Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bon nouvèl tout moun bezwen konnen

Yon bon nouvèl tout moun bezwen konnen

Yon bon nouvèl tout moun bezwen konnen

“Bon nouvèl la [...] se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun.” — WOM. 1:16.

1, 2. Poukisa nou preche “bon nouvèl wayòm” nan, e sou ki pwen nou plis atire atansyon moun yo?

‘MWEN kontan preche bon nouvèl la chak jou.’ Siman panse sa a konn pase nan lespri nou oswa nou konn di sa. Antanke Temwen Jewova ki bay tout nou menm nan sèvis Jewova, nou konnen jan sa enpòtan pou nou preche “bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan”. Petèt nou konn menm repete pwofesi Jezi te bay ki montre nou dwe patisipe nan travay sa a. — Mat. 24:14.

2 Lè nou preche “bon nouvèl wayòm” nan, se kontinye nou kontinye travay Jezi te kòmanse a. (Li Lik 4:43.) Petèt youn nan pwen nou plis fè moun yo konnen sèke talè konsa Bondye pral kòmanse dirije tè a. Bondye pral met fen nan fo relijyon e li pral fini ak mechanste sou tè a nan “gwo tribilasyon” an (Mat. 24:21). Siman ou fè moun yo konnen tou Wayòm Bondye a gen pou l fè tè a tounen yon Paradi ankò, yon fason pou lapè ak kè kontan blayi sou tè a. An reyalite, “bon nouvèl wayòm” nan fè pati ‘bon nouvèl yo te fè Abraram konnen davans’ lan. Men sa Ekriti yo di: “Grasa ou [Abraram] tout nasyon yo ap jwenn benediksyon.” — Gal. 3:8.

3. Poukisa nou kapab di apot Pòl te mete aksan sou bon nouvèl la nan liv Women an?

3 Men, èske li posib pou ta gen yon aspè enpòtan nan bon nouvèl moun yo bezwen konnen an nou pa atire atansyon sou li ase? Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Wòm yo, li te mansyone mo “wayòm” nan yon sèl fwa, men, nan lang orijinal la, li te itilize ekspresyon “bon nouvèl” la 12 fwa. (Li Women 14:17.) Ki aspè sa a nan bon nouvèl la Pòl te pale de li tout fwa sa yo nan liv sa a? Poukisa bon nouvèl sa a enpòtan anpil? Poukisa nou dwe kenbe l nan lespri nou lè n ap preche moun yo “bon nouvèl Bondye a” nan tèritwa a? — Mak 1:14; Wom. 15:16; 1 Tes. 2:2.

Sa kretyen Wòm yo te bezwen

4. Premye fwa Pòl te prizonye nan vil Wòm, sou ki sa l te preche moun yo?

4 Li enteresan pou nou wè sou ki sijè Pòl te pale premye fwa li te prizonye nan vil Wòm. Nou aprann pandan yon bann Juif te vin wè l, li te ba yo ‘yon temwayaj konplè sou 1) wayòm Bondye a, e li te konvenk yo sou sa ki konsène 2) Jezi’. Ki rezilta Pòl te jwenn? “Gen kèk ladan yo ki te kòmanse kwè nan sa l t ap di yo, men, gen lòt ki pa t kwè.” Annapre, li te kontinye ‘byen resevwa tout moun ki vin wè l. Li te preche yo 1) wayòm Bondye a e li te anseye yo bagay ki gen rapò ak 2) Seyè Jezi Kris.’ ​(Tra. 28:17, 23-31). Li klè, Pòl te mete aksan sou Wayòm Bondye a. Men, sou ki bagay li te pale ankò? Li te pale de enpòtans wòl Jezi genyen nan objektif Jewova anrapò ak Wayòm nan.

5. Nan lèt Pòl te ekri kretyen Wòm yo, ki sa l te montre yo te bezwen?

5 Tout moun bezwen konnen Jezi e yo bezwen mete lafwa yo nan li. Pòl te montre sa nan liv Women an. Nan kòmansman liv la, li pale de ‘Bondye li t ap bay yon sèvis sakre ak tout kè l lè l pwoklame bon nouvèl konsènan Pitit Bondye a’. Apre sa li di: “Mwen pa wont anonse bon nouvèl la. Annefè, li se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun ki gen lafwa.” Annapre, li pale de yon lè “kote Bondye pral sèvi ak Kris Jezi pou l jije bagay moun kenbe sekrè”. Li te di tou: “Sa ap fèt selon bon nouvèl m ap anonse a.” Pi lwen toujou li di: “Depi Jerizalèm rive jis Iliri, mwen preche bon nouvèl konsènan Kris la afon *.” ​(Wom. 1:9, 16; 2:16; 15:19). Poukisa w panse Pòl te met aksan sou Jezi Kris nan lèt li te ekri Women yo?

