Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Finalman, yo genyen batay la!

Finalman, yo genyen batay la!

Finalman, yo genyen batay la!

BATAY la te kòmanse nan ane 1995 e li te dire 15 an. Pandan tout tan sa a, moun ki opoze ak libète moun genyen pou yo chwazi relijyon yo te atake vrè kretyen yo nan peyi Larisi. Opozan sa yo pa t vle bloke travay Temwen Jewova yo nan vil Moskou sèlman, men yo te vle fè sa lòt kote tou. Aktout sa, Jewova te rekonpanse frè ak sè nou yo nan peyi Larisi pou entegrite yo, li te fè yo gen laviktwa devan lajistis peyi sa a. Men, ki sa ki te lakòz batay sa a?

YO RESI VIN LIB!

Ant ane 1990 ak ane 1995, frè nou yo nan peyi Larisi te rejwenn libète pou yo pratike relijyon yo. Yo te pèdi libète sa a an 1917. Nan ane 1991, gouvènman Inyon sovyetik la te rekonèt Temwen yo kòm yon relijyon. Lè Inyon sovyetik te kraze, Federasyon Larisi a tou te rekonèt Temwen Jewova yo kòm yon relijyon. Mete sou sa, Leta te rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki te jwenn pèsekisyon anba men gouvènman an plizyè dizèn ane anvan sa akoz relijyon yo. Nan ane 1993, lajistis nan vil Moskou te anrejistre Temwen yo sou non legal Kominote Temwen Jewova Moskou yo. Nan menm ane a, Larisi te adopte yon nouvo konstitisyon ki garanti libète tout moun genyen pou yo chwazi relijyon yo. Se sa k fè yon frè te di: “Nou pa t janm espere nou t ap gen tout libète sa a!” Apre sa l te di: “Nou gen 50 an depi n ap tann sa!”

Frè ak sè nan peyi Larisi yo te byen itilize “tan favorab” sa a pou yo ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an e anpil moun te byen reyaji (2 Tim. 4:2). Men yon remak yon moun te fè: “Tout moun te vrèman enterese nan relijyon.” Sa pa t pran lontan pou kantite pwoklamatè yo, kantite pyonye yo ak kantite kongregasyon yo ogmante. Soti nan ane 1990 pou rive nan ane 1995, kantite Temwen Jewova yo nan vil Moskou ki te sèlman 300 te vin plis pase 5 000! Etandone kantite a pa t sispann ogmante, sa te panike moun ki opoze ak libète moun genyen pou yo chwazi relijyon yo. Nan mitan ane 90 yo, gen moun ki te itilize lalwa pou yo atake Temwen Jewova yo. Se konsa yon batay byen long, ki te gen kat etap, t apral kòmanse jiskaske l fini.

ENVESTIGASYON YO KÒMANSE

Premye etap la te kòmanse nan mwa jen 1995. Yon gwoup moun nan vil Moskou te met ansanm ak Legliz òtodòks nan peyi Larisi pou yo pote plent kont frè yo kòmkwa y ap patisipe nan zak kriminèl. Gwoup sa a te fè konnen li t ap defann moun ki fache dèske madanm yo oswa pitit yo vin Temwen Jewova. Nan mwa jen 1996, moun ki t ap mennen ankèt yo pa t jwenn okenn prèv ki montre Temwen Jewova yo patisipe nan zak kriminèl. Aktout sa, menm gwoup sa a te pote yon lòt plent pou menm akizasyon an. Gen yon lòt ankèt ki te fèt, men yo pa t jwenn okenn prèv. Malgre sa, opozan yo te pote yon twazyèm plent ankò pou menm bagay la toujou. Yon lòt fwa ankò, yo te fè yon lòt ankèt sou Temwen Jewova yo nan vil Moskou, men, komisè gouvènman an te di pa gen okenn baz pou yo rele Temwen yo lajistis. Sepandan, opozan yo te pote plent yon katriyèm fwa ankò, e fwa sa a tou, komisè a pa t jwenn okenn prèv ki kore akizasyon yo te lage sou do Temwen yo. Aktout sa, menm gwoup sa a te mande pou yo fè yon lòt ankèt. Finalman, nan dat 13 avril 1998, nouvo moun ki t ap fè ankèt la te fèmen dosye a.

