Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova beni nou paske nou te fè ajisteman nan lavi nou

Jewova beni nou paske nou te fè ajisteman nan lavi nou

Jewova beni nou paske nou te fè ajisteman nan lavi nou

Dapre James A. Thompson

Lè m te fèt nan sid peyi Etazini an 1928, selon lalwa, blan ak nwa pa t dwe pran kontak youn ak lòt. Si yon moun te vyole lwa sa a, swa li t ap pran prizon, swa yo t ap fè l lòt bagay ki pi grav.

NAN epòk sa a, te gen kèk zòn Ozetazini, kote Temwen Jewova ki blan ak Temwen Jewova ki nwa pa t nan menm kongregasyon, nan menm sikonskripsyon ak nan menm distri. Nan ane 1937, papa m te vin sèvitè kongregasyon (jodi a se kowòdonatè gwoup ansyen yo di) nan kongregasyon nwa yo te ladan l lan nan Chattanooga, nan Tenisi. Se frè Henry Nichols ki te sèvitè kongregasyon nan kongregasyon ki te gen blan yo.

Mwen sonje bèl ti moman mwen te konn pase lè m te timoun. Leswa, mwen te konn chita sou galri dèyè lakay la ap koute papa m k ap pale ak frè Nichols. Byenke mwen pa t fin konprann tout sa yo t ap di, mwen te kontan lefètke mwen te bò kot papa m lè li menm ak frè Nichols t ap pale sou pi bon fason pou yo fè travay predikasyon an nan sitiyasyon yo t ap viv nan epòk la.

Anvan sa, nan ane 1930, te gen yon malè ki te rive fanmi nou. Manman m, ki te gen 20 an sèlman, te mouri. Se papa m ki te vin ap pran swen ni Doris, sè m nan, ni mwen menm. Lè sa a, Doris te gen katran e mwen menm mwen te gen dezan sèlman. Byenke papa m te fèk batize, li te fè bon pwogrè nan laverite.

Egzanp ki te chanje lavi m

An 1933, papa m te rankontre yon bon sè ki te rele Lillie Mae Gwendolyn Thomas, e yo pa t pran tan pou yo marye. Yo toule de te bay mwen menm ak Doris bon egzanp nan fason yo te sèvi Jewova avèk fidelite.

An 1938, frè yo nan syèj mondyal la ki Bwouklin, nan Nouyòk, te mande tout kongregasyon Temwen Jewova yo pou yo soutni yon desizyon ki te pran pou se Bwouklin ki nome ansyen yo olye se frè yo nan kongregasyon yo ki fè eleksyon pou yo chwazi ansyen yo. Gen kèk frè nan kongregasyon Chattanooga a ki te renka pou yo aksepte chanjman sa a. Sepandan, papa m te fè konnen li dakò ak chanjman an. Papa m te fidèl e manman m te soutni l ak tout kè l. Egzanp yo kontinye ede m jis jounen jodi a.

Batèm ak sèvis aplentan

An 1940, te gen plizyè moun nan kongregasyon m nan ki te lwe yon bis pou y al asiste yon kongrè ki t ap fèt Detwa, nan Michigan. Gen kèk nan moun sa yo ki te batize nan kongrè sa a. Gen nan yo ki t ap mande tèt yo poukisa mwen pa t batize piske m te kòmanse preche depi m te gen senk an e mwen te toujou nan predikasyon.

Lè yo te pale avè m sou sa, mwen te reponn yo: “Mwen pa fin twò konprann kesyon batèm nan.” Papa m te tande sa m te di a e sa te fè l sezi. Depi lè sa a, li te fè plis efò pou l ede m konprann rezon ki fè yon moun batize e ki enpòtans batèm genyen. Kat mwa apre, nan dat ki te 1ye oktòb 1940 lan, yon jou ki te fè frèt anpil, mwen te batize nan yon ti lak ki andeyò Chattanooga.

Lè m te gen 14 an, mwen te kòmanse pran sèvis pyonye pandan vakans ete yo. Mwen te konn preche nan ti vil ki nan Tenisi ak nan Jòji, yon lòt eta ki te kole ak Tenisi. Mwen te konn leve bonè nan maten, mwen prepare yon ti manje pou m pote avè m epi mwen pran yon tren oswa yon bis ki te konn pase a sizè pou m al nan tèritwa a. Mwen te konn retounen lakay mwen ozanviwon sizè nan aswè. Ti manje m te konn pote a te konn gentan fini anvan midi rive. Byenke m te konn gen kòb sou mwen, lefètke mwen te nwa, mwen pa t ka antre nan boutik ki nan zòn kote m te konn preche yo pou m achte manje. Yon lè, mwen te antre yon kote yo te konn vann krèm pou m achte youn pou m bwè, men, yo te mande m pou m soti. Pandan m deyò a, gen yon fi blan ki te achte yon krèm e ki te pote l pou mwen avèk jantiyès.