6, 7. Ki sa nou kapab di sou fason kongregasyon Wòm nan te vin fòme, e ki moun ki te ladan l?

6 Nou pa konn ki jan kongregasyon Wòm nan te vin fòme. Èske se kèk Juif oswa kèk pwozelit ki te la nan Pannkòt ane 33 epòk nou an ki te vin kretyen e ki te retounen Wòm (Tra. 2:10)? Èske se kretyen ki te konn fè komès e ki te konn vwayaje ki te gaye laverite nan Wòm? Nou pa konnen. Kèlkeswa sa k te pase, lè Pòl te ekri liv Women an ozanviwon ane 56 epòk nou an, kongregasyon an te gentan gen yon bon ti tan depi l te egziste (Wom. 1:8). Ki kalite moun ki te gen nan kongregasyon sa a?

7 Gen nan moun yo ki te Juif. Pòl te salye Andwonikis ak Jinyas kòm “fanmi” l, siman paske yo te fanmi l toutbon e yo te Juif menm jan avè l. Akila, yon frè nan vil Wòm ki te konn fè tant, ak madanm li, Prisil, te Juif tou (Wom. 4:1; 9:3, 4; 16:3, 7; Tra. 18:2). Sepandan, siman anpil nan frè ak sè Pòl te salye yo pa t Juif. Gen kèk nan yo ki sanble te moun “lakay Seza”, sa vle di petèt yo te esklav Seza oswa yo te ti fonksyonè leta. — Fil. 4:22; Wom. 1:6; 11:13.

8. Ki pwoblèm kretyen nan Wòm yo te genyen?

8 Chak kretyen nan kongregasyon Wòm nan te gen yon pwoblèm nou chak genyen jodi a. Men sa Pòl te di: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete kalite Bondye yo ki estrawòdinè.” ​(Wom. 3:23). Tout moun Pòl te ekri yo te bezwen konnen se pechè yo ye e yo bezwen gen lafwa nan mwayen Jewova itilize pou l rezoud pwoblèm yo genyen an.

Tout moun bezwen konnen yo se pechè

9. Ki sa Pòl te montre ki posib grasa bon nouvèl la?

9 Nan kòmansman lèt Pòl te ekri Women yo, Pòl te montre yon bèl bagay kretyen Wòm yo te ka jwenn grasa bon nouvèl li te kontinye ap pale de li a. Li te di: “Mwen pa wont anonse bon nouvèl la. Annefè, li se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun ki gen lafwa, pou l sove Juif la dabò, e ansuit pou l sove Grèk la.” Wi, li te posib pou kretyen sa yo sove. Sepandan, ann amoni ak yon gwo verite Pòl te site ki soti nan Abakouk 2:4, yo te bezwen gen lafwa. Men sa Pòl te di: “Moun ki jis la pral viv grasa lafwa *.” ​(Wom. 1:16, 17; Gal. 3:11; Ebre 10:38). Men, ki rapò bon nouvèl sa a ki ka fè moun sove a genyen ak peche “tout moun peche”a?

10, 11. Poukisa gen moun ki konprann sa Pòl te di nan Women 3:23 a, e poukisa gen lòt moun ki pa konprann li?

10 Anvan pou yon moun vin gen lafwa k ap fè l sove a, li dwe konnen se pechè l ye. Ide tout moun peche a se pa yon ide moun ki grandi ak kwayans nan Bondye yo oswa ki plizoumwen konn Bib la pa konnen. (Li Eklezyas 7:20.) Kit yo dakò, kit yo pa dakò ak ide sa a, omwen yo konprann plizoumwen sa Pòl te vle di lè l te di: “Tout moun peche.” ​(Wom. 3:23). Sepandan, nan travay predikasyon an, nou kapab rankontre anpil moun ki pa konprann sans sa Pòl te di a.

11 Nan kèk peyi, pifò moun pa grandi ak ide yo fèt tou pechè a, sa vle di yo resevwa peche kòm eritaj. Byennantandi, siman yo rann yo kont yo fè erè, yo gen defo e yo konn fè sa ki mal. E siman yo remake se pa yo menm sèlman ki konsa. Men, akoz fason yo leve, yo pa vrèman konprann rezon ki fè ni yo menm ni lòt moun nan sitiyasyon sa a. Nan kèk lang, si w di yon moun se yon pechè, lòt moun ka panse w di moun nan se yon kriminèl oswa li fè yon bagay ilegal. An reyalite, yon moun ki leve konsa gendwa pa panse li se yon pechè nan sans Pòl t ap pale a.

