Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mache selon lespri pou nou ka jwenn lavi ak lapè

Annou mache selon lespri pou nou ka jwenn lavi ak lapè

Annou mache selon lespri pou nou ka jwenn lavi ak lapè

‘Mache selon lespri, men pa mache selon lachè.’ — WOM. 8:4.

1, 2. a) Ki sa k kapab rive yon moun ki distrè pandan l ap kondui? b) Ki sa k ka rive yon moun si l pa veye sou relasyon l ak Jewova?

SELON moun ki sekretè transpò nan peyi Etazini an, “gen anpil chofè ki distrè lè y ap kondui, e sanble sitiyasyon an ap vin pi mal chak ane”. Telefòn selilè se youn nan bagay ki konn fè yon moun k ap kondui pa konsantre sou sa l ap fè a. Selon yon ankèt, sou chak twa moun yo te entèvyouwe, gen youn ladan yo machin te frape oswa machin te manke frape paske chofè a t ap itilize yon telefòn selilè. Yon moun kapab panse li byen sèvi ak tan l lè l fè plizyè bagay anmenmtan pandan l ap kondui, men gen gwo danje nan sa.

2 Konsa tou, si nou pa fè atansyon, nou kapab pa wè danje ki menase relasyon nou ak Jewova. Menm jan yon chofè ki distrè pa wè danje ki sou wout li, se menm jan an tou li fasil pou yon moun tonbe nan pwoblèm si l pa veye sou relasyon l ak Bondye. Si nou kite kous n ap kouri ladan l lan antanke kretyen e nou abandone aktivite ki gen rapò ak sèvis n ap bay Jewova a, sa kapab fè lafwa nou fè nofraj (1 Tim. 1:18, 19). Nan konsèy apot Pòl te bay kretyen parèy li yo ki t ap viv nan vil Wòm, li te avèti yo kont danje sa a. Li te di yo: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò, men moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè.” ​(Wom. 8:6). Ki sa Pòl te vle di? Ki jan nou kapab evite “fikse panse [nou] sou lachè” e ki jan nou kapab kontinye “fikse panse [nou] sou lespri”?

“Pa gen kondanasyon” pou yo

3, 4. a) Ki lit Pòl t ap mennen? b) Poukisa sitiyasyon Pòl la ta dwe enterese nou?

3 Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo, li te pale yo de yon lit ki te genyen ant lachè l ak lespri l. (Li Women 7:21-23.) Pòl pa t di sa pou l te ka jistifye tèt li oswa paske li t ap plenyen sou sò l kòmkwa chay li t ap pote akoz peche a te twòp pou li. Dayè, li te yon kretyen ki gen matirite, yon moun Bondye te chwazi pou l al nan syèl e pou l te vin “apot nasyon yo”. (Wom. 1:1; 11:13.) Donk, poukisa apot Pòl te ekri sou lit li t ap mennen an?

4 Pòl te rekonèt ak tout kè l li pa t kapab fè volonte Bondye poukont li jan li te vle a. Ki sa k te fè sa? Men sa l te di: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete kalite Bondye yo ki estrawòdinè.” ​(Wom. 3:23). Antanke desandan Adan, Pòl te enpafè e peche te gen efè sou li. Nou kapab konprann sa Pòl te vle di paske nou menm tou nou enpafè e chak jou n ap mennen menm lit li te mennen an. Mete sou sa, gen anpil bagay ki kapab fè nou distrè e ki kapab fè nou kite ‘wout ki jennen ki mennen nan lavi a’. (Mat. 7:14.) Sepandan, Pòl pa t sanzespwa, e nou menm tou nou pa sanzespwa.

