Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?

Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?

Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?

“Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi.” — EFE. 5:10.

1, 2. a) Ki jan Pawòl Jewova a montre Jewova vle nou jwi lavi nou? b) Lè nou konsidere detant kòm yon bagay ki fè pati “kado Bondye” bay la, ki sa sa ap pouse nou fè?

NAN tout Bib la, gen pasaj ki montre nonsèlman Jewova vle nou kontinye viv men tou li vle nou jwi lavi nou. Pa egzanp, Sòm 104:14, 15 fè konnen Jewova fè “plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs”. Vrèmanvre, Jewova fè plant yo donnen pou pèmèt moun jwenn manje, luil ak diven. Men, diven ‘fè kè lèzòm kontan’, byenke nou pa bezwen l pou nou viv (Ekl. 9:7; 10:19). Wi, Jewova vle pou nou gen “lajwa”. — Tra. 14:16, 17.

2 Pa gen okenn rezon pou nou santi nou koupab si detanzantan nou pran yon ti tan pou nou “gade zwazo nan syèl la byen” ak “flè ki nan savann yo”, oubyen pou nou fè lòt aktivite ki kapab ankouraje nou e ki bay lavi nou yon sans (Mat. 6:26, 28; Sòm 8:3, 4). Yon bèl vi se yon “kado Bondye” bay (Ekl. 3:12, 13). Lè nou konsidere detant kòm yon bagay ki fè pati kado sa a Bondye ban nou an, sa ap fè nou chwazi detant ki fè Bondye plezi.

Chwa yo anpil men gen limit

3. Poukisa li rezonab pou nou admèt chwa yo anpil nan kesyon detant?

3 Moun ki gen ekilib nan fason yo konsidere detant dakò chwa yo anpil, men yo rekonèt gen limit. Poukisa? Pou nou reponn kesyon sa a, annou konpare detant ak manje. Chak peyi gen manje pa l. Manje moun renmen manje nan yon zòn, se pa manje sa a moun renmen nan yon lòt zòn. Menm jan an tou, yon kretyen k ap viv nan yon zòn gendwa renmen yon kalite detant, men yon kretyen k ap viv nan yon lòt zòn gendwa pa renmen detant sa a. Menm pami kretyen k ap viv nan menm zòn, yon bagay yon kretyen fè pou l detann li (pa egzanp, li yon bon liv) ka parèt raz pou yon lòt kretyen. Yon aktivite yon moun pran plezi ladan l (pa egzanp, flannen sou bisiklèt) ta gendwa fè yon lòt moun santi l fatige si l ta fè l. Sepandan, nan kèk bagay tankou manje ak detant, chwa yo anpil e chak moun gen preferans pa yo. — Wom. 14:2-4.

4. Lè n ap chwazi detant, poukisa nou dwe gen limit? Bay yon egzanp.

4 Sepandan, nou rann nou kont tou, se pa paske chwa yo anpil ki fè nou gen dwa pou nou detann nou jan nou pi pito. Ann pran egzanp manje a ankò. Byenke nou ka anvi manje plizyè kalite manje, nou pap chwazi manje yon manje nou konnen ki gate. Si nou ta manje yon manje konsa, moun ta ka panse tèt nou pa dwat e sa ta ka fè nou malad. Menm jan an tou, se vre gen anpil bon aktivite nou kapab fè pou nou detann nou, men li pa t ap bon pou nou chwazi detant ki ka mete lavi nou an danje, ki vyolan, oswa ki chaje ak imoralite. Si nou ta lage kò nou nan detant sa yo, nou pa t ap aji ann amoni ak sa Bib la di e sa t ap mete sante nou oswa relasyon nou gen ak Bondye an danje. L ap bon pou nou konnen alavans si wi ou non kèk nan detant ki atire nou yo bon, konsa, n ap asire nou nou pa depase limit rezonab nou dwe genyen antanke kretyen (Efe. 5:10). Ki jan nou kapab fè sa?

5. Ki jan n ap fè konnen si detant nou yo rete nan limit prensip Bondye yo?

5 Pou detant nou yo bon pou nou e pou yo fè Jewova plezi, yo dwe rete nan limit prensip ki nan Pawòl Bondye a (Sòm 86:11). Pou n wè si yon aktivite nou anvi fè pou n detann nou rete nan limit prensip sa yo, gen twa kesyon nou ta dwe poze tèt nou: Ki sa ki gen nan detant nou yo? Ki lè nou detann nou? E ak kiyès nou detann nou? Annou egzamine kesyon sa yo youn apre lòt.