12. Poukisa gen anpil moun ki pa kwè tout moun se pechè?

12 Menm nan peyi kote moun yo di se kretyen yo ye, gen anpil moun ki pa kwè se pechè yo ye. Sa k fè sa? Se paske, byenke y al legliz detanzantan, yo kwè sa Bib la di sou Adan ak Èv yo se lejann. Gen lòt ki grandi nan fanmi ki pa kwè nan Bondye. Kòm yo gen dout Bondye egziste, yo pa ka konprann gen yon Moun ki chèf tout moun ki bay lèzòm prensip pou yo suiv e si yo pa suiv prensip li yo yo peche. Nan yon sans, moun sa yo menm jan ak moun Pòl te di k ap “viv nan monn nan san esperans e san Bondye” yo. — Efe. 2:12.

13, 14. a) Bay yon rezon ki fè moun ki pa kwè nan Bondye e ki pa kwè se pechè yo ye san eskiz. b) Lefètke gen moun ki pa kwè nan Bondye, ki sa sa lakòz anpil ladan yo fè?

13 Nan lèt Pòl te ekri Women yo, li te bay de rezon ki fè moun sa yo pa t gen eskiz nan epòk pa l la e yo pa gen eskiz nan epòk pa nou an. Premye rezon an sèke kreyasyon an montre gen yon Kreyatè. (Li Women 1:19, 20.) Verite sa a ann amoni ak sa Pòl te di nan lèt li te ekri kretyen ebre yo pandan l te Wòm: “Chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye.” ​(Ebre 3:4). Sa l te di a montre gen yon Kreyatè ki fè tout linivè.

14 Donk, Pòl te gen yon baz solid pou l di kretyen Wòm yo kèlkeswa moun k ap adore imaj, san wete Izrayelit nan tan lontan yo, yo “san eskiz”. Moun ki te lage kò yo nan imoralite seksyèl e ki t ap sèvi ak kò yo yon fason ki pa natirèl te san eskiz tou, kit se te fi, kit se te gason (Wom. 1:22-27). An konklizyon, Pòl te gen bon rezon pou l di “ni Juif ni Grèk, yo tout anba pouvwa peche”. — Wom. 3:9.

Yon bagay ki “rann temwayaj”

15. Ki sa tout moun genyen, e ki efè li genyen sou yo?

15 Liv Women an bay yon lòt rezon ki fè moun yo bezwen konnen se pechè yo ye e yo bezwen yon mwayen pou yo rezoud pwoblèm sa a. Men sa Pòl te ekri konsènan Lalwa Bondye te bay Izrayèl nan tan lontan an: “Tout moun ki peche lè gen lwa, lalwa ap jije yo.” ​(Wom. 2:12). Pòl kontinye ak rezònman l lan e li montre, byen souvan, moun nan nasyon yo ki pa konn lwa Bondye yo “fè sa ki nan lalwa tou natirèlman”. Poukisa moun sa yo kondane relasyon seksyèl ant moun ki nan menm fanmi, yo kondane zak asasinay ak vòl? Pòl te di rezon an se paske yo gen yon konsyans. — Li Women 2:14, 15.

16. Byenke moun gen yon konsyans, sa k fè se pa yon garanti yo pap peche?

16 Malgre sa, petèt ou konn remake menm lè moun yo gen yon konsyans ki ba yo temwayaj, sa pa vle di y ap koute l. Pèp Izrayèl nan tan lontan an montre sa. Byenke Izrayelit yo te gen yon konsyans e yo te gen lwa Bondye te ba yo, pa egzanp lwa pou yo pa vòlè, pou yo pa fè adiltè, souvan, yo pa t suiv ni lwa Bondye yo ni konsyans yo (Wom. 2:21-23). Yo te koupab de fwa, e sa te montre aklè se pechè yo ye, yo pa t rive suiv prensip Bondye yo e yo pa t rive fè volonte l. Sa te vrèman gen yon move enpak sou relasyon yo ak Kreyatè yo a. — Lev. 19:11; 20:10; Wom. 3:20.

17. Ki ankourajman nou jwenn nan liv Women an?

17 Sa nou sot wè nan liv Women an gendwa fè nou santi sitiyasyon nou devan Toupisan an grav anpil. Sepandan Pòl pa t ret la. Li te site pawòl wa David yo nou jwenn nan Sòm 32:1, 2. Men sa Pòl te di: “Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo. Byennere moun Jewova pap konsidere peche yo menm.” ​(Wom. 4:7, 8). Wi, Bondye fè li posib pou l padone peche lèzòm yo san li pa meprize prensip li yo.