5. Ki kote Pòl te jwenn èd ak soulajman?

5 Men sa Pòl te mande: “Kiyès ki pral delivre m?” Li te kontinye pou l di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” ​(Wom. 7:24, 25). Apre sa, li te pale ak kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki “ann inyon ak Kris Jezi”. (Li Women 8:1, 2.) Jewova adopte kretyen sa yo pa mwayen lespri sen l e li rele yo pou yo vin “gen menm eritaj ak Kris”. (Wom. 8:14-17.) Lespri Bondye ak lafwa yo gen nan sakrifis ranson Kris la ede yo ranpòte laviktwa nan lit Pòl te pale de li a, se sa k fè “pa gen kondanasyon” pou yo. Yo libere anba “lwa peche ak lanmò a”.

6. Poukisa tout moun k ap sèvi Bondye bezwen konprann pawòl apot Pòl te ekri yo?

6 Menmsi se ak kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo Pòl t ap pale, sa l te di sou lespri Bondye ak sakrifis ranson Kris la bon pou tout moun k ap sèvi Jewova, kèlkeswa esperans yo genyen. Byenke Bondye te fè Pòl ekri konsèy sa a pou kretyen ki pral nan syèl yo, li enpòtan pou tout sèvitè Bondye yo konprann sa l te ekri a e pou yo fè tout sa yo kapab pou yo suiv konsèy li te bay la.

Fason Bondye “kondane peche ki nan lachè a”

7, 8. a) Nan ki sans “lachè te rann [Lalwa] fèb”? b) Ki sa Bondye te reyalize pa mwayen lespri sen l ak ranson an?

7 Nan chapit 7 liv Women an, Pòl te rekonèt pouvwa peche genyen sou lachè ki enpafè. Nan chapit 8 la, li pale de pouvwa lespri sen genyen. Apot la te esplike ki jan lespri Bondye kapab ede kretyen yo nan lit y ap mennen kont pouvwa peche genyen an yon fason pou yo ka viv ann amoni ak volonte Jewova e pou yo kapab gen apwobasyon l. Pòl te montre Bondye te itilize lespri sen l ak sakrifis ranson Pitit gason l lan pou l fè yon bagay Lalwa Moyiz la pa t kapab fè.

8 Lalwa ak tout kòmandman ki te ladan l yo te kondane tout moun ki peche. Mete sou sa, gran prèt yo ann Izrayèl, ki te sou Lalwa, te enpafè e yo pa t kapab ofri yon sakrifis ki te kapab efase peche nèt. Se sa k fè, “lachè te rann [Lalwa] fèb”. Men, “lè [Bondye] te voye pwòp Pitit li a nan yon kò ki sanble ak kò peche a” e li te ofri l kòm yon ranson, Bondye te “kondane peche ki nan lachè a”, konsa, li fè “sa Lalwa pa t kapab fè a”. Kòm rezilta, Bondye deklare kretyen l chwazi pou y al nan syèl yo jis sou baz lafwa yo nan sakrifis ranson Jezi a. Pòl te ankouraje yo pou yo pa ‘mache selon lachè men pou yo mache selon lespri’. (Li Women 8:3, 4.) Men, pou yo ka jwenn “kouwòn lavi a”, yo dwe rete fidèl jiskaske yo fini kous yo sou tè a. — Rev. 2:10.

9. Ki sans mo “lwa” yo itilize nan Women 8:2 a genyen?

9 Nonsèlman Pòl te pale de “Lalwa”, li te pale tou de “lwa lespri” a ansanm ak “lwa peche ak lanmò a”. (Wom. 8:2.) Ki sa lwa sa yo ye? “Lwa” Pòl t ap pale de li la a pa yon seri règ moun dwe suiv, tankou règ ki te nan Lalwa Moyiz la. Men sa yon liv di sou mo sa a: “Mo grèk lè yo tradui l yo mete lwa pou li la a vle di yon bagay ki anndan yon moun ki fè moun nan swa aji byen swa aji mal. Mo sa a vle di tou prensip yon moun suiv nan lavi l.”

