Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Kontinye veye” — Poukisa sa enpòtan?

“Kontinye veye” — Poukisa sa enpòtan?

“Kontinye veye” — Poukisa sa enpòtan?

“KI SIY k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” ​(Mat. 24:3). Jan Matye chapit 24, Mak chapit 13 ak Lik chapit 21 montre sa, pou Jezi te reponn kesyon sa a, li te bay disip li yo yon siy byen klè ki te gen anpil detay ladan l, yon siy moun t ap kapab rekonèt byen fasil kou yo wè l. Anplis de sa, Jezi te di yo “kontinye veye”. — Mat. 24:42.

Si siy lan t ap yon siy moun t ap rekonèt byen fasil, poukisa Jezi te bay konsèy sa a? Petèt gen de rezon pou sa. Premyèman, gen moun ki ta kapab kite kèk bagay fè yo distrè, sa ki ta kapab fè yo pa bay siy lan regle anyen pou yo, fè yo pèdi bon relasyon yo ak Bondye epi sispann veye. Dezyèmman, yon kretyen kapab wè kèk pati nan siy lan k ap reyalize, men piske yo pa reyalize nan zòn kote l ap viv la, li ka santi sa pa gen rapò avè l. Li ka menm panse “gwo tribilasyon” an, dènye pati nan siy Jezi te bay la, poko prèt ap vini e li pa nesesè pou li “kontinye veye” kounye a. — Mat. 24:21.

“Yo pa t remake anyen”

Jezi te pale ak disip li yo de moun ki t ap viv nan epòk Noye a. Moun yo nan epòk sa a pa t ka pa wè travay predikasyon Noye t ap fè a, gwo lach li t ap konstwi a ak vyolans ki te gaye toupatou. Sepandan, pifò nan moun sa yo “pa t remake anyen”, sa vle di, sa k t ap pase a pa t gen okenn enpòtans pou yo (Mat. 24:37-39). Jodi a tou, moun yo pa koute avètisman. Pa egzanp, gen pano siyalizasyon ki montre byen klè ak ki vitès chofè yo ta dwe kondui. Sepandan, anpil chofè pa bay pano sa yo regle anyen pou yo. Byen souvan, otorite yo santi yo oblije mete polis kouche nan lari pou yo fòse chofè yo ralanti. Menm jan an tou, yon kretyen kapab konnen siy ki montre n ap viv nan dènye jou yo, men aktout sa, li ka lage kò l nan yon seri aktivite ki montre li pa bay siy sa a regle anyen pou li. Se sa k te rive yon jèn sè ki rele Arielle, k ap viv ann Afrik delwès.

Arielle te renmen gade handball nan televizyon. Handball se yon spò yo jwe ak yon boul kote jwè yo itilize men yo. Lè lekòl li a te fòme yon ekip handball, li te tèlman anvi jwe nan ekip la, li te fèmen je l sou move enpak jwèt sa a te kapab genyen sou relasyon l ak Bondye. Li te antre nan ekip la kòm gadyen. Ki sa k te rive annapre? Men sa l esplike: “Gen kèk ti medam nan ekip mwen an ki te gen menaj yo ki te konn pran dwòg e ki te konn fimen. Yo te konn pran plezi sou mwen paske m pa t menm jan avèk yo, men mwen te panse mwen t ap ka jere sitiyasyon an. San m pa t rann mwen kont, jwèt la te kòmanse gate relasyon m ak Jewova. Se jwèt la sèlman ki te vin enterese m. Pandan reyinyon yo, byen souvan, mwen pa t ka konsantre sou sa yo t ap di yo paske se jwèt la ki te nan tèt mwen. Jwèt la te gen move enpak tou sou pèsonalite m antanke kretyen. Nonsèlman mwen te renmen jwèt la, men, mwen te vle pou m toujou genyen. Mwen te konn antrene anpil tèlman mwen te vin gen lespri konpetisyon, e m te vin strese anpil. Jwèt sa a te menm fè m pèdi zanmi m te genyen yo.”

Li te kontinye pou l di: “Sa ki te pi grav la, nan youn nan rankont yo, yo te bay ekip ki t ap jwe kont nou an choute yon penalite sou nou. Mwen te pare kò m pou m kenbe penalite a. Se gade m gade m wè mwen priye Jewova pou l ede m bloke boul la! Sa te fè m wè nan ki pwen relasyon m ak Jewova te febli. Ki sa m te fè pou m te ka rejwenn bon relasyon m te genyen ak Jewova a?”

Sè a te di: “Mwen te deja gade DVD Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie? * a. Mwen te deside gade DVD sa a ankò, epi pran konsèy ki ladan l yo oserye. Dayè, mwen te nan menm sitiyasyon ak André, jèn gason ki nan dram nan. Youn nan bagay mwen te plis sonje se konsèy yon ansyen te bay André. Li te di l pou l li Filipyen 3:8 epi reflechi sou sa l li a. Konsèy sa a te fè m kite ekip la.”

Apre sa, sè a di: “Tout bagay te retounen nan plas yo. Mwen te sispann gen lespri konpetisyon e mwen te sispann santi m strese. Mwen te santi kè m vin pi kontan e m te vin gen pi bon relasyon ak zanmi m te gen nan kongregasyon an. Mwen te vin bay aktivite espirityèl yo plis enpòtans. Mwen te konsantre pi plis sou sa y ap di nan reyinyon yo e kè m te vin kontan ankò lè m nan reyinyon yo. Mwen te vin pi aktif nan travay predikasyon an. Kounye a, mwen pran sèvis pyonye oksilyè detanzantan.”