Lè m te nan lekòl segondè, mouvman pou dwa moun nan te kòmanse ap vale teren nan sid peyi a. Te gen plizyè òganizasyon pou defann dwa nwa yo ki te ankouraje etidyan yo antre nan mouvman politik. Youn ladan yo se te NAACP (Asosyasyon nasyonal pou ede nwa yo fè pwogrè). Yo te ankouraje nou pou nou vin manm òganizasyon sa yo. Gen anpil lekòl pou nwa yo, san wete sa m te ladan l lan, ki te fikse objektif pou tout timoun yo nèt fè pati òganizasyon sa yo. Yo te konn ban m presyon pou m “soutni ras nou an”. Mwen te refize fè sa. Mwen te konn esplike yo Bondye pa nan patipri, li pa bay yon ras plis enpòtans pase yon lòt e se sa k fè mwen konte sou li pou l fini ak enjistis. — Jan 17:14; Tra. 10:34, 35.

Yon ti tan apre mwen te fin lekòl segondè, mwen te deside al viv Nouyòk. Pandan m te sou wout pou m al Nouyòk, mwen te rete Filadèlfi, nan Pennsilvani, pou m vizite kèk zanmi mwen te rankontre anvan sa nan yon kongrè. Kongregasyon Filadèlfi a se premye kongregasyon m t ale kote nwa ak blan te reyini ansanm. Siveyan sikonskripsyon an t ap vizite kongregasyon an e li te pran m apa pou l di m li ban m yon asiyasyon nan pwochen reyinyon an. Se sa k fè li te pi fasil pou m pran desizyon rete nan kongregasyon sa a.

Mwen te vin gen anpil zanmi Filadèlfi, youn ladan yo se yon jèn sè ki rele Geraldine White. Mwen te vin ba l ti non Gerri. Gerri te konn Bib la byen e li te konn ki jan pou l pale ak moun li te konn rankontre nan predikasyon kay an kay. Sa k te pi enpòtan an, menm jan avè m, li te gen objektif pou l vin pyonye. Nou te marye nan jou ki te 23 avril 1949.

Yo envite nou Gileyad

Depi okòmansman, objektif nou se te al Lekòl Gileyad epi al sèvi antanke misyonè nan yon lòt peyi. Nou te byen kontan fè ajisteman nou te bezwen fè pou nou rive kalifye pou lekòl la. Yon ti tan apre nou fin marye, yo te mande nou deplase al viv Lawnside, nan Noujèze. Apre sa, yo te mande nou al Chester, nan Pennsilvani. Finalman, yo te mande nou al Atlantic City, nan Noujèze. Pandan nou te nan vil sa a, nou te vin kalifye pou n ranpli yon fòmilè pou Gileyad, piske nou te vin gen dezan depi nou marye. Men, yo te oblije fè yon ti tann anvan yo envite nou vin lekòl la. Poukisa?

Rezon an se paske nan kòmansman ane 50 yo, lame te kòmanse ap pran anpil jèn pou yo te ka al goumen nan gè ki t ap fèt Kore a. Biwo ki te responsab pran moun nan lame a, ki te nan Filadèlfi, te gen pwoblèm ak Temwen Jewova yo poutèt kesyon netralite a. Finalman, gen yon jij ki te fè m konnen FBI (Biwo federal pou fè envestigasyon) te fè yon ankèt sou mwen e yo te aksepte pozisyon m nan. Donk, nan jou ki te 11 janvye 1952, Tribinal kou dapèl prezidansyèl la te konsidere m kòm yon minis relijye ki nan kategori 4-D.

Nan mwa out menm ane a, Gerri avè m te resevwa envitasyon pou n al asiste 20yèm klas Lekòl Gileyad ki te kòmanse an septanm. Pandan nou te Gileyad, nou te panse yo t ap voye nou al sèvi nan yon lòt peyi. Doris, sè m nan, te gradye nan 13yèm klas la e li t al sèvi nan peyi Brezil. Se pa ti sezi Gerri avè m te sezi lè yo te voye nou nan sèvis sikonskripsyon pou n al vizite kongregasyon nwa yo ki nan sid peyi Etazini nan eta ki rele Alabama a! Nou te yon ti jan desi paske nou te prepare lespri nou pou n al sèvi nan yon peyi etranje.

