Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske l posib pou n di egzakteman konbyen pwofesi ki gen rapò ak Mesi a ki nan liv ki te ekri ann ebre yo?

Si nou byen etidye liv ki te ekri ann ebre yo, sa ap ede nou idantifye plizyè pwofesi ki te akonpli sou Jezi Kris. Pwofesi sa yo montre nan ki fanmi Jezi t ap fèt, ki lè li t ap vin Mesi a, ki sa l t ap gen pou l fè, ki jan moun t ap aji avè l e ki sa Bondye te vle l fè. Tout pwofesi sa yo mete ansanm pèmèt nou wè se Jezi ki Mesi a oswa Kris la. Men, li ka difisil pou nou konnen egzakteman konbyen pwofesi ki gen rapò ak Mesi a ki nan liv ki te ekri ann ebre yo.

Tout moun pa fin dakò sou ki pwofesi ki gen rapò oubyen ki pa gen rapò ak Mesi a. Nan yon liv Alfred Edersheim ekri ki pale de lavi Jezi antanke Mesi a e ki pale de epòk Jezi a tou, li te fè konnen dapre yon ansyen liv kèk raben te ekri, gen 456 pasaj nan liv ki te ekri ann ebre yo ki gen rapò ak Mesi a, byenke anpil nan pasaj sa yo pa pale dirèkteman de Mesi a. (The Life and Times of Jesus the Messiah.) Moun ki byen egzamine 456 pasaj sa yo konn mande tèt yo èske tout pasaj sa yo gen rapò ak Jezi Kris vre. Pa egzanp, Edersheim te di Juif yo te konsidere Jenèz 8:11 kòm yon pwofesi ki gen rapò ak Mesi a. Yo te fè konnen “fèy oliv tou vèt ki te nan bèk pijon an, se sou mòn Mesi a pijon an te pran l”. Li te site Egzòd 12:42 tou. Pou l esplike jan Juif yo te mal konprann pasaj sa a, men sa l te ekri: “Menm jan Moyiz te soti nan dezè a, se konsa tou Mesi a t ap soti Wòm.” Pa gen dout nan sa, anpil biblis ak lòt moun ankò t ap wè li difisil pou yo makònen ni de pasaj sa yo ni esplikasyon tètanba sa yo ak Jezi Kris.

Menmsi nou ta konsantre sèlman sou pwofesi ki te akonpli sou Jezi Kris yo, li t ap difisil pou tout moun dakò sou yon chif egzak. Pa egzanp, ann pran Ezayi (Izayi) chapit 53 ki gen yon pakèt pwofesi ki gen rapò ak Mesi a. Men sa nou jwenn nan vèsè 2-7 yo: “Li pa t bèl gason [...]. Nou pa t gade l menm, tout moun te vire do ba li. [...] Se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t’ap soufri pou nou. [...] Se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. [...] [Li te] tankou yon ti mouton y’ap mennen labatwa.” Èske nou ta dwe konsidere tout sa yo di nan vèsè sa yo kòm yon sèl pwofesi ki gen rapò ak Mesi a? Oubyen, èske nou ta dwe konsidere chak grenn bagay yo di sou Mesi a kòm yon pwofesi?

Ann pran egzanp Izayi 11:1 an tou ki di: “Gen yon boujon ki dwe soti nan Jese ak yon ti plant ki dwe sot nan rasin li k ap bay fwi.” ​(NW). Nan vèsè 10 la, nou jwenn menm pwofesi sa a ankò ak prèske menm mo yo. Èske nou ta dwe konsidere de vèsè sa yo kòm de pwofesi diferan oswa kòm menm pwofesi a ki parèt de fwa? Li klè, kantite pwofesi ki gen rapò ak Mesi a t ap diferan selon fason chak moun konsidere Ezayi chapit 53 ak Ezayi chapit 11 lan.

Kidonk, li pa enpòtan pou nou konnen egzakteman konbyen pwofesi ki gen rapò ak Mesi a ki nan liv ki te ekri ann ebre yo. Nan piblikasyon nou yo, nou kapab jwenn lis ki gen yon bann pwofesi sou Jezi ansanm ak fason yo te akonpli *. Nou kapab itilize enfòmasyon sa yo nan etid pèsonèl nou, nan etid nou fè an fanmi e nan travay predikasyon an. Enfòmasyon sa yo kapab fè nou gen plis konviksyon sa Jewova di toujou reyalize.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gade tablo ki nan liv Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 1210 la, ak tablo ki nan paj 272, volim 2 a; “Toute Écriture est inspirée de Dieu et utile”, paj 343-344; Ki sa Labib anseye toutbonvre?, paj 200.