Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen te pè lanmò

Mwen te pè lanmò

Mwen te pè lanmò

Dapre Piero Gatti

TE GEN yon bri ki te kòmanse ap gwonde tou ba e ki t ap vin pi fò ofiramezi. Apre sa, mwen te tande son sirèn ki t ap avèti moun yo pou y al abrite yo. Annapre, mwen te tande bonm k ap eksploze, bri bagay k ap kraze ak yon gwo bri ki te lakòz zòrèy tout moun sonnen.

Se konsa sa te ye nan ane 1943, 1944, nan Milan, ann Itali. Mwen te yon jèn sòlda ki t ap travay nan zòn sa a. Souvan, yo te ban m lòd al ranmase moun ki mouri nan twou ki te fèt pou moun al kache lè gen bonm k ap tonbe. Kadav yo te ret kwense nan twou sa yo, yo te fè miyèt moso e moun pa t ka idantifye yo. Nonsèlman mwen te wè lòt moun ap mouri devan m, men pafwa, mwen menm tou, mwen te konn manke mouri. Nan moman sa yo, mwen te konn priye Bondye e m te konn di l si l ban m lavi, m ap fè volonte l.

Mwen te vin pa pè lanmò ankò

Mwen te grandi nan yon ti vil ki te a 10 kilomèt pa rapò ak Komo, ann Itali, toupre fwontyè peyi Suis. Lè m te piti, mwen te deja konnen ki sa gwo lapenn ye e m te vin pè lanmò. Grip espayòl la te touye de nan sè m yo. Annapre, an 1930, lè m te gen sizan, Luigia, manman m, te mouri. Piske mwen te grandi nan relijyon katolik, mwen te konn obsève lwa relijyon m nan e m te konn al lamès chak semèn. Men, se plizyè ane annapre, nan yon salon kwafè, mwen te vin pa pè lanmò ankò, se pa t nan yon legliz.

An 1944, moun t ap tonbe tankou grenn lapli nan Dezyèm Gè mondyal la. Mwen menm ansanm avèk plizyè dizèn milye sòlda italyen, nou te kouri kite zòn konba yo pou n al viv an Suis paske nou pa t vle patisipe nan lagè a. Lè nou te rive an Suis, yo te mennen nou nan yon seri kan pou refijye. Yo te voye m nan yon kan ki toupre Staynak, nan nòdès peyi a. Nou te plizoumwen gen yon ti libète lòtbò a. Kwafè vilaj la te bezwen yon moun ki pou ede l pou yon ti tan. Mwen te rete lakay li e mwen te travay pou li pandan yon mwa, sa ki te ban m okazyon rankontre yon moun ki te chanje lavi m.

Youn nan kliyan kwafè a te genyen yo te rele Adolfo Tellini, e se te yon italyen ki t ap viv an Suis. Li te yon Temwen Jewova. Mwen pa t janm tande pale de Temwen yo anvan, men sa te nòmal paske se anviwon 150 Temwen sèlman ki te gen ann Itali. Adolfo te esplike m yon pakèt bèl verite biblik, li te pale m de pwomès Bondye te fè pou l bay lapè ak pwomès pou n ‘gen lavi nètale’ a (Jan 10:10; Rev. 21:3, 4). Pwomès Bondye fè pou lagè ak lanmò pa egziste ankò a te vrèman enterese m. Lè mwen te retounen nan kan refijye yo, mwen te pale sou sa m te aprann yo ak yon lòt jèn Italyen ki te rele Giuseppe Tubini, e li menm tou li te vrèman enterese nan sa li te tande yo. Adolfo ansanm ak kèk lòt frè te konn pase wè nou nan kan an.

