Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou suiv enstriksyon Jewova, Bondye ki gen lanmou an

Annou suiv enstriksyon Jewova, Bondye ki gen lanmou an

Annou suiv enstriksyon Jewova, Bondye ki gen lanmou an

“Mwen rayi tout chemen kwochi.” — SÒM 119:128, NW.

1, 2. a) Si w ap chèche èd pou w al yon kote, ki avètisman ou t ap byen renmen yo ba w, e poukisa? b) Ki avètisman Jewova bay moun k ap sèvi l yo, e poukisa?

IMAJINE sitiyasyon sa a: Ou bezwen vwayaje pou w al yon kote, pou w rive kote w vle ale a, ou mande yon zanmi ou fè konfyans, ki konn wout la, pou l al avè w pou l ba w direksyon. Pandan n ap vwayaje ansanm, li kapab di w: “Fè atansyon ak kafou ki pi devan an. Pano a ka fè w pèdi. Gen yon pakèt moun ki pèdi lè yo suiv pano sa a.” Èske w t ap apresye sousi li gen pou ou? Èske w t ap koute avètisman li ba w la? Nan yon sans, Jewova sanble ak zanmi sa a. Nonsèlman li ban nou bonjan konsèy k ap ede nou jwenn wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an, men tou, li avèti nou kont tout move enfliyans ki ta ka fè nou kite wout sa a. — Det. 5:32; Iza. 30:21.

2 Nan atik sa a e nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou kèk avètisman Jewova Dye, zanmi nou an, ban nou. Nou bezwen toujou sonje rezon ki fè Jewova ban nou avètisman sa yo, se paske li gen sousi pou nou e li renmen nou. Li vle nou rive kote nou vle ale a. Sa fè l lapenn lè l wè moun kite move enfliyans fè yo kite wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an (Eze. 33:11). Nan atik sa a, nou pral egzamine twa bagay ki ka gen move enfliyans sou nou. Premye bagay la se lòt moun bò kote nou, dezyèm nan se lè nou suiv kè nou ak je nou e twazyèm nan se yon bagay ki pa reyèl. Nou bezwen konnen ki sa bagay sa yo ye e ki sa Papa nou ki nan syèl la anseye nou sou fason pou nou reziste kont yo. Men sa Jewova te pouse yon salmis ekri: “Mwen rayi tout chemen kwochi.” ​(Sòm 119:128, NW). Èske se konsa w wè bagay yo tou? Annou wè ki jan nou kapab aprann vin gen plis degoutans pou chemen kwochi yo e ki jan nou kapab fè sa ki dwat.

Pa suiv “foul la”

3. a) Lè n ap vwayaje, poukisa se yon gwo risk nou t ap pran si nou ta suiv lòt moun lè n pa konn ki wout pou n fè? b) Ki prensip enpòtan nou jwenn nan Egzòd 23:2?

3 Si w ap fè yon vwayaj ki long, ki sa w t ap fè si w ta rive yon kote e w pa konn ki wout pou w fè? Ou ta ka anvi suiv wout lòt moun fè, sitou si w wè anpil moun chwazi fè menm wout la. Si w ta aji konsa, ou t ap pran yon gwo risk, paske moun sa yo gendwa pa pral menm kote avè w, e gendwa yo menm tou se pèdi yo pèdi. Annou egzamine yon prensip Jewova te vle anseye Izrayelit yo nou jwenn nan youn nan lwa li te bay yo ki ta ka ede nou nan yon sitiyasyon konsa. Bondye te avèti jij yo ak moun ki te konn sèvi kòm temwen yo pou yo pa “suiv foul la”. (NW.) (Li Egzòd 23:2.) Li vrèman fasil pou yon moun enpafè pran nan presyon lòt moun fè sou li, sa ki ka lakòz li pa fè sa ki jis. Sepandan, èske prensip ki fè konnen nou pa dwe suiv foul la gen rapò sèlman ak jij oswa ak moun k ap sèvi kòm temwen? Non!

