Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lespri Bondye te ede kretyen yo nan premye syèk la e li ede nou tou jodi a

Lespri Bondye te ede kretyen yo nan premye syèk la e li ede nou tou jodi a

Lespri Bondye te ede kretyen yo nan premye syèk la e li ede nou tou jodi a

“Tout travay sa yo, se yon sèl lespri a ki fè yo.” — 1 KOR. 12:11.

1. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

MO Pannkòt la fè anpil bagay estrawòdinè vin nan lespri nou (Tra. 2:1-4). Nan premye syèk la, lè lespri sen te tonbe sou moun yo nan jou Pannkòt la, sa te pote yon gwo chanjman nan relasyon Bondye ak sèvitè l yo. Nan atik nou te etidye anvan an, nou te wè kèk fason lespri Bondye te ede kèk moun fidèl nan tan lontan pou yo fè travay Bondye te mande yo fè ki te difisil e ki te konplike. Men, ki diferans ki genyen ant fason lespri Bondye te ede sèvitè Bondye yo anvan Jezi te vin sou tè a ak fason li te fè sa nan premye syèk la? Ki jan lespri Bondye ede kretyen yo jodi a? Ann wè ki jan l fè sa.

“Mwen se esklav Jewova!”

2. Ki jan Mari te wè travay lespri sen fè?

2 Mari te la nan gwo chanmòt Jerizalèm nan lè lespri sen Jezi te pwomèt la te desann sou kretyen yo (Tra. 1:13, 14). Sepandan, pandan plis pase trantan anvan sa, li te wè divès travay remakab lespri sen Jewova te fè. Jewova te fè Pitit li a ki t ap viv nan syèl la vin viv sou tè a. Pou l te fè sa, li te fè Mari vin ansent pandan Mari te vyèj toujou. Se “grasa lespri sen” sa te fèt. — Mat. 1:20.

3, 4. Ki atitid Mari te genyen, e ki jan nou kapab imite l?

3 Pou ki rezon Mari te jwenn privilèj san parèy sa a? Apre zanj ki te vin pale ak Mari a te di l volonte Jewova pou li, men sa Mari te reponn: “Mwen se esklav Jewova! Se pou sa rive m jan w di a.” ​(Lik 1:38). Lè Mari te di pawòl sa yo, li te montre bon atitid li te genyen, byenke Jewova te gentan remake sa. Piske li pa t pran tan pou l te bay zanj lan yon repons, sa montre li te dispoze fè volonte Jewova. Li pa t pale ak zanj lan konsènan sa moun nan kominote li t ap viv la t apral di lè yo wè l ansent, ni li pa t enkyete l pou efè sa ta kapab genyen sou relasyon l ak fiyanse l. Lefètke li te konsidere tèt li kòm yon esklav ki nan kondisyon ki pi ba a, li te montre li gen yon konfyans total nan Jewova, Mèt li a.

4 Èske w konn santi responsablite w genyen nan sèvis Jewova a ak difikilte w jwenn nan sèvis sa a twòp pou ou? Nou chak ta dwe poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Èske m gen yon konfyans total Jewova ap ede m ann amoni ak volonte l? Èske m vrèman montre Jewova mwen dispoze fè volonte l?’ Ou mèt gen asirans Jewova, antanke Souvren, bay moun ki met tout konfyans yo nan li lespri sen depi yo aksepte fè volonte l. — Tra. 5:32.

Lespri sen te ede Pyè

5. Ki jan Pyè te wè fason lespri sen te konn travay anvan Pannkòt ane 33 epòk nou an?

5 Menm jan ak Mari, apot Pyè te wè ki jan lespri sen Bondye te fè yon seri bagay estrawòdinè menm anvan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Jezi te bay ni Pyè ni lòt apot yo pouvwa pou yo chase demon sou moun (Mak 3:14-16). Byenke Bib la pa bay detay sou fason Pyè te sèvi ak pouvwa sa a, nou mèt sèten li te sèvi avè l. Mete sou sa, lè Jezi t ap mache sou lanmè Galile, li te fè wè pouvwa Bondye lè l te di Pyè li mèt mache sou dlo a vin jwenn li. Pyè te fè sa Jezi te di l fè a. (Li Matye 14:25-29.) Kòm nou kapab wè sa, Pyè te konte sou lespri sen pou l te kapab fè yon seri bagay estrawòdinè. Sepandan, yon ti tan apre sa, lespri sen t apral fè lòt travay nan Pyè ak lòt disip yo.