Adolfo te ale Arbon ansanm avè m, yon kote ki a anviwon 10 kilomèt parapò ak Staynak, kote yon ti gwoup Temwen te konn fè reyinyon ann italyen. Sa m te tande nan reyinyon sa a te tèlman fè m kontan, nan semèn apre a, mwen t al nan reyinyon apye. Apre sa, mwen te asiste yon asanble Temwen Jewova yo te fè nan yon Sal asanble ki nan Zirik. Yo te itilize yon aparèy pou yo pase yon pakèt foto ki te montre kadav moun pil sou pil nan yon seri kan nazi. Foto sa yo te touche kè m anpil. Mwen te aprann te gen anpil Temwen Jewova ann Almay yo te touye akoz lafwa yo. Se nan asanble sa a, mwen te rankontre yon sè ki rele Maria Pizzato. Akoz aktivite Maria t ap mennen antanke Temwen Jewova, rejim bout di ann Itali a te kondane l pou l pase 11 an nan prizon.

Lè lagè a te fini, mwen te retounen ann Itali e m t al nan ti kongregasyon ki Komo a. Pa t janm gen yon Temwen Jewova ki te etidye Labib avè m. Men, mwen te byen konprann verite de baz ki nan Bib la. Maria Pizzato te nan menm kongregasyon avè m. Li te esplike m enpòtans pou m batize e li te ankouraje m al wè Marcello Martinelli ki t ap viv Kastiyone Andevenno, nan yon zòn yo rele Sondriyo. Bondye te chwazi frè fidèl sa a pou l al nan syèl, e rejim bout di italyen an te kondane l pou 11 an prizon. Mwen te oblije rale 80 kilomèt sou bisiklèt pou m t al kot frè sa a.

Marcello te montre m ki kondisyon yon moun dwe ranpli pou l batize nan Bib la, apre sa nou te priye e nou t ale nan rivyè ki rele Ada a e se la mwen te batize an septanm 1946. Se te yon jou espesyal pou mwen! Mwen te tèlman kontan dèske m te pran desizyon pou m sèvi Jewova e dèske mwen te vin gen yon esperans solid pou lavni, lè jounen an te fini, mwen pa t menm rann mwen kont mwen te rale 160 kilomèt sou bisiklèt!

An me 1947, Temwen Jewova yo te òganize premye asanble yo apre lagè a. Te gen anviwon 700 moun ki te asiste asanble a e pami yo te gen moun ki te soufri anba pèsekisyon rejim bout di a. Te gen yon bagay ki te fèt pandan asanble a ki pa t konn abitye fèt. Tousuit apre Giuseppe Tubini, jèn italyen mwen te preche nan kan refijye yo, te fin bay diskou batèm nan, li batize.

Nan asanble sa a, mwen te gen privilèj rankontre frè Nathan Knorr, ki te soti nan Betèl Bwouklin nan. Li te ankouraje mwen menm ak frè Giuseppe pou nou pase lavi nou nan sèvis Bondye a. Mwen te deside m ap rantre nan sèvis aplentan nan yon mwa. Kou m rive lakay mwen, mwen te pale ak fanmi m sou desizyon mwen te pran an, men yo tout te eseye dekouraje m. Malgre sa, mwen te kenbe detèminasyon m te pran an. Se sa k fè, apre yon mwa, mwen te kòmanse travay nan Betèl ki Milan an. Te gen kat misyonè nan Betèl la: Giuseppe (Joseph) Romano ak madanm li, Angelina; Carlo Benanti ak madanm li, Costanza. Senkyèm betelit la se te Giuseppe Tubini, ki te fèk antre Betèl, e sizyèm nan se te mwen menm.

Apre yon mwa nan Betèl, mwen t al sèvi kòm siveyan sikonskripsyon. Mwen se premye Italyen ki te vin siveyan sikonskripsyon ann Itali. Frè George Fredianelli, premye misyonè ki soti Ozetazini e ki te vin sèvi ann Itali an 1946, te deja ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon. Li te ban m fòmasyon pandan kèk semèn e tousuit apre, mwen te kòmanse sèvis sikonskripsyon an poukont mwen. Mwen pap janm bliye premye kongregasyon mwen t al vizite ki te rele Fayenza. Imajine sa! Anvan m te vizite kongregasyon sa a, mwen potko janm bay yon diskou nan okenn kongregasyon! Malgre sa, mwen te ankouraje moun ki te asiste reyinyon yo ak pakèt jèn ki te la yo pou yo reflechi sou sèvis aplentan. Annapre, kèk nan jèn sa yo te vin gen gwo responsablite nan chan italyen an.

