Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa repo Bondye a ye?

Ki sa repo Bondye a ye?

Ki sa repo Bondye a ye?

“Rete yon repo ki tankou yon saba pou pèp Bondye a.” — EBRE 4:9.

1, 2. Dapre Jenèz 2:3, ki sa n ap rive konprann si vèsè sa a byen tradui, e ki kesyon sa soulve?

DEPI nan premye chapit liv Jenèz la, nou aprann Bondye te pran sis jou pou l prepare tè a pou lèzòm viv sou li. Sepandan, jou sa yo pa t dire 24 è, yo te pi long lontan. Nan fen chak peryòd sa yo, Labib di: “Yon lannwit pase, yon maten rive.” ​(Jen. 1:5, 8, 13, 19, 23, 31). Sepandan, men sa Bib la di konsènan setyèm jou a: “Bondye beni setyèm jou a e li mete l apa pou li paske l ap repoze nan jou sa a apre l fin kreye tout bagay.” — Jen. 2:3, NW.

2 Remake vèsè a di: “L ap repoze.” Sa fè nou konprann setyèm jou a, “jou” Bondye pran pou l repoze l la, t ap kontinye nan ane 1513 anvan epòk nou an, ane Moyiz te ekri liv Jenèz la. Èske Bondye ap repoze l toujou? Si wi, èske jodi a nou ka antre nan jou sa a? Repons pou kesyon sa yo gen anpil enpòtans pou nou jodi a.

Èske Jewova ap “repoze” l toujou?

3. Esplike ki jan pawòl Jezi nou jwenn nan Jan 5:16, 17 yo montre setyèm jou a t ap kontinye nan premye syèk la.

3 Gen de prèv ki montre setyèm jou a t ap kontinye toujou nan premye syèk epòk nou an. Premye prèv la se pawòl Jezi te di moun ki t ap kritike l paske li te geri yon moun yon jou saba. Pou opozan sa yo, geri Jezi te geri moun nan se yon travay li te fè. Men, Seyè a te di yo: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay.” ​(Jan 5:16, 17). Ki sa Jezi te vle yo konprann? Opozan Jezi yo akize l kòmkwa li travay nan jou saba a, men Jezi reponn yo: “Papa m kontinye travay.” An reyalite, men sa Jezi t ap di moun ki t ap kritike l yo: ‘Mwen menm ak papa m gen yon travay n ap fè ansanm. Piske depi plizyè milye ane papa m kontinye travay nan jou saba l la, pa gen okenn pwoblèm pou mwen menm tou mwen kontinye travay, menm si se nan yon jou saba.’ Konsa, Jezi te fè konprann setyèm jou a, gwo jou saba Bondye te met apa pou Bondye atenn objektif li pou tè a, potko pran fen lè l te sou tè a *.

4. Ki lòt prèv apot Pòl bay ki montre setyèm jou a t ap kontinye nan epòk li a?

4 Dezyèm prèv la se apot Pòl ki te bay li. Lè l t ap site pawòl nou jwenn nan Jenèz 2:2 a ki gen rapò ak repo Bondye a, anba enspirasyon, li te di: “Nou menm ki demontre lafwa, nou antre nan repo a toutbon.” ​(Ebre 4:3, 4, 6, 9). Sa Pòl te di a montre setyèm jou a t ap kontinye nan epòk li a. Pandan konbyen tan jou repo sa a te gen pou l kontinye?

5. Poukisa Bondye te met setyèm jou a apa pou li, e ki lè objektif li a ap reyalize nèt?

5 Pou nou reponn kesyon nou te poze nan paragraf anvan an, nou bezwen sonje poukisa setyèm jou a la. Jenèz 2:3 esplike poukisa. Men sa nou li: “[Bondye] beni setyèm jou a, li mete l apa pou li.” Jewova mete jou sa a “apa pou li” pou l rive atenn objektif li. Objektif sa a se fè tè a tounen yon paradi kote se gason ak fi ki obeyisan k ap pran swen l ak tout sa k sou li (Jen. 1:28). Jewova ak Jezi, “Seyè saba a”, “kontinye [ap] travay jis kounye a” paske yo vle atenn objektif sa a (Mat. 12:8). Jou repo Bondye a ap kontinye jiskaske Bondye atenn objektif sa a nan fen rèy mil an Kris la.

