Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entènèt — Byen sèvi ak zouti sa a

Entènèt — Byen sèvi ak zouti sa a

Entènèt — Byen sèvi ak zouti sa a

LÈ YO te envante premye aparèy ki pèmèt moun enprime liv la, sa gen plizyè syèk, sa te chanje fason moun kominike youn ak lòt. Anpil moun panse Entènèt fè menm bagay la tou nan epòk pa nou an e yo gen rezon panse sa. Grasa Entènèt, nou gen posiblite jwenn enfòmasyon sou prèske tout bagay, kèlkeswa kote nou ye e nenpòt ki lè. Sa pa etonan si moun tout kote sou tè a itilize zouti sa a pou yo kominike youn ak lòt.

Kapasite nou genyen pou nou pale youn ak lòt la se yon kado estrawòdinè Kreyatè nou an fè nou. Kapasite sa a pèmèt nou di youn lòt sa nou panse epi bay youn lòt enfòmasyon. Jewova se premye moun ki te pale ak lèzòm. Li te ba yo enfòmasyon ki klè sou fason pou yo byen pwofite lavi yo (Jen. 1:28-30). Men, sa ka rive nou mal sèvi ak kado sa a. Se sa k te pase nan kòmansman istwa lèzòm. Satan te bay Èv yon move enfòmasyon, e kòm Èv te kwè sa Satan te di l la, li t al bay Adan enfòmasyon sa a. Adan te aji ann amoni ak sa Èv te di l la, e sa lakòz tout moun soufri. — Jen. 3:1-6; Wom. 5:12.

Entènèt ban nou posiblite pou nou jwenn enfòmasyon ki enpòtan e li ede nou travay pi rapid. Men, se konsa tou li kapab bay enfòmasyon ki pa bon, li kapab fè nou pa gen ase tan pou lòt aktivite epi fè l pi fasil pou nou gade bagay ki imoral. Donk, annou wè ki jan nou kapab byen sèvi ak zouti sa a, anpalan de Entènèt.

Èske enfòmasyon an bon oubyen li pa bon?

Pinga nou panse tout enfòmasyon nou jwenn sou Entènèt bon. Lè n ap fè rechèch sou Entènèt, nou ka jwenn bonjan enfòmasyon, konsa tou, nou ka jwenn enfòmasyon ki pa bon. Nou bezwen gen bon konprann pou n rive wè ki enfòmasyon ki bon e ki enfòmasyon ki pa bon.

Jodi a, nenpòt moun ki konekte sou Entènèt ka fè tèt li pase pou yon save, sa vle di yon moun ki gen anpil konesans san l pa menm bezwen bay moun bon non l. Nenpòt moun ka mete opinyon l, enfòmasyon, ak foto sou Entènèt epitou nenpòt moun ka bay moun konsèy.

Pa kouri kwè enfòmasyon w jwenn sou Entènèt. Anvan w fè sa, mande tèt ou: 1) Ki moun ki pibliye enfòmasyon sa a? 2) Èske m ka fè moun sa a konfyans? Poukisa li mete enfòmasyon sa a sou Entènèt? Nan ki objektif li ekri enfòmasyon sa a? Èske moun ki ekri l la se yon moun ki onèt, oswa se pwòp ide pa l l ap fè pase? 3) Ki kote moun sa a jwenn enfòmasyon sa a? Èske li bay kote li jwenn enfòmasyon an yon fason pou moun ka verifye l? 4) Èske enfòmasyon an ajou? Nan premye syèk epòk nou an, apot Pòl te bay Timote kèk konsèy ki toujou valab pou nou jodi a. Men sa l te di: “Konsève sa yo konfye w la. Vire do bay pawòl san valè ki pa ann amoni ak sa ki sakre, e vire do bay kontradiksyon ki genyen nan sa yo swadizan rele ‘konesans’ lan.” — 1 Tim. 6:20.

Èske Entènèt pèmèt ou ekonomize tan oswa li fè w pèdi tan?

Si nou byen sèvi ak Entènèt, l ap ede nou ekonomize tan nou, fòs nou ak lajan nou. Nou ka achte yon bagay byen fasil pandan nou lakay nou. Li ka ede nou jwenn pi bon pri. Grasa Entènèt, nou pa bezwen deplase pou n al labank, pou n al peye bòdwo, pou n fè transfè lajan e pou n fè yon bann lòt bagay ankò. Li kapab ede nou planifye vwayaj nou epi achte tikè. Grasa li, li fasil pou n chèche nimewo telefòn, adrès ak enfòmasyon ki kapab ede nou wè ki wout pou n fè pou n al yon kote. Toupatou sou tè a, biwo filyal Temwen Jewova yo itilize anpil nan sèvis sa yo ki byen itil yo.

