1:16; 4:6). Nou konprann sa k fè Pòl te mande pou yo pote woulo yo pou li. Byenke li te gen konfyans li te konbat bèl konba a jiska lafen, li te vle kontinye etidye Pawòl Bondye a pou lafwa l te ka vin pi solid.

Sanble Timote te Efèz toujou lè l te jwenn lèt Pòl la (1 Tim. 1:3). Pou yon moun soti Efèz epi li pase Twowas pou l al Wòm, li te dwe fè anviwon 1 600 kilomèt. Nan menm lèt sa a, men sa Pòl te mande Timote: “Fè tout sa w kapab pou w rive anvan sezon fredi a.” ​(2 Tim. 4:21). Bib la pa di si Timote te rive jwenn yon bato pou mennen l Wòm nan lè Pòl te vle a.

Ki sa nou ka aprann nan demann Pòl te fè pou l jwenn “woulo yo, sitou pachemen yo”? Malgre li t ap viv yon moman nan lavi l ki te vrèman difisil, li te toujou anvi etidye Pawòl Bondye a. Dapre ou menm, èske se pa sa ki te fè Pòl te toujou rete djanm nan domèn espirityèl, ki te fè l rete aktif e ki te fè l yon sous ankourajman pou anpil moun?

Jodi a, se yon benediksyon sa ye lè nou gen yon bib ann antye. Gen kèk moun ki menm gen plizyè Bib ak plizyè tradiksyon Labib. Nou dwe fè efò pou nou anvi pi byen konprann Ekriti yo menm jan ak Pòl. Dezyèm lèt Pòl te ekri Timote a se dènye lèt nan 14 lèt li te gen privilèj ekri anba enspirasyon Bondye. Demann li te fè Timote a parèt prèske nan fen lèt la. Anfèt, demann Pòl te fè Timote pou Timote ‘pote woulo yo, sitou pachemen yo’ pou li a, se youn nan dènye bagay li te mande ki parèt nan Labib.

Èske w pa anvi konbat bèl konba lafwa a jiska lafen menm jan ak Pòl? Èske w pa anvi rete aktif nan sèvis Jewova a e pou w toujou pare pou w patisipe nan travay bay temwayaj la toutotan Seyè a vle sa? Si se sa w vle, se pou w fè sa Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo fè a. Se pou w “toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay” la lè w toujou etidye Labib, sitou Labib disponib kounye a pou plis moun pase lontan e li pi fasil pou pote pase woulo yo. — 1 Tim. 4:16.

[Kat jeyografik/Foto nan paj 18, 19]

(Gade peryodik la)

Efèz

Twowas

Wòm