Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou fòme gason yo pou yo chèche gen plis responsablite

Annou fòme gason yo pou yo chèche gen plis responsablite

Annou fòme gason yo pou yo chèche gen plis responsablite

“Yon moun yo enstwi kòrèkteman ap vin tankou mèt li.” — LIK 6:40.

1. Pandan ministè Jezi sou tè a, ki sa Jezi te fè pou l poze baz pou yon bèl kongregasyon?

MEN sa apot Jan te di nan fen Evanjil li te ekri a: “Anfèt, gen anpil lòt bagay ankò Jezi te fè. Si yo ta ekri yo tout an detay, mwen panse lemonnantye pa t ap kapab kenbe woulo yo t ap ekri yo.” ​(Jan 21:25). Pandan ti tan ministè Jezi a te dire sou tè a, Jezi te fè anpil bagay. Pami bagay sa yo, li te chèche gason, li te fòme yo epi li te òganize yo pou yo pran devan nan travay predikasyon an lè l t ava kite tè a. Lè l te tounen nan syèl la nan ane 33 epòk nou an, li te gentan poze baz pou yon bèl kongregasyon ki te vin gen plizyè milye moun ladan l byen rapid. — Tra. 2:41, 42; 4:4; 6:7.

2, 3. a) Poukisa kongregasyon an vrèman bezwen pou frè ki batize yo chèche jwenn plis responsablite? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Jodi a, gen plis pase sèt milyon Temwen Jewova nan plis pase 100 000 kongregasyon sou tout tè a k ap anonse mesaj Wayòm nan. Se sa k fè, menm nan epòk pa nou an, kongregasyon an bezwen gason ki pou pran devan nan aktivite espirityèl yo. Pa egzanp, kongregasyon an bezwen anpil ansyen. Yon gason k ap chèche jwenn privilèj sa a merite felisitasyon paske “se yon bèl travay li ta renmen genyen”. — 1 Tim. 3:1.

3 Sepandan, gason yo pa kalifye otomatikman pou yo jwenn privilèj nan kongregasyon an. Fòmasyon yon gason te jwenn nan monn nan oswa eksperyans li pa prepare l pou travay sa a. Pou yon gason sèvi kòm ansyen, li bezwen ranpli kondisyon Labib mande pou yon moun sèvi nan kongregasyon an. Sa vle di, anplis kapasite natirèl oswa eksperyans li genyen, li bezwen gen kalite espirityèl. Ki jan gason yo nan kongregasyon an ka jwenn èd pou yo vin kalifye? Jezi te di: “Yon moun yo enstwi kòrèkteman ap vin tankou mèt li.” ​(Lik 6:40). Nan atik sa a, n ap wè ki jan Jezi Kris, Mèt Anseyan an, te ede disip li yo vin kalifye pou yo jwenn plis responsablite e n ap wè ki leson nou ka aprann nan men l.

“Mwen rele nou zanmi”

4. Ki jan Jezi te montre li se zanmi disip li yo?

4 Jezi te trete disip li yo tankou zanmi, li pa t trete yo tankou moun ki te pi ba pase l. Li te konn pase tan avèk yo, li te konn rakonte yo sekrè li, e ‘li te fè yo konnen tout bagay li te tande Papa l di’. (Li Jan 15:15.) Imajine jan yo dwe te kontan lè l te reponn kesyon yo te poze l ki vin apre a: “Ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” ​(Mat. 24:3, 4). Li te konn fè disip li yo konnen sa l panse ak sa l santi. Pa egzanp, nan nuit yo te trayi l la, li te mennen Pyè, Jak ak Jan avè l nan jaden Jetsemane a kote l te priye ak tout kè l paske l te boulvèse. Twa apot yo gendwa pa t tande sa Jezi t ap di nan priyè l te fè yo, men, sandout yo te santi jan sitiyasyon an te difisil pou li (Mak 14:33-38). Anvan sa, aparans li te chanje devan twa apot sa yo. Reflechi sou enpak sa dwe te genyen sou yo (Mak 9:2-8; 2 Pyè 1:16-18). Relasyon sere Jezi te gen ak disip li yo dwe te ankouraje yo anpil lè yo te vin gen gwo responsablite sou do yo.

5. Ki sa ansyen yo ka fè pou yo fè lòt frè yo santi yo alèz avèk yo?

5 Menm jan ak Jezi, ansyen yo trete lòt moun nan kongregasyon an kòm zanmi e yo ede yo. Piske yo pran ka frè ak sè yo, sa fè yo gen bon relasyon avèk yo. Byenke ansyen yo konnen sa enpòtan pou yo kenbe kèk enfòmasyon konfidansyèl, yo pa moun ki pa vle moun konn afè yo. Yo fè frè ak sè yo konfyans e yo pataje verite yo aprann nan Bib la ak yo. Yo pa janm trete asistan ministeryèl yo kòm moun ki pi ba pase yo menmsi asistan ministeryèl yo ta pi jèn pase yo. Okontrè, yo konsidere yo kòm moun ki espirityèl, ki gen kapasite e k ap fè yon travay nan kongregasyon an ki gen anpil enpòtans.

