Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ap imite Fineyas lè w jwenn difikilte?

Èske w ap imite Fineyas lè w jwenn difikilte?

Èske w ap imite Fineyas lè w jwenn difikilte?

ALA yon bèl privilèj se lè yon moun ansyen nan kongregasyon an! Sepandan, Pawòl Bondye a fè konnen ansyen yo jwenn difikilte. Pafwa, yo dwe patisipe nan komite disiplin pou trete ka frè ak sè ki fè peche grav, lè konsa, yo ‘Jije pou Jewova’. (2 Kwo. 19:6, NW.) Sa konn rive tou yon ansyen resevwa yon asiyasyon e li pa santi l pare pou sa, menm jan sa te rive Moyiz nan tan lontan. Men sa Moyiz te di Bondye avèk anpil imilite: “Ki moun mwen ye menm pou m ta penmèt mwen ale bò kot farawon?” — Egz. 3:11.

Labib, ki te ekri anba enfliyans menm fòs Bondye itilize pou l chwazi ansyen yo, pale de kèk ansyen nan tan lontan ki te jwenn pwoblèm e ki te rive rezoud pwoblèm sa yo. Fineyas, ki te pitit Eleyaza e ki te pitit pitit Arawon, te gen pou l vin gran prèt. Gen twa evènman ki te pase nan lavi l ki montre li enpòtan jodi a pou ansyen yo afwonte difikilte avèk kouraj, klèvwayans e pou yo konte sou Jewova.

Lapoula “li leve”

Lè Izrayelit yo te monte kan yo nan plèn Mowab, Fineyas te yon jèn gason. Men sa Bib la di: “Mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo. [...] Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.” ​(Nonb 25:1, 2). Jewova te frape moun ki te peche yo ak yon flewo ki te lakòz yo mouri. Èske w kapab imajine nan ki pwen sa dwe te fè Fineyas tris lè l te pran nouvèl pèp la te peche grav kont Jewova e Jewova te lage yon flewo sou yo?

Men sa Bib la di ki te pase annapre: “Lè sa a, antan tout moun yo t’ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.” ​(Nonb 25:6). Antanke prèt, ki sa Fineyas t apral fè? Li te plizoumwen jèn e moun ki te fè peche grav sa a te yon chèf ki te konn pran latèt pami pèp la lè y ap adore Jewova. — Nonb 25:14.

Fineyas te gen lakrentif pou Jewova e li pa t pè moun. Lè l te wè de moun imoral sa yo pase, lapoula, li pran yon lans e li antre nan tant lan dèyè mesye a e li pèse toule de ak lans lan. Ki sa Jewova te fè lè l te wè Fineyas aji avèk kran e avèk detèminasyon konsa? Lapoula, Jewova te fè flewo ki t ap ravaje pèp la sispann, e pou l rekonpanse Fineyas, li te fè yon alyans avè l kote li te pwomèt li l ap fè li menm ak tout ras fanmi l sèvi l kòm prèt “pou tout tan”. — Nonb 25:7-13.

Byennantandi, jodi a, ansyen yo nan kongregasyon an pa fè vyolans. Men, menm jan ak Fineyas, yo dwe gen detèminasyon e yo dwe gen kran. Pa egzanp, Guilherme te gen sèlman kèk mwa depi li t ap sèvi kòm ansyen lè yo te mande l patisipe nan yon komite disiplin relijye. Moun ki te fè peche a te yon ansyen ki te ede Guilherme lè l te pi jèn. Men sa Guilherme te di: “Mwen pa t santi m alèz. Mwen pa t ka dòmi leswa. Mwen t ap reflechi sou diferan fason mwen ta kapab trete ka sa a san mwen pa kite santiman fè m pase prensip Bondye yo anba pye. Mwen te pase plizyè jou ap priye e m te fè anpil rechèch nan piblikasyon nou yo.” Sa te ede l gen kran li te bezwen pou l jere sitiyasyon difisil sa a e pou l ede frè l ki te peche a retounen gen bonjan relasyon ak Jewova. — 1 Tim. 4:11, 12.

