Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede gason yo fè pwogrè espirityèl

Ede gason yo fè pwogrè espirityèl

Ede gason yo fè pwogrè espirityèl

“Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.” — LIK 5:10.

1, 2. a) Ki jan gason yo te reyaji devan mesaj Jezi t ap preche a? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

PANDAN Jezi ak disip li yo t ap preche nan Galile, yo te monte sou yon bato pou yo t al yon kote yo t ap kapab poukont yo. Men, foul yo te suiv yo apye. Moun ki te vini yo te “anviwon 5 000 gason, san konte fi ak timoun”. (Mat. 14:21.) Nan yon lòt okazyon, te gen yon foul moun ki te pwoche bò kot Jezi paske moun yo te vle pou l geri yo e pou yo koute l k ap pale. Nan foul sa a te gen “4 000 gason [...], san konte fi ak timoun piti”. (Mat. 15:38.) Kòm nou kapab wè sa, te gen anpil gason pami moun ki te konn al jwenn Jezi e ki te enterese nan sa l t ap anseye yo. Jezi te atann pou plis moun toujou enterese nan sa l t ap anseye yo, paske, apre li te fin fè yon mirak ki te pèmèt kèk nan disip li yo jwenn pwason, li te di Simon: “Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.” ​(Lik 5:10). Nan yon sans senbolik, disip li yo t ap gen pou yo lage filè yo nan lanmè limanite a, e pami moun yo t ap “pran” yo, t ap gen gason ladan yo.

2 Jodi a tou, gason yo enterese nan mesaj n ap preche ki soti nan Bib la e yo kite l enfliyanse lavi yo (Mat. 5:3). Sepandan, gen anpil gason ki pa fè pwogrè nan relasyon yo ak Bondye menm apre yo fin tande mesaj nou an. Ki jan nou kapab ede gason sa yo? Byenke Jezi pa t kòmanse travay predikasyon an pou l chèche gason sèlman, se sèten gen bagay li te di ki te plis konsène gason ki t ap viv nan epòk li a. Pandan nou pral egzamine ki jan Jezi te ede gason yo, n ap wè ki jan nou kapab ede gason yo nan epòk nou an ak twa bagay ki kapab anpeche yo fè pwogrè: 1) travay, 2) krent pou sa lòt moun ap panse, 3) santiman kòmkwa yo pa kalifye.

Travay

3, 4. a) Ki sa ki gen plis enpòtans pou anpil gason? b) Poukisa gen kèk gason ki bay travay plis enpòtans pase yo chèche gen bon relasyon ak Bondye?

3 Men sa yon espè nan lalwa te di Jezi: “Anseyan, m ap suiv ou kèlkeswa kote w ale.” Sepandan, lè Jezi di l “Pitit lòm nan li menm pa gen kote pou l poze tèt li”, misye rale kò l dèyè. Piske espè nan lalwa a pa t fin konnen ki kote manje l t ap soti e li pa t ap gen yon kote fiks pou l rete, sanble sa te fè l chanje lide. Bib la pa di li te vin yon disip Kris. — Mat. 8:19, 20.

4 Souvan, gason yo bay bagay materyèl plis enpòtans pase relasyon yo ak Bondye. Pou anpil gason, sa ki pi enpòtan se fè gwo etid epi gen yon travay ki byen peye. Dapre yo menm, fè lajan pi enpòtan pase byenfè yo ka jwenn lè yo etidye Bib la ak lè yo chèche gen bon relasyon ak Bondye. Sa Bib la anseye yo kapab enterese yo, men, “enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” anpeche yo pwogrese (Mak 4:18, 19). Ann wè ki jan Jezi te ede disip li yo chanje priyorite yo.

5, 6. Ki sa ki te ede Andre, Pyè, Jak ak Jan bay travay predikasyon an plis enpòtans, e ki sa ki te fè yo aksepte kite travay yo?

5 Andre ak frè l la, Simon Pyè, te gen yon biznis pwason ansanm. Jan ansanm ak frè l la, Jak, ansanm ak papa yo, Zebede, te nan biznis pwason an tou. Bagay yo te tèlman ap byen mache nan biznis lan, yo te gen moun ki t ap travay avèk yo (Mak 1:16-20). Lè Andre ak Jan te fèk aprann nan men Jan ki t ap batize moun nan kiyès Jezi te ye, yo te kwè toutbon yo te jwenn Mesi a. Andre te bay Simon Pyè nouvèl la, e petèt Jan te bay Jak nouvèl la tou (Jan 1:29, 35-41). Nan mwa ki te vin apre yo, yo toule kat te pase tan ap preche ak Jezi nan Galile, Jide ak Samari. Apre sa, kat disip sa yo te retounen nan biznis pwason yo te genyen an. Yo te enterese nan bagay espirityèl, men se pa travay predikasyon an ki te pi enpòtan pou yo.