Men sa yon avoka ki t ap defann Temwen Jewova yo te di: “Apre sa, gen yon bagay dwòl ki te fèt.” Malgre reprezantan komisè gouvènman an ki te mennen senkyèm ankèt sa a te admèt Temwen Jewova yo pa t fè okenn zak kriminèl, li te di li panse li ta bon pou moun nan vil la pote plent kont frè yo. Li te akize Kominote Temwen Jewova Moskou yo kòmkwa yo pa respekte lwa nasyonal ak lwa entènasyonal yo. Komisè gouvènman ki reprezante zòn nò vil Moskou a te dakò e li prezante yon plent * kont Temwen yo nan non moun vil la. Nan dat ki te 29 septanm 1998, yo te prezante ka a nan yon tribinal nan vil Moskou ki rele Golovinsky, e se konsa dezyèm etap la te kòmanse.

LABIB NAN TRIBINAL

Nan yon sal tribinal nan nò vil Moskou ki te chaje ak moun, Tatyana Kondratyeva, komisè gouvènman an, te itilize yon lwa peyi a te adopte nan ane 1997 ki fè konnen se sèlman Legliz òtodòks, Islam, Jidayis ak Boudis Leta rekonèt kòm relijyon *. Lwa sa a ki te toujou an vigè te fè l difisil pou yo rekonèt lòt relijyon. Li te bay tribinal yo pèmisyon tou pou yo mete entèdiksyon sou tout relijyon ki ankouraje lahèn. Sou baz lwa sa a, komisè gouvènman an te di Temwen Jewova yo ta dwe anba entèdiksyon paske yo ankouraje lahèn e yo divize fanmi.

Men kesyon yon avoka ki t ap defann frè nou yo te poze: “Ki moun sa yo nan kongregasyon Moskou a ki koupab paske yo vyole lalwa?” Komisè a pa t ka bay non yon moun. Men, li te di piblikasyon Temwen Jewova yo ankouraje chirepit ant relijyon. Pou l pwouve sa l te di a, li te li kèk enfòmasyon nan Toudegad, Réveillez-vous! ak lòt piblikasyon (gade anwo a). Lè avoka nou an te mande komisè a nan ki sans piblikasyon sa yo ankouraje chirepit, li te reponn: “Temwen Jewova yo anseye se yo ki nan vrè relijyon an.”

Youn nan frè nou yo ki avoka te lonje yon bib bay jij la e li te lonje youn bay komisè a, apre sa li li Efezyen 4:5 ki di: “Gen yon sèl Seyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm.” Sa pa t pran tan pou ni jij la, ni komisè a ak avoka a kenbe bib yo nan men yo pou yo analize kèk vèsè tankou Jan 17:18 ak Jak 1:27. Men sa jij la te mande: “Èske vèsè sa yo ankouraje chirepit ant relijyon?” Komisè a te reponn, li pa konn anyen nan zafè Labib, donk, li pa ka fè kòmantè sou Bib la. Avoka nou an te montre kèk piblikasyon Legliz òtodòks pibliye ki pale Temwen Jewova yo mal anpil, epi li mande komisè a: “Èske deklarasyon sa yo vyole lalwa?” Yon lòt fwa ankò, komisè a di li pa konn anyen nan zafè relijyon, donk li pa ka fè kòmantè sou sa.

AKIZASYON YO PA CHITA SOU ANYEN

Pou komisè a pwouve Temwen Jewova yo divize fanmi, li te di yo pa fete fèt tankou fèt Nwèl. Men, pi devan li admèt lwa peyi Larisi pa oblije sitwayen peyi a fete fèt sa a. Kidonk, tout moun peyi a, san wete Temwen Jewova yo, pa oblije fete fèt sa a. Komisè a te di tou òganizasyon nou an ‘anpeche timoun yo repoze yo kòmsadwa e li anpeche yo jwi lavi yo’. Men, lè yo te mande l ki prèv li genyen, li te admèt li pa t janm pale ak okenn timoun ki te grandi ak paran ki Temwen Jewova. Lè youn nan avoka nou yo te mande komisè a si li te janm asiste youn nan reyinyon Temwen Jewova yo, li te reponn: “Sa pa t nesesè.”