Lè ansyen yo aji avèk kran e avèk detèminasyon lè gen sitiyasyon nan kongregasyon an ki mande sa, yo montre yo gen lafwa, yo fidèl, e yo se yon egzanp pou lòt frè ak sè yo. Nòmalman, lòt kretyen yo tou bezwen montre yo gen kran lè yo fè ansyen yo konnen peche grav lòt frè ak sè yo fè. Yon moun ap montre li fidèl tou lè l sispann pran kontak ak moun ki eskominye, kit moun sa a se zanmi l kit se yon moun nan fanmi l. — 1 Kor. 5:11-13.

Klèvwayans te ede l evite yon malè

Se pa paske Fineyas te yon jèn gason ki cho devan bann nan ki fè l te aji avèk kran. Annou wè ki jan li te montre li gen klèvwayans lè li te aji avèk pridans, apre yo te vin ba l yon lòt nouvèl. Tribi Ribenn, tribi Dàn ak mwatye tribi Manase a te bati yon lotèl toupre rivyè Jouden an. Gen lòt Izrayelit ki te panse yo te fè moniman sa a pou yo adore fo dye, se sa k fè yo t ap prepare yo pou yo fè lagè ak tribi sa yo. — Joz. 22:11, 12.

Ki jan Fineyas te reyaji? Fineyas ansanm ak chèf ann Izrayèl yo te aji avèk pridans lè yo t al pale sou kesyon an ak tribi sa yo ki te bati lotèl la. Tribi yo te akize yo te fè yo konnen, an reyalite, yo te bati moniman sa a pou yo montre “se Senyè a [yo vle] sèvi” fidèlman. Konsa, Fineyas ansanm ak chèf ann Izrayèl yo te evite yon malè. — Joz. 22:13-34.

Si yon kretyen ta tande yo akize yon kretyen parèy li oswa li ta tande yon bri k ap kouri sou kretyen sa a, se pa ti saj li t ap montre li saj si l ta imite Fineyas! Klèvwayans ap ede nou pa kouri fache epi pa pale frè ak sè nou yo mal. — Pwo. 19:11.

Ki jan klèvwayans kapab ede ansyen yo fè menm jan ak Fineyas? Men sa Jaime, ki ansyen depi plis pase 10 an, te di: “Lè yon pwoklamatè vin kote m e li kòmanse pale m de pwoblèm li gen ak yon lòt moun, mwen priye Jewova lapoula pou l ede m pa gen patipri e pou m bay konsèy ki soti nan Bib la. Gen yon lè, yon sè te vin kote m pou l pale avè m de yon frè nome ki nan yon lòt kongregasyon ki te mal aji avè l. Piske frè a te zanmi m, li t ap fasil pou m pale avè l sou pwoblèm nan. Olye m te fè sa, mwen te rezone ak sè a sou plizyè prensip biblik. Apre sa, sè a te dakò pou l al pale ak frè a (Mat. 5:23, 24). Yo pa t fè lapè tousuit. Se sa k fè, mwen te ankouraje sè a egzamine kèk lòt prensip biblik. Li te deside priye Jewova ankò sou sa e li te fè efò pou l padone frè a.”

Ki rezilta sa te bay? Men sa Jaime te di: “Plizyè mwa annapre, sè a te vin kote m. Li te fè m konnen frè a te vin regrèt sa l te di a. Frè a te fè aranjman pou l preche ansanm avèk sè a e li te felisite sè a pou bèl kalite li genyen. Pwoblèm nan te rezoud. Èske m t ap jwenn pi bon rezilta si m te pran pou zanmi m nan, e si m te rantre twò fò nan koze a?” Men konsèy Bib la bay: “Pa kouri al lajistis.” ​(Pwo. 25:8, NW). Ansyen ki gen klèvwayans yo montre yo saj lè yo ankouraje kretyen yo aplike prensip ki nan Bib la pou yo fè lapè youn ak lòt.