Pa “suiv menm egzanp dezobeyisans lan”

6. Egzanp ki moun ki sèvi nou kòm avètisman, e ki leson nou ka aprann nan men yo?

6 Bondye te fè Adan ak Èv konnen byen klè objektif li, men yo pa t aji ann amoni ak objektif sa a. Adan ak Èv se de premye moun ki te dezobeyi Bondye yo, men annapre gen plizyè milyon lòt moun ki fè sa tou. Menm nasyon Izrayèl, pèp Bondye te chwazi a, te tonbe nan menm pwoblèm nan. Apot Pòl te fè kretyen premye syèk yo konnen gen kèk nan yo ki te kapab pran nan menm pyèj sa a pèp Izrayèl te pran ladan l anvan epòk Pòl la. Men sa l ekri: “Ann fè tout sa nou kapab pou nou antre nan repo sa a, dekwa pou yon moun pa tonbe poutèt l al suiv menm egzanp dezobeyisans lan.” ​(Ebre 4:11). N ap remake Pòl fè yon koneksyon ant moun ki dezobeyisan ak moun ki pa antre nan repo Bondye a. Sa sa vle di? Ebyen, si nou ta montre nou opoze ak objektif Jewova yon fason kèlkonk, èske sa ta ka fè nou pa antre nan jou repo l la? Se sèten kesyon sa a gen anpil enpòtans pou nou, e nou gen pou n pale sou li plis toujou. Annatandan, ann wè ki lòt bagay nou ka aprann konsènan posiblite pou nou antre nan repo Bondye a. Pou nou fè sa, nou pral egzamine move egzanp Izrayelit yo te bay la.

“Yo pap antre nan repo m nan”

7. Ki sa Jewova te gen nan lespri l lè l te delivre Izrayelit yo anba men Ejipsyen yo, e ki sa l te vle yo fè?

7 An 1513 anvan epòk nou an, Jewova te fè Moyiz, sèvitè l la, konnen objektif li pou Izrayelit yo. Men sa li te di Moyiz: “Mwen desann pou m vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.” ​(Egz. 3:8). Jan Jewova te pwomèt Abraram sa, li te delivre Izrayelit yo “anba men moun peyi Lejip yo” nan objektif pou yo vin pèp li (Jen. 22:17). Bondye te bay Izrayelit yo yon kòd lwa ki te fè li posib pou yo gen bon relasyon ak li (Iza. 48:17, 18). Li te di yo: “Si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an [jan kòd lwa a mande sa], se nou menm m’ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen.” ​(Egz. 19:5, 6). Donk, pou Izrayelit yo te kapab gen bon relasyon ak Bondye, yo te dwe koute vwa l.

8. Ki jan lavi Izrayelit yo t ap ye si yo te koute vwa Bondye?

8 Imajine ki jan lavi Izrayelit yo t ap ye si yo te annik koute vwa Bondye! Jewova t ap beni jaden yo, plantasyon rezen yo ak bèt yo te genyen. Ènmi yo pa t ap kontinye gen pouvwa sou yo. (Li 1 Wa 10:23-27.) Lè Mesi a ta vini, siman li t ap jwenn tout bagay ap mache byen ann Izrayèl ki t ap yon nasyon endepandan e ki pa t ap anba dominasyon Women yo. Izrayèl t ap gen yon wayòm ki t ap yon modèl pou lòt nasyon yo, sa ki t ap montre lè yon nasyon obeyi Jewova li jwenn benediksyon ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl.

9, 10. a) Lefètke Izrayelit yo te vle tounen ann Ejip, poukisa sa te yon gwo pwoblèm? b) Si Izrayelit yo te tounen ann Ejip, ki konsekans sa t ap genyen sou adorasyon yo t ap bay Jewova a?

9 Se pa ti privilèj Izrayelit yo te genyen pou yo kolabore ak Jewova ann amoni ak objektif li. Si yo te fè sa, sa t ap fè yo jwenn benediksyon, e finalman tout fanmi ki sou tè a t ap jwenn benediksyon tou (Jen. 22:18). Malerezman, jenerasyon ki te nan dezè a pa t montre li enterese gen yon wayòm ki t ap yon modèl pou lòt nasyon yo e ki t ap anba dominasyon Bondye. Olye de sa, yo te menm vle tounen ann Ejip. (Li Nonb 14:2-4.) Men, si yo te tounen ann Ejip, èske sa t ap pèmèt Bondye reyalize objektif li te genyen pou Izrayelit yo tounen yon wayòm ki t ap yon modèl pou lòt nasyon yo? Non! An reyalite, si yo te tounen al anba jouk Ejipsyen yo ki pa t ap sèvi Jewova, yo pa t ap janm ka suiv Lwa Moyiz la e yo pa t ap janm benefisye dispozisyon Jewova te pran pou yo jwenn padon pou peche yo. Yo te montre yo vrèman pa espirityèl e yo pa t wè pi lwen pase pwent nen yo! Sa fè nou konprann rezon ki fè Jewova te di pawòl sa yo konsènan rebèl sa yo: “Mwen te vin gen degoutans pou jenerasyon sa a, e mwen te di: ‘Nan kè yo, yo toujou ap kite wout yo, e yo pa rive konnen chemen m yo.’ Se pou sa mwen te an kòlè, e mwen te sèmante: ‘Yo pap antre nan repo m nan.’” — Ebre 3:10, 11; Sòm 95:10, 11.