6 Annapre, Jezi te envite Pyè ak Andre pou yo vin suiv li e li te di yo li t ap fè yo vin “pechè moun”. Ki jan yo te reyaji? Bib la di: “Lamenm, yo kite filè yo, e yo suiv li.” Jak ak jan te fè menm bagay la tou lè Jezi te rele yo. Bib la di: “Menm kote a, yo kite ni bato a ni papa yo, yo suiv li.” ​(Mat. 4:18-22). Ki sa ki te ede kat mesye sa yo pran desizyon pou yo antre nan sèvis aplentan? Èske se yon desizyon yo te pran san yo pa t reflechi? Non! Nan mwa yo te pase ak Jezi anvan Jezi te vin rele yo a, yo te koute sa Jezi t ap di, yo te wè mirak li te fè yo, yo te wè jan li te zele pou l fè sa ki jis e yo te wè jan moun yo te byen reyaji lè Jezi t ap preche yo. Tan sa a yo te pase ak Jezi a te fè lafwa yo vin pi solid e li te fè yo vin gen plis konfyans nan Jewova.

7. Ki jan nou kapab ede etidyan nou yo vin gen konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l pran swen pèp li?

7 Menm jan ak Jezi, ki jan nou kapab ede etidyan nou yo vin gen plis konfyans nan Jewova (Pwo. 3:5, 6)? Fason nou anseye yo kapab jwe yon gwo wòl nan sa. Lè n ap anseye yo, nou kapab atire atansyon yo sou pwomès Bondye fè pou l vide benediksyon sou nou si nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou. (Li Malachi (Malaki) 3:10; Matye 6:33.) Nou kapab itilize anpil vèsè pou nou montre yo jan Jewova pran swen pèp li, men, yon bagay nou pa dwe bliye se efè egzanp nou bay kapab gen sou yo. Si nou rakonte etidyan nou yo eksperyans nou fè ak Jewova nan lavi nou, sa kapab ankouraje yo pou yo aprann konte sou Jewova. Nou kapab rakonte yo tou eksperyans ankourajan lòt moun te fè ki parèt nan piblikasyon nou yo *.

8. a) Poukisa li enpòtan pou etidyan nou yo ‘goute, pou yo wè jan Senyè a bon’? b) Ki jan nou ka ede etidyan nou yo fè eksperyans ak Jewova pou yo wè jan li bon?

8 Li bon pou etidyan nou yo li e pou yo tande ki jan Jewova beni lòt moun, men, pou lafwa yo vin solid, sa pap sifi. Yon moun k ap etidye Bib la bezwen fè eksperyans pa l pou l wè jan Jewova bon. Men sa yon salmis di: “Goute, n’a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!” ​(Sòm 34:8). Ki jan nou kapab ede etidyan nou yo wè pou tèt pa yo jan Jewova bon? Pa egzanp, nou kapab gen yon etidyan ki gen pwoblèm lajan e k ap fè efò pou l kite yon move abitid li genyen tankou fimen, jwèt aza oswa bwè twòp (Pwo. 23:20, 21; 2 Kor. 7:1; 1 Tim. 6:10). Si nou aprann yon etidyan nou pou l mande Jewova èd pou l kite yon move abitid li genyen, èske sa pap ede l wè jan Jewova bon? Reflechi tou sou sa ki ka rive si nou ankouraje etidyan sa a pou l bay bagay espirityèl yo plis enpòtans. Nou kapab ede l fè sa si nou mande l pou l prepare etid li chak semèn, pou l prepare reyinyon yo epi asiste yo. Lè l wè jan Jewova beni efò li fè yo, sa ap fè lafwa l vin pi solid.

Krent pou sa lòt moun ap panse

9, 10. a) Poukisa Nikodèm ansanm ak Jozèf, ki te moun Arimate, pa t vle lòt moun konnen yo te kwè nan Jezi? b) Poukisa gen kèk gason jodi a ki renka pou yo vin disip Kris?

9 Gen kèk gason ki gendwa renka pou yo suiv Kris ak tout kè yo paske lòt moun ap fè presyon sou yo. Nikodèm ansanm ak Jozèf, ki te moun Arimate, te enterese nan mesaj Jezi a, men yo pa t kite lòt moun konn sa paske yo te pè sa lòt Juif yo te ka di oswa sa yo te ka fè si yo ta vin konn sa (Jan 3:1, 2; 19:38). Krent sa a yo te genyen an se pa t nan tèt yo l te ye. Chèf relijye yo te vin tèlman rayi Jezi, si yon moun te montre li gen lafwa nan Jezi, yo t ap mete l deyò nan sinagòg li t ap mache a. — Jan 9:22.

