Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lekti Labib — Yon abitid mwen genyen ki ban m fòs

Lekti Labib — Yon abitid mwen genyen ki ban m fòs

Lekti Labib — Yon abitid mwen genyen ki ban m fòs

Dapre Marceau Leroy

“NAN konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.” Pawòl sa yo se premye pawòl mwen te li lè m te fèk kòmanse li Labib an kachèt nan chanm mwen. Poukisa m te kòmanse fè sa an kachèt? Se paske m te sèten papa m, yon moun tout moun te konnen ki pa t kwè Bondye egziste, pa t ap dakò pou m gen liv sa a nan menm m.

Mwen pa t janm li Labib anvan sa, e pawòl sa yo mwen te li nan kòmansman liv Jenèz la te frape m tankou yon kout zèklè. Mwen te di tèt mwen: ‘Sa esplike amoni ki gen nan lwa fizik yo ki te toujou etone m!’ Bib la te tèlman fè gwo enpresyon sou mwen, jou sa a, mwen te li l depi 8 è nan aswè pou rive 4 è nan maten. Se konsa mwen te kòmanse li Labib, e se yon bagay mwen kontinye fè jis kounye a. Kite m esplike nou ki jan mwen jwenn fòs dèske mwen li Labib chak jou.

“W ap oblije li l chak jou”

Mwen fèt an 1926 nan Vermelles, yon bouk nan nò peyi Lafrans, kote tout moun yo te travay nan min chabon. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, nan tout peyi a, moun yo te konn achte chabon anpil. Se sa k fè, etandone m t ap travay nan yon min, mwen pa t oblije fè sèvis militè. Sepandan, pou m te ka gen yon lavi miyò, mwen te kòmanse etidye elektwonik ak elektrisite, sa ki te fè m konprann jan gen amoni nan lwa fizik yo. Lè m te gen 21 an, yon kamarad lekòl te ban m premye Bib mwen e li te di m: “Sa vo lapèn pou yon moun li liv sa a”. Lè m te fin li Bib la, mwen pa t gen dout liv sa a se Pawòl Bondye, e Bondye revele lèzòm anpil bagay ladan l.

Piske m te panse vwazen m yo t ap enterese li Bib la tou, mwen te chèche jwenn 8 Bib. Men, mwen te sezi wè jan yo te pase m nan rizib e yo te opoze ak mwen. Gen moun nan fanmi m ki sipèstisye ki te di m: “Depi w kòmanse li liv sa a, w ap oblije li l chak jou!” Si se pou li l, mwen li l, e mwen pa janm regrèt sa. Anplis, sa rete yon abitid pou mwen.

Lè kèk vwazen te rann yo kont jan m te enterese nan Labib, yo te ban m piblikasyon Temwen Jewova yo te ba yo tankou bwochi Un monde, un gouvernement * an (jan sa parèt nan foto a) ki te esplike poukisa Labib montre se Wayòm Bondye a ki sèl espwa pou limanite (Mat. 6:10). Mwen te vin gen plis detèminasyon pou m pataje esperans sa a ak lòt moun.

Noël, yon zanmi m te genyen depi m te toupiti, te pami premye moun ki te aksepte yon Bib nan men m. Etandone li te yon bonjan katolik, li te fè yon jan pou n rankontre yon moun ki t ap etidye pou l vin prèt. Mwen te santi m kraponnen, men, mwen te konnen dapre Sòm 115:4-8 ak Matye 23:9, 10, Bondye pa dakò pou yon moun sèvi ak imaj nan adorasyon l ap bay Bondye a ni pou yon moun sèvi ak tit lè l ap pale ak manm klèje yo. Sa te ban m fòs pou m defann kwayans mwen. Kòm rezilta, Noël te aksepte laverite e jis jounen jodi a li toujou yon Temwen Jewova ki fidèl.