Bon nouvèl konsènan Jezi a

18, 19. a) Sou ki aspè nan bon nouvèl la Pòl te mete aksan nan liv Women an? b) Pou nou jwenn benediksyon Wayòm nan ap pote yo, ki sa nou bezwen konnen?

18 Ou ta kapab di: ‘Nouvèl sa a, se vrèman yon bon nouvèl!’ E se sa l ye vre. Sa fè nou retounen sou aspè nan bon nouvèl la Pòl te mete aksan sou li nan liv Women an. Men sa Pòl te ekri: “Mwen pa wont anonse bon nouvèl la. Annefè, li se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun.” — Wom. 1:15, 16.

19 Bon nouvèl sa a mete aksan sou wòl Jezi jwe pou pèmèt Bondye atenn objektif li. Pòl pa t ka tann pou l wè “jou kote Bondye pral sèvi ak Kris Jezi pou l jije bagay moun kenbe sekrè. Sa ap fèt selon bon nouvèl” la (Wom. 2:16). Lè l te di sa a, li pa t minimize enpòtans “wayòm ki pou Kris ak Bondye a” ni li pa t minimize sa Bondye pral fè grasa Wayòm sa a (Efe. 5:5). Men, li te montre pou nou rive jwenn benediksyon Wayòm Bondye a ap pote yo, nou bezwen konnen 1) nan je Bondye se pechè nou ye, e 2) fòk nou gen lafwa nan Jezi Kris pou nou jwenn padon pou peche nou. Lè yon moun konprann sa antre nan objektif Bondye pou li konprann se pechè li ye e li dwe gen lafwa nan Jezi Kris, lè li aksepte sa e li wè ki avni k ap tann li akoz de sa, l ap gen bonjan rezon pou l di: ‘Wi, nouvèl sa a, se vrèman yon bon nouvèl!’

20, 21. Lè nou nan predikasyon, poukisa nou bezwen sonje bon nouvèl Pòl te met aksan sou li nan liv Women an?

20 Lè n ap preche, nou ta dwe sonje aspè sa a nan bon nouvèl la ki mete aksan sou Jezi Kris la. Pòl te site kèk pawòl pwofèt Izayi te di ki gen rapò ak Jezi: “Pa gen moun ki mete lafwa yo nan li k ap wont.” ​(Wom. 10:11; Iza. 28:16). Mesaj konsènan Jezi a gendwa pa etranj pou moun ki konnen sa Labib di konsènan peche. Sepandan, mesaj sa a nouvo pou kèk lòt moun, yo pa konnen l ni tou moun nan peyi yo pa kwè ladan l. Lè moun sa yo vin kwè nan Bondye e yo vin fè Labib konfyans, n ap bezwen ba yo esplikasyon sou wòl Jezi. Atik ki vin apre a pral montre jan Women chapit 5 devlope aspè sa a nan bon nouvèl la. Pa gen dout l ap itil ou nan travay predikasyon an.

21 Sa vrèman ban nou kè kontan lè nou ede moun ki sensè yo konprann bon nouvèl Pòl pale de li plizyè fwa nan liv Women an. Bon nouvèl sa a se “yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun ki gen lafwa” yo (Wom. 1:16). Nonsèlman nou jwenn kè kontan lè nou fè sa, men tou n ap gen menm santiman ak moun Pòl te site pawòl li yo nou jwenn nan Women 10:15: “Ala bèl pye moun k ap anonse bon nouvèl bon bagay yo bèl!” — Iza. 52:7.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Ekspresyon sa a parèt nan lòt liv nan Bib la: Mak 1:1; Tra. 5:42; 1 Kor. 9:12; Fil. 1:27.

^ § 9 Pòl te site Septant lan an grèk, kote mo yo yon ti jan diferan parapò ak tèks ebre a.

Èske nou sonje?

• Sou ki aspè nan bon nouvèl la liv Women an mete aksan?

• Ki sa nou bezwen ede lòt moun konprann?

• Ki jan “bon nouvèl konsènan Kris” la ka fè ni nou menm ni lòt moun jwenn benediksyon?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 8]

Bon nouvèl Pòl met aksan sou li nan liv Women an montre gwo wòl Jezi jwe nan objektif Bondye.

[Foto nan paj 9]

Peche se yon defo nou fèt avè l ki fè nou mouri.