4, 5. Ki jan yon foul moun te fè presyon sou Jozye ak Kalèb, e ki sa ki te pèmèt yo reziste anba presyon sa a?

4 An reyalite, tout moun ka pran nan presyon pou yo “suiv foul la” nenpòt ki lè. Se yon presyon ki ka parèt sanzatann e li ka difisil anpil pou nou reziste kont li. Pa egzanp, reflechi sou fason moun nan epòk Jozye ak Kalèb yo te fè presyon sou yo. De mesye sa yo te fè pati 12 mesye ki t al espyone Latè pwomiz yo. Lè yo retounen, dis nan mesye sa yo te bay yon rapò negatif ki te dekouraje moun yo. Yo te menm fè konnen gen jeyan nan vil la ki te desandan nefilim yo, pitit zanj rebèl yo te fè ak pitit fi lèzòm yo (Jen. 6:4). Sa te enposib, paske Nefilim yo te gentan mouri nan delij la depi plizyè santèn ane anvan sa e yo pa t gen timoun. Lè lafwa yon moun fèb, li kwè nenpòt manti yo ba li. Move rapò dis espyon sa yo te bay la te fè moun yo pè e li te fè yo panike. Sa pa t pran lontan pou pifò nan yo te kwè yo t ap fè erè si yo antre nan Latè pwomiz jan Jewova te mande yo fè sa. Ki sa Jozye ak Kalèb te fè nan sitiyasyon makawon sa a? — Nonb 13:25-33.

5 De mesye sa yo pa t suiv foul la. Byenke foul la pa t vle tande sa yo t ap di a, yo pa t pè di laverite. Malgre foul moun yo te fè yo konnen y ap touye yo ak kout wòch, yo te kanpe dèyè sa yo te di a. Kote yo te jwenn kouraj sa a? Pa gen dout nan sa, se lafwa yo te gen nan Jewova ki te ba yo kouraj sa a. Moun ki gen lafwa yo wè byen klè diferans ki genyen ant bagay moun di ki pa chita sou anyen ak pwomès sakre Jewova Dye fè yo. Annapre, lè Jozye ak Kalèb te pale ak lòt moun sou lafwa yo nan Jewova, yo te fè konnen Jewova toujou kenbe pwomès li. (Li Jozye 14:6, 8; 23:2, 14.) Jozye ak Kalèb te atache ak Bondye yo a ki fidèl, e sa pa t janm vin nan lespri yo pou yo suiv yon foul moun ki pa gen lafwa nan li e pou yo ta fè l lapenn. Lefètke yo te rete fèm, yo kite yon bèl egzanp pou nou jodi a. — Nonb 14:1-10.

6. Nan ki domèn nou ka santi nou anvi suiv foul la?

6 Èske w konn santi w anvi suiv foul la? Jodi a, pifò moun pa respekte Jewova e yo panse sa li di sou sa ki byen ak sa ki mal pa gen sans. Nan kesyon divètisman ak detant, moun sa yo fè pwopagann pou bagay ki pa vo anyen. Yo kapab fè konprann pa gen anyen ki mal nan imoralite, nan vyolans ak pratik ki gen rapò ak movèzespri moun wè nan televizyon, nan fim e ki gen nan kèk jwèt videyo (2 Tim. 3:1-5). Lè w ap chwazi divètisman ak detant pou tèt ou ak fanmi w, èske w gade sou lòt moun pou w fè sa? Si se sa w fè, se suiv w ap suiv foul la.

7, 8. a) Ki jan nou ka antrene oswa devlope ‘kapasite nou genyen pou nou konprann’ nan, e poukisa li pi bon pou nou fè sa olye nou suiv yon lis règ? b) Ki sa k fè kè nou kontan?