Premye kongregasyon nou te vizite a te nan Huntsville. Lè nou te rive la, nou t al lakay sè nou t apral rete lakay li a. Pandan nou t ap bwote afè nou yo met nan kay la, nou te tande sè a ki t ap pale nan telefòn ki t ap di: “Timoun yo rive.” Nou te gen 24 an sèlman, men nou te parèt pi jèn pase laj nou. Pandan nou te nan sikonskripsyon sa a, yo te konn rele nou “timoun yo”.

Souvan, yo te konn rele zòn sid la Zòn Bib la, paske pifò moun ki te abite nan zòn sa a te gen gwo respè pou Labib. Nou te konn fè yon prezantasyon ki gen twa etap ladan l:

1) Nou fè yon ti pale tou kout sou sitiyasyon monn nan.

2) Nou montre solisyon Bib la bay.

3) Nou montre yo ki sa Bib la di pou nou fè.

Apre sa, nou ofri yon piblikasyon ki apwopriye. Piske prezantasyon sa a te mache byen, yo te ban m fè yon demonstrasyon nan yon asanble ki te gen tèm Assemblée de la société du monde nouveau, ki te fèt nan vil Nouyòk an 1953.

Yon ti tan annapre, pandan ete 1953 a, yo te voye m vizite sikonskripsyon nwa yo ki nan sid peyi a antanke siveyan distri. Tèritwa nou an te soti Vijini rive Florid e li te kontinye alwès rive Alabama ak Tenisi. Pa gen dout nan sa, nan epòk sa a, yon siveyan sikonskripsyon te bezwen adapte l. Pa egzanp, souvan, nou te konn rete nan kay ki pa t gen ni tiyo ni twalèt anndan yo e se nan yon benywa ki dèyè fou ki te nan kuizin nan nou te konn benyen. Erezman se pati sa a nan kay la ki te pi cho.

Prejije rasyal fè nou jwenn difikilte

Pou yon moun te sèvi nan sid peyi Etazini, sa te mande pou l prevwayan e pou l pa mare. Nwa yo pa t gen dwa lave rad yo kote blan yo te konn peye pou yo fè sa. Donk, lè Gerri te konn al lave rad kote sa yo, li te konn di rad yo se pou “madam Thompson”. Anpil moun te konn pran l pou yon sèvant e yo te panse “madan Thompson” se te mèt kay la. Lè siveyan distri yo t ap pase fim La Société du Monde Nouveau en action an, gen yon kote mwen te konn rele pou m rezève yon gwo ekran pou “mesye Thompson”. Apre sa, mwen te konn pase al pran ekran an. Nou te toujou janti ak moun yo e an jeneral, nou te konn preche san pwoblèm.

Nan sid peyi a, moun yo te gen prejije kont moun nan nò yo tou. Yon lè, gen yon jounal ki te fè konnen James A. Thompson, Jr., yon reprezantan Watchtower Bible and Tract Society of New York, t apral bay yon diskou nan yon asanble sikonskripsyon. Sa te fè kèk moun panse mwen te soti Nouyòk, e se sa k fè yo te anile kontra nou te fè pou nou sèvi ak yon oditoryòm nan yon lekòl. Donk, mwen t al wè komite ki te responsab lekòl yo e mwen te esplike yo se Chattanooga mwen te fè klas mwen. Apre sa, yo te ban nou pèmisyon pou nou fè asanble a nan lekòl la.

Nan mitan ane 50 yo, presyon ki te gen ant ras yo akoz prejije te kòmanse ap ogmante, e pafwa moun yo te konn vyolan. Nan yon seri kongrè distri ki te fèt an 1954, gen kèk Temwen Jewova nwa ki te vekse lè yo wè pa t gen oratè nwa nan pwogram nan. Nou te ankouraje yo pou yo gen pasyans. Nan ane apre a, pandan sezon ete a, yo te ban m yon diskou. Apre sa, te vin gen plis frè nwa ki soti nan sid peyi a ki te konn bay diskou nan pwogram yo.

Avèk letan, vyolans lan te vin bese e tikras pa tikras kongregasyon yo te vin gen nwa ak blan ladan yo. Sa te mande pou yo voye kèk pwoklamatè nan lòt kongregasyon, pou yo fè ajisteman nan tèritwa kongregasyon yo e pou yo fè chanjman nan responsablite frè ki te pran latèt nan kongregasyon yo te genyen. Gen kèk frè nwa ak kèk frè blan ki pa t dakò ak chanjman sa yo. Sepandan, menm jan ak Papa nou ki nan syèl la, pifò nan yo pa t nan patipri. An reyalite, anpil nan frè nwa yo ak frè blan yo te bon zanmi. Fanmi pa m te viv sa nan ane 30 ak ane 40 yo pandan mwen t ap grandi.