Mwen te vizite sè m nan tou. Mari l te gen liv maji e gen demon ki t ap pèsekite misye san rete. Byenke okòmansman mwen te santi m pa t ka fè anyen pou li, gen kèk vèsè nan Bib la tankou Ebre 1:14 ki te konvenk mwen zanj Jewova yo te avè m. Lè bò frè m nan te aplike prensip ki nan Bib la e li te jete tout sa l te genyen ki te gen rapò ak movèzespri, li te rive soti anba enfliyans demon yo. Li menm ak sè m nan te vin Temwen Jewova ki zele.

Nan ane 1947, Arthur Emiot, yon Temwen Jewova ki ameriken, te pase lakay mwen. Mwen te tèlman kontan, mwen te mande l ki kote Temwen Jewova yo reyini. Li te fè m konnen te gen yon gwoup Liévin ki te a anviwon 10 kilomèt parapò ak lakay mwen. Nan epòk sa a, li te difisil pou yon moun achte menm yon bisiklèt. Se sa k fè, pandan plizyè mwa, mwen te konn al nan reyinyon apye e m te konn tounen lakay mwen apye. Aktivite Temwen Jewova yo te anba entèdiksyon pandan uitan nan peyi Lafrans. Te gen sèlman, 2 380 Temwen Jewova nan tout peyi a. Anpil nan yo te soti nan peyi Polòy. Men, jou ki te 1ye septanm 1947 la, yo te rekonèt nou ankò nan peyi Lafrans. Yo te ouvri biwo filyal la yon lòt fwa ankò nan vil Pari, yon kote yo rele Villa Guibert. Etandone pa t menm gen yon pyonye nan peyi a, nan mwa desanm 1947, nan Ministè Wayòm, yo te ankouraje frè ak sè yo pou yo pran sèvis pyonye pèmanan. Alepòk Ministè Wayòm nan te rele Informateur. Lè sa a pyonye pèmanan yo te konn bay 150 è chak mwa. (An 1949, kantite lè a te desann a 100.) Ann amoni ak pawòl Jezi yo nou jwenn nan Jan 17:17 ki di “Pawòl [Bondye a] se laverite”, mwen te batize an 1948, e an desanm 1949, mwen te pran sèvis pyonye pèmanan.

Lè m te sot nan prizon mwen retounen Dunkerque

Premye kote yo te voye m se te Agen, yon vil ki nan sid peyi Lafrans. Mwen pa t pase anpil tan la. Piske m te sispann travay nan min yo, yo te mande m fè sèvis militè. Kòm mwen te refize antre nan lame, yo te voye m nan prizon. Byenke yo pa t pèmèt mwen gen yon Bib, mwen te rive jwenn kèk paj nan liv Sòm nan. Mwen te jwenn fòs lè m te li yo. Lè yo te lage m, mwen te gen yon desizyon pou m pran: Èske m ta dwe bay vag sou sèvis aplentan pou m te ka fè vi m? Yon lòt fwa ankò, sa m te li nan Bib la te ede m. Mwen te reflechi sou pawòl apot Pòl yo ki nan Filipyen 4:11-13 ki di: “Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” Mwen te pran desizyon pou m rete nan sèvis pyonye. Nan ane 1950, mwen te jwenn yon lòt asiyasyon pou Dunkerque, yon vil mwen te konn preche ladan l anvan.

Lè m te fèk rive Dunkerque, mwen pa t posede anyen. Akoz Dezyèm Gè mondyal la, vil la pa t bon menm tèlman l te kraze, e li te difisil pou moun rive jwenn kote pou yo rete. Mwen t al vizite yon fanmi mwen te konn vizite anvan, e dam ki te resevwa m nan te kontan wè m anpil. Li te di: “O, mesye Leroy, apa yo lage w! Mari m di si te gen plis gason tankou w, lagè a pa t ap janm fèt.” Yo te gen yon kay kote yo te konn resevwa moun, donk, yo te ofri m ret ladan l pou jiskaske touris yo kòmanse vini. Menm jou a, Evans, gran frè Arthur Emiot a, te ofri m yon travay *. Li t ap travay kòm entèprèt nan yon pò e li t ap chèche yon moun pou veye yon bato leswa. Li te fè m rankontre youn nan moun ki te responsab bato a. Apre m sot nan prizon, mwen te menm gwosè ak yon bwa bale. Lè Evans te esplike rezon ki fè m te mèg konsa a, mesye a te mete m alèz pou m manje sa m vle nan frijidè a. Nan yon sèl jou, mwen te jwenn travay, manje ak yon kote pou m rete! Vrèmanvre, sa te fè m gen plis konfyans nan pawòl Jezi te di yo nou jwenn nan Matye 6:25-33.

