Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen pran plezi sèvi Jewova

Mwen pran plezi sèvi Jewova

Mwen pran plezi sèvi Jewova

Dapre Fred Rusk

Byen bonè nan lavi m, mwen te viv verite ki nan pawòl David yo nou jwenn nan Sòm 27:10 la. Men sa vèsè a di: “Si sa ta rive pou papa m ak manman m kite m, Jewova li menm t ap ranmase m.” ​(NW). Kite m di nou ki jan pawòl sa yo te reyalize nan ka pa m.

MWEN grandi sou plantasyon koton granpapa m nan ki nan Jòji, Ozetazini, pandan gwo kriz ekonomik ki te fèt nan ane 30 yo. Lanmò manman m ak ti frè m nan ki te fèk fèt te toumante papa m anpil. Papa m te pati al dèyè travay nan yon vil ki lwen anpil. Li te kite m ak granpapa m ki te gen madanm li ki mouri. Annapre, li te fè demach pou m vin jwenn li, men sa pa t janm mache.

Se pi gran pitit fi granpapa m yo ki t ap okipe kay la. Byenke granpapa m pa t kwè nan Bondye, pitit fi l yo te kwè nan Bondye anpil e yo te egzije m viv selon règ legliz yo a. Se anba redi mwen te konn al legliz chak dimanch, yo te di m y ap bat mwen si m pa ale. Depi m te toupiti mwen pa t bay relijyon anpil enpòtans. Men, mwen te renmen lekòl ak spò.

Yon vizit ki te chanje lavi m

Nan ane 1941, yon aprèmidi, gen yon granmoun ak madanm li ki te vin lakay nou. Lè sa a mwen te gen 15 an. Yo te annik di m “se monnonk ou, li rele Talmadge Rusk”. Mwen pa t janm konn tande pale de li anvan sa, men, annapre mwen te vin aprann li menm ak madanm li se Temwen Jewova. Sa l te di konsènan objektif Bondye genyen pou lèzòm viv sou tè a pou toutan te vrèman diferan de sa m te konn tande nan legliz la. Pifò moun nan fanmi an te rejte sa yo te di a, yo te menm meprize l. Yo te defann yo vin lakay la. Men, matant mwen, ki te rele Mary e ki te gen twazan anplis mwen, te aksepte pran yon Bib ak plizyè piblikasyon ki te bay esplikasyon sou Bib la.

Byen vit, Mary te kwè toutbon li te jwenn laverite e li te batize pou l vin Temwen Jewova an 1942. Li te viv pawòl Jezi yo ki di: “Ènmi yon moun se pral moun lakay li.” ​(Mat. 10:34-36). Te gen gwo opozisyon nan fanmi an. Yon gran sè Mary, ki te gen gwo enfliyans nan zòn nan, te fè konplo ak majistra a pou yo mete monnonk Talmadge nan prizon. Yo te akize l kòmkwa li se yon moun k ap vann liv san otorizasyon, e yo te mete l nan prizon.

Jounal vil la te fè konnen majistra a, ki te jij vil la anmenmtan, te di moun ki te nan tribinal la: “Liv mesye sa a ap mache bay yo [...] menm jan ak pwazon.” Monnonk mwen an te fè apèl lajistis e li te genyen pwosè a, men li te gentan pase 10 jou nan prizon.

Fason matant Mary te ede m

Mary pa t kontante l pale sou verite li jwenn yo avè m sèlman, li te kòmanse preche vwazen yo tou. Mwen te akonpaye l nan yon etid Labib li t ap fè ak yon mesye ki te aksepte liv ki te rele Monn nouvo a (anglè) *. Madanm mesye a te di mari l te pase tout nuit lan ap li liv la. Aktout mwen pa t vle kouri antre tèt mwen nan okenn bagay ki gen rapò ak relijyon, mwen te twouve sa m t ap aprann yo enteresan. Sepandan, se pa plis sa Temwen Jewova yo t ap anseye ki chita sou Bib la ki te konvenk mwen yo se pèp Bondye, men se lefètke yo te jwenn opozisyon.

Pa egzanp, yon jou pandan mwen menm ak Mary te sot sakle tomat e nou t ap retounen lakay nou, nou te jwenn bonjan prèv ki montre sè Mary yo te boule piblikasyon l yo, san wete yon fonograf ak plak ki te gen mesaj biblik sou yo. Mwen te fache anpil. Youn nan matant mwen yo te di: “Ou gen pou w di n mèsi yon jou pou sa n fè a.”

