Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsèy ki saj pou moun ki selibatè ak moun ki marye

Konsèy ki saj pou moun ki selibatè ak moun ki marye

Konsèy ki saj pou moun ki selibatè ak moun ki marye

“M ap di nou sa [...] pou m ankouraje nou pou nou fè sa ki kòrèk e pou nou toujou sèvi Seyè a san nou pa distrè.” — 1 KOR. 7:35.

1, 2. Poukisa yon moun ta dwe chèche konnen ki konsèy Bib la bay pou moun ki selibatè ak moun ki marye?

PA GEN anpil bagay nan lavi a ki bay plis kè kontan pase relasyon fi ak gason. Sepandan, relasyon sa a konn bay fristrasyon oswa enkyetid. Pou nou byen jere santiman negatif sa yo, nou bezwen chèche direksyon nan men Bondye. Gen lòt sitiyasyon tou ki mande pou nou fè sa. Pa egzanp, gen kretyen ki kontan dèske yo selibatè e ki santi fanmi yo oswa zanmi yo ap fè presyon sou yo pou yo marye. Gen lòt kretyen ki gendwa byen anvi marye men ki poko ka jwenn moun pa yo a. Gen kèk moun menm ki bezwen konsèy sou fason pou yo prepare yo pou responsablite ki gen nan maryaj. Anplis, kit yon kretyen marye, kit li selibatè, li kapab tonbe nan imoralite seksyèl.

2 Nonsèlman pwoblèm sa yo kapab fè nou pèdi jwa nou, men tou yo kapab fè nou pèdi relasyon nou ak Jewova. Nan chapit 7 premye lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo, li te bay konsèy pou moun ki selibatè ak moun ki marye. Objektif apot Pòl se te ankouraje moun ki t ap li lèt sa a pou yo fè ‘sa ki kòrèk e pou yo toujou sèvi Seyè a san yo pa distrè’. (1 Kor. 7:35.) Kit nou selibatè, kit nou marye, pandan n ap egzamine konsèy Pòl te bay sou kesyon sa yo, eseye wè sitiyasyon nou kòm yon okazyon nou genyen pou nou sèvi Jewova pi byen.

Yon gwo desizyon chak moun dwe pran pou tèt yo

3, 4. a) Ki pwoblèm ki konn genyen lè zanmi oswa fanmi ap fè presyon sou yon moun pou l marye? b) Ki jan konsèy Pòl la kapab ede yon moun wè maryaj yon fason ki ekilibre?

3 Menm jan maryaj te gen anpil enpòtans nan sosyete juif la nan premye syèk la, jodi a tou, nan anpil peyi, maryaj gen anpil enpòtans. Gen yon laj yon gason oswa yon fi rive, si li pa marye, zanmi l oswa moun nan fanmi l ka santi yo oblije ba l kèk konsèy nan sans sa a. Yo ka ankouraje l fè plis efò pou l chèche gen yon mari oswa yon madanm. Gen moun ki gendwa atire atansyon l sou moun ki poko marye. Yo gendwa menm ap chèche kare l ak yon moun. Sitiyasyon sa yo kapab anbarase l, yo ka fè l pèdi amitye l ak lòt moun e yo ka fè l santi l mal.

4 Apot Pòl pa t janm fè presyon sou moun pou yo marye oswa pou yo rete selibatè (1 Kor. 7:7). Li te kontante l sèvi Jewova san l pa gen yon madanm avè l, men, li te respekte dwa lòt moun genyen pou yo marye. Jodi a tou, chak kretyen gen dwa pou yo deside pou tèt yo si y ap marye oswa yo pap marye. Lòt moun pa dwe fè presyon sou kretyen sa yo ni pou yo marye ni pou yo ret selibatè.

Ou kapab reyisi lavi w antanke selibatè

5, 6. Poukisa Pòl te ankouraje kretyen yo ret selibatè?