Lavi m nan sèvis sikonskripsyon an te enteresan anpil. Se yon travay ki te chaje ak sipriz, ki te mande pou m adapte m e ki te plen ak defi. Men, li te ban m anpil kè kontan e li fè m jwenn anpil afeksyon nan men frè ak sè yo mwen renmen anpil.

Relijyon apre lagè a

Kite m di nou ki jan kesyon relijyon an te ye ann Itali nan epòk sa a. Legliz katolik te sèl kòk chante. Byenke te gen yon nouvo konstitisyon an 1948, lwa rejim bout di ki te entèdi Temwen Jewova yo preche lib e libè yo te vin aboli jis an 1956. Piske manm klèje lakretyente yo te konn ap bay moun presyon, byen souvan yo te konn entèwonp asanble sikonskripsyon nou yo. Men, pafwa manm klèje yo te konn echwe nèt nan efò yo te fè nan sans sa a, e sa ki te pase an 1948 nan Soulmona, yon ti vil ann Itali santral, te montre sa.

Asanble a te fèt nan yon sal teyat. Mwen te prezide asanble a nan dimanch maten e Giuseppe Romano te bay diskou piblik la. Nou te gen yon bèl asistans pandan de premye jou yo. Nan epòk la, pa t menm gen 500 pwoklamatè nan tout peyi a, epoutan, te gen 2 000 moun ki te plen sal teyat la. Nan fen diskou a, te gen de prèt nan asistans lan ki t ap di yon jèn gason sa pou l fè. Jèn gason an te vole monte sou estrad la, li te kòmanse rele byen fò ak tout fòs li, pou l te ka kraze asanble a. Lapoula mwen te di l: “Si w gen yon bagay pou w di, al lwe lokal pa w epi lè sa a w a di sa w pito.” Moun yo nan asistans lan pa t menm okipe l. Tout moun t ap pale byen fò pou yo montre yo pa t dakò ditou ak sa l t ap fè a. Kou jèn gason an wè sa, li kouri desann estrad la e li met kò l deyò.

Nan epòk sa a, pou yon moun vwayaje soti nan yon zòn al nan yon lòt, se te yon tètchaje. Pafwa, mwen te oblije soti nan yon kongregasyon al nan yon lòt swa apye, swa sou bisiklèt, swa nan yon seri ansyen vye bis ki fin kraze e ki chaje ak moun, oswa nan tren. Pafwa, mwen te konn jwenn lojman kote yo gade bèt oswa nan yon depo zouti. Lagè a te fèk fini, e pifò Italyen yo te pòv. Pa t gen anpil frè, e frè ki te genyen pa t gen gwo mwayen. Malgre sa, mwen te toujou jwenn anpil kè kontan nan sèvis Jewova a.

Fòmasyon nan Lekòl Gileyad

An 1950, Giuseppe Tubini ansanm avè m te jwenn envitasyon pou n al asiste 16yèm klas Lekòl Gileyad la, yon lekòl ki la pou fòme misyonè. Depi premye jou lekòl la, mwen te gentan rann mwen kont li t ap difisil pou m aprann anglè. Mwen te fè tout sa m kapab, men sa te difisil anpil. Nou te dwe li tout Bib la ann anglè. Pou m te rive fè sa, pafwa mwen te oblije pa al manje a midi pou m te ka ret li Labib awotvwa. Finalman, lè a te rive pou m bay yon diskou ann anglè. Mwen pa janm bliye sa enstriktè lekòl la te di m apre diskou a: “Ou fè bonjan jès e w gen anpil antouzyas lè w ap pale, men pa gen moun ki te konprann anglè w la!” Malgre sa, mwen te degaje m pou m fini kou a. Apre lekòl la, yo te voye Giuseppe avè m al sèvi ann Itali ankò. Grasa fòmasyon sa a, mete sou sa nou te konnen deja, nou toule de te vin pi kalifye pou nou sèvi frè ak sè nou yo.

