Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa pou m fè lè m gen yon kesyon sou yon bagay mwen li nan Bib la oswa lè m bezwen konsèy pou m rezoud yon pwoblèm mwen genyen?

Pwovèb 2:1-5 (NW) ankouraje nou chak pou nou ‘kontinye chèche’ entèlijans ak disènman kòmsi nou t ap chèche ‘trezò ki kache’. Sa mande pou nou fè efò pou nou jwenn repons pou kesyon nou gen sou Bib la e pou nou jwenn solisyon pou pwoblèm nou yo. Ki jan nou ka fè sa?

Nan paj 33-38 liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique la, gen yon chapit ki gen tit “Comment effectuer des recherches” ki montre diferan piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou k ap ede nou fè sa (Mat. 24:45). Nan paj 36 menm liv sa a, nou jwenn enfòmasyon k ap montre nou kòman pou nou itilize Index des publications Watch Tower a ki gen yon lis sijè ak yon lis vèsè ladan l. Lè n ap fè rechèch sou yon mo oswa sou yon vèsè, liv sa a ban nou yon lis piblikasyon ki gen enfòmasyon ladan yo ki kapab ede nou. Se pou n gen pasyans lè n ap chèche repons pou kesyon nou yo oswa lè n ap chèche konsèy. Pa bliye sa, se ‘trezò ki kache’ n ap chèche. Donk, sa mande tan ak efò.

Nòmalman, gen de sijè oswa vèsè ou pap jwenn enfòmasyon sou yo nan piblikasyon nou yo. Mete sou sa, menm lè esklav la bay esplikasyon sou yon vèsè, enfòmasyon li bay yo gendwa pa reponn kesyon w lan. Epitou, gen kèk pasaj nan Bib la ki fè w poze kesyon paske Bib la pa bay tout detay ou bezwen pou w konprann pasaj sa yo. Donk, ou pap jwenn repons pou tout kesyon w genyen. Nan ka sa a, ou pa dwe ap envante repons pou kesyon ki pa gen repons, pou w pa tonbe nan fè deba sou “kesyon pou moun fè rechèch olye pou [w] transmèt yon bagay ki soti nan Bondye, yon bagay ki gen rapò ak lafwa”. (1 Tim. 1:4; 2 Tim. 2:23; Tit 3:9.) Ni filyal la, ni syèj mondyal Temwen Jewova yo, pa kapab ni egzamine ni bay repons pou kesyon piblikasyon nou yo pa bay esplikasyon sou yo. Nou mèt kontan dèske Bib la ban nou ase enfòmasyon ki pou gide nou nan lavi a. Men, lè gen pasaj kote nou pa jwenn ase detay k ap pèmèt nou konprann yo, sa ban nou okazyon pou nou montre nou gen lafwa nan Moun ki te fè ekri Bib la. — Gade paj 185 pou rive nan paj 187 liv Approchez-vous de Jéhovah a.

E si malgre tout rechèch ou fè ou pa rive jwenn enfòmasyon oswa konsèy ou bezwen an? Ou kapab al pale ak yon kretyen ki gen matirite oswa ak yon ansyen nan kongregasyon w lan. Moun sa yo gen anpil konesans sou Bib la e yo gen lontan depi y ap viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Si w bezwen konsèy akoz yon pwoblèm ou genyen oswa ou bezwen pran yon desizyon, y ap ede w paske yo se moun ki rezonab, ki konnen w byen, ki la ansanm avè w e ki konnen sitiyasyon w. Mete sou sa, pa janm bliye priye Jewova sou pwoblèm ou yo ak bagay k ap enkyete w e pa janm bliye mande l pou l enfliyanse fason w panse pa mwayen lespri sen l “paske, se Jewova menm ki bay sajès [...] ak disènman”. — Pwo. 2:6, NW; Lik 11:13.