5 Nan pawòl Pòl te di kretyen Korent yo, li enteresan pou nou wè jan l te pale an byen de selibatè yo. (Li 1 Korentyen 7:8.) Byenke Pòl te selibatè, li pa t janm panse li pi bon pase moun ki marye yo, menm jan manm klèje lakretyente yo ki selibatè fè sa. Okontrè, apot Pòl te mete aksan sou yon avantaj anpil moun ki selibatè k ap preche bòn nouvèl la genyen. Ki avantaj sa a?

6 Souvan, yon moun ki selibatè k ap sèvi Jewova kapab aksepte yon asiyasyon, tandiske yon moun ki marye pa kapab aksepte asiyasyon sa a. Pòl te resevwa yon privilèj espesyal pou l vin “apot nasyon yo”. (Wom. 11:13.) Li Travay chapit 13 rive nan chapit 20, epi gade ki eksperyans Pòl ak misyonè yo te fè pandan yo t ap preche nan tèritwa moun potko preche e yo t ap fòme kongregasyon diferan kote. Jodi a, pa gen anpil moun ki rankontre difikilte Pòl te konn rankontre nan sèvis li t ap bay Jewova a (2 Kor. 11:23-27, 32, 33). Men, jwa li te jwenn nan fè disip pou Kris te ede l wè sa te vo lapenn pou l andire anba difikilte sa yo (1 Tes. 1:2-7, 9; 2:19). Si Pòl te gen madanm ak pitit, èske li t ap kapab fè tout sa l te fè yo? Li te gendwa pa kapab.

7. Pale de de Temwen Jewova ki pa marye ki pwofite sitiyasyon yo pou yo fè plis nan sèvis Jewova a.

7 Gen anpil kretyen ki selibatè ki pwofite sitiyasyon yo pou yo fè plis nan sèvis Jewova a. Sara ak Limbania, de sè pyonye nan peyi Bolivi ki selibatè, te deplase al nan yon vilaj kote Temwen Jewova yo te gen plizyè ane depi yo pa preche nan zòn nan. Èske sa te yon pwoblèm pou yo lefètke pa t gen kouran nan zòn sa a? Men sa yo te fè konnen: “Moun yo pa gen ni radyo ni televizyon, se sa k fè yo plis renmen li nan tan lib yo e anyen pa distrè yo lè y ap fè sa.” Kèk moun nan zòn nan te montre sè yo yon bann ansyen piblikasyon yo te kontinye ap li byenke gen lontan depi Temwen Jewova yo pa enprime piblikasyon sa yo ankò. Etandone nan prèske chak pòt sè nou yo te frape yo te jwenn moun ki enterese tande yo, li te difisil pou yo vizite tout kay ki nan tèritwa a. Gen yon granmoun fi ki te di yo: “Lafen an genlè toupre, paske, Temwen Jewova yo resi vin preche nou.” Sa pa t pran anpil tan pou kèk moun nan zòn nan te kòmanse asiste reyinyon yo.

8, 9. a) Poukisa Pòl te pale an byen de kretyen ki selibatè yo? b) Ki avantaj kretyen sa yo genyen?

8 Se sèten anpil kretyen ki marye jwenn bon rezilta tou lè y ap preche nan tèritwa ki difisil. Men, gen asiyasyon yon moun ki selibatè kapab aksepte ki kapab difisil pou yon moun ki marye oswa ki gen timoun. Pòl te wè posiblite ki te genyen pou moun nan kongregasyon yo nan premye syèk la fè plis pou bon nouvèl la. Li te vle pou tout moun nèt jwenn kè kontan menm jan avè l. Se sa k fè, li te pale an byen de moun ki t ap sèvi Jewova antanke selibatè.