7 Jewova ban nou yon bèl kado ki ka ede nou lè n ap pran desizyon. Bèl kado sa a se ‘kapasite nou genyen pou nou konprann’ nan. N ap antrene kapasite sa a, sa vle di devlope l, “afòs [nou] sèvi avè l”. (Ebre 5:14.) Nou pap ka devlope kapasite sa a si nou annik fè sa lòt moun fè, oubyen si nou annik suiv yon lis règ. Nan anpil ka, n ap bezwen kite konsyans nou gide nou pou nou ka pran desizyon. Se sa k fè, òganizasyon Jewova a pa bay yon lis fim, liv ak sit Entènèt pou moun evite. Monn nan tèlman ap chanje rapid, si òganizasyon an ta bay yon lis konsa, detanzantan li t ap oblije refè lis sa a (1 Kor. 7:31). Sa k pi mal la, lis sa a t ap anpeche nou reflechi sou prensip biblik yo e li t ap fè nou wè li pa nesesè pou nou priye Jewova pou l ede nou pran desizyon ki ann amoni ak prensip sa yo. — Efe. 5:10.

8 Lè nou pran desizyon ki baze sou prensip biblik yo, sa kapab fè moun pa renmen nou. Jèn ki kretyen yo kapab jwenn gwo presyon nan men lòt elèv pou yo fè sa lòt moun ap fè (1 Pyè 4:4). Se sa k fè, nou kontan lè nou wè kretyen yo imite lafwa Jozye ak Kalèb, kit yo jèn, kit yo granmoun, e yo pa suiv foul la.

Nou pa dwe suiv “ni kè nou ni je nou”

9. a) Si n ap fè yon vwayaj ki long e nou ta deside fè wout lide nou di nou, poukisa se yon risk nou t ap pran? b) Poukisa lwa nou jwenn nan Nonb 15:37-39 la te enpòtan pou pèp Izrayèl?

9 Dezyèm bagay ki kapab gen move enfliyans sou nou, se lè nou suiv kè nou ak je nou. Imajine w ap fè yon vwayaj ki long pou w al yon kote, e w gen yon kat jeyografi pou gide w, èske w t ap deside jete kat la pou w pran wout lide w di w? Si w ta fè sa, se sèten ou pa t ap rive kote w vle ale a. Ann wè ki sa Jewova te di pèp Izrayèl la nan yon lòt lwa li te bay. (Li Nonb 15:37-39.) Jodi a, sa ka difisil pou anpil moun konprann poukisa, nan lwa Jewova te bay pèp li a, li te mande moun yo pou yo mete franj ak kòdon ble nan rad yo. Èske w konprann rezon ki fè Jewova te mande yo fè sa? Lè pèp Bondye a te obeyi lwa sa a, sa te fè l diferan ak lòt nasyon yo. Pou yo te ka toujou gen favè Jewova, sa te enpòtan pou yo obeyi lwa sa a (Lev. 18:24, 25). Sepandan, lwa sa a te montre yon lòt bagay ki kapab fè nou kite wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. Ki jan sa kapab fèt?

10. Ki jan Jewova te montre li byen konnen lèzòm?

10 Gade ki sa Jewova te di pèp li a sou rezon ki fè l te ba yo lwa ki vin annapre a: “Nou pa dwe suiv ni kè nou ni je nou.” ​(NW). Jewova konnen lèzòm trè byen. Li konnen jan li fasil pou bagay nou wè ak je nou gen efè sou kè nou, oswa moun nou ye pa anndan an. Se sa k fè, Bib la ban nou avètisman sa a: “Kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm. Ki moun ki ka konnen l?” ​(Jer. 17:9, NW). Èske nou wè jan avètisman Jewova te bay Izrayelit yo te byen tonbe? Li te konnen Izrayelit yo t ap gen tandans gade sa nasyon ozalantou yo ki pa t ap sèvi L yo ap fè e sa te ka enfliyanse yo. Yo te ka vin anvi abiye menm jan ak moun sa yo ki pa t ap sèvi l, yo te ka vin panse menm jan ak yo epi aji menm jan ak yo. — Pwo. 13:20.

