Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon reyinyon nou pap janm bliye

Yon reyinyon nou pap janm bliye

Yon reyinyon nou pap janm bliye

“LÈ REYINYON sa a fini, n ap di: ‘Reyinyon ànyèl sa a se yon reyinyon nou pap janm bliye!’” Ti pawòl sa yo frè Stephen Lett, yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, te di yo, te fè oditwa a pa ka tann pou yo wè sa k pral pase nan reyinyon sa a. Frè ak sè sa yo te reyini pou yo asiste 126yèm reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania te fè nan jou ki te 2 oktòb 2010, nan Sal asanble Temwen Jewova yo nan Noujèze, nan peyi Etazini. Men kèk pwen yo te diskite nan okazyon istorik sa a.

Nan kòmansman pwogram nan, frè Lett te bay yon bèl diskou ki te pale de cha selès Jewova a ki nan liv Ezekyèl la. Gwo cha sa a, ki bèl anpil la, reprezante òganizasyon Bondye a, yon òganizasyon ki anba kontwòl Jewova nèt. Pati selès òganizasyon sa a, ki gen kreyati espirityèl yo ladan l, deplase tankou zèklè. Frè Lett te di li deplase ak menm vitès Jewova panse. Pati nan òganizasyon Jewova a ki sou tè a ap bouje tou. Frè Lett te pale de yon bann bèl chanjman ki te fèt nan pati vizib òganizasyon an pandan ane ki sot pase yo.

Pa egzanp, gen yon seri filyal yo te fèmen nan kèk peyi epi yo fè lòt filyal nan lòt peyi dirije travay predikasyon ki t ap fèt nan tèritwa filyal sa yo. Dispozisyon sa a pèmèt anpil moun ki t ap travay nan Betèl yo fèmen yo konsantre yo plis sou travay predikasyon an. Frè Lett te ankouraje frè ak sè yo nan oditwa a pou yo kontinye priye pou Kolèj santral la ki reprezante klas esklav la yon fason pou Kolèj la kontinye rete fidèl, pou l aji ak sajès, sa vle di ak prevwayans. — Mat. 24:45-47.

Rapò ankourajan ak entèvyou enteresan

Frè Tab Honsberger, yon frè k ap sèvi nan Komite filyal Ayiti a, te bay yon rapò sou sa k te pase apre tranblemanntè ki te fèt 12 janvye 2010 nan peyi sa a. Rapò sa a te touche kè moun yo. Gen anviwon 300 000 moun ki te pèdi lavi yo nan tranblemanntè sa a. Li te fè konnen chèf Legliz yo te fè moun yo konprann se Bondye ki te touye moun ki pa t gen lafwa yo nan tranblemanntè a, men li te pwoteje bon moun yo. Mete sou sa, gen plizyè milye kriminèl ki te sove lè mi yon prizon te tonbe pandan tranblemanntè a. Men, gen anpil Ayisyen ki sensè ki kontinye jwenn konsolasyon lè yo aprann rezon ki fè tan n ap viv yo difisil konsa. Frè Honsberger te pale de yon frè ki fidèl ki te pèdi madanm li nan katastwòf la. Men sa frè a te di: “Jis jounen jodi a, dlo pa sispann koule nan je m. Mwen pa konn pou konbyen tan ankò m ap kontinye soufri, men, mwen kontan lè m santi lanmou òganizasyon Jewova a. Mwen gen yon bèl esperans, e m detèmine pou m pataje esperans sa a.”

Mark Sanderson, yon manm fanmi Betèl Bwouklin kounye a, te bay yon rapò sou peyi Filipin. Li te manm Komite filyal nan peyi sa a. Pandan li t ap bay rapò a kè l te kontan paske pandan 32 mwa, youn apre lòt, yo te anrejistre yon nouvo maksimòm pwoklamatè nan peyi a, sa vle di kantite pwoklamatè yo pa t sispann ogmante. Li te pale tou de kantite etid biblik yo ki te plis pase kantite pwoklamatè yo. Frè Sanderson te pale de yon frè ki rele Miguel yo te touye pitit pitit li. Miguel te fè tout sa l kapab pou yo jije asasen an e pou yo te mete l nan prizon. Annapre, pandan Miguel t ap preche nan prizon an, li te rankontre asasen an. Li te byen pale avè l, malgre sa te difisil pou li. Avèk letan, Miguel te kòmanse etidye Labib avèk li. Asasen an te byen reyaji e li te vin aprann renmen Jewova. Jodi a, li se yon frè ki batize. Miguel avè l se de bon zanmi, e kounye a Miguel ap fè demach pou l wè si yo ta lage misye anvan lè, piske yo se frè kounye a *.