10. Ki jan lalwa peche ak lanmò a domine sou nou?

10 Men sa apot Pòl te ekri: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” ​(Wom. 5:12). Piske nou se desandan Adan, nou tout nou esklav lalwa peche ak lanmò a. Se tout tan lachè nou ki enpafè ap pouse nou fè bagay ki pa fè Bondye plezi, bagay ki kapab lakòz nou pèdi lavi nou. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Galat yo, li te rele aksyon konsa ak tandans konsa “zèv lachè”. Annapre, li te di: “Moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye wayòm Bondye a.” ​(Gal. 5:19-21). Moun k ap pratike bagay sa yo se moun k ap mache selon lachè (Wom. 8:4). ‘Bagay ki anndan yo ki pouse yo aji a’ se lachè nèt ki enfliyanse l e se sou baz lachè yo chwazi ‘prensip pou yo suiv nan lavi yo’. Men, èske se sèlman moun ki fè fònikasyon, ki nan idolatri ak moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri oswa k ap pratike lòt gwo peche ankò k ap mache selon lachè? Repons lan se non! Paske, zèv lachè yo gen ladan yo tou sa kèk moun gendwa annik pran kòm yon senp defo yo gen lakay yo, tankou jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit ak anvi. Ki moun ki kapab di li sispann mache selon lachè nèt?

11, 12. Ki sa Jewova te bay pou l ede nou soti anba lalwa peche ak lanmò a, e ki sa nou dwe fè pou nou gen favè Bondye?

11 Se pa ti kontan nou ta dwe kontan dèske Jewova te fè l posib pou nou soti anba lalwa peche ak lanmò a! Jezi te di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan [Pitit li a] pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” Lè nou aksepte lanmou Jewova e nou demontre nou gen lafwa nan sakrifis ranson Jezi Kris la, n ap kapab soti anba kondanasyon peche Adan an lage sou nou (Jan 3:16-18). Konsa, nou kapab santi nou menm jan ak Pòl ki te di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!”

12 Nou nan menm sitiyasyon ak yon moun ki malad grav k ap suiv yon tretman. Si nou bezwen geri nèt, nou dwe fè tout sa doktè a mande nou fè. Byenke lafwa nou genyen nan ranson an libere nou anba lalwa peche ak lanmò a, nou toujou enpafè e nou toujou gen tandans fè peche. Donk, pou nou rive gen bon relasyon ak Bondye e pou nou jwenn favè l ak benediksyon l, gen yon bagay nou bezwen fè. Apot Pòl te montre nou bezwen mache selon lespri a yon fason pou n ka fè sa “Lalwa mande yo ki jis”.

Ki sa k ap ede nou mache selon lespri?

13. Ki sa sa vle di pou nou mache selon lespri?

13 Lè n ap mache pou n al yon kote, se chak pa nou fè k ap mennen nou pi pre kote n prale a. Konsa tou, pou yon moun mache selon lespri, sa mande pou l toujou ap fè pwogrè nan sèvis Jewova a, men, sa pa vle di moun sa a pap janm fè erè (1 Tim. 4:15). Chak jou, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou mache selon lespri, sa vle di pou nou kite l gide lavi nou. Si nou “viv selon lespri a”, n ap gen favè Bondye. — Gal. 5:16.

14. Ki tandans moun k ap “mache selon lachè yo” genyen?

14 Annapre, nan lèt Pòl te ekri Women yo, li te pale de de gwoup moun ki pa panse menm jan. (Li Women 8:5.) Lachè yo pale de li nan Women 8:5 lan pa gen rapò otomatikman ak kò moun. Nan Bib la, mo lè yo tradui l yo mete “lachè” pou li a konn vle di tandans lòm genyen pou l peche. Se tandans sa a ki lakòz lit ki genyen ant lachè ak lespri a, lit apot la te pale de li anvan an. Kontrèman ak Pòl, moun k ap “mache selon lachè” yo pa menm fè efò pou yo lite kont tandans sa a. Olye yo fè sa Bondye mande yo fè epi aksepte èd li bay la, yo gen tandans “fikse panse yo sou bagay lachè”. Souvan, sa k nan tèt yo se chèche konfò materyèl epi satisfè move dezi yo genyen. Yon lòt bò, moun k ap “mache selon lespri” yo gen tandans fikse panse yo sou “bagay lespri” yo, sa vle di tout sa Jewova ban nou k ap ede nou gen bon relasyon avè l, san wete aktivite nou antanke kretyen.

