Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye chèche fè lapè

Kontinye chèche fè lapè

Kontinye chèche fè lapè

“Kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè.” — WOM. 14:19.

1, 2. Poukisa Temwen Jewova yo gen lapè nan mitan yo?

JODI A, moun yo nan monn nan pa gen lapè toutbonvre. Souvan, menm moun k ap viv nan menm peyi e ki pale menm lang pa gen tèt ansanm. Yo divize akoz relijyon, politik, lajan ak edikasyon. Men, gen plis pase 7 milyon Temwen Jewova k ap viv sou tout tè a ki gen lapè nan mitan yo malgre yo soti nan “tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. — Rev. 7:9.

2 Gen bonjan rezon ki fè nou gen lapè nan mitan nou. Pi gwo rezon an, se paske nou ‘anpè ak Bondye’. Nou gen lapè sa a paske nou gen lafwa nan Pitit li a ki te bay lavi l pou nou (Wom. 5:1; Efe. 1:7). Mete sou sa, Jewova bay moun k ap sèvi l fidèlman yo lespri sen l, e lapè fè pati fwi lespri a (Gal. 5:22). Yon lòt rezon ankò ki fè nou gen lapè ak tèt ansanm se paske nou “pa fè pati monn nan”. (Jan 5:19.) Sa vle di nou pa nan politik e nou pa patisipe nan lagè. Jan Bib la di sa, pèp Jewova a ‘fè epe yo tounen kouto digo’. — Eza. (Iza.) 2:4.

3. Ki sa ki posib grasa lapè nou genyen nan mitan nou an, e sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Nou “youn renmen lòt” nan kongregasyon an menmsi nou pa sot menm kote, nou pa gen menm koutim e nou pa panse menm jan (Jan 15:17). Lapè nou gen nan mitan nou an pa annik fè nou pa vle fè frè ak sè nou sa ki mal, li ale pi lwen toujou. Li ankouraje nou “fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa”. (Gal. 6:10.) Lapè sa a ki gen ant nou menm ak Jewova a e nou gen nan mitan nou an gen anpil valè. Nou bezwen bat pou n pa pèdi l. Kounye a, nou pral pale sou fason nou kapab kontinye chèche fè lapè menm lè gen pwoblèm nan kongregasyon an.

Lè nou “bite”

4. Lè nou mal aji ak yon moun, ki sa nou ka fè pou toujou gen lapè nan kongregasyon an?

4 Men sa disip Jak te ekri: “Nou tout nou bite tanzantan. Si yon moun pa bite nan pawòl li, li se yon moun pafè.” ​(Jak 3:2). Se sa k fè ap gen moman kote de moun nan kongregasyon an pap dakò youn ak lòt oswa y ap gen lòt pwoblèm antre yo. Lè sa rive, yo ta dwe kapab rezoud pwoblèm nan pou ka toujou gen lapè nan kongregasyon an. Annou li sa Jezi te di nou dwe fè si nou panse nou te mal aji ak yon moun. — Li  Matye 5:23, 24.

5. Ki jan nou ka fè lapè lè yon moun mal aji ak nou?

5 Ki sa n dwe fè si yon moun fè nou yon bagay li pa t dwe fè nou? Èske nou panse moun sa a ta dwe mache sou nou pou l mande nou padon? Nan 1 Korentyen 13:5, Labib di lanmou “pa note bagay mal yo fè l”. Lè yon moun fè nou yon bagay li pa t dwe fè nou, n ap montre nou vle fè lapè ak moun nan lè nou padone l e nou pase sou pwoblèm nan. (Li Kolosyen 3:13.) Se pi bon fason pou nou reyaji lè nou gen ti pwoblèm ak moun. Lè nou aji konsa, sa ede nou rete ini ak frè ak sè nou yo. Anplis, nou santi nou byen, paske nou fè sa nou te dwe fè. Gen yon pwovèb ki di se yon bèl bagay lè yon moun pase sou sa lòt moun fè l. — Pwo. 19:11.

6. Ki sa pou n fè si yon moun fè nou yon bagay e li difisil pou n pase sou sa?

6 Men, e si yon moun fè nou yon bagay e li difisil pou n pase sou sa? Li pa bon pou n di lòt moun sa. Lè n aji konsa, nou ka lakòz pa gen lapè nan kongregasyon an ankò. Ki sa nou ka fè pou n rezoud pwoblèm nan? Men sa Matye 18:15 di: “Si yon frè w peche kont ou, al kote l poukont ou, fè l wè fot li fè a. Si l koute w, ou ramne frè w la.” Menmsi Matye 18:15-17 ap pale de peche grav, nou kapab sèvi ak prensip nou jwenn nan vèsè 15 lan nan lòt sitiyasyon. Donk, lè nou gen yon pwoblèm ak yon moun, li pi bon pou n pale avè l ade. Nou ta dwe byen pale ak frè oswa ak sè nou an epi chèchè fè lapè avè l *.