Annapre, Mark Noumair, yon enstriktè ki travay nan Sèvis Lekòl teyokratik yo, te fè entèvyou ak twa koup: Alex Reinmueller ak madanm li Sarah, David Schafer ak madanm li Krista, Robert Ciranko ak madanm li Ketra. Alex Reinmueller, k ap ede Komite edisyon an, te rakonte kòman li te pran laverite oserye lè l te gen 15 an sèlman pandan li te pyonye nan peyi Kanada, kote li te konn preche poukont li souvan. Lè frè Noumair te mande l ki moun ki te gen plis enpak sou li nan Betèl la, frè Reinmueller te pale de twa moun fidèl, e li te rakonte ki jan yo chak te ede l pwogrese nan domèn espirityèl. Madanm li, Sarah, te pale de amitye l ak yon sè ki te pase plizyè dizèn ane nan prizon nan peyi Lachin akoz lafwa li. Sarah te di yon bagay li te aprann sèke lapriyè ede l konte sou Jewova.

David Schafer, k ap ede Komite pou ansèyman an, te fè louwanj pou manman l ki te gen yon lafwa solid e li te pale de kèk frè ki te konn koupe pyebwa pou yo viv ki te ede l pran sèvis pyonye oksilyè lè l te jèn gason. Madanm li, Krista, te pale avèk amou de enfliyans kèk frè ak sè aje nan Betèl la te gen sou li. Jan Jezi te mande sa, frè ak sè sa yo te montre yo “fidèl nan bagay ki piti”. — Lik 16:10.

Robert Ciranko, k ap ede Komite redaksyon an, te pale de granparan l, ni bò kot manman ni bò kot papa, ki te gen esperans pou y al viv nan syèl e ki te kite Ongri pou yo vin viv Ozetazini. Nan ane 1950 yo, li te konn asiste gwo kongrè ki te konn fèt yo ki te gen gwo enpak sou li. Lè sa a, li te piti. Kongrè sa yo te ede l konprann òganizasyon Jewova a se pa t sèlman kongregasyon li te ladan l. Madan m li, Ketra, te aprann sa sa vle di pou yon moun fidèl lè l t ap sèvi antanke pyonye nan yon kongregasyon ki te chaje ak aposta ak lòt pwoblèm ankò. Li te andire sitiyasyon sa a, e avèk letan, yo te voye l al sèvi kòm pyonye espesyal nan yon kongregasyon ki te tèlman ini, sa te touche kè l.

Annapre, Manfred Tonak te bay yon rapò sou Etyopi. Peyi sa a te egziste nan epòk biblik yo e kounye a gen plis pase 9 000 pwoklamatè ladan l k ap preche bon nouvèl la. Pifò ladan yo viv toupre Adisabeba, kapital la, oubyen nan kapital la menm. Etandone zòn andeyò yo bezwen moun pou preche ladan yo, yo te envite Etyopyen k ap viv nan lòt peyi pou yo vin preche nan zòn sa yo. Anpil nan yo te vini, yo te ankouraje frè Etyopi yo e yo te jwenn anpil moun ki te koute mesaj la.

Yon pati enteresan ki te gen nan pwogram nan, se te yon diskou ki gen plizyè pati ki te pale sou Temwen Jewova peyi Larisi yo ak batay legal yo te mennen yo. Aulis Bergdahl, ki nan Komite filyal peyi Larisi a, te bay yon rapò sou pèsekisyon Temwen Jewova yo ap sibi nan peyi sa a, sitou nan vil Moskou. Philip Brumley, k ap travay nan Sèvis jiridik filyal peyi Etazini an, te pale de jan sitiyasyon sa a te vin chofe nan dènye mwa ki sot pase yo. Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan te koute nèf plent yo te pote kont Temwen Jewova yo. Tribinal la te rann li kont pa gen youn nan plent sa yo ki te valab. Nan kèk ka, Tribinal la te fè yon efò espesyal pou l bay prèv ki montre agiman moun yo te bay yo pa t bon. N ap tann pou n wè ki jan bagay yo ap fini. Frè Brumley te pale de enpak li swete desizyon Tribinal la ap genyen sou lòt plent moun pote kont Temwen yo nan lòt peyi.

Apre bon nouvèl sa a, frè Lett te anonse Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan te deside l ap egzamine plent Temwen Jewova yo te pote kont gouvènman peyi Lafrans lan ki gen rapò ak kesyon taks la, yon plent ki la depi lontan. Tribinal sa a, yon Tribinal moun respekte anpil, pa aksepte pifò nan ka yo pote devan l yo. Sepandan, li deja trete 39 ka ki gen rapò ak Temwen Jewova yo e li te pran desizyon an favè nou nan 37 ladan yo. Frè Lett te ankouraje tout frè ak sè yo pou yo kontinye priye Jewova pou ka ki gen rapò ak taks la.

Se frè Richard Morlan, yon enstriktè nan Lekòl pou ansyen yo, ki te bay dènye rapò a. Li te pale avèk antouzyas sou lekòl sa a e sou fason ansyen ki te asiste lekòl la te montre apresyasyon yo.