“Mwen ban nou egzanp”

6, 7. Pale sou egzanp Jezi te kite pou disip li yo e di ki efè egzanp li te gen sou yo.

6 Byenke disip Jezi yo te renmen bagay espirityèl, pafwa, eksperyans yo te fè ak fason moun panse nan kominote yo te leve ladan l lan konn enfliyanse fason yo panse (Mat. 19:9, 10; Lik 9:46-48; Jan 4:27). Malgre sa, Jezi pa t konn plede ap di yo ki konpòtman yo dwe genyen, ni li pa t konn menase yo. Mete sou sa, li pa t konn mande yo fè anyen ki te twòp pou yo, ni li pa t konn di yo fè yon bagay li menm li pa t dispoze fè. Olye de sa, li te ba yo bon egzanp. — Li Jan 13:15.

7 Ki egzanp Jezi te kite pou disip li yo (1 Pyè 2:21)? Li te mennen yon vi ki senp ki te pèmèt li jwenn tan pou ministè l (Lik 9:58). Jezi te konn limit li e li te toujou anseye verite ki sot nan Bib la (Jan 5:19; 17:14, 17). Li te fasil pou moun pale avè l e li te janti. Tout sa li te fè se lanmou ki te pouse l fè l (Mat. 19:13-15; Jan 15:12). Egzanp li te bay te gen yon bon enfliyans sou apot li yo. Pa egzanp, Jak pa t fè lach lè yo t apral touye l, men, li te kontinye sèvi Bondye fidèlman jiskaske yo te touye l (Tra. 12:1, 2). Jan, li menm, te kontinye suiv egzanp Jezi fidèlman pandan plis pase 60 an. — Rev. 1:1, 2, 9.

8. Ki egzanp ansyen yo bay jèn gason yo ak lòt frè ak sè yo?

8 Ansyen ki renmen fè sakrifis pou frè ak sè yo, ki enb e ki renmen frè ak sè yo bay gason ki pi jèn yo yon bon egzanp (1 Pyè 5:2, 3). Mete sou sa, ansyen ki bay frè ak sè yo egzanp nan fason yo montre yo gen lafwa, nan fason yo anseye, nan fason yo obeyi prensip biblik yo ak nan fason yo preche bon nouvèl la gen satisfaksyon paske yo konnen lòt moun kapab imite lafwa yo. — Ebre 13:7.

‘Jezi ba yo lòd e li voye yo’

9. Ki jan nou fè konnen Jezi te fòme disip li yo pou yo te ka òganize travay predikasyon an?

9 Apre Jezi te fin pase anviwon dezan ap preche avèk zèl, li te etann aktivite sa a lè l te voye 12 apot li yo al preche. Sepandan, premye bagay li te fè, li te ba yo enstriksyon (Mat. 10:5-14). Pandan Jezi t apral fè yon mirak pou l bay yon foul ki te gen plizyè milye moun ladan l manje, li te fè disip li yo konnen ki jan li te vle yo òganize moun yo e ki jan li te vle yo distribye manje a (Lik 9:12-17). Jan nou kapab wè sa byen klè, Jezi te konn bay disip li yo fòmasyon grasa enstriksyon li te ba yo ki te klè. Fòmasyon sa a li te ba yo a ansanm ak enfliyans lespri sen te gen sou apot yo te pèmèt apot yo òganize yon gwo travay predikasyon ki te kòmanse nan ane 33 epòk nou an.

10, 11. Ki jan gason yo jwenn fòmasyon ofiramezi?

10 Jodi a, gason yo kòmanse jwenn fòmasyon depi lè yo aksepte etidye Labib. Nou kapab bezwen ede yo aprann li pi byen. Nou kontinye ba yo fòmasyon chak fwa nou fè etid yo. Lè yo kòmanse vin nan reyinyon yo regilyèman, yo kontinye pwogrese jiskaske yo vin enskri nan Lekòl ministè teyokratik e yo vin pwoklamatè ki poko batize. Apre sa, yo kontinye fè plis pwogrè toujou. Apre yo fin batize, pou nou kontinye ba yo fòmasyon, nou kapab envite yo vin fè antretyen nan Sal Wayòm nan. Avèk letan, ansyen yo kapab ede yo wè ki sa yo bezwen fè pou yo kalifye pou yo vin asistan ministeryèl.