Komisè a te prezante yon pwofesè sikyatri pou temwaye kont frè yo. Pwofesè a te di lè yon moun li piblikasyon Temwen Jewova yo, sa kapab ba l pwoblèm mantal. Lè youn nan avoka Temwen Jewova yo te fè remake dokiman pwofesè a bay jij la te menm ak dokiman gwo potanta nan Legliz òtodòks Moskou yo te prepare a, pwofesè a te admèt plizyè pati nan sa l te ekri nan dokiman li te bay jij la se nan dokiman gwo potanta yo li te pran yo mo pou mo. Repons pwofesè a te bay pou kèk kesyon yo te poze l annapre te montre li pa t janm egzamine yon Temwen Jewova. Yon lòt bò, yon lòt pwofesè sikyatri te di li te egzamine 100 Temwen Jewova nan vil Moskou e li te wè yo se moun ki nòmal, yo pa gen okenn pwoblèm mantal. Mete sou sa, li te di depi lè moun sa yo vin Temwen Jewova, yo vin gen plis respè pou moun ki nan lòt relijyon.

YO GENYEN YON BATAY MEN LAGÈ A POKO FINI

Jou ki te 12 mas 1999, jij la te chwazi senk moun ki byen fòme pou yo etidye piblikasyon Temwen Jewova yo e li te kanpe pwosè a. Men, Ministè Lajistis peyi Larisi te gentan mande yon gwoup moun ki byen fòme pou yo egzamine piblikasyon nou yo. Jou ki te 15 avril 1999, gwoup moun Ministè a te chwazi a te fè konnen yo pa t jwenn anyen mal nan piblikasyon nou yo. Se sa k fè, nan dat 29 avril 1999, Ministè Lajistis te rekonèt relijyon Temwen Jewova yo ankò. Malgre sa, jij la te ensiste pou gwoup moun li te chwazi a egzamine piblikasyon nou yo. Sitiyasyon an te dwòl, byenke Ministè Lajistis peyi Larisi te rekonèt relijyon Temwen Jewova yo, lajistis nan vil Moskou t ap mennen ankèt sou Temwen yo kòmkwa yo pa obeyi lalwa.

Prèske dezan te gentan pase anvan jij Yelena Prokhorycheva te rekonsidere ka a. Jou ki te 23 fevriye 2001, li te pran yon desizyon. Lè l te fin egzamine rezilta rechèch gwoup moun li te bay analize piblikasyon nou yo, li te di: “Pa gen okenn rezon pou nou bloke oswa entèdi aktivite Temwen Jewova yo nan vil Moskou.” Finalman, yo te rekonèt tout akizasyon yo te mete sou do frè ak sè nou yo pa t chita sou anyen! Men, komisè a pa t dakò ak desizyon an e li te mande pou yo jije ka a ankò devan tribinal vil Moskou a. Twa mwa apre, nan jou ki te 30 me 2001, tribinal sa a te anile desizyon jij Prokhorycheva te pran an e li te mande pou menm komisè a prezante ka a devan yon nouvo jij. Se konsa twazyèm etap la t apral kòmanse.

YO PÈDI YON BATAY MEN YO PA PÈDI LAGÈ A

Nan jou ki te 30 oktòb 2001, nouvo jij la, Vera Dubinskaya, te jije ka a yon lòt fwa ankò *. Komisè Kondratyeva te vini ak menm akizasyon yo ankò kont Temwen yo, kòmkwa yo ankouraje lahèn, men, li te ajoute si gouvènman an ta bloke aktivite Temwen yo, sa t ap yon bon mwayen pou pwoteje dwa tout Temwen Jewova nan vil Moskou. Lè Temwen yo te aprann sa komisè a te di a, san pèdi tan, toule 10 000 Temwen Jewova ki nan vil Moskou yo te siyen yon dokiman pou yo fè jij la konnen yo pa bezwen pwoteksyon nan men komisè a.

Komisè a te di li pa t nesesè pou l bay prèv ki montre Temwen Jewova yo ap fè sa k pa sa. Li te di se pa aktivite Temwen Jewova yo ki pwoblèm nan, men se piblikasyon yo ak kwayans yo. Li te anonse l ap prezante yon pòt pawòl Legliz òtodòks la kòm temwen. Se sèten, anons li te fè a te montre aklè se gwo potanta Legliz òtodòks yo menm ki te dèyè bloke aktivite Temwen Jewova yo. Nan jou ki te 22 me 2003, jij la te bay lòd pou yon gwoup moun ki byen fòme egzamine piblikasyon Temwen yo yon lòt fwa ankò.