Ki sa ki gen nan detant mwen anvi pran yo?

6. Ki kalite detant nou dwe rejte, e poukisa?

6 Anvan w chwazi fè yon aktivite pou w detann ou, premye kesyon ou dwe poze tèt ou se: ‘Ki sa ki gen nan aktivite mwen anvi fè pou m detann mwen an?’ Pandan w ap chèche jwenn repons kesyon sa a, l ap bon pou w sonje nòmalman gen de kalite detant. Premye a pa bon pou ou menm, e dezyèm nan mande pou w reflechi. Ki sa premye a ye? Nan monn mechan sa a, pifò detant ki genyen yo, swa yo depaman nèt ak prensip ki nan Bib la, swa yo kareman vyole lwa Bondye yo (1 Jan 5:19). Vrè kretyen yo pa patisipe ditou nan detant sa yo. Nan detant sa yo gen sèn ki montre moun ki pran plezi fè lòt moun y ap fè sèks avèk yo soufri, sèn kote moun yo pran kontak ak demon, kote gason ap kouche ak gason, fi ap kouche ak fi, sèn ki gen pònografi ladan yo, vyolans, oswa lòt vye bagay sal (1 Kor. 6:9, 10; li Revelasyon 21:8.) Kèlkeswa kote nou ye, lè nou rejte kalite detant sa yo, nou montre Jewova nou “gen degoutans pou sa ki mal”. — Wom. 12:9; 1 Jan 1:5, 6.

7, 8. Ki jan w kapab konnen si yon aktivite ou vle fè pou w detann ou bon? Bay yon egzanp.

7 Dezyèm kalite detant lan se detant ki pa gen rapò ak bagay Pawòl Bondye a kondane aklè. Anvan nou chwazi detant sa yo, nou ta dwe asire nou yo rete nan limit prensip Jewova yo ki nan Bib la (Pwo. 4:10, 11). Apre sa, nou bezwen pran yon desizyon k ap fè nou toujou gen yon konsyans ki klè (Gal. 6:5; 1 Tim. 1:19). Ki sa k ap ede nou fè sa? Ann pran yon egzanp. Anvan nou manje yon manje nou pa abitye manje, premye bagay nou ta dwe fè se chèche konnen ki bagay ki nan manje a. Menm jan an tou, anvan nou patisipe nan yon aktivite pou nou detann nou, nou bezwen chèche byen konnen ki sa ki gen ladan l. — Efe. 5:17.

8 Pa egzanp, ou ka byen renmen spò, e se yon bagay ki nòmal. Spò kapab amizan e li kapab enteresan. Men, e si gen kèk spò ki atire w paske moun k ap patisipe nan spò sa yo gen espri konpetisyon e yo vyolan, yo mete lavi yo an danje, yo aji san kontwòl, yo nasyonalis, anpil moun blese nan spò sa yo, oswa gen lòt “bagay” ankò ki pa bon ladan yo? Apre w fin egzamine spò ou renmen an, petèt w ap rann ou kont si w patisipe ladan l, l ap difisil pou w montre w gen menm panse ak Jewova e pou w montre w ap viv ann amoni ak mesaj lapè ak lanmou n ap preche a (Eza. (Iza.) 61:1; Gal. 5:19-21). Yon lòt bò, si gen yon aktivite ou patisipe ladan l pou w detann ou e nan je Jewova pa gen yon “bagay” mal ladan l, detant sa a ap bon pou ou e l ap ankouraje w. — Gal. 5:22, 23; li Filipyen 4:8.

Ki lè m ap patisipe ladan l?

9. Ki sa repons nou bay pou kesyon ‘ki lè m ap pran detant’ lan montre?

9 Dezyèm kesyon ou dwe poze tèt ou se: ‘Ki lè m ap pran detant sa a, e konbyen tan m ap pase ladan l?’ Repons nou bay pou kesyon ki sa ki gen nan detant n ap pran yo montre ki sa ki akseptab e ki sa ki pa akseptab pou nou. Sepandan, repons nou bay pou kesyon ki lè n ap pran detant lan montre ki sa ki enpòtan pou nou ak ki sa ki pa enpòtan pou nou. Kidonk, ki jan nou kapab konnen si nou bay aktivite nou fè pou n detann nou yo twòp enpòtans?

