Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mwen andikape kounye a, men pa pou toutan!”

“Mwen andikape kounye a, men pa pou toutan!”

“Mwen andikape kounye a, men pa pou toutan!”

Dapre Sara van der Monde

Souvan, gen moun ki konn di m: “Sara, ou vrèman gen yon bèl souri. Poukisa kè w toujou kontan konsa a?” Lè konsa, mwen di yo se paske mwen gen yon esperans espesyal, “mwen andikape kounye a, men pa pou toutan”!

MWEN fèt nan vil Pari, an Frans, an 1974. Nan moman akouchman an, te gen difikilte. Annapre, doktè te fè konnen sèvo m paralize. Mwen te limite nan mouvman m te kapab fè ni ak bra m ni ak janm mwen e li te difisil pou moun konprann mwen lè m ap pale. Mwen te vin gen malkadi tou, e mwen te toujou ap fè enfeksyon.

Lè m te gen dezan, fanmi m te deplase al viv Mèlboun, ann Ostrali. Dezan annapre, papa m te abandone mwen menm ak manman m. Se premye fwa m sonje m te santi Bondye avèk mwen. Manman m, yon Temwen Jewova, te toujou mennen m nan reyinyon. Se la mwen te aprann Bondye renmen m e li gen sousi pou mwen. Konesans sa a mwen te vin genyen an ansanm ak lanmou ak ankourajman manman m te ban m te fè m santi m an sekirite, byenke lavi nou te vin chanje.

Pami tout bagay manman m te montre m, li te montre m ki jan pou m priye Jewova. An reyalite, mwen twouve li pi fasil pou m priye pase pou m pale. Lè m ap priye, mwen pa fè yon bann efò pou m pale paske mwen tande sa m ap di yo byen klè nan lespri m. Byenke li difisil pou moun konprann mwen lè m ap pale, mwen gen asirans Jewova konprann tout sa m di l, kit mwen priye l nan kè m, kit pawòl mwen di l yo pa fin klè. — Sòm 65:2.

Mwen fè fas ak anpil pwoblèm

Lè m te gen senkan, paralizi mwen gen nan sèvo a te tèlman vin grav, pou m te ka mache, mwen te bezwen sèvi ak yon aparèy ki te lou. An reyalite, mwen te plis tranble pase m mache. Lè mwen te gen onzan, menm mache m pa t ka mache ankò. Annapre, pou m te monte sou kabann mwen, mwen te oblije sèvi ak yon aparèy ki te leve m pou l mete m sou kabann nan. Lè m te vle soti sou kabann nan, menm aparèy sa a te konn leve m epi li mete m sou chèz woulant mwen an ki te gen yon motè. Mwen te konn kondui chèz sa a grasa yon manèt mwen te kenbe ak men m.

Fòk mwen admèt sa, pafwa, andikap mwen an konn dekouraje m. Men, nan moman sa yo, mwen konn sonje yon pawòl nou konn di nan fanmi an: “Pa bay tèt ou pwoblèm pou sa w pa kapab fè. Konsantre sou sa w kapab fè yo epi fonse.” Filozofi sa a ede m reyisi monte cheval, kannòt ki gen vwal e ki pa gen vwal; li ede m fè kanping, kondui machin kote ki pa gen trafik. Kòm mwen gen talan, mwen pran plezi penn tablo, koud ni rad ni bagay pou dekore kay, fè bwodri epi fè tout kalite bagay ann ajil.

Lefètke mwen andikape anpil, gen moun ki te panse mwen pa t gen lespri ase pou m pran desizyon pou m sèvi Bondye. Lè m te gen 18 an, gen yon pwofesè ki te ankouraje m kite lakay mwen pou m swadizan chape anba relijyon manman m nan. Li te menm di m l ap ede m jwenn yon kote pou m rete. Men, mwen te di l mwen pap janm kite relijyon m nan e se lè m pare pou m pran endepandans mwen m ap kite lakay mwen.

Yon ti tan apre konvèsasyon mwen te gen ak pwofesè m nan, mwen te batize pou m vin Temwen Jewova. Dezan annapre, mwen t al viv poukont mwen nan yon ti apatman. Nan apatman sa a, mwen santi m kontan paske mwen jwenn èd mwen bezwen e anmenmtan mwen santi m endepandan.

Yon demann mwen pa t espere

Ofiramezi ane yo t ap pase, mwen te jwenn lòt eprèv ki te teste lafwa m. Yon jou, mwen te rete bouch ouvè lè yon lòt etidyan, ki te andikape menm jan avè m, te mande m pou m marye avè l. Okòmansman, sa te fè kè m kontan. Menm jan ak pifò jèn fi, mwen te swaf gen yon moun nan lavi m. Men, menmsi nou toule de te andikape, se pa t yon garanti nou t ap gen kè kontan nan maryaj nou. Mete sou sa, jennonm sa a pa t Temwen Jewova. Nou pa t gen menm kwayans, menm aktivite ak menm objektif ditou. Donk, ki jan nou t ap fè viv ansanm? Mwen te detèmine pou m obeyi kòmandman klè Bondye bay pou moun k ap sèvi l yo marye sèlman nan Seyè a (1 Kor. 7:39). Se sa k fè mwen te di jennonm nan avèk jantiyès mwen pap kapab aksepte demann li an.

Jis jodi a, mwen konnen mwen te pran yon bon desizyon. Pa gen dout, kè m ap kontan nan monn nouvo Bondye pwomèt la (Sòm 145:16; 2 Pyè 3:13). Annatandan, mwen detèmine pou m rete fidèl ak Jewova e pou m aksepte sitiyasyon m ladan l kounye a.

Mwen pa ka tann pou m wè jou kote m ap kapab vole soti nan chèz woulant mwen an e m ap kapab kouri janm pito. Lè sa a, m ap di byen fò, “mwen te andikape, men kounye a m anfòm nèt pou toutan”!