7. Poukisa nou dwe rezoud pwoblèm yo byen vit?

7 Men sa apot Pòl te ekri: “Menmsi nou an kòlè, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè, e pa kite jwen pou Dyab la.” ​(Efe. 4:26, 27). Men sa Jezi te di: “Moun ki rele w lajistis, regle bagay yo byen vit avè l.” ​(Mat. 5:25). Donk, pou nou fè lapè ak lòt moun, nou dwe rezoud pwoblèm yo byen vit. Lè nou pa fè sa, pwoblèm yo vin pi mal, menm jan ak yon blese nou genyen ki vin pi mal paske nou pa pran swen l atan. Nou pa ta dwe kite ògèy, jalouzi ak lanmou pou lajan anpeche nou rezoud pwoblèm nou genyen ak frè nou. — Jak 4:1-6.

Lè anpil moun nan kongregasyon an gen pwoblèm youn ak lòt

8, 9. a) Ki diskisyon ki te genyen ant kretyen nan kongregasyon Wòm yo? b) Ki sa Pòl te di yo pou l reprann yo?

8 Pafwa, plizyè moun nan kongregasyon an konn gen pwoblèm youn ak lòt. Sa te rive nan kongregasyon Wòm nan. Te gen yon diskisyon ant kretyen ki te Juif yo ak kretyen ki pa t Juif yo. Kèk nan yo te gen yon konsyans ki pi fèb, e gen anpil bagay konsyans yo pa t pèmèt yo fè menm lè Pawòl Bondye a pa t di anyen sou bagay sa yo. Gen lòt menm, konsyans yo te pi fò e ki te panse yo te pi bon pase moun konsyans yo te pi fèb yo. Moun konsyans yo te pi fèb yo te kòmanse jije moun konsyans yo te pi fò yo. Yo t ap diskite sou bagay kote se chak moun ki te dwe deside pou tèt yo. Ki sa Pòl te voye di kongregasyon an? — Wom. 14:1-6.

9 Kretyen konsyans yo te pi fò yo te konnen yo pa t bezwen obeyi Lalwa. Kretyen konsyans yo te pi fèb yo te panse li pa t bon pou yo manje bagay Lalwa pa t vle moun manje. Pòl te reprann toule de gwoup kretyen sa yo. Pòl te di moun konsyans yo te pi fò yo pou yo pa panse yo pi bon pase moun konsyans yo te pi fèb yo (Wom. 14:2, 10). Fason kretyen konsyans yo te pi fò yo te panse ak fason yo te aji te ka fè kretyen konsyans yo te pi fèb yo vin pa zanmi Jewova ankò. Men sa Pòl te di ankò: “Sispann kraze travay Bondye pou yon senp kesyon manje.” Li te di tou: “Li bon pou w pa manje vyann, pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite.” ​(Wom. 14:14, 15, 20, 21). Pòl te di kretyen konsyans yo te pi fèb yo pou yo pa jije kretyen ki pa panse menm jan avèk yo (Wom. 14:13). Men sa l te di yo: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse.” ​(Wom. 12:3). Apre Pòl te fin reprann toule de gwoup kretyen sa yo, li te di: “Kidonk, annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt.” — Wom. 14:19.

10. Menm jan ak kretyen Wòm yo, ki sa kretyen ki gen pwoblèm youn ak lòt jodi a ta dwe fè pou yo rezoud yo?

10 Pa gen dout nan sa, kretyen nan kongregasyon Wòm yo te aksepte fè sa Pòl te di yo a e yo te fè chanjman ki nesesè yo. Jodi a, si nou suiv konsèy Bib la bay, n ap kapab rezoud pwoblèm nou gen ak frè ak sè nou yo yon fason ki montre nou gen lanmou youn pou lòt. Menm jan sa te ye pou kretyen Wòm yo, si gen yon pwoblèm nan kongregasyon an jodi a, moun ki gen pwoblèm yo bezwen fè chanjman ki nesesè pou yo “gen lapè nan mitan” yo. — Mak 9:50.