11 Lè yon frè ki batize jwenn yon asiyasyon e gen yon ansyen k ap fòme l, ansyen sa a dwe kontan montre l ki sa òganizasyon an di e li dwe kontan ba li tout enstriksyon l ap bezwen. Frè y ap bay fòmasyon an dwe byen konprann ki sa l dwe fè. Si sa yon ti jan difisil pou l fè sa yo mande l fè a, ansyen an pa ta dwe kouri panse frè a pa kalifye pou sa. Okontrè, ansyen an ap pale avèk li avèk amou ak jantiyès sou pwoblèm nan e, yon lòt fwa ankò, l ap montre l ki sa l dwe fè e kòman l dwe fè l. Lè ansyen yo aji konsa e yo wè frè y ap bay fòmasyon an byen reyaji epi l jwenn lajwa lè l ap sèvi lòt moun, sa fè ansyen yo kontan. — Tra. 20:35.

“Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo”

12. Sa k fè Jezi te kapab bay bon konsèy?

12 Lè Jezi t ap fòme disip li yo, li te konn ba yo konsèy selon sa yo chak te bezwen. Pa egzanp, li te blame Jak ak Jan paske yo te vle fè dife sot nan syèl la tonbe sou kèk Samariten ki pa t resevwa Jezi (Lik 9:52-55). Lè Jak ak Jan te fè manman yo al mande Jezi pou l kite yo chita bò kote l nan Wayòm nan, men sa Jezi te di de mesye sa yo: “Chita adwat mwen oswa agoch mwen, se pa mwen menm ki gen pou bay sa. Men, plas sa yo se pou moun Papa m te prepare yo yo ye.” ​(Mat. 20:20-23). Jezi te toujou bay konsèy ki klè, ki t ap itil moun li bay konsèy la e ki chita sou prensip Bondye yo. Li te aprann disip li yo pou yo rezone sou baz prensip sa yo (Mat. 17:24-27). Jezi te rekonèt disip li yo gen limit e li pa t panse yo pap janm fè erè. Se lanmou li te gen pou yo ki te pouse l ba yo konsèy. — Jan 13:1.

13, 14. a) Kiyès ki bezwen konsèy? b) Bay kèk konsèy yon ansyen ta kapab bay yon frè ki pap pwogrese.

13 Tout gason k ap chèche gen plis responsablite nan kongregasyon an ap bezwen konsèy ki soti nan Bib la yon lè kanmenm. Pwovèb 12:15 di: “Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.” Men sa yon jèn frè di: “Pou mwen menm, se enpèfeksyon m ki te plis bay pwoblèm. Se konsèy yon ansyen te ban m ki te ede m.”

14 Lè ansyen yo remake gen yon frè ki pa ka pwogrese akoz yon konduit li genyen ki fè yo gen dout sou li, yo pran inisyativ pou yo ede l avèk dousè (Gal. 6:1). Pafwa, yon frè ka bezwen konsèy akoz yon defo li genyen nan pèsonalite l. Si yon frè parese, yon ansyen kapab ede l konprann Jezi te zele nan travay predikasyon Wayòm nan e li te bay disip li yo lòd pou yo fè disip (Mat. 28:19, 20; Lik 8:1). Si gen yon frè ki sanble renmen domine sou moun, yon ansyen kapab montre l Jezi te ede disip li yo wè enpòtans pou yo pa gen yon atitid konsa (Lik 22:24-27). E si yon frè gen tandans pa vle padone lòt moun? Egzanp esklav ki pa t vle anile dèt yon esklav parèy li te dwe l la alòske li menm yo te anile yon gwo dèt pou li a kapab ede frè sa a (Mat. 18:21-35). Lè yon frè bezwen konsèy, ansyen yo dwe ba li konsèy la nan premye okazyon yo jwenn nan. — Li Pwovèb 27:9.

“Egzèse w”

15. Ki jan fanmi yon frè kapab ede l sèvi lòt moun?

15 Ansyen yo pran devan nan bay frè yo fòmasyon k ap ede yo kalifye pou yo jwenn plis responsablite. Men, fanmi frè yo tou kapab ede yo nan sans sa a e yo dwe fè sa. Si yon frè deja ansyen, sa ap ede l si madanm li soutni l ak tout kè l e si pitit li yo pa egoyis. Si madanm li ak pitit li pa gen pwoblèm pou l pase tan ak lòt frè ak sè yo, sa ap ede l anpil pou l byen pran responsablite l. Si yo dispoze fè sakrifis konsa, sa ap fè ansyen an kontan anpil e lòt moun ap apresye sa. — Pwo. 15:20; 31:10, 23.

16. a) Kiyès ki dwe chèche jwenn plis responsablite nan kongregasyon an? b) Ki jan yon gason kapab chèche jwenn plis responsablite nan kongregasyon an?