10 Jodi a, nan kèk kote sou tè a, si yon moun vin twò enterese nan Bondye, nan Labib oswa nan relijyon, moun k ap travay menm kote avè l, zanmi l, oswa fanmi l kapab ba l pwoblèm poutèt sa. Gen lòt kote menm, moun yo t ap pran gwo risk si yo ta di yo anvi chanje relijyon. Se sitou sòlda yo, politisyen ak moun ki aktif nan kominote y ap viv la ki konn jwenn anpil presyon nan men lòt moun poutèt sa. Pa egzanp, gen yon mesye k ap viv nan peyi Almay ki te di: “Sa nou menm Temwen Jewova yo n ap preche a se laverite. Men, si m ta vin Temwen jodi a, nan demen, tout moun t ap konn sa. Ki sa moun nan travay mwen yo, moun k ap viv sou katye a ak moun ki nan menm klèb mwen menm ak fanmi m ladan l lan t ap panse? Mwen pa t ap ka sipòte sa.”

11. Ki jan Jezi te ede disip li yo pou yo pa gen lakrentif pou moun?

11 Byenke pa gen youn nan apot Jezi yo ki te lach, yo tout t ap goumen pou yo pa gen krentif pou lòm (Mak 14:50, 66-72). Ki jan Jezi te ede yo pwogrese ak tout presyon lòt moun te konn ap fè sou yo? Jezi te prepare disip li yo pou pèsekisyon yo t ap gen pou yo jwenn. Men sa l te di yo: “Nou byennere lè moun rayi nou poutèt Pitit lòm nan, lè yo mete nou deyò, lè yo joure nou, lè yo sal non nou kòmkwa nou se moun ki mechan.” ​(Lik 6:22). Jezi te fè disip li yo konnen yo t ap jwenn pèsekisyon. Tout pèsekisyon yo te jwenn yo se te “poutèt Pitit lòm nan”. Epitou, li te ba yo garanti Bondye t ap avèk yo si yo te konte sou Bondye pou l ede yo e pou l ba yo fòs (Lik 12:4-12). Mete sou sa, Jezi te envite nouvo disip li yo pou yo gen bon relasyon ak moun ki te disip li depi lontan yo e pou yo te fè zanmi ak yo. — Mak 10:29, 30.

12. Ki jan nou kapab ede nouvo yo pou yo pa gen lakrentif pou moun?

12 Nou menm tou nou bezwen ede etidyan nou yo pou yo pa gen lakrentif pou moun. An jeneral, li pi fasil pou yon moun fè fas ak yon pwoblèm lè l konnen davans l ap rankontre pwoblèm nan (Jan 15:19). Pa egzanp, nou kapab ede etidyan nou yo prepare repons byen senp ki baze sou Bib la e ki lojik pou yo reponn kesyon moun k ap travay menm kote avèk yo oswa lòt moun poze yo. Mete sou sa, nonsèlman nou ta dwe zanmi etidyan nou yo, men tou, nou ta dwe fè yo fè konesans ak lòt moun nan kongregasyon an, sitou ak moun ki enterese nan menm bagay ak yo. Sa k pi enpòtan an, nou bezwen aprann yo pou yo priye Bondye regilyèman ak tout kè yo. Sa ap ede yo gen pi bon relasyon ak Jewova e sa ap ede yo fè l tounen Wòch kote yo pran refij la. — Li Sòm 94:21-23; Jak 4:8.

Santiman kòmkwa yo pa kalifye

13. Lè yon moun santi l pa kalifye, ki jan sa kapab fè l pa anvi fè pwogrè nan laverite?

13 Gen kèk gason ki pa enterese fè pwogrè nan laverite paske swa yo pa li byen, swa yo pa kapab pale an piblik, swa yo annik timid. Gen kèk gason ki pa alèz pou yo fè moun konnen opinyon yo ak sa yo santi. Li difisil pou yo etidye, pou yo fè kòmantè nan reyinyon yo, oswa pou yo fè lòt moun konnen ki sa yo kwè. Men sa yon frè di: “Lè m te jèn, mwen te konn mache al nan pòt yo byen vit, mwen fè kòmsi m sonnen sonnèt la, apre sa, mwen mache m ale tou dousman nan espwa pèsonn pap tande m e pèsonn pap wè m. [...] Lè m te konn reflechi sou travay predikasyon kay an kay la, mwen te konn santi m malad nan tout kò m.”