Fason ansyen yo kapab bay èd yo

11. Ki sa yon ansyen ta dwe fè si yon kretyen ta vin pale avè l sou yon pwoblèm li genyen ak yon lòt kretyen?

11 E si yon kretyen gen pwoblèm ak yon moun nan fanmi l oswa ak yon lòt kretyen e li vle pale sou sa ak yon ansyen? Men sa Pwovèb 21:13 di: “Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k’ap mande ou lacharite, konsa tou pèsonn p’ap tande ou lè w’a mande sekou.” Si yon ansyen pa ta okipe yon moun k ap mande l èd, se kòmsi li ta “fèmen zòrèy” li. Men sa yon lòt pwovèb di: “Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.” ​(Pwo. 18:17). Yon ansyen bezwen koute avèk atansyon lè yo vin pale avè l, men li bezwen pran prekosyon pou l pa pran okenn desizyon san l pa gen tout detay yo. Apre l fin byen koute moun ki vin pale avè l la, li ta dwe mande moun nan si l te deja pale sou sa ak moun li gen pwoblèm avè l la. Ansyen an ta dwe egzamine ansanm ak moun nan sa Bib la di li kapab fè pou l fè lapè ak frè ak sè yo.

12. Sa ka bay gwo pwoblèm lè yon moun kouri pran yon desizyon san l pa gen tout detay yo. Bay twa egzanp.

12 Sa ka bay gwo pwoblèm si yon ansyen ta kouri pran yon desizyon apre li fin koute sèlman youn nan moun ki gen pwoblèm yo. Gen twa egzanp nan Bib la ki montre sa. Premye egzanp lan se Potifa. Madanm li te ba l manti lè l te di l Jozèf te eseye fè kadejak sou li. Potifa te kwè sa madanm li te di a. Li te tèlman fache, li te fè lage Jozèf nan prizon (Jen. 39:19, 20). Dezyèm egzanp lan se wa David. Siba, sèvitè Mefibochèt la, te di wa David Mefibochèt t ap ede ènmi David yo. David te kwè sa Siba te di a, e san reflechi, li te di l: “Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye.” ​(2 Sam. 16:4; 19:25-27). Twazyèm egzanp lan se wa Atakzèksès. Ènmi Juif yo te di wa a Juif yo t ap rebati Jerizalèm pou yo ka leve kont li. Wa a te kwè manti sa a e li te bay lòd pou yo fè Juif yo kanpe konstriksyon an. Se sa k fè, Juif yo te kanpe travay yo t ap fè nan tanp lan (Esd. (Ezra) 4:11-13, 23, 24). Ansyen yo nan kongregasyon an ap montre yo saj lè yo suiv konsèy Pòl te bay Timote pou l byen egzamine bagay yo anvan l pran yon desizyon. — Li 1 Timote 5:21.

13, 14. a) Lè de moun gen pwoblèm antre yo, ki sa nou bezwen sonje? b) Ki sa k ap ede ansyen yo byen jije yon sitiyasyon?

13 Men sa Bib la di: “Menmsi yon moun panse li konnen yon bagay, li poko konnen l jan l ta dwe konnen l lan.” ​(1 Kor. 8:2). Nou kapab panse nou konprann sa k te pase ant de moun ki gen pwoblèm. Men, nou bezwen sonje nou ka pa konn tout detay yo. Epitou, nou ka pa fin byen konnen moun ki gen pwoblèm yo. Lè ansyen yo ap egzamine yon sitiyasyon, yo bezwen pran anpil prekosyon pou yo pa kite moun k ap bay manti oswa k ap repete sa moun di enfliyanse yo. Mete sou sa, yo pa dwe kwè sa yon moun di jis paske li rich. Jezi, Jij Bondye chwazi a, “p’ap gade sou figi moun pou l jije yo. Li p’ap rete sou sa yo vin di l pou l rann jijman.” ​(Eza. 11:3, 4). Se lespri sen Bondye Jezi kite gide l. Ansyen yo tou dwe kite lespri sen Bondye gide yo.

14 Ansyen yo bezwen mande Jewova lespri sen l anvan yo jije yon ka. Yo kite lespri sen gide yo lè yo sèvi ak Bib la ak piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” pibliye yo. — Mat. 24:45.

