Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’

‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’

‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’

“Senyè a chwazi m [...]. Li voye m ankouraje [“konsole”, NW] tout moun ki nan lafliksyon.” — EZA. (IZA.) 61:1, 2.

1. Ki sa Jezi te fè pou moun ki nan lafliksyon yo, e poukisa?

JEZI Kris te di: “Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” ​(Jan 4:34). Lè Jezi te sou tè a e li t ap fè travay Papa l te ba l fè a, li te konn imite bèl kalite Papa l yo. Youn nan kalite Jewova genyen yo se gwo lanmou pou moun (1 Jan 4:7-10). Apot Pòl te mete aksan sou youn nan fason Jewova montre lanmou pou moun lè l te di Jewova se “Bondye tout konsolasyon an”. (2 Kor. 1:3.) Jezi te montre li gen kalite lanmou sa a lè l te konn fè sa Bib la di nan pwofesi Izayi a. (Li Ezayi 61:1, 2.) Jezi te li pawòl ki nan pwofesi sa a lè l te nan sinagòg ki nan vil Nazarèt la e l te di pawòl sa yo te reyalize sou li (Lik 4:16-21). Pandan tout ministè Jezi sou tè a, lanmou li te gen pou moun te pouse l konsole moun k ap soufri yo. Li te ankouraje yo e li te fè yo santi yo anpè ak tèt yo.

2, 3. Poukisa disip Kris yo bezwen konsole lòt moun menm jan ak Jezi?

2 Tout disip Jezi yo bezwen konsole moun k ap soufri, konsa, y ap imite Jezi (1 Kor. 11:1). Men sa apot Pòl te di: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt.” ​(1 Tes. 5:11.) Jodi a, nou bezwen konsole lòt moun plis toujou piske lèzòm ap viv nan yon ‘tan ki di, e ki difisil pou moun sipòte’. (2 Tim. 3:1.) Tank jou ap pase, se tank moun ki sensè yo ap rankontre plis moun k ap pale e k ap aji yon fason ki lakòz yo gen gwo lapenn, kè yo ap fann e yo tris.

3 Anpalan de dènye jou sistèm mechan n ap viv ladan l jodi a, Bib la te di “moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye”. Kounye a, bagay yo vin pi mal toujou paske ‘moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam vin pi mal toujou’. — 2 Tim. 3:2-4, 13.

4. Ki jan bagay yo vin ye nan monn nan jodi a?

4 Tout bagay sa yo pa ta dwe fè nou sezi, piske Pawòl Bondye a di byen klè “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) “Lemonnantye” y ap pale de li nan vèsè sa a gen ladan l sistèm politik la, sistèm relijye a, sistèm komèsyal la ak tout mwayen ki genyen pou moun fè pwopagann. Pa gen dout nan sa, Labib gen rezon di Satan Ledyab se “chèf monn nan” e li se “dye sistèm sa a”. (Jan 14:30; 2 Kor. 4:4.) Bagay yo kontinye ap vin pi rèd sou tè a jodi a paske Satan an kòlè anpil, piske li konnen se yon tikras tan li rete anvan Jewova lage koukouwouj dèyè l (Rev. 12:12). Se pa ti konsole sa konsole nou dèske nou konnen talè konsa Bondye ap sispann tolere Satan ak sistèm li an ki mechan, e dèske Jewova pral bay Satan yon repons pou kesyon Satan te soulve konsènan Souvrènte Jewova a! — Jen., chap. 3; Jòb, chap. 2.

Y ap preche bon nouvèl la sou tout tè a

5. Ki jan pwofesi sou travay predikasyon an ap reyalize nan dènye jou n ap viv yo?

5 Nan epòk difisil n ap viv la, gen yon bagay Jezi te di k ap reyalize. Men sa l te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” ​(Mat. 24:14). Travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan ap fèt sou tout kò tè a yon fason li pa t janm konn fèt anvan sa. Jodi a, gen plis pase 7 500 000 Temwen Jewova nan plis pase 107 000 kongregasyon sou tout tè a k ap preche bon nouvèl Wayòm nan e k ap anseye moun yo konsènan Wayòm nan menm jan ak Jezi (Mat. 4:17). Grasa travay predikasyon nou an, moun k ap soufri yo jwenn bonjan konsolasyon. Sa k fè nou ka di sa? Pandan ane sèvis 2009 la ak ane sèvis 2010 la, te gen 570 601 moun ki te batize pou yo vin Temwen Jewova.