Si gen yon bagay ki distrè w e ki soti pou l fè w pa okipe siy Jezi te ban nou an, menm jan ak Arielle, pinga w jwe ak sa. Ou kapab fè youn nan bagay ki vin apre yo: Fè rechèch nan Index des publications Watch Tower a ki tankou yon kat k ap ede nou jwenn trezò ki kache. W ap jwenn bon konsèy ak atik kote moun yo rakonte ki jan yo te andire anba tantasyon. Byen prepare tout reyinyon yo epi pran nòt yon fason pou w kapab byen pwofite reyinyon yo. Gen kèk moun ki rann yo kont lè yo chita nan premye ranje yo nan Sal Wayòm nan, sa ede yo suiv pi byen. Lè gen patisipasyon kote moun ka fè kòmantè, eseye fè kòmantè depi nan kòmansman patisipasyon an. Anplis de sa, si w konpare bagay k ap pase nan nouvèl yo ak kèk pati nan siy lan e ak lòt bagay Labib di moun t ap wè nan “dènye jou yo”, sa ap ede w rete je klè. — 2 Tim. 3:1-5; 2 Pyè 3:3, 4; Rev. 6:1-8.

“Se pou nou pare”

Siy dènye jou yo ap reyalize nan tout nasyon ki “sou tout tè a”. (Mat. 24:7, 14.) Gen plizyè milyon moun k ap viv nan kèk zòn sou tè a kote moun yo fin depafini anba maladi, grangou, tranblemanntè ak lòt evènman Labib te anonse. Yon lòt bò, gen anpil kote sou tè a kote moun yo plizoumwen ap viv nan lapè. Si okenn nan pati nan siy lan poko frape w pèsonèlman, èske sa ta dwe fè w panse gwo tribilasyon an poko prèt pou l rive? Li pa t ap bon pou w panse konsa.

Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou sa Jezi te anonse sou “epidemi ak rate manje”. (Lik 21:11.) Premyèman, li pa t di bagay sa yo t apral frape tout kote sou tè a anmenmtan oswa ak menm fòs. Olye de sa, li te fè konnen bagay sa yo t apral fèt “nan yon zòn apre yon lòt”. Kidonk, nou pa ta dwe atann pou menm evènman yo rive anmenmtan tout kote. Dezyèmman, yon ti tan apre Jezi te fin anonse ap gen rate manje, li te di gen kèk nan disip li yo ki t ap bezwen veye pou yo pa fè eksè nan manje. Men sa l te di: “Fè atansyon pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje.” ​(Lik 21:34). Se sa k fè, kretyen yo pa dwe atann pou chak pati nan siy lan reyalize nan zòn kote y ap viv la. Men sa Jezi te di: “Lè nou bagay sa yo ap rive, konnen wayòm Bondye a toupre.” ​(Lik 21:31). Jodi a, grasa pwogrè ki fèt nan domèn kominikasyon, nou kapab wè tout pati nan siy lan, menmsi tout pa reyalize nan zòn kote n ap viv la.

Yon lòt bagay nou bezwen sonje, sèke Jewova deja fikse ‘jou ak lè’ “gwo tribilasyon an” ap kòmanse a (Mat. 24:36). Dat sa a pap chanje kèlkeswa jan bagay yo ye sou tè a.

Men ki konsèy Jezi te bay kretyen yo kèlkeswa kote y ap viv: “Se pou nou pare.” ​(Mat. 24:44). Nou ta dwe toujou pare. Se vre nou pa kapab pase tout tan nou chak jou nan aktivite espirityèl yo. Dayè, pa gen nou youn ki konnen nan ki aktivite n ap ye lè gwo tribilasyon an kòmanse. Petèt gen nan nou se nan jaden n ap ye oswa n ap lakay nou ap fè travay (Mat. 24:40, 41). Donk, ki sa nou kapab fè pou nou pare?

Emmanuel ak Victorine ansanm ak sis pitit fi yo genyen yo ap viv ann Afrik. Tout pati nan siy lan pa reyalize kote y ap viv la. Yo deside pou yo pale sou bagay espirityèl chak jou pou yo ka pare pou gwo tribilasyon an. Men sa Emmanuel esplike: “Li pa t fasil pou nou jwenn yon lè ki bon pou tout moun. Finalman, nou te deside n ap fè l ant sizè ak sizè edmi nan maten. Apre nou fin egzamine tèks pou jounen an, nou prepare kèk paragraf nan youn nan piblikasyon y ap itilize nan reyinyon pou semèn nan.” Èske pwogram sa a ede yo rete je klè? Wi! Emmanuel se kowòdonatè gwoup ansyen nan kongregasyon l lan. Detanzantan Victorine pran sèvis pyonye oksilyè. Li deja ede plizyè moun vin sèvi Jewova. Pitit fi yo genyen yo kontinye ap fè bon pwogrè nan laverite.

Men konsèy Jezi ban nou: “Kontinye veye, rete je klè.” ​(Mak 13:33). Pinga w kite anyen distrè w epi fè w kabicha nan domèn espirityèl. Olye de sa, menm jan ak Arielle, se pou w suiv bonjan konsèy yo bay nan piblikasyon nou yo ak reyinyon nou yo. Menm jan ak Emmanuel ak fanmi l, bat pou w fè yon aktivite espirityèl chak jou. Sa ap ede w pare pou gwo tribilasyon an e sa ap ede w “kontinye veye”.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Se yon dram ki rakonte istwa yon jèn kretyen nan epòk nou an ki t ap goumen pou l fè sa ki byen nan je Jewova.

[Foto nan paj 4]

Lefètke Emmanuel ak fanmi l pale sou bagay espirityèl chak jou, sa ede yo ‘pou yo pare’.