10, 11. Ki jan pawòl Jezi yo nou jwenn nan Matye 6:33 a ede nou konnen konbyen tan pou n pase nan detant?

10 Men sa Jezi te di disip li yo: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou.” ​(Mak 12:30). Donk, sa ki dwe pi enpòtan nan lavi nou se renmen Jewova. Nou montre nou renmen Jewova lè nou suiv konsèy Jezi te bay disip li yo ki di: “Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” ​(Mat. 6:33). Ki jan konsèy sa a kapab ede nou konnen konbyen tan nou dwe pase ap detann nou e ki enpòtans detant ta dwe genyen nan lavi nou?

11 N ap remake Jezi te di se pou nou “kontinye chèche wayòm nan an premye”. Li pa t di se pou nou ‘kontinye chèche wayòm nan sèlman’. Pa gen dout nan sa, nonsèlman Jezi te konnen nou t ap bezwen chèche Wayòm nan, men li te konnen nou t ap bezwen chèche anpil lòt bagay tou. Pa egzanp, nou bezwen kay pou n rete, manje, rad, edikasyon, travay, detant, elatriye. Sepandan, pami tout bagay nou gen pou nou chèche yo, se Wayòm nan ki pi enpòtan (1 Kor. 7:29-31). Verite sa a ta dwe ede nou konprann nou kapab chèche bagay ki gen mwens enpòtans yo tou, san wete detant, yon fason k ap ede nou jwenn fòs pou nou bay bagay ki pi enpòtan pou nou an, anpalan de Wayòm nan, premye plas nan lavi nou. Si nou fè sa, aktivite nou fè pou n detann nou yo ap bon pou nou.

12. Ki jan prensip nou jwenn nan Lik 14:28 la kapab ede nou nan kesyon detant lan?

12 Kidonk, anvan nou pran yon desizyon konsènan yon detant, l ap bon pou nou kalkile konbyen sa ap koute nou (Lik 14:28). Nou bezwen detèmine konbyen tan yon aktivite nou fè pou n detann nou ap pran. Apre sa, n ap bezwen detèmine konbyen tan li merite pou nou ba li. Si detant sa a ap fè nou neglije aktivite enpòtan yo tankou etid pèsonèl, adorasyon an fanmi, reyinyon yo, oswa predikasyon, li pa merite pou n pase tan nou ladan l (Mak 8:36). Men, si gen yon aktivite nou fè detanzantan pou n detann nou ki ban nou fòs pou n kontinye chèche Wayòm nan, nou kapab konsidere detant sa a kòm yon detant ki bon pou nou.

Ak kiyès m ap detann mwen?

13. Poukisa nou ta dwe byen veye ak kiyès n ap detann nou?

13 Twazyèm kesyon ou kapab poze tèt ou se: ‘Ak kiyès mwen vle detann mwen?’ Li enpòtan pou nou poze tèt nou kesyon sa a. Poukisa? Se paske kalite moun nou chwazi pran detant ansanm avèk yo ap gen gwo enfliyans sou chwa n ap fè nan domèn detant. Menm jan yon moun k ap manje ak bon zanmi l pran plis plezi nan manje l ap manje a, se konsa tou, souvan, lè yon moun ap detann li ak bon zanmi l, li pran plis plezi nan detant lan. Se sa k fè nou kapab konprann poukisa anpil nan nou, sitou jèn yo, renmen pran detant ansanm ak lòt moun. Sepandan, si nou vle asire nou yon aktivite nou vle fè pou n detann nou ap bon pou nou, l ap bon pou nou deside alavans kiyès n ap chwazi kòm zanmi nou. — 2 Kwo. 19:2; li Pwovèb 13:20; Jak 4:4.

14, 15. a) Ki egzanp Jezi ban nou k ap ede nou byen chwazi zanmi nou? b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou anvan nou chwazi yon moun kòm zanmi nou?

14 Si nou suiv egzanp Jezi lè n ap chwazi zanmi nou, sa ap ede nou anpil. Jezi renmen lèzòm depi lè Bondye te kreye yo (Pwo. 8:31). Lè l te sou tè a, li te montre li gen respè ak lanmou pou tout kalite moun (Mat. 15:29-37). Malgre sa, Jezi te byen konnen bèl bonjou pa vle di bon zanmi pou sa. Byenke li te konn byen boule ak tout moun, se sèlman kèk moun li te konsidere kòm bon zanmi l. Yon lè, pandan li t ap pale ak 11 apot fidèl li yo, men sa l te di yo: “Nou se zanmi m, si nou fè sa mwen ban nou lòd fè.” ​(Jan 15:14; gade Jan 13:27, 30 tou). Sèl moun Jezi te konsidere kòm zanmi l se moun ki t ap suiv li e ki t ap sèvi Jewova.