Li te mande Jewova sa pou l fè

Fineyas te gen privilèj sèvi antanke prèt nan mitan pèp Bondye a. Jan nou te wè sa, li te gen anpil kran ak klèvwayans menm lè li te plizoumwen jèn. Sepandan, se konfyans li te gen nan Jewova ki te ede l fè fas ak pwoblèm li te jwenn yo.

Apre mesye lavil Gibeya yo, ki nan tribi Benjamen an, te fin fè kadejak sou fanm kay yon moun Levi, sa ki te lakòz fanm nan mouri, lòt tribi yo te soti pou fè lagè ak moun Benjamen yo (Jij 20:1-11). Byenke moun nan lòt tribi sa yo te priye Jewova pou yo mande l ki sa pou yo fè anvan y al batay, yo te bat yo de fwa e yo te pèdi anpil sòlda (Jij 20:14-25). Èske yo te panse Jewova pa t tande priyè yo? Èske Jewova te vle pou yo koresponn ak mesye lavil Gibeya yo vre?

Yon lòt fwa ankò, Fineyas ki te vin gran prèt nan peyi Izrayèl e ki te toujou gen yon konfyans total nan Jewova, pa t ret bra kwaze. Men sa li te mande Jewova nan yon priyè: “Eske se pou n’al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon eske se pou n rete sou sa nou fè a?” Jewova te reponn priyè l la, li te lage moun Benjamen yo nan men yo e yo te boule lavil Gibeya rapyetè. — Jij 20:27-48.

Ki leson nou kapab aprann nan istwa sa a? Gen kèk pwoblèm nan kongregasyon an ki gendwa pa jwenn solisyon tousuit malgre bonjan efò ansyen yo fè e malgre yo priye Jewova pou yo mande l èd. Si sa ta rive, l ap bon pou ansyen yo sonje pawòl Jezi te di yo: “Kontinye mande [oubyen priye], y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou.” ​(Lik 11:9). Menmsi li ta sanble Jewova poko reponn yon priyè ansyen yo fè, yo mèt gen konfyans Jewova ap reponn priyè a nan moman li wè ki pi bon an.

Pa egzanp, gen yon kongregasyon ann Ilann ki te bezwen yon Sal Wayòm prese prese. Men, fonksyonè leta ki te dwe ba yo pèmisyon pou yo konstwi Sal la pa t dakò fè sa. Li te rejte tout demann frè yo fè. Frè yo te santi sèl moun ki te kapab apwouve demann yo a se yon lòt fonksyonè leta ki gen plis otorite. Èske lapriyè t ap ede frè yo menm jan lapriyè te ede Fineyas?

Men sa yon ansyen nan zòn nan te di: “Apre nou te fin pase anpil tan nan lapriyè ak siplikasyon, nou te vwayaje al nan biwo fonksyonè an chèf la. Yo te di m sa ka pran plizyè semèn anvan m resi wè fonksyonè a. Sepandan, nou te rive pale avèk li pandan senk minit. Apre li te fin wè plan nou te refè yo, san pèdi tan, li te ban nou pèmisyon pou nou konstwi. Depi lè sa a, fonksyonè ki pa t vle ede nou an te fè tout sa l kapab pou l ede nou. Eksperyans sa a fè nou wè pouvwa lapriyè genyen.” Se sèten Jewova ap reponn tout priyè ansyen ki konte sou li yo fè ak tout kè yo.

Fineyas te gen gwo responsablite nan nasyon Izrayèl tan lontan an. Piske l te gen kran ak klèvwayans e li te konte sou Bondye, li te kapab rezoud pwoblèm li te jwenn yo. Jewova te kontan wè jan Fineyas te enterese anpil nan byennèt pèp li a. Anviwon 1 000 an annapre, men sa Bondye te pouse Ezra ekri: ‘Yon lè se Fineyas, pitit Eleyaza a, ki te chèf yo. Senyè a te toujou kanpe avè l.’ ​(1 Kwo. 9:20). Se pou Jewova toujou kanpe ak tout moun ki pran latèt nan mitan pèp li a jodi a, san wete tout lòt kretyen k ap sèvi l fidèlman yo!