An 1943, Mary te oblije kite kay la paske li te refize abandone lafwa l e paske li pa t vle sispann preche vwazen yo. Sepandan, mwen te kontan lefètke mwen te gentan aprann nonsèlman Bondye gen yon non, Jewova, men tou, li se yon Bondye ki gen lanmou ak konpasyon e ki pa boule moun nan yon dife lanfè. Byenke mwen potko asiste yon reyinyon, mwen te aprann tou Jewova gen yon òganizasyon ki gen lanmou ladan l.

Yon jou, pandan mwen t ap koupe gazon, gen yon machin ki t ap vin nan direksyon m tou dousman ak de mesye ladan l. Youn nan mesye yo te mande m si se mwen ki rele Fred la. Lè m te aprann yo se Temwen Jewova, mwen te di yo: “Kite m antre nan machin nan pou n al yon kote ki an sekirite pou nou pale.” Se Mary ki te fè aranjman pou yo te vin vizite m. Youn nan mesye yo te rele Shield Toutjian. Se te yon siveyan sikonskripsyon. Li te ankouraje m e li te ban m kèk bon konsèy nan moman mwen te plis bezwen sa. Piske m t ap defann kwayans Temwen Jewova yo, fanmi m te vin kont mwen kounye a.

Mary te ekri m detan li te Vijini, kote l t al abite a, e li te di m si mwen pran detèminasyon pou m sèvi Jewova, mwen mèt vin jwenn li. Menm kote a, mwen te deside al jwenn li. Nan ane 1943, yon vandredi aprèmidi, mwen te mete kèk bagay mwen te genyen nan yon bwat e mwen te mare bwat la nan yon pyebwa ki pa twò lwen lakay la. Nan samdi, m al pran bwat la, mwen pase nan yon wout dekoupe pou m al lakay yon vwazen e mwen pran yon woulib ki depoze m anba lavil. Apre sa, mwen vwayaje al Roanoke pou m al jwenn Mary lakay Edna Fowlkes.

Pwogrè espirityèl, batèm, Betèl

Edna te lwe yon gwo kay, nonsèlman li te pran matant Mary lakay li, men li te pran madanm frè l la ansanm ak de pitit fi li te genyen yo tou. Edna te gen konpasyon menm jan ak Lidi Bib la pale de li a e li te gen esperans pou l al nan syèl. Annapre, de pitit fi bèlsè Edna yo, Gladys ak Grace Gregory, te vin misyonè. Jodi a, Gladys gen 90 an e li toujou ap sèvi Jewova fidèlman nan filyal Japon an.

Pandan m t ap viv lakay Edna, mwen te asiste tout reyinyon yo regilyèman e mwen te jwenn fòmasyon nan travay predikasyon an. Lefètke mwen te lib pou m etidye Pawòl Bondye a e pou m asiste reyinyon yo, mwen te vin gen plis enterè pou bagay espirityèl yo, e ofiramezi mwen te santi m plis satisfè. Jou ki te 14 jen 1944 la, mwen te batize. Mary, Gladys ak Grace te pran sèvis pyonye e yo te aksepte al sèvi nan nò Vijini. Jewova te sèvi avèk yo pou l fòme yon kongregasyon nan Leesburg. Nan kòmansman ane 1946, mwen te kòmanse sèvi antanke pyonye nan yon lòt zòn ki te toupre yo a. Menm ete sa a, nou te vwayaje al asiste yon kongrè entènasyonal nan Cleveland, Ohio. Kongrè sa a te fèt 4 out pou rive 11 out. Se yon kongrè nou pap janm bliye.

Pandan kongrè a, Nathan Knorr, ki te alatèt òganizasyon an, te pale de pwojè ki te genyen pou yo agrandi Betèl Bwouklin nan. Yo te gen pwojè tou pou yo bati yon lòt bilding pou Betelit yo abite e pou yo agrandi enprimri a. Yo te bezwen anpil jèn frè. Mwen te di tèt mwen, se la m ta renmen sèvi Jewova. Mwen te ranpli yon fòmilè, e nan espas kèk mwa, nan jou ki te 1ye desanm 1946, mwen te antre nan Betèl.

Anviwon ennan apre m te fin antre nan Betèl, Max Larson, frè ki t ap sipèvize enprimri a, te vin kote m nan Sèvis kourye a. Li te fè m konnen yo voye m travay nan Biwo sèvis. Nan Biwo sa a, mwen te aprann anpil bagay sou fason pou yon moun aplike prensip biblik yo ak fason òganizasyon Bondye a fonksyone. Men, mwen te aprann plis bagay toujou lè m te vin ap travay ak T. J. (Bud) Sullivan, siveyan depatman an.