Se pou n toujou anpè ak Bondye

15. Si yon kretyen konnen yon moun fè yon peche grav, ki lè li dwe di ansyen yo sa?

15 Bib la di nou pou nou kontinye fè lapè ak lòt moun. Men li di tou: “Sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè.” ​(Jak 3:17). Bib la di toudabò nou dwe pwòp. Pou nou pwòp, sa mande pou nou kite Bondye di nou sa ki byen ak sa ki mal e pou nou viv yon fason ki fè l plezi. Si yon kretyen konnen gen yon frè oswa yon sè ki te fè yon peche grav, li dwe mande moun nan pou l al pale ak ansyen yo sou sa l fè a (1 Kor. 6:9, 10; Jak 5:14-16). Si l pa fè sa, kretyen ki okouran de peche l fè a dwe di ansyen yo sa. Si kretyen ki okouran an pa al pale ak ansyen yo sou sa moun nan fè a paske li vle viv anpè avèk moun sa a, li menm tou li patisipe nan peche moun nan. — Lev. 5:1; li Pwovèb 29:24.

16. Ki sa nou aprann nan fason Yewou te aji ak wa Yeworam?

16 Yewou te fè yon bagay ki montre li pi enpòtan pou yon moun fè sa ki jis olye pou l chèche fè lapè ak yon moun k ap pratike peche. Bondye te voye Yewou al pini fanmi wa Ahab. Wa Yeworam, pitit gason Ahab te gen ak Jezabèl la, yon wa mechan, te monte charyo l pou l al rankontre Yewou. Men sa li te mande Yewou: “Eske ou vin an zanmi?” Yewou reponn li: “Ki zanmi w’ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?” ​(2 Wa 9:22). Apre sa, Yewou rale banza l, li tire yon flèch nan kè Yeworam. Menm jan ak Yewou, ansyen yo bezwen aji lè yon moun peche e li pa repanti. Yo pa dwe kite moun ki peche e ki pa repanti yo nan kongregasyon an jis paske yo vle viv anpè ak moun sa yo. Ansyen yo retire moun sa yo nan kongregasyon an pou kongregasyon an ka anpè ak Bondye. — 1 Kor. 5:1, 2, 11-13.

17. Ki sa tout kretyen bezwen fè pou yo kontinye fè lapè?

17 Souvan, se pa akoz peche grav ki fè nou gen pwoblèm antre nou. Donk, li pi bon pou nou montre lanmou epi bliye sa frè nou yo fè nou. Men sa Bib la di: “Yon moun ki pase sou sa yo fè l montre li gen lanmou. Yon moun ki kontinye ap pale sou yon bagay ap met divizyon nan mitan moun ki byen youn ak lòt.” ​(Pwo. 17:9, NW). Si nou fè sa Bib la di nou, ap toujou gen lapè nan kongregasyon an e n ap ret zanmi Jewova. — Mat. 6:14, 15.

Bondye beni moun ki kontinye fè lapè

18, 19. Ki jan Jewova beni nou lè nou fè efò pou nou kontinye fè lapè?

18 Jewova beni nou lè nou fè efò pou nou kontinye fè lapè. Lè nou aji konsa, n ap vin gen yon relasyon ki pi solid avè l e n ap pèmèt kongregasyon an rete ini. Lè nou viv anpè youn ak lòt, nou aprann kòman pou nou fè lapè ak moun n ap preche “bon nouvèl lapè a”. (Efe. 6:15.) Sa fè nou “dou ak tout moun” e sa ede nou ‘metrize tèt nou lè yo fè nou ditò’. — 2 Tim. 2:24.

19 Efò n ap fè pou nou fè lapè kounye a ap fòme nou pou lavni. Bib la di Jewova pral resisite ni moun ki jis ni moun ki enjis (Tra. 24:15). Sa vle di Jewova pral resisite plizyè milyon moun ki gen diferan pèsonalite. Y ap soti toupatou sou tè a, nan divès jenerasyon e gen ladan yo k ap menm soti nan epòk Adan an (Lik 11:50, 51). Se pral yon gwo privilèj pou nou anseye moun sa yo pou yo renmen lapè. Se pa ti itil fòmasyon n ap pran kounye a pral itil nou lè sa a!

[Nòt anba paj]

^ § 6 Bib la ban nou plis enfòmasyon sou sa pou n fè lè gen gwo pwoblèm nan kongregasyon an tankou lè moun ap fè medizans ak lè y ap twonpe moun pou yo jwenn avantaj. Gade nan Toudegad 15 oktòb 1999, paj 17-22 (fransè).

Ki sa nou sot aprann?

• Lè nou mal aji ak yon moun, ki sa nou ka fè pou toujou gen lapè nan kongregasyon an?

• Ki jan nou ka fè lapè lè yon moun mal aji ak nou?

• Lè de moun gen pwoblèm antre yo, ki sa nou bezwen sonje?

• Poukisa li pi enpòtan pou yon moun fè sa ki jis olye pou l chèche fè lapè ak yon moun k ap pratike peche?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Jewova renmen moun ki padone lòt moun san grate tèt.