An 1955, mwen te marye ak Lidia. Se mwen ki te fè diskou batèm li setan anvan sa. Papa l, Domenico, te yon frè nou te renmen anpil ki te reyisi ede tout sèt pitit li yo vin nan laverite malgre rejim bout di italyen an t ap pèsekite l e malgre yo te voye l ann egzil pou twazan. Lidia tou te pran pozisyon fèm pou laverite. Li te prezante l devan tribinal twa fwa anvan yo te rekonèt dwa nou genyen pou nou preche pòt an pòt la. Lè nou te gen sizan maryaj, nou te vin gen yon pitit gason ki rele Beniamino. An 1972, nou te vin gen yon lòt pitit gason ki rele Marco. Mwen kontan anpil dèske toule de gason nou yo ansanm ak fanmi yo zele nan sèvis Jewova a.

Nou toujou aktif nan sèvis Jewova a

Mwen pase tout vi m ap sèvi lòt moun ak kè kontan e mwen fè yon pakèt eksperyans mwen pa ka bliye. Pa egzanp, nan kòmansman ane 80 yo, bòpè m te ekri Sandro Pertini ki te prezidan Itali nan epòk la. Pandan rejim bout di a, yo te voye toule de ann egzil sou yon zile ki rele Ventotene, kote yo te kenbe tout moun yo te konsidere kòm ènmi gouvènman an. Bòpè m te mande yon entèvyou nan entansyon pou l bay prezidan an temwayaj sou bon nouvèl la. Lè yo te voye di l prezidan an dakò resevwa l, mwen te akonpaye l. Yo te byen resevwa nou, e nou pa t abitye jwenn moun resevwa nou konsa. Prezidan an te salye bòpè m ak anpil chalè, li te ba l yon akolad. Apre sa, nou te pale avè l sou kwayans nou yo e nou te ba li kèk nan piblikasyon nou yo.

An 1991, apre m fin pase 44 an kòm siveyan sikonskripsyon, kote m te vizite kongregasyon toupatou ann Itali, mwen te kite sèvis sa a. Pandan katran, mwen te travay kòm siveyan Sal asanble jiskaske mwen te oblije ralanti sou aktivite m akoz yon gwo maladi mwen te genyen. Men, grasa bonte Jewova moun pa merite a, mwen toujou nan sèvis aplentan. Mwen fè tout efò pou m preche e pou m anseye bon nouvèl la. Kounye a, mwen gen kèk moun m ap etidye Labib avèk yo. Frè yo kontinye di mwen gen “anpil” antouzyas lè m ap bay diskou. Mwen di Jewova mèsi paske mwen pa pèdi fòs mwen malgre laj ap antre sou mwen.

Lè m te timoun, mwen te pè lanmò anpil. Men grasa konesans egzak mwen gen sou Bib la, mwen gen yon esperans ki sèten, esperans pou m gen lavi “nètale” jan Jezi te di sa, sa vle di lavi ki pap janm fini an (Jan 10:10). Se sa m ap tann kounye a! Yon bèl vi kote m pral viv nan lapè, nan sekirite ak kè kontan e kote Jewova pral vide benediksyon sou mwen. Tout onè se pou Jewova, Kreyatè nou an, ki plen lanmou, li menm nou gen privilèj pote non l lan. — Sòm 83:18.

[Kat jeyografik nan paj 22, 23]

(Gade peryodik la)

SUIS

BÈN

Zirik

Arbon

Staynak

ITALI

WÒM

Komo

Milan

Rivyè Ada

Kastiyone Andevenno

Fayenza

Soulmona

Ventotene

[Foto nan paj 22]

Nou t apral Gileyad.

[Foto nan paj 22]

Mwen menm ak Giuseppe nan Lekòl Gileyad.

[Foto nan paj 23]

Jou maryaj nou.

[Foto nan paj 23]

Madanm mwen, mwen renmen anpil la, ap soutni m depi plis pase 55 an.