Nan jou ki te 17 fevriye 2004, tribinal la te egzamine rezilta rechèch gwoup moun nan te fè sou piblikasyon nou yo. Gwoup sa a te fè konnen piblikasyon nou yo ankouraje lektè yo “pwoteje fanmi yo ak maryaj yo” e akizasyon ki fè konprann piblikasyon nou yo ankouraje lahèn nan “pa chita sou anyen”. Gen anpil lòt espesyalis ki te dakò ak sa yo di a. Men kesyon yo te poze yon pwofesè istwa relijyon: “Poukisa Temwen Jewova yo preche?” Men sa l te di: “Travay predikasyon an se obligasyon tout kretyen. Se sa Evanjil yo mande pou kretyen yo fè e se travay sa a Kris te bay disip li yo fè, paske li te di se pou yo ‘ale, epi preche moun tout nasyon’.” Malgre sa, nan dat ki te 26 mas 2004, jij la te mete entèdiksyon sou aktivite Temwen Jewova nan vil Moskou yo. Tribinal vil Moskou a te dakò ak desizyon sa a jou ki te 16 jen 2004 *. Men kòmantè yon frè k ap sèvi Jewova depi lontan te fè pandan l t ap pale sou desizyon jij la te pran an: “Sou gouvènman sovyetik la, yon moun peyi Larisi pa t dwe kwè nan Bondye. Jodi a, yon moun peyi Larisi dwe mache nan Legliz òtodòks.”

Ki jan frè ak sè yo te reyaji anba entèdiksyon an? Yo te fè menm jan ak Neyemya, yon sèvitè Bondye ki t ap viv nan tan lontan. Nan epòk Neyemya a, lè ènmi pèp Bondye yo t ap kontrekare efò pèp la t ap fè pou yo rebati miray Jerizalèm nan, Neyemya ak pèp la pa t kite okenn opozan fè yo kanpe sou travay la. Olye de sa, yo “te kontinye konstwi” e yo “te kontinye mete kè yo nan travay la”. (Ney. 4:1-6, NW.) Menm jan an tou, frè ak sè nou yo nan Moskou pa t kite ènmi yo fè yo kanpe sou travay predikasyon bon nouvèl la, yon travay ki dwe fèt jodi a (1 Pyè 4:12, 16). Yo te gen konfyans Jewova t ap veye sou yo, e yo te pare pou katriyèm etap batay sa a.

PÈSEKISYON YO OGMANTE

Nan jou ki te 25 out 2004, frè ak sè yo te siyen yon dokiman voye bay Vladimir Putin, ki te prezidan Larisi nan epòk sa a. Nan dokiman sa a, frè ak sè yo te fè prezidan an konnen jan entèdiksyon an te ba yo pwoblèm. Plis pase 315 000 moun te siyen dokiman sa a. Li te tèlman gen anpil paj, yo te oblije fè l fè 76 volim. Nan menm epòk sa a, gwo potanta nan Legliz òtodòks yo nan peyi Larisi te montre aklè kiyès yo ye. Men deklarasyon yon pòt pawòl potanta sa yo te fè: “Nou kont aktivite Temwen Jewova yo nèt.” Yon dirijan mizilman te di entèdiksyon yo mete sou Temwen yo se “yon gwo bagay e [se] yon bon bagay”.

Nou ka konprann poukisa kèk sitwayen nan peyi Larisi ki pa t konprann sa k t ap pase a te santi yo gen dwa pou yo atake Temwen Jewova yo. Gen kèk Temwen Jewova nan vil Moskou moun sa yo te bay kout pwen ak kout pye pandan yo t ap preche. Gen yon mesye ki te tèlman nève lè l wè yon sè ap preche nan yon bilding, li kouri dèyè sè a e li tèlman bay sè a yon gwo kout pye nan rèl do l, sè a tonbe atè e li frape tèt li. Sè a te oblije al kay doktè pou sa. Malgre sa, lapolis pa t fè mesye a anyen. Gen lòt Temwen lapolis te arete, yo pran anprent yo, yo fè foto yo e yo fè yo pase nuit nan prizon. Yo te di moun ki te konn lwe frè ak sè yo lokal pou yo fè reyinyon yo y ap revoke yo si yo kontinye lwe Temwen yo lokal. Sa pa t pran anpil tan pou yon pakèt kongregasyon te pèdi lokal kote yo te konn fè reyinyon yo. Karant kongregasyon te oblije reyini nan yon bilding ki te gen kat Sal Wayòm. Youn nan kongregasyon sa yo te oblije reyini pou diskou piblik la a 7:30 nan maten. Men sa yon siveyan sikonskripsyon te di: “Pou pwoklamatè yo te ka asiste reyinyon an, yo te oblije leve a 5 è nan maten. Men yo te byen kontan fè sa pandan plis pase ennan.”