11. Ki enfliyans sa nou wè ak je nou ka gen sou nou?

11 Jodi a, li pi fasil toujou pou sa nou wè ak je nou gen enfliyans sou kè nou ki trèt. N ap viv nan yon monn kote moun yo kite dezi lachè mennen yo. Nan ka sa a, ki jan nou ka viv ann amoni ak prensip ki nan Nonb 15:39 la? Fè yon ti reflechi. Si moun ou gen kontak ak yo nan lekòl ou, nan travay ou, oswa nan zòn kote w ap viv la abiye yon fason ki eksite dezi lakay lòt moun pi plis chak jou, èske sa pa ta ka enfliyanse w? Èske sa pa ta ka fè w anvi ‘suiv kè w ak je w’ epi kite sa w wè yo enfliyanse w? Èske sa pa ta ka fè w vire do bay prensip Jewova yo epi abiye menm jan ak moun sa yo? — Wom. 12:1, 2.

12, 13. a) Ki sa nou ta dwe fè si nou gen tandans gade sa nou pa ta dwe gade? b) Ki sa k ka ede nou pou nou pa fè lòt moun anvi fè sa k pa bon?

12 Li vrèman enpòtan pou nou gen metriz. Si nou gen tandans gade sa nou pa ta dwe gade, sonje jan Jòb, yon moun ki te fidèl, te fè yon alyans ak je l, sa vle di li te detèmine pou l pa gade yon fi ki pa madanm li avèk move lide (Jòb 31:1). Wa David te panse menm jan ak Jòb, men sa l te di: “Mwen pap mete okenn bagay ki pa itil devan je m.” ​(Sòm 101:3, NW). Nenpòt bagay ki ta ka fè konsyans nou pa klè e ki ta ka fè nou pèdi relasyon nou avèk Jewova, se yon “bagay ki pa itil” anyen. Sa gen ladan l nenpòt tantasyon ki parèt devan je nou, ki ka gen enfliyans sou kè nou, epi fè nou fè sa k pa bon.

13 Yon lòt bò, se sèten nou pa t ap janm renmen tounen yon “bagay ki pa itil” lè nou fè lòt moun anvi fè sa k pa bon. Se sa k fè, nou pran konsèy Bondye fè ekri nan Bib la oserye, konsèy ki mande pou nou abiye yon fason ki kòrèk e ki senp (1 Tim. 2:9). Nou gendwa panse nou abiye yon fason ki senp, men, lòt moun gendwa pa wè bagay yo menm jan avèk nou. Se sa k fè, nou bezwen respekte konsyans lòt moun epi fè yo plezi (Wom. 15:1, 2). Nan kongregasyon nou yo, gen plizyè milye jèn ki bay yon bèl egzanp nan fason yo abiye. Jèn sa yo se yon benediksyon. Se pa ti fyè nou fyè dèske jèn sa yo refize ‘suiv kè yo ak je yo’ e yo pito chwazi fè Jewova plezi nan tout sa y ap fè!

Pa suiv “vanite”

14. Ki avètisman Samyèl te bay Izrayelit yo konsènan “vanite”?

14 Imajine nan vwayaj w ap fè a, ou oblije travèse yon gwo dezè. Ki sa k t ap pase si w ta kite wout ou pou w al dèyè yon bagay ou panse w wè, men ki pa egziste vre? Si w ta fè sa, ou ta ka pèdi lavi w! Jewova byen konnen danje sa a egziste. Ann pran egzanp Izrayelit yo ki te vle vin menm jan ak nasyon ozalantou yo, ki te gen moun k ap dirije yo kòm wa. An reyalite, anvi sa a yo te genyen an te yon peche grav, paske, sa te montre yo pa t vle Jewova dirije yo antanke Wa ankò. Byenke Jewova te pèmèt yo gen yon moun kòm wa sou tèt yo, li te fè Samyèl avèti yo pou yo pa kouri dèyè “vanite”, sa vle di dèyè bagay ki pap itil yo anyen. — Li 1 Samyèl 12:21.