9 Men sa yon sè selibatè ki pyonye, k ap viv Ozetazini, te ekri: “Gen kèk moun ki met nan tèt yo, yon moun ki pa marye pa ka gen kè kontan. Men, selon sa m wè, pou yon moun toujou gen kè kontan, sa depann de amitye l ak Jewova. Byenke rete selibatè se yon sakrifis, se yon kado ki vrèman estrawòdinè tou pou moun ki byen sèvi avè l.” Sè a te kontinye ekri: “Lè yon moun selibatè, sa pa ka anpeche l jwenn kè kontan, okontrè, sa ka ede l jwenn kè kontan. Yon bagay mwen konnen, sèke Jewova renmen tout moun, kit moun nan selibatè kit li marye.” Kounye a, sè sa a ap sèvi Jewova ak kè kontan yon kote ki bezwen plis pwoklamatè. Si w selibatè, èske w ka chèche pwofite libète w genyen an pou w fè plis nan travay fè disip la pou w ede lòt moun konn laverite? Ou menm tou, ou kapab konsidere sitiyasyon w antanke selibatè kòm yon kado Jewova ba ou ki gen anpil valè.

Pou selibatè ki anvi marye yo

10, 11. Ki jan Jewova soutni moun ki ta renmen marye men ki poko jwenn moun pa yo a?

10 Anpil sèvitè Jewova ki fidèl deside y ap marye apre yo fin pase kèk tan selibatè. Piske yo konsyan yo bezwen yon moun gide yo nan chwa y ap fè, yo mande Jewova èd pou yo jwenn yon bon mari oswa yon bon madanm. — Li 1 Korentyen 7:36.

11 Si w ta renmen marye ak yon moun ki vle sèvi Jewova ak tout kè l menm jan avè w, priye Jewova sou sa (Fil. 4:6, 7). Kèlkeswa tan sa kapab mande pou w tann, pa dezespere. Met konfyans ou nan Jewova, Bondye nou an ki gen lanmou, paske l ap ede w e l ap soutni w jan pou l soutni w lan. — Ebre 13:6.

12. Poukisa yon kretyen ta dwe byen reflechi lè yon moun mande l maryaj?

12 Yon kretyen selibatè ki anvi marye kapab jwenn yon moun ki mande l maryaj, men, moun sa a gendwa pa gen bon relasyon ak Jewova oswa li gendwa pa menm ap sèvi Jewova. Si sa rive w, sonje sa, pandan w selibatè a ou gendwa ap soufri paske w swaf marye, men si w mal marye soufrans lan ap pi rèd pou ou toujou. E yonfwa w fin marye, ou marye nèt, kit sa bon, kit sa pa bon (1 Kor. 7:27). Pa kite dekourajman fè w pran desizyon pou w marye apre sa pou w regrèt. — Li 1 Korentyen 7:39.

Prepare w pou sa w pral jwenn nan maryaj

13-15. Ki bagay ki kapab bay pwoblèm nan maryaj de moun k ap frekante dwe pale sou yo?

13 Byenke Pòl te ankouraje selibatè k ap sèvi Jewova yo pou yo kontinye sèvi Jewova antanke selibatè, li pa t mal wè moun ki te deside marye yo. Okontrè, grasa lespri sen Bondye, konsèy li yo ede moun ki marye yo fè fas ak pwoblèm ki gen nan maryaj yon fason pou maryaj yo dire.

14 Gen kèk moun ki bezwen chanje fason yo wè bagay yo. De moun k ap frekante gendwa panse pa gen de moun ki damou menm jan avèk yo, lanmou yo gen youn pou lòt la estrawòdinè, e se yon garanti yo pral viv ak kè kontan nan maryaj yo. Lè yo fèk marye yo konn ap reve, yo konn met nan tèt yo y ap toujou gen kè kontan nan maryaj yo. Men, fason yo panse a pa bon, paske se pa reyalite a sa. Lanmou ak afeksyon moun kapab jwenn nan maryaj kapab bay lajwa, men sa sèlman pa sifi pou ede moun marye yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn nan maryaj yo. — Li 1 Korentyen 7:28 *.