10 Lefètke nasyon kou rèd sa a te chèche retounen ann Ejip, sa te montre Izrayelit yo pa t vrèman apresye benediksyon espirityèl yo te jwenn yo. Yo te pito powo, zonyon ak lay ki te gen ann Ejip yo (Nonb 11:5). Menm jan ak Ezayi, ki pa t apresye dwa l te genyen kòm premye pitit e ki te vann dwa sa a pou yon bon plat manje, rebèl sa yo te dispoze pèdi yon eritaj espirityèl ki gen anpil valè pou manje. — Jen. 25:30-32; Ebre 12:16.

11. Nan epòk Moyiz la, lè Izrayelit yo te montre yo pa gen lafwa, ki enpak sa te gen sou objektif Bondye?

11 Malgre jenerasyon Izrayelit ki te kite Ejip la pa t gen lafwa nan Jewova, Jewova te “kontinye travay” avèk pasyans pou l atenn objektif li. Li te konsantre kounye a sou jenerasyon ki te vin apre a. Moun ki te fè pati jenerasyon sa a te pi obeyisan. Ann amoni ak sa Jewova te di yo, yo te antre nan Latè pwomiz e yo te kòmanse pran tèritwa. Men sa nou li nan Jozye 24:31: “Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.”

12. Ki jan nou fè konnen li posib pou nou antre nan repo Bondye a jodi a?

12 Jenerasyon ki te pi obeyisan an te mouri tikras pa tikras e te gen yon lòt jenerasyon ki “te bliye ni Senyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la” ki te ranplase l. Kòm rezilta, ‘moun pèp Izrayèl yo te lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Yo te pran sèvi Baal yo’. (Jij 2:10, 11.) Latè pwomiz pa t tounen “yon kote pou yo repoze” yo. Lefètke yo te dezobeyisan, yo pa t kontinye gen bon relasyon ak Bondye. Men sa Pòl te di lè l t ap pale de epòk Jozye a: “Si Jozye te mennen [Izrayelit] yo yon kote pou yo repoze, Bondye pa t ap bezwen pale de yon lòt jou apre sa. Donk, rete yon repo ki tankou yon saba pou pèp Bondye a.” ​(Ebre 4:8, 9). “Pèp Bondye” Pòl t ap pale de li a se te kretyen yo. Èske sa vle di kretyen yo kapab antre nan jou repo Bondye a? Wi! Kit kretyen yo Juif, kit yo pa Juif, yo kapab antre nan repo Bondye a.

Gen kretyen ki pa antre nan repo Bondye a

13, 14. Ki rapò ki te genyen ant obsève Lalwa Moyiz la ak antre nan repo Bondye a a) nan epòk Moyiz la, b) nan premye syèk la?

13 Lè apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te enkyè pou kèk nan yo ki pa t ap kolabore ak Bondye ann amoni ak objektif li. (Li Ebre 4:1.) Nan ki sans yo pa t kolabore avè l? Sa te gen rapò ak Lwa Moyiz la. Pandan 1500 ane, si yon Izrayelit te vle gen bon relasyon ak Bondye, li te dwe obeyi Lalwa. Sepandan, apre lanmò Jezi, yo pa t bezwen suiv Lalwa ankò. Gen kèk kretyen ki pa t konprann sa e ki te vle pou yo kontinye obsève kèk pati nan Lalwa *.