Lè touris yo te kòmanse vini, malgre konpayon sèvis mwen an, Simon Apolinarski, ansanm avè m te bezwen jwenn yon lòt kote pou n rete, nou te detèmine pou n rete nan asiyasyon nou. Yo te ofri nou lojman nan yon ansyen kay kote yo te konn gade chwal, e se pay ki te sèvi nou matla. Nou te konn fè jounen an ap preche. Nou te preche mèt kay la, e li te vin youn nan plizyè moun ki te aksepte laverite. Sa pa t pran tan pou jounal zòn nan te pibliye yon atik pou avèti moun Dunkerque yo kont “aktivite Temwen Jewova yo ki te kòmanse gaye nan zòn nan”. Sepandan, se sèlman mwen menm, Simon ak yon ti ponyen pwoklamatè ki te gen nan zòn nan. Nan moman difisil yo, nou te medite sou esperans nou genyen antanke kretyen ak sou jan Jewova te pran swen nou e sa te ankouraje nou. Lè m te vin gen yon lòt asiyasyon an 1952, te gen 30 pwoklamatè ki t ap preche regilyèman nan Dunkerque.

Mwen te jwenn fòs pou lòt responsablite

Apre m te fin pase yon ti tan nan Amiens, yo te voye m kòm pyonye espesyal nan Boulogne-Billancourt, yon zòn ki toupre vil Pari. Mwen te gen anpil etid biblik e gen kèk nan etidyan yo ki te antre nan sèvis aplentan e ki te vin misyonè. Guy Mabilat, yon jèn gason, te aksepte laverite. Li te vin yon siveyan sikonskripsyon e apre sa li te vin siveyan distri. Annapre, se li ki te sipèvize konstriksyon enprimri ki nan Betèl Louviers a, yon zòn ki pa twò lwen Pari. Se la Betèl la ye jis jounen jodi a. Lefètke m te konn itilize Bib la souvan lè m ap preche, Pawòl Bondye a te vin antre byen fon nan kè m, sa ki te ban m anpil kè kontan e ki te ede m vin yon pi bon anseyan.

An 1953, san m pa t atann, yo te nome m siveyan sikonskripsyon nan Alsace-Lorraine, yon zòn peyi Almay te okipe de fwa ant 1871 ak 1945. Se sa k fè, mwen te oblije fè efò pou m aprann pale alman. Lè m te kòmanse nan sèvis sa a, pa t gen anpil machin, televizyon oswa machin a tape nan zòn nan. Potko gen ti radyo pil ak òdinatè. Men lavi m pa t ni tris ni raz. Anfèt, se te youn nan moman nan lavi m mwen te jwenn anpil kè kontan. Li te pi fasil pou yon moun kite “je [l] fikse sou yon sèl bagay” paske te gen mwens bagay ki te ka anpeche yon moun rete konsantre sou sèvis Jewova a. — Mat. 6:19-22.

Asanble ki te fèt an 1955 ki te gen tèm “Le Royaume triomphant” an se yon asanble mwen pap janm bliye. Se nan asanble sa a mwen te rankontre Irène Kolanski, yon sè ki t apral vin madanm mwen. Li te kòmanse sèvis aplentan yon ane anvan m. Paran l yo te Polonè e yo te gen lontan depi yo t ap sèvi Jewova avèk zèl. Lè yo te an Frans, Adolf Weber te vizite yo. Frè sa a te konn okipe jaden flè pou frè Russell. Li te vin ann Ewòp pou l te ka preche bon nouvèl la. Mwen te marye ak Irène an 1956 e Irène te vin jwenn mwen nan travay sikonskripsyon an. Pandan tout ane sa yo, li ede m anpil anpil.