15 Anpil moun ki pa gen lontan depi yo marye sezi e yo menm desi lè yo wè moun yo marye avè l la pa gen menm pwennvi avèk yo sou yon seri bagay ki enpòtan. Yo kapab pa dakò sou fason pou yo depanse lajan yo, sou fason pou yo detann yo, sou ki kote yo pral viv ak konbyen fwa y ap gen pou vizite paran yo. Mete sou sa, yo chak gen defo pa yo ki kapab kontrarye lòt la. Lè de moun ap frekante, li fasil pou yo pase sou kesyon enpòtan sa yo, men, kesyon sa yo kapab bay gwo pwoblèm nan maryaj yo. L ap bon pou yo dakò sou kesyon sa yo anvan yo marye.

16. Poukisa de moun ki marye dwe dakò sou fason pou yo rezoud pwoblèm yo jwenn nan maryaj yo?

16 Pou tout bagay mache byen nan maryaj la e pou de moun ki marye jwenn kè kontan, yo dwe met tèt yo ansanm pou yo rezoud tout pwoblèm yo genyen. Yo dwe dakò sou fason pou yo disipline pitit yo e sou fason y ap pran swen paran yo lè paran yo vin granmoun. Presyon ak difikilte yo jwenn lè yo marye pa ta dwe met divizyon nan mitan yo. Lè yo aplike prensip ki nan Bib la, sa ap ede yo rezoud anpil pwoblèm, sa ap ede yo andire pwoblèm yo pa ka rezoud yo e sa ap ede yo jwenn kè kontan. — 1 Kor. 7:10, 11.

17. Pou ki “bagay nan monn nan” moun ki marye yo ap oblije enkyete yo?

17 Nan 1 Korentyen 7:32-34, apot Pòl pale de yon lòt reyalite ki gen nan maryaj. (Li vèsè yo.) Moun ki marye yo oblije “enkyete [yo] pou bagay monn nan”, tankou manje, rad, kote pou yo rete ak lòt bagay ankò ki pa gen rapò ak sèvis y ap bay Jewova a. Sa k fè sa? Lè yon frè te selibatè, li te gen posiblite bay tout li menm nan ministè a. Men yonfwa l fin marye, li bezwen itilize yon pati nan tan ak enèji li te konn bay nan ministè a pou l pran swen madanm li yon fason pou l fè madanm li plezi. Menm bagay la valab tou pou madanm nan. Lefètke Jewova saj, li konnen moun ki marye yo bezwen fè sa. Jewova konnen, pou yon maryaj reyisi, sa mande pou mari a ak madanm nan itilize yon pòsyon nan tan ak enèji yo te konn bay nan sèvis li lè yo te selibatè pou yo ka pran swen youn lòt.

18. Ki ajisteman moun ki marye yo ka bezwen fè anrapò ak tan ak enèji yo te konn itilize pou yo detann yo lè yo te selibatè?

18 Men se pa sa sèlman. Si de moun ki marye bezwen pran nan tan yo te konn pase nan sèvis Bondye a ak enèji yo te konn depanse nan sèvis sa a pou yo pran swen youn lòt, èske li pa nòmal pou yo fè menm bagay la anrapò ak tan ak enèji yo te konn envesti nan zanmi yo lè yo te selibatè? Ki jan yon madanm t ap santi l si mari l ta kontinye ap pase yon bann tan ak zanmi l nan fè spò? Ki jan yon mari t ap santi l si madanm li ta kontinye ap pase yon bann tan ap detann li ak zanmi l? Sa pa t ap pran anpil tan pou mari a oswa madanm nan santi l poukont li, pou kè l pa kontan, e pou l panse madanm li oswa mari l pa renmen l piske li pa pase tan ansanm avè l. Sa pap rive si moun ki marye yo fè tout sa yo kapab pou maryaj yo rete solid. — Efe. 5:31.

Jewova vle pou nou pwòp moralman

19, 20. a) Poukisa lè yon moun marye sa pa vle di li pap jwenn tantasyon pou l fè imoralite? b) Ki risk moun ki marye yo pran lè yo pase yon bann tan lwen youn lòt?

