Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou se “moun ki depasaj” nan yon monn ki mechan

Nou se “moun ki depasaj” nan yon monn ki mechan

Nou se “moun ki depasaj” nan yon monn ki mechan

“Tout moun sa yo [...] te deklare aklè yo se etranje e yo se moun ki depasaj nan peyi a.” — EBRE 11:13.

1. Ki sa Jezi te di sou pozisyon disip li yo ta dwe pran parapò ak monn nan?

ANPALAN de disip li yo, Jezi te di “yo nan monn nan”, sepandan, li te di tou “yo pa fè pati monn nan, menm jan [li] menm [li] pa fè pati monn nan”. (Jan 17:11, 14.) Konsa, Jezi te montre byen klè pozisyon vrè kretyen yo dwe pran parapò ak “sistèm sa a” ki gen Satan kòm dye l (2 Kor. 4:4). Byenke yo t ap viv nan yon monn ki mechan, yo pa t ap fè pati monn nan. Yo t ap gen pou yo viv “antanke etranje e antanke moun ki depasaj”. — 1 Pyè 2:11.

Yo te viv antanke “moun ki depasaj”

2, 3. Poukisa nou kapab di Enòk, Noye, Abraram ak Sara te viv “antanke etranje e antanke moun ki depasaj”?

2 Depi byen lontan, sèvitè fidèl Jewova yo te toujou diferan parapò ak monn yo t ap viv ladan l lan kote moun yo pa t gen okenn respè pou Bondye. Nan epòk anvan delij la, Enòk ak Noye “te mache byen ak Bondye”. (Jen. 5:22-24; 6:9.) Yo toule de te preche mesaj jijman Jewova yo kont monn mechan Satan an avèk anpil kouraj. (Li 2 Pyè 2:5; Jid 14, 15.) Enòk ak Noye t ap mache ak Bondye nan yon monn kote moun yo pa t gen okenn respè pou Bondye. Enòk “te fè Bondye plezi” e Noye li menm se ‘sèl moun ki t’ap mache dwat devan Bondye e ki pa t nan anyen ki mal pami tout moun ki t’ap viv nan epòk li a’. — Ebre 11:5; Jen. 6:9.

Jan Bondye te mande Abraram ak Sara fè sa, yo te kite tout konfò yo te genyen nan vil kaldeyen ki te rele Ou a e yo te aksepte viv tankou etranje ki pa t gen yon kote fiks pou yo rete (Jen. 11:27, 28; 12:1). Men sa apot Pòl te ekri sou yo: “Grasa lafwa Abraram te genyen, li te obeyi lè Bondye te rele l, e li te deplase pou l al yon kote li t ap gen pou l resevwa kòm eritaj. Li te deplase, byenke l pa t konn kote l prale a. Grasa lafwa li te genyen an, li te viv kòm etranje sou tè Bondye te pwomèt la, tankou se nan yon peyi etranje li te ye, e li te viv anba tant avèk Izarak ak Jakòb, yo menm ki te vin eritye menm pwomès avè l.” ​(Ebre 11:8, 9). Men sa Pòl te di konsènan moun sa yo ki t ap sèvi Bondye fidèlman: “Tout moun sa yo te mouri nan lafwa, kwak yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo a. Men, yo te wè yo delwen, sa te fè yo kontan, e yo te deklare aklè yo se etranje e yo se moun ki depasaj nan peyi a.” — Ebre 11:13.

Yon avètisman pou Izrayelit yo

4. Ki avètisman Jewova te fè Moyiz bay Izrayelit yo anvan yo te antre nan peyi li te pwomèt yo a?

4 Izrayelit yo, ki te desandan Abraram, te vin yon gwo nasyon ki te byen òganize e ki te gen yon kòd lwa ak yon tèritwa (Jen. 48:4; Det. 6:1). Pèp Izrayèl la pa t dwe janm bliye se Jewova ki te vrè Pwopriyetè peyi yo t ap viv ladan l lan (Lev. 25:23). Yo te tankou lokatè ki te dwe fè tout sa Pwopriyetè a mande yo fè. Mete sou sa, yo te dwe sonje “se pa pen ase moun bezwen pou yo viv” e yo pa t dwe kite richès fè yo bliye Jewova (Det. 8:1-3). Anvan Izrayelit yo t al abite nan tèritwa peyi yo a, men ki avètisman Jewova te fè Moyiz ba yo: “Senyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l’ap ban nou an. Se yon peyi kote n’a jwenn gwo bèl lavil nou pa t bati, kote n’a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pa t fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pa t plante. Lè sa a, lè n’a fin manje plen vant nou, fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a.” — Det. 6:10-12.