6. Grasa lespri Bondye, ki sa Pyè te rive fè ni pandan, ni apre Pannkòt ane 33 epòk nou an?

6 Pandan fèt Pannkòt ane 33 a, Bondye te fè yon mirak e li te bay Pyè ak lòt disip yo kapasite pou yo pale lang lòt moun ki te vin Jerizalèm nan fèt la. Annapre, Pyè te pran devan pou l pale ak moun ki te rasanble yo (Tra. 2:14-36). Wi, disip sa a ki te konn aji san reflechi pafwa e ki te konn pè pafwa te vin gen kran pou l bay temwayaj byenke yo te menase l e yo te pèsekite l (Tra. 4:18-20, 31). Bondye te revele l bagay ki kache (Tra. 5:8, 9). Li te menm jwenn pouvwa pou l fè yon rezirèksyon. — Tra. 9:40.

7. Ki sa Jezi te konn anseye ki te vin klè pou Pyè apre Bondye te batize l ak lespri sen?

7 Anvan fèt Pannkòt ane 33 a, Pyè te gentan konprann anpil nan verite Jezi t ap anseye yo (Mat. 16:16, 17; Jan 6:68). Sepandan, te gen kèk bagay Jezi t ap anseye ki potko klè pou li anvan fèt sa a. Pa egzanp, Pyè potko konprann Jezi t apral resisite antanke yon espri twa jou apre lanmò l e Wayòm Jezi a t ap nan syèl la (Jan 20:6-10; Tra. 1:6). Pyè potko konprann gen moun ki t apral nan syèl pou yo vin wa nan Wayòm nan. Apre li te fin batize ak lespri sen e li te vin gen esperans pou l al viv nan syèl la, se lè sa a li te vin konprann bagay sa yo Jezi t ap anseye yo.

8. Ki kote kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ak “lòt mouton” yo kapab jwenn konesans?

8 Apre lespri sen te desann sou disip yo, gen bagay yo pa t ka konprann anvan sa ki te vin klè pou yo. Grasa lespri Bondye, kretyen ki te ekri Liv ki te ekri an grèk yo te pale de diferan bagay estrawòdinè Jewova gen nan objektif li. Enfòmasyon sa yo ede nou anpil (Efe. 3:8-11, 18). Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ak sa ki fè pati “lòt mouton” yo nouri tèt yo ak menm verite sa yo (Jan 10:16). Èske w gen rekonesans pou fason lespri Bondye ede w konprann Pawòl Bondye a e pou konesans li pèmèt ou genyen grasa Pawòl sa a?

Pòl te “vin ranpli ak lespri sen”

9. Ki sa lespri sen te ede Pòl fè?

9 Apeprè yon ane apre fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, gen yon lòt moun ki te resevwa lespri sen. Moun sa a se te Sol. Yo te vin konnen l sou non Pòl. Lespri sen te sèvi avè l pou avantaj nou jodi a. Grasa lespri Bondye, li te ekri 14 liv nan Bib la. Menm jan ak Pyè, lespri Bondye te ede Pòl byen konprann esperans kèk kretyen genyen pou yo gen imòtalite nan syèl la e li te pèmèt li ekri sou sa. Sa Pòl te ekri yo klè kou dlo kòk. Grasa lespri sen, Pòl te geri moun ki malad, li te chase demon sou moun e li te menm resisite moun ki mouri! Sepandan, pouvwa lespri sen te bay Pòl la t apral ede l atenn yon objektif ki te pi enpòtan toujou. Tout kretyen yo jodi a atenn objektif sa a, byenke Bondye pa fè okenn mirak pou sa.