6. Ki sa w panse sou travay predikasyon an k ap etann li sou tout tè a?

6 Piske Temwen Jewova yo tradui piblikasyon y ap distribye yo nan plis pase 500 lang, sa ede nou wè jis nan ki pwen travay predikasyon an etann li sou tè a. Pa janm gen yon travay konsa ki te janm fèt nan tout istwa limanite. Lefètke pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a la, l ap travay e l ap gwosi konsa, sa vrèman estrawòdinè. San direksyon ak èd lespri sen Bondye, li t ap enposib pou yon bagay konsa fèt nan monn sa a Satan ap domine a. Grasa predikasyon bon nouvèl la k ap fèt sou tout kò tè a, nonsèlman frè ak sè nou yo jwenn konsolasyon grasa Bib la, men lòt moun ki aksepte mesaj Wayòm nan jwenn konsolasyon tou.

Ann konsole moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou yo

7. a) Poukisa nou pa dwe atann pou Jewova retire tout bagay k ap fè nou soufri kounye a? b) Ki jan nou fè konnen li posib pou nou andire pèsekisyon ak tribilasyon?

7 Nan monn sa a ki chaje ak mechanste ak soufrans, nou sèten n ap jwenn sitiyasyon k ap fè nou gen lapenn. Toutotan Bondye poko detwi sistèm sa a, ap toujou gen sitiyasyon ki lakòz nou nan lapenn e ki fè nou soufri. Annatandan, jan Labib te anonse sa, lè nou jwenn pèsekisyon, sa mete fidelite nou anvè Jewova anba eprèv piske n ap soutni Souvrènte l (2 Tim. 3:12). Men, grasa èd ak konsolasyon nou jwenn nan men Papa nou ki nan syèl la, n ap kapab andire anba tribilasyon ak pèsekisyon, e n ap kapab kenbe lafwa nou menm jan ak kretyen Bondye te chwazi pou y al nan syèl yo ki te nan kongregasyon Tesalonik nan tan lontan an. — Li 2 Tesalonisyen 1:3-5.

8. Ki prèv Bib la bay ki montre Jewova konn konsole sèvitè l yo?

8 Pa gen dout Jewova konsole sèvitè l yo lè yo bezwen sa. Pa egzanp, lè rèn Jezabèl, yon rèn ki te mechan, t ap chèche touye pwofèt Eliya, pwofèt la te dekouraje, li t al nan mawon e l te menm mande Bondye lanmò. Olye Jewova te reprimande Eliya, li te konsole l e li ba l kouraj pou l ka kontinye fè travay li antanke pwofèt (1 Wa 19:1-21). Nou ka wè ki jan Jewova konsole pèp li a, lè nou gade sa ki te pase kretyen yo nan premye syèk la. Pa egzanp, Labib pale de yon epòk kote “kongregasyon an te vin gen lapè toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari, e li te vin pran fòs”. Mete sou sa, “kòm kongregasyon an t ap mache nan lakrentif pou Jewova e li te jwenn konsolasyon grasa lespri sen, li te kontinye ap grandi”. (Tra. 9:31.) Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske nou menm tou nou jwenn “konsolasyon grasa lespri sen” Bondye!

9. Lè nou aprann konnen Jezi, poukisa sa kapab konsole nou?

9 Antanke kretyen, nou jwenn konsolasyon lè nou aprann konnen Jezi e lè nou suiv tras li. Men sa Jezi te di: “Vin jwenn mwen, nou tout k ap redi e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs pou nanm nou, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen bay la lejè.” ​(Mat. 11:28-30). Lè nou aprann ki jan Jezi te konn trete moun yon fason ki ankouraje yo e lè nou suiv bèl egzanp li, sa sèlman sifi pou soulaje nou nan sitiyasyon difisil nou kapab rankontre yo.