16 Menmsi lòt moun kapab ede yon frè k ap chèche jwenn plis responsablite nan kongregasyon an, se frè a ki gen responsablite pou l fè sa. (Li Galat 6:5.) Nòmalman, se pa asistan ministeryèl yo sèlman ak ansyen yo ki kapab ankouraje yon moun fè tout sa l kapab nan ministè a. Sepandan, si yon frè ap chèche jwenn plis responsablite nan kongregasyon an, li bezwen fè efò pou l ranpli kondisyon Ekriti yo bay yo (1 Tim. 3:1-13; Tit 1:5-9; 1 Pyè 5:1-3). Si li ta renmen vin asistan ministeryèl oswa ansyen e yo poko nome l, li ta dwe eseye fè pwogrè nan domèn li bezwen fè sa. Sa ap mande pou l li Bib la regilyèman, pou l fè etid pèsonèl regilyèman, pou l medite seryezman, pou l priye ak tout kè l, e pou l patisipe avèk zèl nan travay predikasyon an. Si l fè tout bagay sa yo, l ap aplike konsèy Pòl te bay Timote a lè Pòl te di: “Egzèse w nan objektif pou w gen atachman pou Bondye.” — 1 Tim. 4:7.

17, 18. Ki sa yon frè batize kapab fè si l pa anvi chèche jwenn plis responsablite akoz enkyetid lavi a oswa paske li santi l pa kalifye?

17 E si yon frè nan kongregasyon an pa chèche jwenn plis responsablite akoz enkyetid li genyen oswa paske l santi li pa kalifye? Li t ap bon pou frè sa a reflechi sou kantite bagay Jewova ak Jezi fè pou nou. Labib di Jewova “pote chay nou pou nou” chak jou (Sòm 68:19). Kidonk, Papa nou ki nan syèl la kapab ede yon frè pou l gen responsablite nan kongregasyon an. Si yon frè pa asistan ministeryèl oubyen li pa ansyen, li bezwen reflechi. Rezon an, se paske òganizasyon Jewova a bezwen moun ki gen matirite ki dispoze aksepte plis responsablite. Si yon frè reflechi sou pwen sa yo, sa kapab ede l fè efò pou l konbat santiman li genyen kòmkwa li pa kalifye. Li kapab mande Bondye lespri sen l, toutpandan li pap bliye nan fwi lespri a gen lapè ak metriz, de kalite li bezwen pou l sispann gen enkyetid oswa pou l konbat santiman li genyen kòmkwa li pa kalifye a (Lik 11:13; Gal. 5:22, 23). Nou kapab gen konfyans Jewova ap beni tout moun ki gen bon entansyon e ki fè efò pou yo gen plis responsablite nan kongregasyon an.

18 E si yon frè ki batize pa santi li anvi gen plis responsablite nan kongregasyon an? Ki sa ki kapab ede frè sa a? Men sa apot Pòl te di: “Ann amoni ak sa ki fè [Bondye] plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.” ​(Fil. 2:13). Se Jewova ki fè yon moun anvi gen plis responsablite nan kongregasyon an, e se li ki kapab bay yon moun fòs grasa lespri sen l pou moun sa a ka fè plis nan sèvis sakre l ap bay Jewova a (Fil. 4:13). Mete sou sa, yon kretyen kapab mande Bondye ede l fè sa ki byen. — Sòm 25:4, 5.

19. Ki asirans vèsè ki di t ap gen ‘sèt chèf, menm uit’ la ban nou?

19 Jewova beni efò ansyen yo fè pou yo fòme lòt moun. Moun ki byen reyaji yo e ki chèche jwenn plis privilèj nan kongregasyon an jwenn benediksyon tou. Bib la ban nou asirans, nan mitan pèp Jewova a, t ap gen ‘sèt chèf, menm uit’, sa vle di gason ki gen kapasite, ki t ap gen pou yo pran latèt nan òganizasyon Jewova a (Mi. (Mika) 5:5). Ala yon benediksyon sa ye lefètke gen tout frè sa yo ki enb ki jwenn fòmasyon e k ap chèche jwenn plis privilèj nan òganizasyon Jewova a pou glwa Jewova!

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan Jezi te ede disip li yo vin kalifye pou yo jwenn plis responsablite?

• Menm jan ak Jezi, ki jan ansyen yo kapab ede frè yo jwenn plis responsablite?

• Ki wòl fanmi yon frè jwe nan ede frè a jwenn plis responsablite?

• Ki sa yon frè kapab fè lè l ap chèche jwenn plis responsablite?

[Kesyon]

[Foto nan paj 31]

Ki fòmasyon ou kapab bay etidyan w yo pandan y ap chèche pwogrese?

[Foto nan paj 32]

Ki jan gason yo montre y ap chèche jwenn plis responsablite nan kongregasyon an?