10. Ki enfliyans lespri sen te genyen sou kapasite Pòl te genyen pou l pale?

10 Pòl, ki te “ranpli ak lespri sen”, te pale ak yon majisyen avèk kran. Sa te gen yon gwo efè sou administratè an chèf zile Chip la ki t ap koute tout konvèsasyon an. Administratè a te aksepte laverite paske “ansèyman li te tande sou Jewova a te frape l anpil”. (Tra. 13:8-12.) Pa gen dout nan sa, Pòl te byen konnen enpòtans pou nou gen lespri sen pou nou kapab anseye moun yo laverite (Mat. 10:20). Annapre, li te mande frè yo nan kongregasyon Efèz la priye pou li pou l “ka pale alèz”. — Efe. 6:18-20.

11. Ki jan lespri sen te ede Pòl?

11 Lespri sen te fè Pòl alèz pou l pale. Sepandan, gen kèk kote li te entèdi l pale. Pandan Pòl t ap vwayaje antanke misyonè, lespri sen Bondye te avè l (Tra. 13:2; li Travay 16:6-10). Jewova kontinye itilize lespri sen l pou l dirije travay predikasyon an jodi a. Menm jan ak Pòl, tout sèvitè Jewova ki obeyisan yo fè tout sa yo kapab pou yo preche laverite avèk kran e avèk zèl. Byenke Bondye pa dirije nou egzakteman menm jan li te konn dirije Pòl, nou mèt sèten li itilize lespri sen l yon fason pou l asire l moun ki merite tande laverite yo tande l. — Jan 6:44.

“Divès kalite travay”

12-14. Èske lespri Bondye fè menm travay la nan chak sèvitè Bondye? Esplike.

12 Jewova te beni kretyen yo nan premye syèk la ki te gen esperans pou y al nan syèl. Èske istwa biblik ki montre sa yo bay sèvitè Jewova yo bonjan ankourajman jodi a? Pa gen dout nan sa! Pa bliye pawòl Bondye te fè Pòl ekri kongregasyon Korent lan nan premye syèk la konsènan don Bondye te bay grasa lespri sen. Men sa Pòl te di: “Gen divès kalite don, men se menm lespri a ki bay yo. Gen divès kalite sèvis, epoutan se yon sèl Seyè a ki genyen. Gen divès kalite travay k ap fèt, epoutan se menm Bondye a k ap fè yo tout nan tout moun.” ​(1 Kor. 12:4-6, 11). Jan nou wè sa, lespri sen kapab travay nan sèvitè Bondye yo diferan fason nan yon objektif byen detèmine. Pa gen dout nan sa, ni moun ki fè pati “ti twoupo” a, ni moun ki fè pati “lòt mouton” yo kapab jwenn lespri sen (Lik 12:32; Jan 10:16). Sepandan, li pa toujou fè menm travay la nan chak moun nan kongregasyon an.

13 Pa egzanp, se lespri sen ki nome ansyen yo (Tra. 20:28). Sepandan, se pa tout moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki ansyen. Ki sa sa montre? Sa montre lespri sen pa fè menm travay la nan chak moun nan kongregasyon an.

14 Lespri ki fè kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo santi “Bondye adopte” yo antanke pitit li a, se avè l Jewova te sèvi pou l resisite sèl Pitit li te fè a. (Li Women 8:11, 15.) Se ak menm lespri sa a Jewova te sèvi pou l kreye tout linivè (Jen. 1:1-3). Se ak menm lespri sa a tou li te sèvi pou l ede Betsalèl nan travay li te gen pou l fè nan tabènak la, pou l bay Samson fòs pou Samson fè yon seri bagay ki te mande anpil fòs, e pou l fè Pyè rive mache sou dlo. Se sa k fè nou pa dwe konfonn yon moun ki gen lespri sen ak yon moun Bondye batize ak lespri sen l pou l al nan syèl. Batèm ak lespri sen an se yon travay espesyal lespri a fè. Se Bondye ki deside ki moun l ap batize ak lespri l.

15. Èske Bondye ap kontinye batize moun ak lespri sen l pou toutan? Esplike.

15 Lespri sen, fòs aktif Bondye a, toujou travay nan moun k ap sèvi Bondye avèk fidelite yo e li pa fè menm travay la nan yo tout. L ap fè sa depi plizyè milye ane anvan Bondye te kòmanse chwazi moun ki pral nan syèl yo. Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, li te kòmanse fè yon lòt travay nan kretyen yo, men, li pap kontinye fè travay sa a pou toutan. Gen yon lè k ap rive, Bondye pap batize moun ak lespri sen ankò. Men, lespri sen Bondye ap toujou travay nan sèvitè Bondye yo pou yo kontinye fè volonte l pou toutan.