10, 11. Ki moun nan kongregasyon an ki kapab konsole moun?

10 Moun k ap sèvi Jewova ansanm avèk nou yo kapab konsole nou tou. Pa egzanp, ansyen yo nan kongregasyon an ede moun ki nan sitiyasyon ki difisil yo. Men sa disip Jak te ekri: “Èske gen yon moun pami nou ki malad [nan domèn espirityèl]? Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye pou li.” E ki èd moun sa a ap jwenn? “Lapriyè [ansyen] yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la refè, e Jewova ap leve l. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.” ​(Jak 5:14, 15). Sepandan, lòt moun ki nan kongregasyon an kapab konsole moun tou.

11 Dabitid, lè yon fi gen pwoblèm, li pi fasil pou l pale ak yon lòt fi sou pwoblèm li genyen yo. Sè ki pi aje yo e ki gen plis eksperyans yo pi byen plase pou yo bay jèn sè yo bon konsèy. Sè aje sa yo ki gen anpil matirite gendwa te viv sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon jèn sè yo. Piske yo konprann jèn sè yo e yo gen yon seri bèl kalite fi genyen natirèlman, yo anmezi pou yo ede yo. (Li Tit 2:3-5.) Byennantandi, ansyen yo ak nou tout ki nan kongregasyon an kapab “pale yon fason pou nou konsole moun ki tris” pami nou yo e nou dwe fè sa (1 Tes. 5:14, 15). Anplis, li bon pou nou sonje Bondye ap “konsole nou nan tout tribilasyon nou, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite tribilasyon”. — 2 Kor. 1:4.

12. Poukisa li enpòtan pou nou asiste reyinyon yo?

12 Youn nan pi bon fason pou nou jwenn konsolasyon se lè nou la nan reyinyon kongregasyon an kote nou jwenn ankourajman nan patisipasyon ki fèt yo ki baze sou Pawòl Bondye a. Labib di Jida ak Silas te “ankouraje frè yo ak anpil diskou”. (Tra. 15:32.) Frè ak sè yo nan kongregasyon an konn gen konvèsasyon ki ankouraje yo youn lòt anvan e apre reyinyon yo. Donk, menmsi gen sitiyasyon ki fè nou soufri, pinga nou izole tèt nou, paske se pa sa k ap ranje sitiyasyon an (Pwo. 18:1). Okontrè, l ap pi bon pou nou suiv konsèy apot Pòl te bay anba enfliyans lespri sen an kote l te di: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e n ap fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” — Ebre 10:24, 25.

Chèche konsolasyon nan Pawòl Bondye a

13, 14. Montre ki jan Ekriti yo kapab konsole nou.

13 Kit nou batize, kit nou fèk kòmanse aprann laverite sou Jewova ak objektif li yo, nou kapab jwenn bonjan konsolasyon nan Pawòl li fè ekri a. Men sa Pòl te ekri: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” ​(Wom. 15:4). Ekriti sakre yo kapab konsole yon moun epi fè l “vin kalifye nèt, pou l vin gen tout sa l bezwen pou l fè tout bon travay”. (2 Tim. 3:16, 17.) Lè nou konnen laverite sou objektif Bondye yo e nou gen yon bonjan espwa pou lavni, se sèten sa ap ban nou bonjan konsolasyon. Kidonk, annou byen itilize Pawòl Bondye a ansanm ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la ki kapab ede nou jwenn konsolasyon e ki kapab pote anpil lòt byenfè pou nou.

14 Jezi te konn sèvi ak Ekriti yo pou l anseye moun yo e pou l konsole yo, konsa li kite yon bèl egzanp pou nou. Yon lè, li te parèt devan de nan disip li yo apre rezirèksyon l e ‘li te byen esplike yo Ekriti yo’. Pandan li t ap pale avèk yo, sa li t ap di yo a te touche kè yo anpil (Lik 24:32). Apot Pòl te suiv bèl egzanp Jezi te bay la, ‘li te konn rezone avèk moun yo sou Ekriti yo’. Nan Bere, moun ki t ap koute l yo “te byen dispoze lè yo t ap resevwa pawòl la, e yo te konn byen egzamine Ekriti yo chak jou”. (Tra. 17:2, 10, 11.) Ala sa enpòtan pou nou li Labib chak jou e pou nou li piblikasyon nou yo ki la pou konsole nou e pou ban nou espwa nan moman difisil sa yo!