15. Nan ki sans Izrayelit yo t ap kouri dèyè vanite?

15 Èske Izrayelit yo te panse yo te ka plis fè wa sa yo konfyans pase yo fè Jewova konfyans? Si se konsa yo te wè bagay yo, yo te vrèman ap kouri dèyè vanite! Mete sou sa, te gen risk pou yo kouri dèyè yon pakèt lòt vanite ki soti nan Satan. Moun yo t apral chwazi kòm wa yo ta kapab fè yo tonbe nan sèvi zidòl byen fasil. Moun k ap sèvi zidòl yo mete nan tèt yo yo ka fè bagay tankou wòch ak bwa plis konfyans pase yo fè Jewova konfyans, Bondye yo pa ka wè a, Bondye ki kreye tout bagay la. Jan apot Pòl te di sa, zidòl yo “pa anyen”. (1 Kor. 8:4.) Yo pa ka ni wè, ni tande, ni pale, ni fè anyen. Byenke w ka wè yo e w ka manyen yo, si w ta adore yo, an reyalite, sa t ap montre w ap kouri dèyè vanite, sa ki t ap lage w nan tchouboum. — Sòm 115:4-8.

16. a) Ki jan Satan fè moun kouri dèyè vanite jodi a? b) Poukisa nou kapab di lajan ak bagay materyèl se vanite lè nou konpare yo ak Jewova?

16 Satan maton toujou nan fè moun kouri dèyè vanite. Pa egzanp, li fè yon pakèt moun kwè lè yo kouri dèyè bagay materyèl y ap gen kè kontan ak sekirite. Yo panse lajan, bagay materyèl ak gwo djòb kapab ede yo rezoud tout pwoblèm yo genyen. Men, jis nan ki pwen bagay sa yo ka ede moun yo lè yo malad, lè gen pwoblèm ekonomik oswa lè gen yon dezas ki pase? Ki jan bagay sa yo ap ede yo lè yo santi lavi yo pa gen sans, lè yo bezwen direksyon ak repons pou kesyon enpòtan yo poze sou lavi? Èske bagay sa yo ka ede yo lè yo pral mouri? Si nou mete konfyans nou nan lajan ak nan bagay materyèl, n ap desi. Lajan ak byen materyèl pap ede nou viv ak kè kontan, yo pa ka anpeche nou malad e yo pa ka anpeche nou mouri. Tout bagay sa yo se vanite (Pwo. 23:4, 5). Men, Jewova pa vanite, li se vrè Dye a! Se sèlman si nou gen yon relasyon sere avè l, n ap rive gen kè kontan ak sekirite toutbon. Se sèl Jewova ki ka ede nou rezoud tout pwoblèm nou yo. Se pa ti kontan nou kontan zanmi Jewova! Pinga nou janm kite Jewova pou n al kouri dèyè vanite!

17. Ki detèminasyon ou pran anrapò ak avètisman nou sot egzamine nan atik sa a?

17 Èske se pa yon benediksyon sa ye pou nou gen Jewova kòm Zanmi nou e kòm Gid nou nan vwayaj n ap fè sou wout lavi a? Se lanmou li gen pou nou ki fè l ban nou avètisman. Si nou kontinye suiv avètisman li ban nou pou nou pa suiv foul la, pou nou pa suiv kè nou ak vanite, l ap pi fasil pou n rive jwenn lavi ki pap janm fini an. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine twa lòt avètisman Jewova bay k ap ede nou pa pran chemen kwochi k ap fè nou kite wout lavi a. — Sòm 119:128.

Ki sa nou panse?

Ki jan w ka aplike prensip ki nan vèsè ki vin apre yo?

Egzòd 23:2

Nonb 15:37-39

1 Samyèl 12:21

Sòm 119:128

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Èske li bon pou nou suiv foul la?

[Foto nan paj 13]

Poukisa se yon danje pou nou suiv kè nou ak je nou?

[Foto nan paj 14]

Èske w se yon moun k ap kouri dèyè vanite?