16. Ki travay espesyal sèvitè Bondye yo ap fè jodi a grasa èd lespri sen?

16 Ki travay espesyal Jewova ap fè sou tè a jodi a grasa lespri sen l? Men sa Revelasyon 22:17 di: “Lespri a ak lamarye a pa sispann di: ‘Vini!’ Tout moun ki tande sa, se pou yo di: ‘Vini!’ Se pou tout moun ki swaf vini. E se pou tout moun ki vle, pran dlo lavi a gratis.” Grasa lespri sen, jodi a, kretyen yo bay “tout moun ki vle” dlo lavi a envitasyon Jewova fè yo a ki kapab sove lavi yo. Se kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki pran devan nan travay sa a. Sepandan, moun ki fè pati lòt mouton yo ede yo. Toule de gwoup moun sa yo kolabore ansanm ak menm lespri sen an pou yo fè travay la. De gwoup moun sa yo vwe lavi yo bay Jewova e yo montre sa lè yo batize “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”. (Mat. 28:19.) Yo tout kite lespri Bondye gide yo nan lavi a e yo kite l pwodui fwi lespri a nan yo (Gal. 5:22, 23). Menm jan ak kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo, lòt mouton yo kite lespri Bondye ede yo tou. Avèk èd lespri sen, yo fè sa yo kapab pou yo rete pwòp nan je Bondye. — 2 Kor. 7:1; Rev. 7:9, 14.

Kontinye mande Bondye lespri sen

17. Ki jan nou kapab montre lespri Bondye poze sou nou?

17 Kit esperans nou se lavi ki pap janm fini nan syèl la oswa sou tè a, Jewova kapab ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” yon fason pou nou kenbe entegrite nou e pou nou resevwa kado li gen pou l ban nou an (2 Kor. 4:7). Moun kapab pase nou nan rizib paske nou kontinye ap preche bon nouvèl Wayòm nan, men pa bliye sa: “Si yo fè nou sibi move tretman pou non Kris, nou mèt kontan, paske lespri ki gen glwa a, wi, lespri Bondye, poze sou nou.” — 1 Pyè 4:14.

18, 19. Ki jan Jewova ap ede w pa mwayen lespri sen l, e ki detèminasyon w pran?

18 Lespri sen se yon kado Bondye bay moun sensè k ap chèche l toutbonvre yo gratis. Nonsèlman li kapab fè nou devlope kapasite nou genyen yo, men tou, li kapab fè nou anvi sèvi Bondye ak tout kè nou. Men sa Bib la di: “Se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.” Lè Bondye ban nou lespri l ki se yon kado ki gen anpil valè e nou fè tout sa nou kapab pou nou “kenbe pawòl lavi a byen di”, sa ap ede nou “kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè”. — Fil. 2:12, 13, 16.

19 Se pou nou fè tout travay yo ban nou fè ak tout kè nou, se pou nou kontinye chèche fè travay sa yo pi byen epi chèche èd nan men Jewova toutpandan nou met tout konfyans nou nan lespri sen (Jak 1:5). Jewova ap ede w konprann Pawòl li a, l ap ede w fè fas ak pwoblèm ou yo e l ap ede w preche bon nouvèl la. Men sa Bib la di: “Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou.” Lespri sen fè pati bagay Bondye ap ban nou si nou kontinye mande l li (Lik 11:9, 13). Kidonk, annou kontinye sipliye Jewova yon fason pou l ka ede nou rete fidèl e pou n kite lespri sen gide nou. Konsa, n ap imite ni moun ki t ap sèvi l fidèlman nan tan lontan yo, ni moun k ap fè sa jodi a.

Èske w ka esplike?

• Menm jan ak Mari, ki atitid nou dwe genyen k ap fè nou jwenn benediksyon?

• Ki jan lespri sen te ede Pòl?

• Ki jan lespri sen ede sèvitè Bondye yo jodi a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Lespri Bondye te ede Pòl lite ak lespri mechan yo.

[Foto nan paj 26]

Jodi a, kèlkeswa esperans nou genyen, lespri sen la pou l ede nou.