Dezan apre, mwen te jwenn yon lòt sipriz. Yo te nome m siveyan distri. Malgre sa, mwen te kontinye vizite kongregasyon yo antanke siveyan sikonskripsyon paske pa t gen ase frè ki kalifye pou travay sikonskripsyon an. Se pa ti okipe mwen te okipe nan epòk sa a! Nonsèlman mwen te konn preche 100 èdtan pa mwa, men, chak semèn, mwen te konn bay diskou, mwen te konn vizite twa etid liv, mwen te gen pou m verifye dosye kongregasyon yo e mwen te gen rapò pou m prepare. Ki jan m te rive jwenn tan pou m li Pawòl Bondye a? Mwen te jwenn yon sèl solisyon: koupe kèk paj nan yon bib mwen te genyen depi lontan epi mache avèk paj sa yo sou mwen. Lè m te gen randevou ak yon moun e m te oblije ret tann moun nan, mwen te rale paj yo e m te pwofite moman an pou m li. Ti moman sa yo te ban m fòs e yo te fè m gen plis detèminasyon pou m rete nan asiyasyon m.

An 1967, yo te envite mwen menm ak Irène pou nou antre nan Betèl ki te nan Boulogne-Billancourt la. Mwen te kòmanse travay nan biwo sèvis e se la m ap travay depi 40 an. Yon aspè enteresan nan travay mwen se reponn kesyon moun poze sou Bib la. Se pa ti kontan mwen kontan fouye nan Pawòl Bondye a pou m “defann bon nouvèl la”! (Fil. 1:7.) Mwen pran plezi tou pou m kondui kilt matinal anvan nou manje. Nan ane 1976, yo te nome m manm Komite filyal peyi Lafrans.

Pi bon fason pou yon moun viv

Byenke m te jwenn difikilte nan lavi m, se kounye a bagay yo pi difisil pou mwen ak Irène paske nou limite nan sa nou ka fè akoz nou granmoun e nou gen pwoblèm sante. Malgre sa, nou kenbe esperans nou paske nou li Pawòl Bondye a e nou etidye l. Nou pran plezi pou n pran bis pou n al nan tèritwa kongregasyon nou an pou nou pataje esperans sa a ak lòt moun. Nou toule de ansanm gen 120 an depi nou nan sèvis aplentan. Se ak tout kè nou nou ankouraje tout moun ki vle gen yon vi ki enteresan, yon vi ki bay lajwa e ki fè yo santi yo itil, pou yo antre nan fòm sèvis sa a. Lè wa David te ekri pawòl nou jwenn nan Sòm 37:25 yo, li te gentan “granmoun”. Menm jan avè l, “mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat”.

Pandan tout vi m, Jewova ban m fòs grasa Pawòl li a. Sa gen 60 an depi fanmi m yo te di m lekti Labib se yon bagay yon moun fè pandan tout vi l. Yo te gen rezon. Mwen pa janm regrèt dèske mwen fè lekti Labib chak jou.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Yo te pibliye liv sa a an 1944 ann anglè, men yo pa enprime l ankò.

^ § 14 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou Evans Emiot, gade Toudegad 1ye janvye 1999, paj 22, 23 (fransè).

[Foto nan paj 5]

Mwen menm ak Simon.

[Foto nan paj 5]

Lè mwen te siveyan distri.

[Foto nan paj 5]

Yon bib ki sanble ak premye Bib yo te fè m kado a.

[Foto nan paj 6]

Jou maryaj nou.

[Foto nan paj 6]

Mwen menm ak Irène, nou renmen li Pawòl Bondye a epi etidye l.