15 Donk, lè w ap deside si w ta dwe chwazi yon moun kòm bon zanmi w, li t ap bon pou w sonje pawòl Jezi te di yo. Se pou w poze tèt ou kesyon ki vin apre yo: ‘Èske moun sa a montre, nan pawòl li ak aksyon l, li obeyi kòmandman Jewova ak Jezi bay yo? Èske l suiv menm prensip biblik avè m? Èske si m zanmi moun sa a, sa ap ankouraje m mete Wayòm nan an premye nan lavi m e sa ap ede m rete fidèl ak Jewova?’ Si w sèten repons kesyon sa yo se wi, ebyen, ou jwenn yon bon zanmi ou kapab pran plezi detann ou ansanm avè l. — Li Sòm 119:63; 2 Kor. 6:14; 2 Tim. 2:22.

Èske nou wè aktivite nou fè pou n detann nou yo bon?

16. Ki sa nou bezwen mande tèt nou lè n ap reflechi sou aktivite nou ka fè pou n detann nou?

16 Nou sot egzamine twa pwen ki gen rapò ak detant: kalite detant nou pran yo, kantite tan nou pase ladan yo ak moun nou pran detant ansanm avèk yo. Pou detant nou pran yo bon pou nou, se pou yo rete nan limit prensip biblik yo. Se sa k fè, anvan nou deside patisipe nan yon aktivite pou nou detann nou, nou dwe byen egzamine aktivite sa a. Lè n ap reflechi sou kalite aktivite nou vle fè pou n detann nou an, nou bezwen mande tèt nou: ‘Ki sa ki gen nan detant sa a? Èske se yon detant ki bon pou mwen oswa li pa bon pou mwen?’ ​(Pwo. 4:20-27). Lè n ap reflechi sou kantite tan nou ta dwe pase nan yon detant, mande tèt nou: ‘Konbyen tan m pral pase nan detant sa a? Èske detant sa a merite pou m pase tout tan sa a ladan l?’ ​(1 Tim. 4:8). Lè n ap reflechi sou moun n ap chwazi pou nou pran detant ansanm avèk yo, mande tèt nou: ‘Ak kiyès mwen pral pran detant sa a? Èske moun sa yo ap gen bon enfliyans sou mwen oswa y ap gen move enfliyans sou mwen?’ — Ekl. 9:18; 1 Kor. 15:33.

17, 18. a) Ki jan nou ka konnen si detant nou pran yo rete nan limit prensip biblik yo? b) Ki sa w detèmine pou w fè anrapò ak detant w ap chwazi pran yo?

17 Anrapò ak twa pwen nou sot egzamine nan atik sa a, si yon aktivite nou fè pou n detann nou pa rete nan limit prensip biblik yo, detant sa a pa bon pou nou. Yon lòt bò, si nou asire nou detant nou pran yo rete nan limit prensip biblik yo anrapò ak twa pwen sa yo, n ap onore Jewova e detant nou pran yo ap bon pou nou. — Sòm 119:33-35.

18 Kidonk, nan kesyon detant lan, annou bat pou nou fè bon chwa, pou nou pran detant nan bon moman e pou nou chwazi moun ki gen bon prensip pou nou detann nou ansanm avèk yo. Se pou nou tout pran detèminasyon pou nou suiv konsèy Bib la bay ki vin annapre a: “Kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye.” — 1 Kor. 10:31.

Èske w ka esplike?

Ki jan prensip ki nan vèsè ki vin apre yo kapab ede w chwazi detant k ap bon pou ou?

Filipyen 4:8.

Matye 6:33.

Pwovèb 13:20.

[Kesyon]

[Chema nan paj 9]

(Gade piblikasyon an)

Ki sa

[Chema nan paj 10]

(Gade piblikasyon an)

Ki lè

[Chema nan paj 12]

(Gade piblikasyon an)

Ak kiyès

[Foto nan paj 10]

Ki jan nou kapab suiv egzanp Jezi lè n ap chwazi zanmi nou ak aktivite nou fè pou n detann nou?