Lòt fason nou kapab konsole moun

15, 16. Bay kèk bagay nou ta kapab fè pou nou ede epi konsole frè ak sè nou yo.

15 Gen plizyè fason nou kapab ede moun k ap sèvi Bondye ansanm avèk nou yo, sa k ap pèmèt nou konsole yo. Pa egzanp, nou ta kapab al nan mache pou frè ak sè nou yo ki aje oswa ki malad. Nou ta kapab ede lòt moun fè travay lakay yo, konsa, n ap montre yo nou enterese nan yo (Fil. 2:4). Nou ta kapab felisite frè ak sè nou yo pou bèl kalite yo genyen tankou lanmou, kapasite yo genyen pou yo fè tèt yo travay, pou kouraj yo ak lafwa yo.

16 Pou nou konsole moun ki aje yo, nou kapab vizite yo epi pran san nou pou nou koute yo lè y ap esplike nou eksperyans yo te fè ak benediksyon yo jwenn nan sèvis Jewova a. Si nou fè sa, sa ka ankouraje nou e sa ka konsole nou. Nou kapab li yon pòsyon nan Bib la oswa yon pòsyon nan piblikasyon nou yo pou moun aje n al vizite yo. Petèt, nou ta kapab li atik etid Toudegad pou semèn nan oswa enfòmasyon yo pral egzamine nan Etid biblik kongregasyon an. Nou ta kapab gade yon DVD ki baze sou Labib avèk yo. Mete sou sa, nou ta kapab li oswa rakonte kèk eksperyans ankourajan ki soti nan piblikasyon nou yo.

17, 18. Antanke moun k ap sèvi Jewova fidèlman, poukisa nou mèt gen asirans l ap ede nou e l ap konsole nou?

17 Si nou remake gen yon frè nou oswa yon sè nou ki bezwen konsolasyon, nou kapab priye pou li (Wom. 15:30; Kol. 4:12). Pandan n ap debat anba pwoblèm lavi a e n ap chèche tout okazyon pou nou konsole lòt moun, nou kapab gen menm konfyans ak menm konviksyon ak salmis ki te ekri pawòl ki vin apre yo: “Renmèt sò ou nan men Senyè a, l’a kenbe ou fèm. Li p’ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo [...] tonbe.” ​(Sòm 55:22). Pa gen dout nan sa, Jewova ap toujou la pou l konsole moun k ap sèvi l fidèlman yo e l ap toujou la pou l ede yo.

18 Men sa Bondye te di moun ki t ap sèvi l nan tan lontan yo: “Se mwen menm menm k ap konsole nou.” ​(Iza. 51:12, NW). Jewova ap fè menm bagay la pou nou e l ap beni nou pou bon aksyon nou fè ak bon pawòl nou di pou nou konsole moun ki nan lafliksyon yo. Kit nou gen esperans pou n al nan syèl, kit nou gen esperans pou n viv sou tè a, nou tout kapab jwenn konsolasyon nan pawòl apot Pòl te di kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl menm jan avè l yo: “Se pou Jezi Kris li menm, wi, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki ban nou yon konsolasyon etènèl ak yon bèl esperans grasa favè san parèy la, konsole kè nou, e se pou yo fòtifye nou nan tout bon aksyon n ap fè ak nan tout bon pawòl n ap di.” — 2 Tes. 2:16, 17.

Èske nou sonje?

• Jis nan ki pwen travay n ap fè pou n konsole moun k ap soufri yo etann li?

• Bay kèk bagay nou kapab fè pou nou konsole lòt moun.

• Ki prèv Bib la bay ki montre Jewova konn konsole pèp li?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Èske w konsole moun ki nan lafliksyon yo?

[Foto nan paj 30]

Ni moun ki aje, ni moun ki jèn, kapab ankouraje lòt moun.