Papa m te vizite m plizyè fwa nan Betèl la. Li te vin kwè nan Bondye lè l te vin granmoun. An 1965, dènye fwa li te vizite m nan, li te di m: “Ou mèt vin vizite m, men, mwen menm, se dènye fwa m ap vizite w isit la.” Mwen t al vizite l plizyè fwa anvan l mouri. Li te kwè toutbon li pral nan syèl. Mwen espere li nan memwa Jewova, paske, si l nan memwa l, lè l resisite, li pap kote l te panse li t ap ye a, men l ap sou tè a e l ap gen esperans pou l gen lavi ki pap janm fini an nan Paradi a.

Lòt kongrè ak konstriksyon mwen pap janm bliye

Kongrè yo te toujou pèmèt nou fè anpil pwogrè nan domèn espirityèl. Kongrè entènasyonal ki te konn fèt nan Yankee Stadium, nan vil Nouyòk, nan ane 50 yo, te ede m pi plis toujou nan sans sa a. Nan ane 1958, nan Yankee Stadium ak nan Polo Grounds, nan youn nan sesyon yo, te gen 253 922 moun ki te soti nan 123 peyi. Gen yon bagay ki te pase nan kongrè sa a mwen pa gendwa janm bliye. Detan m te nan biwo kongrè a, frè Knorr te kouri vin kote m. Men sa l te di m: “Fred, mwen pa konn sa k pase, mwen te bliye asiyen yon frè pou pale ak pyonye yo ki nan yon sal yo konn fè resepsyon nou te lwe ki toupre a. Èske w ka kouri al ba yo yon bon diskou sou sijè ki vin nan tèt ou pandan w pral lòtbò a?” Mwen te priye anpil anvan m rive lòtbò a, e m te rive tou bouke.

Nan ane 1950 ak 1960, piske kantite kongregasyon yo te ogmante anpil yon sèl kou nan vil Nouyòk, kote yo te lwe pou fè Sal Wayòm yo pa t sifi. Se sa k fè soti nan ane 1970 pou rive nan ane 1990, yo te achte 3 bilding nan Manatann e yo te renove yo pou yo te ka jwenn kote ki apwopriye pou yo fè reyinyon. Lè komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm yo te reyini, se mwen ki te konn prezide reyinyon yo. Mwen gen anpil bèl souvni sou jan Jewova te vide benediksyon sou kongregasyon yo ki te met ansanm pou yo bay kontribisyon e pou yo fini bilding sa yo. Jis jounen jodi a, moun kontinye ap adore Jewova nan bilding sa yo.

Lavi m chanje

Yon jou, an 1957, pandan m t ap pase sou plas ki separe Betèl ak enprimri a pou m al travay, lapli te kòmanse tonbe. Mwen te wè yon bèl sè ki t ap mache devan m nan ki te fèk vin nan Betèl. Li pa t gen parapli, se sa k fè mwen te mande l antre anba parapli m nan. Se konsa mwen te rankontre Marjorie. Depi lè nou marye an 1960, nou kontinye ap sèvi Jewova ansanm ak kè kontan, kit se nan bon tan, kit se nan move tan. Nou te fete 50yèm ane maryaj nou an septanm 2010.

Nou potko menm sot nan lindemyèl lè frè Knorr te di m yo asiyen m pou m vin youn nan enstriktè Lekòl Gileyad yo. Ala yon bèl privilèj sa te ye! Soti nan ane 1961 pou rive nan ane 1965, te gen 5 klas ki te fèt ki te dire plis tan pase klas nòmal yo, e pifò moun ki te nan klas sa yo se te frè ki t ap sèvi nan Betèl e ki te vin pran yon fòmasyon espesyal pou yo aprann ki jan pou yo jere filyal yo. Nan otòn ane 1965, klas yo te vin dire 5 mwa ankò e yo te rekòmanse fòme misyonè.

An 1972, yo te retire m nan Lekòl Gileyad e yo te voye m nan Sèvis korespondans lan kote m t apral sèvi kòm siveyan. Rechèch mwen te konn fè pou m reponn yon seri kesyon e pou m rezoud yon seri pwoblèm te ede m konprann ansèyman ki nan Pawòl Bondye a pi byen e yo te ede m aplike prensip wo nivo Bondye yo pi byen pou m ka ede lòt moun.

Annapre, nan ane 1987, yo te asiyen m nan yon nouvo depatman ki rele Sèvis enfòmasyon ospitalye. Yo te òganize seminè pou montre ansyen ki fè pati Komite lyezon ospitalye yo fason pou yo abòde doktè, jij ak anplwaye leta yo pou yo pale avèk yo konsènan pwennvi nou sou kesyon san an ki baze sou Bib la. Doktè yo te konn bay timoun Temwen Jewova yo san san konsantman paran yo, e souvan tribinal yo te ba yo dwa fè sa. Se te yon gwo pwoblèm.