5. Poukisa Jewova te rejte nasyon Izrayèl la, e ki nouvo nasyon li te chwazi nan plas li?

5 Jewova te gen rezon ba yo avètisman sa a. Nan epòk Neyemya a, se avèk anpil wont, yon gwoup Levit te rakonte sa k te pase tousuit apre Izrayelit yo te fin antre nan Latè pwomiz. Apre Izrayelit yo te fin byen chita nan bèl kay yo kote yo te gen anpil manje ak bonjan diven, Bib la di “yo manje, yo plen vant yo, [e] yo vin gra”. Yo te vin dezobeyi Jewova e yo te menm touye pwofèt li te voye al ba yo avètisman yo. Se sa k fè, Jewova pa t ede yo lè yo te gen ènmi ki te vin atake yo (Li Neyemi (Neyemya) 9:25-27; Oze (Och.) 13:6-9). Annapre, anba dominasyon Women yo, Juif ki pa t fidèl yo te menm touye Mesi a. Jewova te rejte yo antanke nasyon e li te chwazi yon nouvo nasyon ki se Izrayèl espirityèl la. — Mat. 21:43; Tra. 7:51, 52; Gal. 6:16.

‘Yo pa t fè pati monn nan’

6, 7. a) Ki jan w t ap esplike sa Jezi te di sou pozisyon disip li yo ta dwe genyen parapò ak monn nan? b) Poukisa vrè kretyen yo pa ta dwe fè pati monn Satan an?

Jan nou deja wè sa nan atik sa a, Jezi Kris, Chèf kongregasyon kretyen an, te di disip li yo pa t ap fè pati monn nan, anpalan de sistèm mechan Satan ap dirije a. Yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te di disip li yo: “Si nou te fè pati monn nan, monn nan t ap atache ak nou, paske nou t ap pou li. Kòm nou pa fè pati monn nan, e mwen chwazi nou nan monn nan, se sa k fè monn nan rayi nou.” — Jan 15:19.

7 Tank kretyen yo t ap vin pi plis, èske yo te dwe vin wè bagay yo menm jan ak moun yo nan monn nan e yo te dwe vin fè pati monn nan? Non. Kèlkeswa kote kretyen yo t ap viv nan monn Satan an, yo te dwe diferan ak lòt moun yo. Anviwon 30 an apre lanmò Kris la, apot Pyè te voye lèt bay kretyen ki t ap viv nan diferan zòn nan anpi women an. Men sa l te di yo: “Byenneme, m ap mande nou, antanke etranje e antanke moun ki depasaj, pou nou kontinye evite dezi lachè yo k ap goumen ak nanm nan. Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo.” — 1 Pyè 1:1; 2:11, 12.

8. Ki sa yon istoryen te di ki montre premye kretyen yo te viv antanke etranje e antanke moun ki depasaj nan monn nan?

8 Men sa yon istoryen ki rele Kenneth Scott Latourette te ekri ki montre kretyen yo te viv “antanke etranje e antanke moun ki depasaj” nan anpi women an: “Yon bagay anpil moun konnen byen, sèke nan twa premye syèk nan epòk nou an, kretyen yo te toujou jwenn gwo pèsekisyon [...]. Yo te lage yon bann akizasyon sou do yo. Kòm yo te refize patisipe nan seremoni ak lòt aktivite payen yo te konn fè, moun te konn di yo pa kwè nan okenn dye, yo pa vle wè moun parèy yo, e yo te konn pase yo nan rizib. Pa egzanp, kretyen yo pa t konn patisipe ni nan fèt payen yo, ni nan aktivite payen yo te konn fè pou yo pran plezi yo ki te makònen ak kwayans payen yo, ak bagay yo te konn pratike, e ki te gen imoralite ladan yo.”

Pa sèvi ak monn nan nèt

9. Antanke vrè disip Kris, ki sa nou fè ki montre nou pa moun ki ‘pa vle wè moun parèy nou’?

9 Ki jan bagay yo ye jodi a? Nou gen menm pozisyon premye kretyen yo te genyen parapò ak “sistèm mechan ki la kounye a”. (Gal. 1:4.) Se sa k fè, anpil moun pa konprann nou e gen kèk moun ki menm rayi nou. Men, an reyalite, nou pa moun ki ‘pa vle wè moun parèy nou’. Se lanmou nou gen pou moun ki pouse nou al kay an kay pou nou preche ‘bon nouvèl wayòm Bondye a’ e ki pouse nou fè efò pou nou kontakte chak grenn moun lakay yo (Mat. 22:39; 24:14). Nou fè sa paske nou gen konviksyon, talè konsa, Wayòm Bondye a, yon gouvènman ki gen Jezi Kris alatèt li, pral kraze gouvènman lèzòm enpafè ap dirije yo e li pral ranplase sistèm sa a ak yon nouvo sistèm ki jis. — Da. (Dàn.) 2:44; 2 Pyè 3:13.

