Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske li posib pou nou konnen egzakteman akilè yo te kloure Jezi sou poto a?

Si yon moun poze kesyon sa a se paske sanble gen yon ti diferans ant sa Evanjil Mak la di ak sa Evanjil Jan an di sou istwa biblik Bondye te fè ekri a ki pale sou lanmò Jezi a. Mak te di se nan “twazyèm èdtan nan jounen an [sòlda] yo te kloure [Jezi] sou poto a”. (Mak 15:25.) Selon sa apot Jan te ekri, se te nan “anviwon sizyèm èdtan nan jounen an” Pilat te bay Juif yo Jezi pou yo kloure l sou poto a (Jan 19:14-16). Anpil moun k ap fè kòmantè sou Bib la bay plizyè esplikasyon sou swadizan diferans sa a. Men, pa gen ase enfòmasyon nan Bib la pou ede nou konprann diferans sa a ki parèt nan de Evanjil sa yo. Aktout sa, lè nou konsidere jan moun yo te konn konte lè nan epòk la, sa kapab ede nou.

Nan premye syèk epòk nou an, Juif yo te divize jounen an an 12 èdtan, soti depi lè solèy la leve pou rive lè l kouche (Jan 11:9). “Twazyèm èdtan” an te kòmanse a uit è nan maten pou rive nevè nan maten e “sizyèm èdtan” an te kòmanse a onzè nan maten pou rive midi. Byennantandi, solèy la pa leve menm lè e li pa kouche menm lè pandan tout ane a. Se sa k fè longè jounen an varye selon sezon an. Pou moun yo nan epòk sa a te ka konnen ki lè li ye nan jounen an yo te oblije gade pozisyon solèy la. Donk, lè yo te bay yo pa t egzak. An jeneral, Ekriti grèk yo pale de evènman ki te fèt nan twazyèm, sizyèm oswa nan nevyèm èdtan an. Sepandan, souvan, sa vle di evènman sa yo te fèt nan anviwon lè sa yo (Mat. 20:3, 5; Tra. 10:3, 9, 30). Yo te bay yon lè ki pi egzak, tankou “setyèm èdtan” nan jounen an, sèlman lè sa te nesesè. — Jan 4:52.

Lè Evanjil yo ap rakonte sa ki te pase nan dènye jou Jezi te sou tè a, yo bay menm lè. Toule kat Evanjil yo di kou l jou prèt yo ak ansyen yo te reyini e yo mennen Jezi bay Pons Pilat, gouvènè women an (Mat. 27:1; Mak 15:1; Lik 22:66; Jan 18:28). Matye, Mak ak Lik fè konnen nan sizyèm èdtan nan jounen an, pandan Jezi te sou poto a, gen yon fènwa ki te blayi sou tout peyi a, rive jis nan “nevyèm èdtan an”. — Mat. 27:45, 46; Mak 15:33, 34; Lik 23:44.

Yon bagay enpòtan ki ka ede nou konprann pou ki rezon lè ki parèt nan Evanjil Mak ak Evanjil Jan an diferan sèke sanble moun yo nan epòk la te konsidere bat yo te bat Jezi anvan yo te kloure l sou poto a kòm yon etap nan chatiman l lan. Pafwa, yo te tèlman konn bat moun yo kondane a, li te konn mouri pandan y ap bat li a. Nan ka Jezi a, yo te tèlman bat li, sa te fè l pa t ka kontinye pote poto yo t apral kloure l sou li a e se yon lòt mesye yo te fè pote poto a nan plas li (Lik 23:26; Jan 19:17). Si se vre moun yo nan epòk la te konsidere bat yo te bat Jezi a kòm yon pati nan chatiman l lan, yon ti tan dwe te pase ant lè yo te bat li a ak lè yo te kloure l la. Se sa k fè, chak moun ki te la lè Jezi t ap resevwa chatiman l lan te kapab bay yon lè ki diferan selon moman yo te chèche konnen ki lè li te ka ye.

Apot Jan te ekri Evanjil li a plizyè dizèn ane apre lòt ekriven Evanjil yo te fin ekri Evanjil pa yo a. Donk, li te konnen ki sa yo te ekri. Se vre, Jan bay yon lè ki pa koresponn ak lè Mak te bay nan Evanjil li te ekri a. Sepandan, sa montre byen klè se pa kopye li t ap kopye sou sa Mak te ekri yo. Ni Jan, ni Mak, se Bondye ki te pouse yo ekri Evanjil yo te ekri yo. Menmsi pa gen ase enfòmasyon nan Bib la ki ka ede nou konprann pou ki rezon lè Mak te bay la diferan ak lè Jan te bay la, nou kapab fè sa ki ekri nan Evanjil yo konfyans.