Lè yo te pwopoze doktè yo lòt mwayen pou yo opere san yo pa bay moun san, yo te konn di mwayen sa yo pa disponib oswa yo twò chè. Lè yon chirijyen di m sa, mwen te konn di: “Lonje men w tanpri.” Yon fwa l fin lonje men l, mwen te konn di: “Ou konn yon bagay, men w se pi bon mwayen ou genyen [pou w fè operasyon] k ap fè w pa bezwen sèvi ak san.” Konpliman sa a konn raple yo yon bagay yo te deja konnen: lè yon chirijyen byen sèvi ak bistouri l, sa fè pasyan yo pèdi mwens san.

Pandan 20 ane ki sot pase yo, Jewova te beni efò ki te fèt pou fòme doktè yo ak jij yo. Atitid yo chanje nèt lè yo pi byen konprann pozisyon nou. Doktè yo ak jij yo aprann gen rechèch ki pwouve gen lòt bagay doktè yo kapab itilize nan plas san an ki bon e gen anpil doktè ak lopital ki dakò pa bay san. Yo aprann tou, si yon moun pa vle pran san, yo kapab voye moun sa a bay doktè sa yo oswa nan lopital sa yo.

Depi 1996, Marjorie avè m ap travay nan Sant ansèyman Temwen Jewova ki nan Patèsonn nan, nan Nouyòk, ki a anviwon 110 kilomèt nan direksyon nò parapò ak Bwouklin. Mwen te travay nan Biwo sèvis pou yon ti tan, apre sa, mwen te pase yon tan ap bay frè ki nan filyal yo ak siveyan itineran yo fòmasyon. Sa gen 12 an depi m retounen ap sèvi antanke siveyan Sèvis korespondans biblik la. Yo te retire sèvis sa a Bwouklin e yo te voye l Patèsonn.

Difikilte ki vini avèk laj

Etandone kounye a mwen gen anviwon 85 an, li vin pi difisil pou m travay nan Betèl. Mwen gen plis pase 10 an depi m ap goumen ak yon kansè. Mwen santi m menm jan ak Izkiya, yon moun Jewova te pèmèt viv yon ti tan anplis (Iza. 38:5). Sante madanm mwen pa anfòm tou, li fè alzaymè, e mwen ede l jere maladi a. Marjorie te toujou montre l se yon sèvitè Jewova ki kalifye, li te ede plizyè jèn e li te yon èd pou mwen e yon konpay ki fidèl. Li te toujou yon bon etidyan Labib e yon bon anseyan. Anpil nan pitit espirityèl li yo kenbe kontak ansanm avèk nou.

Matant Mary mouri nan mwa mas 2010 la, li te gen 87 an. Li te konn anseye Bib la trè byen e li te ede lòt moun pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Li te pase anpil ane nan sèvis aplentan. Mwen gen anpil rekonesans pou sa l te fè pou l ede m konn verite ki nan Pawòl Bondye a e pou m te ka vin sèvi Jewova, Bondye ki gen lanmou an, menm jan avè l. Yo te antere Mary bò kot mari l, ki te sèvi antanke misyonè ann Izrayèl. Mwen gen konfyans yo nan memwa Jewova e y ap tann rezirèksyon an.

Lè m ap reflechi sou plis pase 67 an mwen genyen depi m ap sèvi Jewova, mwen rekonesan pou tout benediksyon mwen jwenn yo. Se tout plezi m pou m fè volonte Jewova! Piske mwen konte sou favè Bondye moun pa merite a, mwen espere ak tout kè m benefisye pwomès Pitit gason l lan fè a: “Nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa tè, poutèt non mwen, l ap resevwa plis pase sa lontan, e l ap jwenn lavi ki pap janm fini an.” — Mat. 19:29.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Yo te pibliye liv sa a ann anglè nan ane 1942, men yo pa enprime l ankò.

[Foto nan paj 19]

Nan ane 1928, nan plantasyon koton granpapa m nan ki nan Jòji, Ozetazini.

[Foto nan paj 19]

Matant Mary ak Monnonk Talmadge.

[Foto nan paj 20]

Mary, Gladys ak Grace.

[Foto nan paj 20]

Jou batèm mwen, 14 jen 1944.

[Foto nan paj 20]

Nan Betèl, nan Biwo sèvis la.

[Foto nan paj 21]

Ak matant Mary nan yon asanble entènasyonal nan Yankee Stadium an 1958.

[Foto nan paj 21]

Mwen menm ak Marjorie jou maryaj nou.

[Foto nan paj 21]

Mwen menm ak Marjorie an 2008.