15, 16. a) Lè yon moun fikse panse l sou yon bagay, ki enfliyans sa ka genyen sou panse l? b) Ki sa n kapab di sou sa ki nan lespri pifò moun jodi a?

15 Li Women 8:6. Kèlkeswa sa yon moun ap fè, kit se yon bon bagay, kit se yon move bagay, fòk li fikse panse l sou bagay sa a anvan l rive fè l. Moun ki toutan ap fikse panse yo sou bagay lachè, towouta y ap vin gen tandans konsantre panse yo sèlman sou bagay lachè. An jeneral, se bagay lachè sèlman ki enfliyanse opinyon yo, ki enterese yo, e se pou bagay sa yo yo gen afeksyon.

16 Ki sa k enterese pifò moun jodi a? Men sa apot Jan te ekri: “Tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv, pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan.” ​(1 Jan 2:16). Dezi sa yo gen ladan yo bagay tankou mennen vi lib, chèche gen gwo pozisyon, epi ranmase bagay materyèl. Liv, revi, jounal, fim, pwogram televizyon ak Entènèt chaje ak bagay sa yo paske se sou bagay sa yo pifò moun plis fikse panse yo, e se bagay sa yo menm y ap chèche. Men, Labib di “moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò”, sa vle di depi kounye a yo kapab pèdi relasyon yo ak Jewova e pi devan y ap pèdi lavi yo. Poukisa? Men repons Bib la bay: “Moun ki fikse panse yo sou lachè vin ènmi Bondye, paske lachè pa soumèt anba lwa Bondye. An reyalite, li pa ka soumèt anba l. Kidonk, moun k ap mache selon lachè pa ka fè Bondye plezi.” — Wom. 8:7, 8.

17, 18. Ki jan nou ka kontinye fikse panse nou sou lespri a, e ki sa n ap jwenn si nou fè sa?

17 Yon lòt bò, “moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè”, sa vle di, depi kounye a, y ap anpè ak Bondye, e alavni y ap jwenn lavi ki pap janm fini an kote yo pral viv ak kè poze. Ki jan nou ka kontinye “fikse panse [nou] sou lespri” a? N ap rive fè sa lè nou toujou fikse panse nou sou bagay lespri yo e lè nou kite bagay ki gen rapò ak relasyon nou ak Bondye vin gen plis enpòtans pou nou. Lè nou fè sa, se soumèt nou “soumèt [nou] anba lwa Bondye” yo e nou “mache selon” panse Bondye. Lè nou jwenn tantasyon, n ap konn ki sa pou n fè. N ap anvi pran desizyon ki ann akò ak lespri a.

18 Kidonk, li enpòtan pou nou fikse panse nou sou bagay lespri yo. N ap fè sa lè nou “prepare lespri nou pou nou aji”, lè nou santre lavi nou sou aktivite ki gen rapò ak relasyon nou ak Bondye tankou priye regilyèman, li Labib, etidye Labib, asiste reyinyon yo epi patisipe nan travay predikasyon an (1 Pyè 1:13). Olye nou kite bagay lachè yo fè nou distrè, annou kite panse nou fikse sou bagay lespri yo. Konsa, n ap kontinye mache selon lespri a. Si nou fè sa, n ap jwenn anpil benediksyon, paske, lè nou fikse panse nou sou lespri a, n ap jwenn lavi ak lapè. — Gal. 6:7, 8.

Èske w ka esplike?

• Ki sa “Lalwa pa t kapab fè a”, e ki sa Bondye te fè pou sa?

• Ki sa “lalwa peche ak lanmò” a ye, e ki jan nou kapab soti anba l?

• Ki sa nou dwe fè pou nou kontinye “fikse panse [nou] sou lespri” a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12, 13]

Èske w ap mache selon lachè oubyen w ap mache selon lespri?