10, 11. a) Ki jan nou ka sèvi ak monn nan san nou pa sèvi avè l nèt? b) Site kèk fason kretyen ki rete je ouvè yo montre yo pa sèvi ak monn nan nèt.

10 Piske sistèm ki la kounye a prèske rive nan bout li, antanke sèvitè Jewova, nou konprann se pa moman pou n ap antre kò nou byen fon nan monn sa a k ap fin depafini an. Nou pran konsèy apot Pòl la oserye: “Frè m yo, men sa m ap di nou: tan ki rete a vin pi kout. Depi kounye a, se pou [...] moun k ap achte yo tankou moun ki pa posede anyen. E se pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt. Paske, monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat.” ​(1 Kor. 7:29-31). Men, ki jan kretyen yo jodi a sèvi ak monn nan? Yo fè sa lè yo itilize dènye teknoloji ki genyen yo ak mwayen kominikasyon ki fèk parèt yo pou yo fè konesans ki nan Bib la disponib nan plizyè santèn lang pou moun k ap viv toupatou sou tè a. Yo sèvi ak monn nan pou yo travay pou yo ka jwenn lajan pou yo viv. Yo achte sèlman sa yo gen bezwen e yo itilize sèvis monn nan bay k ap itil yo. Men, yo pa chèche sèvi ak monn nan nèt piske yo kenbe bagay materyèl ak aktivite ki gen nan monn nan nan plas yo. — Li 1 Timote 6:9, 10.

11 Kretyen ki rete je ouvè yo pa sèvi ak monn nan nèt nan kesyon fè gwo etid. Anpil moun nan monn nan konsidere gwo etid kòm sèl mwayen pou yon moun jwenn respè e pou l posede tout sa l vle nan lavi a. Men, nou menm, piske nou se kretyen k ap viv antanke moun ki depasaj nan monn nan, objektif nou yo diferan. Nou pa kite “ògèy plen tèt nou”. (Wom. 12:16; Jer. 45:5.) Antanke disip Jezi, nou koute avètisman li te bay pou nou “rete je ouvè, epi evite tout kalite tanta. Paske, menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo”. (Lik 12:15.) Se sa k fè, li ta bon pou jèn kretyen yo pousuiv objektif espirityèl, pou yo chèche gen sèlman yon nivo edikasyon k ap pèmèt yo pran swen tèt yo e k ap prepare yo pou yo sèvi Jewova ‘ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ak tout fòs yo e ak tout lespri yo’. (Lik 10:27.) Si yo fè sa, y ap vin “rich anvè Bondye.” — Lik 12:21; li Matye 6:19-21.

Pinga nou kite enkyetid lavi a pote n ale

12, 13. Lefètke nou suiv konsèy Jezi bay ki parèt nan Matye 6:31-33 a, ki jan sa fè nou diferan ak moun ki nan monn nan?

12 Sèvitè Jewova yo diferan nèt ak moun ki nan monn nan nan fason yo konsidere bagay materyèl. Men sa Jezi te di disip li yo sou kesyon sa a: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’ ‘Ki sa n ap bwè?’ ‘Ki sa n ap met sou nou?’ Paske, se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap kouri ak tout fòs. Alòske, Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” ​(Mat. 6:31-33). Dapre eksperyans anpil moun k ap sèvi Jewova menm jan avèk nou fè, yo rann yo kont Papa nou ki nan syèl la bay sèvitè l yo sa yo bezwen.

13 Selon Labib, “devosyon pou Bondye se yon gwo mwayen pou moun vin rich vre, si moun nan konn kontante” l ak sa l genyen (1 Tim. 6:6, Bib Kreyòl La). Pawòl sa yo depaman nèt ak fason moun yo nan monn nan panse jodi a. Pa egzanp, lè jèn yo marye, anpil nan yo konn anvi gen ‘tout bagay’ byen rapid, tankou kay oswa apatman ki gen tout sa l dwe genyen ladan l, bèl machin ak tout dènye aparèy elektwonik yo. Men, kretyen k ap viv tankou moun ki depasaj yo pa kite dezi yo genyen fè yo pandye djakout yo pi wo pase kote men yo ka rive. Gen kretyen ki zele ki abandone kèk konfò materyèl pou yo bay fòs yo nan sèvis Jewova a e pou yo pase plis tan ladan l. Kretyen sa yo merite felisitasyon. Gen lòt menm k ap sèvi kòm pyonye, Betelit, siveyan sikonskripsyon oswa siveyan distri, oubyen k ap travay kòm misyonè. Se pa ti apresye nou tout nou apresye sèvis moun sa yo ap bay Jewova bò kote nou ak tout kè yo!