Yon nouvo asiyasyon

Nan mwa janvye 1969, Gerri avè m te resevwa yon envitasyon pou n al sèvi nan peyi Giyàn, ki nan Amerik disid, e nou te kontan aksepte envitasyon sa a. Anvan sa, nou te ale Bwouklin, nan Nouyòk, e se la mwen te resevwa fòmasyon pou m kapab sipèvize travay predikasyon an nan peyi Giyàn. Nou te rive nan peyi sa a an jiyè 1969. Apre nou te fin pase 16 an nan sèvis sikonskripsyon an, kounye a nou te oblije rete yon sèl kote. Se te yon gwo chanjman pou nou. Antanke misyonè, Gerri te pase pifò tan l nan ministè a, e mwen menm mwen te travay nan biwo filyal la.

Travay mwen t ap fè a te mande pou m fè tout kalite bagay. Mwen te konn koupe gazon, mwen te responsab piblikasyon pou 28 kongregasyon epi mwen te konn kenbe kontak ak syèj mondyal la ki Bwouklin. Chak jou, mwen te konn pase ant 14 ak 15 èdtan ap travay. Travay la te di pou nou toule de, men, nou te renmen asiyasyon sa a. Lè nou te rive Giyàn, te gen 950 pwoklamatè, jodi a, gen plis pase 2 500 pwoklamatè nan peyi sa a.

Byenke nou te renmen tanperati peyi a, fwi yo ak legim yo, sa ki te ban nou kè kontan toutbon se lefètke moun yo te enb e yo te swaf konnen verite ki nan Bib la konsènan Wayòm Bondye a. Souvan, Gerri te konn kondui 20 etid pa semèn. Plizyè nan moun nou te konn etidye ansanm avèk yo te fè pwogrè jiskaske yo batize. Avèk letan, kèk nan yo te vin pyonye, genyen ki te vin ansyen e genyen ki te menm al Gileyad pou yo vin misyonè.

Pwoblèm sante ak lòt kalite pwoblèm

An 1983, manman m ak papa m, ki t ap viv Ozetazini, te vin bezwen èd. Doris, Gerri ansanm avè m te fè yon reyinyon familyal. Doris ki te gentan pase 35 an ap sèvi antanke misyonè nan peyi Brezil te chwazi retounen Ozetazini pou l al pran swen paran nou yo. Dapre li menm, pa t gen okenn rezon pou de misyonè kite tèritwa yo alòske yon sèl moun te ka fè travay la. Apre lanmò paran nou yo, Doris te tou rete Chattanooga antanke pyonye espesyal.

An 1995, doktè te dekouvri mwen fè kansè nan pwostat, e se sa k fè mwen te oblije retounen Ozetazini. Nou te chwazi rete Goldsboro ki nan Kawolin dinò, paske, pou n sot Goldsboro pou n al kay fanmi pa m nan Tenisi e pou n al kay fanmi Gerri nan Pennsilvani, nou vwayaje apeprè menm distans lan. Kounye a, grasa èd doktè, kansè a pa kontinye pwogrese, se sa k fè mwen pa malad jan m te konn malad anvan an. Mwen menm ak Gerri ap sèvi nan yon kongregasyon Goldsboro antanke pyonye espesyal ki sou lis moun ki enfim.

Lè m m ap reflechi sou 65 ane mwen te pase nan sèvis aplentan, se pa ti rekonesan mwen rekonesan anvè Jewova dèske li beni Gerri avè m paske nou te fè ajisteman nan lavi nou pou n te ka sèvi l. Pawòl David te di yo se laverite: “Avèk yon moun ki fidèl [Jewova] ap aji avèk fidelite.” — 2 Sam. 22:26, NW.

[Foto nan paj 3]

Papa m ak frè Nichols kite yon bèl egzanp pou mwen.

[Foto nan paj 4]

1952, ane Gerri avè m t al Gileyad la.

[Foto nan paj 5]

Apre Gileyad, yo te voye nou nan sèvis sikonskripsyon nan sid Etazini.

[Foto nan paj 6]

An 1966, kèk siveyan itineran ak madanm yo anvan yo asiste yon kongrè distri pou nwa ak blan.

[Foto nan paj 7]

Nou te kontan sèvi Giyàn kòm misyonè.