Se vre Entènèt gen avantaj li, men, se konsa tou li gen danje ladan l. Nou bezwen reflechi sou kantite tan nou pase ap itilize Entènèt. Gen moun ki pase twòp tan ap jwe, ap achte, ap tchat, ap voye imel oswa resevwa imel, ap fè rechèch epi navige sou Entènèt. Pafwa moun sa yo konn neglije fanmi yo, zanmi yo ak kongregasyon an. Sa konn menm rive yo vin esklav Entènèt. Pa egzanp, gen yon enfòmasyon yo pibliye an 2010 ki fè konnen 18,4 pousan jèn k ap viv nan peyi Kore yo esklav Entènèt. Gen kèk Alman k ap fè rechèch ki fè konnen “chak jou gen plis fi k ap plenyen poutèt moun y ap viv nan kay ansanm avè l la esklav Entènèt”. Gen yon dam ki te di lefètke mari l te vin esklav Entènèt, sa te tèlman chanje mari a, maryaj yo te menm rive kraze.

Gen yon moun ki te ekri yon filyal Temwen Jewova yo pou l fè konnen jan li esklav Entènèt. Gen de jou, li te konn pase dizèdtan sou Entènèt. Men sa l te di: “Okòmansman, mwen pa t wè danje a.” Men, apre sa, li te kòmanse rate reyinyon yo e li te sispann priye. Lè l te konn al nan reyinyon, li pa t konn prepare reyinyon yo, e sèl bagay ki te nan tèt li se ki lè li t ap kapab “monte sou Entènèt ankò”. Avèk letan, li te vin konprann li gen yon gwo pwoblèm e li te rive rezoud li. Nou pa ta dwe vin esklav Entènèt tèlman nou pase tan ap itilize l.

Ki sa w ap gade sou Entènèt?

Men sa nou li nan 1 Tesalonisyen 5:21, 22: “Verifye tout bagay, sa ki bon an, kenbe l fèm. Evite tout kalite mechanste.” Lè n ap gade yon bagay sou Entènèt, nou bezwen sonje sa Jewova panse sou sa n ap gade a. Sa n ap gade yo ta dwe pwòp nan domèn moral e yo ta dwe apwopriye pou yon kretyen. Pònografi fin gaye nèt sou Entènèt. Si nou pa fè atansyon, l ap fasil pou n tonbe nan pyèj sa a.

Lè nou reflechi sou kesyon ki vin apre a, sa ap ede nou chwazi sa pou nou gade ak sa pou nou pa gade sou Entènèt: ‘Èske m t ap kouri kache sa m ap gade sou ekran yon òdinatè si mari m, madanm mwen, paran m, oswa frè ak sè yo nan kongregasyon an ta antre nan pyès kote m ye a?’ Si repons nou bay la se wi, li t ap pi bon pou n al sou Entènèt sèlman lè nou gen lòt moun bò kote nou. Entènèt chanje mwayen pifò moun te konn itilize pou yo kominike youn ak lòt e pou yo achte. Mete sou sa, li bay moun yo yon lòt mwayen pou yo fè adiltè nan kè yo. — Mat. 5:27, 28.

Ki kalite mesaj nou ta dwe voye bay lòt moun?

Lè nou konekte sou Entènèt, byen souvan, nou voye enfòmasyon bay lòt moun e nou resevwa enfòmasyon tou. Nou dwe asire nou enfòmasyon nou ekri bay lòt moun yo se laverite, yo pa imoral, e nou gen otorizasyon distribye yo. Nou dwe fè menm bagay la tou pou enfòmasyon moun voye ban nou anvan nou voye enfòmasyon sa yo bay lòt moun *. Nou ta dwe reflechi sou kesyon ki vin apre yo: Èske enfòmasyon sa a ap itil lòt moun? Poukisa m vle pataje enfòmasyon sa a ak lòt moun? Èske se sèlman pou m enpresyone yo?

Si nou byen sèvi ak imel, li kapab itil nou anpil. Men, nou kapab resevwa yon pakèt enfòmasyon nou pa bezwen. Èske nou voye twòp imel pou lòt moun, sa ki kapab mande pou yo pase twòp tan ap li yo? Èske li pa ta bon pou nou reflechi sou rezon ki fè n ap voye yon imel anvan nou voye l? Lontan, moun te konn ekri fanmi yo ak zanmi yo pou yo ba yo nouvèl yo. Se sitou enfòmasyon konsa ki ta dwe nan imel n ap voye bay lòt moun. Poukisa pou n ap voye enfòmasyon nou pa menm kapab verifye bay lòt moun?

Kidonk, ki jan pou w konprann kesyon Entènèt sa a? Èske w pa ta dwe itilize l ditou? Pou kèk moun, se kapab pi bon desizyon yo te kapab pran. Moun nou te pale de li pi wo a ki te esklav Entènèt la te oblije fè sa. Entènèt kapab itil ou si w sèvi ak “kapasite w genyen pou w reflechi” a e si w kite kapasite sa a “veye sou ou”. — Pwo. 2:10, 11, NW.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Se menm bagay la tou pou foto. Sa ka rive nou pran foto lòt moun. Men, nou pa gen dwa montre nenpòt ki moun foto sa yo, nitou nou pa gen dwa bay lòt moun non moun ki nan foto a ak adrès yo.

[Foto nan paj 4]

Ki jan w ka sèten enfòmasyon w resevwa yo se laverite?

[Foto nan paj 5]

Sou ki sa w ta dwe reflechi anvan w voye yon enfòmasyon?