14. Ki sa nou aprann nan parabòl Jezi te bay sou moun k ap simen an?

14 Nan parabòl Jezi te bay sou moun k ap simen an, Jezi te di “enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” kapab toufe Pawòl Bondye a nan kè nou epi fè nou sispann bay fwi (Mat. 13:22). Lè nou kontante nou ak sa nou genyen antanke moun ki depasaj nan sistèm sa a, sa pwoteje nou pou n pa tonbe nan pyèj sa a. Epitou, sa ede nou kenbe je nou “fikse sou yon sèl bagay”, anpalan de Wayòm Bondye a, epi bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou. — Mat. 6:22.

“Se pase monn nan ap pase”

15. Ki sa apot Jan te di ki enfliyanse konduit vrè disip Kris yo ak fason yo wè monn nan?

15 Antanke vrè disip Kris, youn nan pi gwo rezon ki fè nou viv “antanke etranje e antanke moun ki depasaj” nan monn nan, se paske nou kwè toutbon monn nan pa rete anpil tan pou l disparèt (1 Pyè 2:11; 2 Pyè 3:7). Si se konsa nou wè bagay yo, sa ap gen yon efè sou chwa nou fè, sou sa nou anvi genyen, ak sou objektif nou yo. Apot Jan te bay kretyen parèy li yo konsèy pou yo pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan paske “se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan”. — 1 Jan 2:15-17.

16. Ki jan nou kapab montre nou se yon pèp apa pou Jewova?

16 Moyiz te di nasyon Izrayèl la si yo te obeyi Jewova ‘se yo menm Jewova t ap chwazi pou moun pa l nan mitan tout pèp ki sou latè’. (Egz. 19:5.) Lè pèp Izrayèl la te fidèl ak Jewova, Bondye pa yo a, pèp la te diferan ak tout lòt nasyon yo nan kesyon adorasyon an e nan fason yo t ap viv. Se menm jan an tou jodi a, Jewova mete yon pèp apa pou li, yon pèp ki diferan nèt ak monn Satan an. Men sa Bib la di moun ki fè pati pèp Bondye a: “Rejte konduit ki dezonore Bondye, [...] rejte dezi ki nan monn nan, e [...] viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a, pandan n ap tann esperans ki bay kè kontan an, e pandan n ap tann gran Dye a ansanm ak Sovè nou an, Kris Jezi, parèt nan laglwa. Kris te bay tèt li pou nou pou l ka delivre nou anba tout sa lalwa kondane e pou l ka pirifye yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay.” ​(Tit 2:11-14). “Pèp” sa a gen ladan l kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo ansanm ak plizyè milyon moun ki fè pati “lòt mouton” Jezi yo k ap ede kretyen sa yo. — Jan 10:16.

17. Poukisa ni moun ki gen esperans pou y al nan syèl yo, ni moun ki fè pati lòt mouton yo pap janm regrèt dèske yo te viv antanke moun ki depasaj nan monn mechan sa a?

17 “Esperans ki bay kè kontan” kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo genyen an se pou yo dirije avèk Kris (Rev. 5:10). Lè moun ki fè pati lòt mouton yo jwenn lavi ki pap janm fini an sou tè a, y ap sispann viv antanke moun ki depasaj nan yon monn mechan. Yo pral gen bèl kay pou yo rete ak anpil bagay pou yo manje e pou yo bwè (Sòm 37:10, 11; Eza. (Iza.) 25:6; 65:21, 22). Kontrèman ak Izrayelit nan tan lontan yo, yo pap janm bliye se Jewova, “Bondye tout latè a”, ki ba yo tout sa yo genyen (Eza. 54:5). Ni moun ki gen esperans pou y al nan syèl yo, ni moun ki fè pati lòt mouton yo pap regrèt dèske yo te viv antanke moun ki depasaj nan monn mechan sa a.

Ki repons nou ta bay?

• Nan ki sans gason ak fi ki te fidèl nan tan lontan yo te viv antanke moun ki depasaj nan monn nan?

• Ki konduit premye kretyen yo te genyen parapò ak monn nan?

• Ki jan vrè disip Kris yo ka sèvi ak monn nan san yo pa sèvi avè l nèt?

• Poukisa nou pap janm regrèt dèske nou te viv antanke moun ki depasaj nan monn mechan sa a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Premye kretyen yo te evite detant ki gen vyolans ak lòt move bagay ladan yo.