Lòt diskou manm Kolèj santral la te bay

Guy Pierce, yon manm Kolèj santral la, te bay yon diskou ki te touche kè moun yo ki te baze sou tèks pou ane 2011 lan: “Pran refij nan non Jewova.” ​(Sef. 3:12, NW). Li te fè remake epòk n ap viv ladan l lan se yon epòk ki bay pèp Jewova a anpil kè kontan pou plizyè rezon. Sepandan, se yon epòk ki mande pou moun reflechi seryezman paske gran jou Jewova a toupre. Malgre sa, moun yo kontinye ap chèche refij nan fo relijyon, nan byen materyèl ak lòt bagay ankò. Epitou, yo fè kòmsi yo pa wè sa k ap pase nan monn nan. Pou nou jwenn yon bonjan refij, nou bezwen envoke non Jewova, sa ki gen ladan l konnen moun ki pote non sa a, gen gwo respè pou li, fè l konfyans epi itilize tout sa nou genyen nan sèvis li pou nou montre l nou renmen l.

Apre sa, David Splane, yon manm Kolèj santral la, te bay yon bèl diskou ki te pouse tout moun reflechi. Men tèm li: “Èske w antre nan repo Bondye a?” Li te fè konnen yon moun ki antre nan repo Bondye a pa rete san l pap fè anyen, piske Jewova ak Pitit gason l lan “kontinye travay” nan jou repo senbolik sa a yon fason pou objektif Bondye gen pou tè a akonpli (Jan 5:17). Kidonk, ki jan nou kapab antre nan repo Bondye a? Yon fason nou kapab fè sa se lè nou sispann pratike peche, nou sispann fè sa lide nou di nou fè. Nou bezwen toujou gen lafwa nan Bondye, kenbe objektif li nan lespri nou epi fè tout sa nou kapab pou nou soutni objektif sa a. Pafwa, sa kapab difisil anpil pou nou, men, nou bezwen aksepte konsèy epi suiv enstriksyon òganizasyon Jewova a ban nou. Frè Splane te sipliye frè ak sè yo pou yo fè tout sa yo kapab pou yo antre nan repo Bondye a.

Dènye diskou a, se frè Anthony Morris, yon manm Kolèj santral la, ki te bay li. Men tèm nan: “Ki sa n ap tann?” Tankou yon papa ki gen lanmou e ki te vle fè frè ak sè yo konprann jan moman an ijan, frè Morris te fè yo sonje lòt pwofesi ki gen pou reyalize alavni, pwofesi sèvitè fidèl Bondye yo ap tann avèk enpasyans. Pami pwofesi sa yo, gen deklarasyon ‘lapè ak sekirite a’ ansanm ak destriksyon fo relijyon yo (1 Tes. 5:2, 3; Rev. 17:15-17). Frè Morris te avèti frè ak sè yo pou yo pa di “se Amagedòn ki rive” lè yo wè sa k ap pase nan nouvèl jounen jodi a ki pa gen rapò ak pwofesi sa yo. Ann amoni ak Miche (Mika) 7:7, frè Morris te ankouraje frè ak sè yo pou yo tann Bondye avèk pasyans e ak kè kontan. Anmenmtan, li te ankouraje tout moun pou yo kontinye mache ak Kolèj santral la, pou yo fè sa yo kapab pou yo vin pi pwòch youn ak lòt tankou sòlda ki nan batay. Li te di yo: “Se pou nou djanm, nou tout k ap tann Jewova.” — Sòm 31:24, NW.

Pou fini, yo te bay yon seri bèl anons moun yo pap janm bliye. Geoffrey Jackson, yon manm Kolèj santral la, te fè konnen gen yon Toudegad k ap parèt nan yon anglè ki pi senp, pou moun ki pa fin maton nan li lang sa a, pou yo wè ki rezilta sa ap bay. Apre sa, Stephen Lett te fè konnen Kolèj santral la pran dispozisyon pou siveyan distri yo ak madanm yo jwenn vizit pastoral nan peyi Etazini. Mete sou sa, li te fè konnen Lekòl fòmasyon ministeryèl la t apral vin gen yon lòt non, y ap rele l Lekòl biblik pou frè selibatè yo. Li te fè konnen tou t apral gen yon lòt lekòl ki rele Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen. Lekòl sa a ap bay koup yo plis fòmasyon pou yo ka itil òganizasyon Jewova a plis toujou. Frè Lett te fè konnen pral gen de lòt lekòl ankò, Lekòl pou siveyan itineran yo ak madanm yo ak Lekòl pou manm Komite filyal yo ak madanm yo, e y ap fè de klas chak ane pou lekòl sa yo nan Patèsonn. Moun ki pase nan de dènye lekòl sa yo ap kapab asiste yon dezyèm fwa.

Pwogram nan te fini yon fason ki te touche kè moun yo lè frè John E. Barr, ki te gen 97 an lè sa a e ki te manm Kolèj santral la depi lontan, te priye Jewova avèk imilite e avèk senserite *. Apre sa tout moun te ale ak santiman reyinyon ànyèl sa a se yon reyinyon yo pap janm bliye.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gade Annuaire 2011 des Témoins de Jéhovah, paj 62-63.

^ § 20 Frè Barr te fini kous li sou tè a nan jou ki te 4 desanm 2010 la.

[Antrefilè nan paj 19]

Tout moun ki te nan oditwa a te apresye entèvyou ki te fèt pou ede yo konnen frè ak sè yo.

[Antrefilè nan paj 20]

Jewova beni travay predikasyon an nan peyi Etyopi.