14. Sa k fè disip Jezi yo pa t kapab geri yon tigason ki te gen yon demon sou li?

14 Fè yon ti reflechi sou jan disip Jezi yo dwe te santi yo pa kalifye lè yo pa t ka geri yon tigason ki te gen yon demon sou li. Papa tigason an vin jwenn Jezi epi li di l: “[Pitit gason m nan] fè malkadi e sante l pa bon ditou. Lè maladi a pran l, anpil fwa li tonbe nan dife oubyen nan dlo. Mwen mennen l bay disip ou yo, men yo pa ka geri l.” Lè Jezi tande sa, pou l geri tigason an, li retire demon an sou li. Annapre, disip yo pwoche bò kot Jezi epi yo mande l: “Sa k fè nou menm nou pa t ka chase demon an?” Jezi reponn yo: “Paske nou manke lafwa. Anverite m ap di nou sa: Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, n ap di mòn sa a: ‘Deplase sot la a al lòtbò’, l ap deplase. E pa gen anyen k ap enposib pou nou.” ​(Mat. 17:14-20). Lè yon moun rankontre gwo pwoblèm, li enpòtan pou l gen lafwa nan Jewova si l vle jwenn solisyon pou pwoblèm nan. Men, ki sa ki t ap pase si yon moun ta bliye sa e l ta kòmanse konte sou pwòp kapasite l? Si l ta jwenn echèk, sa t ap fè l santi l pa kalifye.

15, 16. Ki jan nou kapab ede yon etidyan ki santi l pa kalifye?

15 Yon bon fason nou kapab ede etidyan nou yo ki santi yo pa kalifye, se lè nou ankouraje yo konte sou Jewova olye yo konte sou pwòp kapasite yo. Men sa Pyè ekri: “Se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou lè moman an rive, toutpandan n ap lage tout tètchaje nou genyen sou li.” ​(1 Pyè 5:6, 7). Pou etidyan nou yo fè sa, n ap bezwen ede yo vin pi espirityèl. Yon moun ki espirityèl bay bagay espirityèl yo valè. Li renmen Pawòl Bondye a e li chèche gen kalite ki gen nan “fwi lespri a” ​(Gal. 5:22, 23). Li se yon moun ki renmen priye (Fil. 4:6, 7). Mete sou sa, li konte sou Bondye pou li gen kran e pou li jwenn fòs li bezwen pou l fè fas ak kèlkeswa sitiyasyon an oswa pou l reyisi nan yon asiyasyon li genyen. — Li 2 Timote 1:7, 8.

16 Gen kèk etidyan tou ki kapab bezwen èd pou yo kapab li pi byen, pou yo aprann fè konvèsasyon, e pou yo aprann pale an piblik. Gen lòt ki kapab santi yo pa bon moun ase pou yo sèvi Jewova akoz move bagay yo te konn fè anvan yo te kòmanse aprann konnen Jewova. Kèlkeswa sitiyasyon etidyan nou an, li gendwa bezwen pou nou ede l avèk pasyans e avèk amou. Jezi te di: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — Mat. 9:12.

Chèche “pran” plis gason toujou

17, 18. a) Ki sa nou kapab fè pou nou preche plis gason? b) Sou ki sa nou pral pale semèn pwochèn?

17 Nou ta renmen wè plis gason toujou aksepte mesaj ki soti nan Bib la, yon mesaj ki bay anpil satisfaksyon (2 Tim. 3:16, 17). Ki sa nou kapab fè pou nou rive pale ak plis gason nan travay predikasyon an? N ap rive fè sa si nou preche plis nan aprèmidi, ni lasemèn, ni nan wikenn, e si nou preche plis tou nan jou ferye yo kote gen plis gason ki lakay yo. Lè nou nan predikasyon, nou kapab mande pou nou pale ak gason k ap viv nan kay la si sa posib. Nan travay nou, nou kapab preche gason yo, mete sou sa, nou kapab fè efò pou nou pale ak mari sè nou yo nan kongregasyon an ki pa Temwen.

18 Nan efò n ap fè pou nou preche tout moun nou rankontre, nou mèt gen asirans moun ki vrèman apresye mesaj nou an ap byen reyaji. Annou ede tout moun ki montre yo vrèman enterese nan laverite yo avèk pasyans. Sepandan, ki jan nou kapab ede frè yo nan kongregasyon an pou yo kalifye pou yo jwenn plis responsablite? Atik ki vin apre a pral pale sou sa.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gade istwa lavi kèk moun ki parèt nan Annuaire des Témoins de Jéhovah yo, nan Toudegad ak nan Réveillez-vous!

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan nou kapab ede gason yo pou yo bay bagay espirityèl yo plis enpòtans?

• Ki jan nou kapab ede nouvo yo jere presyon lòt moun ap fè sou yo?

• Ki sa ki kapab ede kèk gason pou yo pa santi yo pa kalifye?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Èske w kreye okazyon pou w preche plis gason bon nouvèl la?

[Foto nan paj 26]

Ki jan w kapab ede etidyan w yo pou yo pare pou eprèv?