19 Sèvitè Jewova yo gen detèminasyon pou yo rete pwòp nan domèn moral. Gen kèk nan yo ki marye paske yo vle evite pwoblèm nan domèn sa a. Sepandan, maryaj pa otomatikman pwoteje moun ki marye yo kont imoralite. Nan tan biblik yo, vil ki te fòtifye yo te pwoteje moun ki t ap viv anndan vil sa yo akondisyon moun yo te rete anndan vil la. Si yon moun te soti deyò vil la pandan bandi t ap pase nan zòn nan, yo te kapab vòlè sa l genyen e yo te kapab menm touye l. Menm jan an tou, moun ki marye yo ap jwenn pwoteksyon pou yo pa tonbe nan imoralite seksyèl akondisyon yo rete nan limit Moun ki vin ak maryaj la ba yo nan domèn sa a.

20 Nan 1 Korentyen 7:2-5, Pòl te pale de limit kretyen yo genyen nan kesyon sèks. Se ak mari l sèlman yon madanm gen dwa gen relasyon seksyèl, e se menm bagay la tou pou mari a. Bondye atann pou toule de bay youn lòt sa yo “dwe” youn lòt la, anpalan de sèks. Sepandan, gen kèk moun marye ki konn pase yon bann tan san yo pa ansanm ak madanm yo oswa ak mari yo. Yo chak konn pran vakans sou bò pa yo, oswa yo konn lwen youn lòt akoz travay yo, sa ki konn fè yo pa bay youn lòt sa yo “dwe” l la. Imajine jan sa t ap tris si yon mari oswa yon madanm ki “manke metriz” ta fè adiltè akoz presyon monn Satan an ap fè sou li. Jewova beni chèf fanmi ki pran swen fanmi yo akondisyon yo pa mete maryaj yo an danje. — Sòm 37:25.

Avantaj nou jwenn lè nou obeyi prensip ki nan Bib la

21. a) Poukisa li difisil jodi a pou moun pran desizyon pou yo ret selibatè oubyen pou yo marye? b) Poukisa konsèy nou jwenn nan 1 Korentyen chapit 7 la itil nou?

21 Desizyon pou yon moun rete selibatè oubyen pou l marye, se youn nan pi gwo desizyon yon moun gen pou l pran. Piske tout moun enpafè, se sa ki lakòz pifò pwoblèm yo jwenn nan relasyon yo genyen youn ak lòt. Donk, menm moun ki gen favè Jewova ak benediksyon l jwenn pwoblèm nan lavi yo, kit yo selibatè, kit yo marye. Si w aplike bonjan konsèy ou jwenn nan 1 Korentyen chapit 7 la, w ap jwenn mwens pwoblèm. Nan je Jewova, w ap “byen fè”, kit ou selibatè, kit ou marye (Li 1 Korentyen 7:37, 38). Pi gwo objektif ou kapab genyen se chèche gen favè Bondye, paske, si w gen favè l, w ap gen posiblite jwenn lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo a. Lè sa a, gason ak fi pap gen pwoblèm youn ak lòt ankò piske yo pap gen presyon yo gen sou do yo jodi a.

[Nòt anba paj]

Èske nou ka reponn?

Poukisa nou pa dwe fè presyon sou lòt moun pou yo marye?

• Ki jan w kapab pi byen itilize tan w antanke selibatè k ap sèvi Jewova?

• Ki jan de moun k ap frekante kapab prepare yo pou pwoblèm ki gen nan maryaj?

• Ki sa k fè maryaj pa otomatikman pwoteje moun ki marye yo kont imoralite seksyèl?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Selibatè ki pwofite sitiyasyon yo pou yo fè plis nan sèvis Jewova a jwenn lajwa.

[Foto nan paj 16]

Ki ajisteman kèk kretyen ka bezwen fè apre yo fin marye?