SA TE PÈMÈT FRÈ YO BAY “TEMWAYAJ”

Pou avoka nou yo te kapab montre entèdiksyon vil Moskou te mete sou Temwen Jewova yo te kont lalwa, nan mwa desanm 2004, yo te pote ka a devan Tribinal ewopeyen pou dwa moun. (Gade kare ki nan paj 6 la ki gen tit  “Yo egzamine yon jijman ki te fèt nan peyi Larisi an Frans”.) Sizan apre, nan jou ki te 10 jen 2010, Tribinal la te pran yon desizyon an favè Temwen Jewova yo e tout jij yo te dakò ak desizyon sa a *. Tribinal la te egzamine plent yo te pote kont Temwen Jewova yo, e li te wè yo pa t chita sou anyen. Mete sou sa, Tribinal la te di, devan lalwa, gouvènman Larisi a dwe “leve entèdiksyon yo mete sou aktivite Temwen Jewova yo e li dwe fè tout sa k posib pou l repare tout sa l te fè Temwen Jewova yo”. — Gade kare ki nan paj 8 la ki gen tit  “Desizyon Tribinal la”.

Tribinal la te fè konnen Konvansyon ewopeyen pou dwa moun nan pwoteje aktivite Temwen Jewova yo. Nonsèlman gouvènman Larisi a dwe respekte desizyon sa a, men tout 46 lòt nasyon ki nan Konsèy ewopeyen an dwe fè sa tou. Sa k pi bèl la, analiz ki te fèt sou baz lalwa e sou baz prèv ki te egziste yo te tèlman pwofon, moun k ap etidye dwa, jij, moun ki fè lwa, espesyalis nan zafè dwa moun toupatou sou tè a ap enterese li desizyon sa a. Sa k fè nou di sa? Desizyon Tribinal la te pran an pa t baze sèlman sou 8 desizyon li te deja pran an favè Temwen Jewova yo, men li te baze tou sou 9 lòt viktwa Temwen Jewova yo te ranpòte devan pi gwo tribinal ki genyen nan kèk peyi tankou: Afrik disid, Ajantin, Espay, Etazini, Japon, Kanada, Larisi ak Wayòm Ini. Temwen Jewova yo sou tout tè a ka itilize desizyon Tribinal la te pran an pou yo defann dwa yo genyen pou yo adore Bondye.

Jezi te di disip li yo: “Y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa, poutèt mwen. Konsa, n ap ka bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj.” ​(Mat. 10:18). Batay sa a ki te dire 15 an te bay frè nou yo okazyon pou yo fè moun nan vil Moskou ak lòt kote ankò konnen non Jewova yon fason yo pa t janm konnen l anvan. Ankèt yo te fè sou Temwen Jewova yo, ka yo te pote devan tribinal yo ak desizyon yon tribinal entènasyonal te pran te sèvi kòm “temwayaj” nan “avantaj bon nouvèl la”. (Fil. 1:12.) Jodi a, lè Temwen Jewova nan vil Moskou yo ap preche, gen anpil moun yo jwenn lakay yo ki konn di yo: “Èske se pa nou menm ki anba entèdiksyon an?” Souvan, kesyon sa a bay frè nou yo okazyon pou yo bay moun sa yo plis enfòmasyon sou kwayans nou. Sa klè, pa gen okenn moun ki ka anpeche nou preche bòn nouvèl Wayòm nan. Nou mande Jewova pou l kontinye ede frè ak sè nou yo nan peyi Larisi ki gen kouraj. Nou renmen frè ak sè sa yo anpil!

[Nòt anba paj]

^ § 8 Yo te depoze plent lan 20 avril 1998, e de semèn apre, nan dat ki te 5 me, peyi Larisi te adopte Konvansyon ewopeyen pou dwa moun nan.