14 Pòl te fè kretyen ki te vle suiv Lalwa yo konnen Jezi se yon pi bon gran prèt pase lòt gran prèt ki te genyen yo, nouvo alyans lan pi bon pase alyans Lalwa a e tanp espirityèl la pi bon pase tanp ki te Jerizalèm nan (Ebre 7:26-28; 8:7-10; 9:11, 12). Siman li te gen jou saba moun te konn obsève chak semèn nan nan lespri l lè l te pale de privilèj pou moun antre nan repo Bondye a. Men sa l te di: “Rete yon repo ki tankou yon saba pou pèp Bondye a. Paske, moun ki antre nan repo Bondye a pran repo nan travay pa l tou, menm jan Bondye pran repo nan travay li.” ​(Ebre 4:8-10). Kretyen ebre yo te bezwen sispann panse yo te kapab merite favè Jewova lè yo fè sa li mande nan Lalwa Moyiz la. Depi Pannkòt ane 33 epòk nou an, se moun ki gen lafwa nan Jezi Kris yo ki gen favè Bondye.

15. Poukisa obeyisans enpòtan si nou vle antre nan repo Bondye a?

15 Nan epòk Moyiz la, ki sa ki te anpeche Izrayelit yo antre nan Latè pwomiz? Se te dezobeyisans. Ki sa ki te anpeche kèk kretyen nan epòk Pòl la antre nan repo Bondye a? Menm bagay la: dezobeyisans. Yo pa t konprann Lalwa te atenn objektif li e Jewova te pran yon lòt direksyon ak pèp li a.

Ann antre nan repo Bondye a jodi a

16, 17. a) Jodi a, ki lè nou antre nan repo Bondye a? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

16 Pa gen okenn vrè kretyen jodi a ki kwè li oblije suiv Lalwa pou l ka sove. Pawòl Pòl te ekri Efezyen yo anba enspirasyon an te byen klè. Men sa Pòl te di: “Se favè san parèy sa a ki fè nou te sove grasa lafwa. E sa pa sot nan nou. Okontrè, se yon kado Bondye bay. Non, sa pa sot nan travay moun fè, yon fason pou pèsonn pa gen dekwa pou l vante tèt li.” ​(Efe. 2:8, 9). Men, sa sa vle di pou yon kretyen antre nan repo Bondye a? Jewova mete setyèm jou a, jou repo l la, apa pou li pou li atenn objektif li genyen pou tè a nèt. Nou kapab antre nan repo Jewova a, sa vle di repoze menm jan ak li, lè nou obeyisan e nou kolabore ak Jewova ann amoni ak objektif li, yon objektif òganizasyon l lan ede nou konprann.

17 Yon lòt bò, si nou minimize konsèy ki soti nan Bib la esklav fidèl ki prevwayan an ban nou paske nou pito fè sa lide nou di nou, n ap montre nou opoze ak objektif Bondye. Sa ka mete bon relasyon nou genyen ak Jewova a an danje. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kèk sitiyasyon ki ka gen efè sou pèp Bondye a e nou pral wè ki jan desizyon nou pran yo montre si nou antre nan repo Bondye a toutbonvre.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Prèt yo ak Levit yo te konn fè travay nan tanp lan pandan jou saba yo epoutan “yo pa [t] koupab”. Antanke gran prèt nan gran tanp espirityèl Bondye a, Jezi te gen dwa pou l fè sa Bondye voye l fè yo san l pa t bezwen pè pou l pa vyole yon jou saba. — Mat. 12:5, 6.

^ § 13 Nou pa konnen si gen kèk kretyen juif ki te patisipe nan aranjman ki te fèt apre Pannkòt ane 33 epòk nou an pou jou pwopisyasyon an. Si genyen ki te fè sa, yo t ap montre yo pa gen respè pou sakrifis Jezi a. Men, te gen kèk kretyen ki te Juif ki te kontinye suiv lòt tradisyon ki te gen rapò ak Lalwa. — Gal. 4:9-11.

Kesyon k ap ede nou medite

• Poukisa Bondye pran setyèm jou a pou li?

• Ki jan nou fè konnen setyèm jou a ap kontinye toujou jodi a?

• Ki sa ki te anpeche Izrayelit nan epòk Moyiz la ak kèk kretyen nan premye syèk la antre nan repo Bondye a?

• Ki lè nou antre nan repo Bondye a?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 27]

Jodi a, nou kapab antre nan repo Jewova a lè nou obeyisan e nou kolabore ak Jewova ann amoni ak objektif li, yon objektif òganizasyon l lan ede nou konprann.

[Foto nan paj 26, 27]

Ki sa pèp Bondye a bezwen kontinye fè pou l antre nan repo Bondye a?