^ § 10 Men sa yon jounal te di: “Legliz òtodòks nan peyi Larisi a te fè gwo presyon sou gouvènman an pou yo adopte lwa sa a. Legliz sa a pa vle pèdi otorite l nan peyi Larisi e li chofe pou yo entèdi aktivite Temwen Jewova yo.” — Associated Press, 25 jen 1999.

^ § 20 Sa k pi bèl la, jou sa a te fè dizan depi peyi Larisi te rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki te viktim akoz relijyon yo anba gouvènman sovyetik la.

^ § 22 Akoz entèdiksyon sa a, kongregasyon Temwen Jewova yo pa t gen okenn òganizasyon legal pou reprezante yo nan vil Moskou. Opozan yo te espere entèdiksyon sa a t ap fè frè yo sispann aktivite yo.

^ § 28 Nan jou ki te 22 novanm 2010, 5 lòt jij nan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan, ki gen plis otorite pase premye jij yo, te rejte demann gouvènman Larisi te fè pou l prezante ka a ankò devan Tribinal la. Kidonk, peyi Larisi oblije soumèt devan desizyon Tribinal la te pran jou ki te 10 jen 2010 la.

[Kare/Foto nan paj 6]

 Yo egzamine yon jijman ki te fèt nan peyi Larisi an Frans

Nan jou ki te 28 fevriye 1996, gouvènman peyi Larisi te siyen Konvansyon ewopeyen pou dwa moun nan. (Nan dat ki te 5 me 1998, peyi Larisi te adopte konvansyon sa a.) Lè peyi Larisi te siyen dokiman sa a, sitwayen Larisi yo te vin gen:

‘dwa pou yo chwazi relijyon yo vle e pou yo pratike relijyon sa a lakay yo ak nenpòt lòt kote e pou yo chanje relijyon lè yo vle’. — Atik 9.

‘dwa pou yo di e pou yo ekri sa yo panse yon fason ki responsab e pou yo bay lòt moun enfòmasyon’. — Atik 10.

‘dwa pou yo reyini e pou yo fè sa nan lapè’. — Atik 11.

Si yon moun oswa yon òganizasyon santi yo pa respekte dwa dokiman sa a ba li e li fè tout sa l kapab pou l jwenn jistis nan peyi l e sa pa mache, moun sa a oswa òganizasyon sa a kapab prezante ka a devan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan ki nan vil Strasbourg, nan peyi Lafrans (gade foto ki anlè a). Gen 47 jij nan Tribinal sa a. Kantite jij yo koresponn ak kantite peyi ki te siyen Konvansyon ewopeyen pou dwa moun nan. Tout peyi ki te siyen konvansyon sa a dwe respekte tout desizyon Tribinal la pran.

[Kare nan paj 8]

 Desizyon Tribinal la

Men twa nan pwen ki parèt nan desizyon Tribinal la te pran an.

Yo te akize Temwen Jewova yo kòmkwa yo se moun ki divize fanmi. Tribinal la pa t dakò. Men sa l te di:

“Se manm fanmi ki pa gen yon relijyon e ki pa respekte dwa lòt moun nan fanmi yo genyen pou yo chwazi relijyon yo e pou yo pratike relijyon sa a ki pwoblèm nan.” — Paragraf 111.

Yo te akize Temwen Jewova yo kòmkwa yo se moun ki “kontwole lespri” moun. Sepandan, Tribinal la pa t jwenn prèv ki montre sa. Men sa l te di:

“Tribinal la te twouve sa dwòl pou tribinal [nan peyi Larisi] yo pa t bay non yon grenn moun Temwen Jewova yo te kontwole lespri l pou yo fè l fè sa konsyans li pa t ap pèmèt li fè.” —  Paragraf 129.

Yon lòt akizasyon te fè konnen lefètke Temwen Jewova yo pa aksepte pran san, yo detwi sante moun ki fè pati relijyon yo a. Tribinal la pa t dakò. Men sa l te di:

“Libète yon moun genyen pou l aksepte oswa pou l refize yon tretman medikal e pou l suiv yon lòt tretman enpòtan anpil selon prensip ki fè konnen chak moun gen dwa pou l deside ki tretman l ap pran. Yon moun ki malad e ki kapab deside pou tèt li lib pou l fè sa. Pa egzanp, li kapab deside si wi ou non l ap fè yon operasyon, si l ap suiv yon tretman, oswa si l ap aksepte pran san.” — Paragraf 136.