Lespri sen te ede moun ki te fidèl nan tan lontan yo
Lespri sen te ede moun ki te fidèl nan tan lontan yo
“Senyè a ban mwen lespri l, li voye m!” — EZA. (IZA.) 48:16.
1, 2. Ki sa k ap ede nou gen lafwa, e ki jan egzanp moun ki te fidèl nan tan lontan yo ap ankouraje nou?
DEPI nan epòk Abèl rive jis jounen jodi a, yon bagay ki klè sèke “lafwa se pa yon bagay tout moun genyen”. (2 Tes. 3:2.) Ki sa k fè yon moun gen kalite sa a, e ki sa k fè yon moun fidèl? Dapre Labib, yon moun gen lafwa apre l fin tande Pawòl Bondye a (Wom. 10:17). Lafwa fè pati fwi lespri Bondye a (Gal. 5:22, 23). Donk, pou nou gen lafwa, nou dwe gen lespri sen.
2 Nou t ap fè yon erè si n ta panse moun ki gen lafwa yo tou fèt avè l, oswa li nòmal pou moun gen lafwa. Sèvitè Bondye yo pale de yo nan Bib la ki te gen lafwa yo se te “moun menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Yo te konn gen dout, yo te konn santi yo pa an sekirite e yo te gen mankman. Sepandan, “yo te vin pisan” grasa lespri Bondye ki te ede yo fè fas ak sitiyasyon difisil yo te rankontre (Ebre 11:34). Lè nou wè ki jan lespri Bondye te konn ede yo, sa ap ede nou kontinye kenbe fidelite nou devan Bondye nan epòk nou an kote gen anpil eprèv k ap teste lafwa nou.
Moyiz te gen lespri Bondye sou li
3-5. a) Ki jan nou fè konnen lespri sen te ede Moyiz? b) Ki sa egzanp Moyiz la aprann nou sou fason Jewova bay lespri l?
3 Moyiz “te gen plis imilite lontan” pase tout moun ki te vivan nan ane 1513 anvan epòk nou an (Nonb 12:3, NW). Sèvitè Bondye sa a ki te gen tanperaman dou te gen gwo responsablite nan mitan pèp Izrayèl la. Li te gen lespri Bondye sou li e sa te pèmèt li pwofetize, jije, ekri, dirije pèp la epi fè mirak. (Li Ezayi (Izayi) 63:11-14.) Men, yon lè, Moyiz te plenyen kòmkwa chay la twòp pou li (Nonb 11:14, 15). Lè sa a, Jewova te “pran ti gout nan lespri” ki te sou Moyiz la e li mete l sou 70 lòt mesye yon fason pou yo te ka ede Moyiz (Nonb 11:16, 17). Byenke responsablite Moyiz te genyen yo te parèt twòp pou li, an reyalite, li pa t poukont li e lòt 70 mesye ki t ap ede l yo pa t poukont yo nonplis.
4 Bondye te bay Moyiz kantite lespri sen li te bezwen pou travay la. Apre Bondye te pran yon pati nan lespri sen ki te sou Moyiz la e l te mete l sou lòt mesye yo, Moyiz te toujou gen ase lespri sen. Kantite lespri sen li te genyen an pa t twò piti, e kantite 70 ansyen yo te genyen an pa t twòp. Jewova toujou ban nou kantite lespri sen nou bezwen selon sitiyasyon nou. Labib di “Bondye bay lespri l san mezire”, “ann abondans”. — Jan 1:16; 3:34.
5 Èske w ap andire anba eprèv? Èske w pa gen ase tan pou tèt ou tèlman w gen responsablite sou do w? Èske w fè tout sa w kapab pou w pran swen fanmi w nan domèn espirityèl e pou w ba yo tout sa yo bezwen nan domèn materyèl aktout lavi a kontinye ap vin pi chè e aktout ou gen pwoblèm sante? Èske w gen anpil responsablite nan kongregasyon an? Ou mèt gen asirans Bondye kapab ba w lespri sen l, sa k ap ba w fòs ou bezwen pou w fè fas ak kèlkeswa sitiyasyon an. — Wom. 15:13.
Lespri sen te kalifye Betsalèl
6-8. a) Ki sa lespri Bondye te ede Owolyab ak Betsalèl fè? b) Ki sa ki montre de mesye sa yo te gen lespri Bondye avèk yo? c) Poukisa eksperyans Betsalèl la vrèman ankouraje nou?
6 Betsalèl se yon gason ki t ap viv nan menm epòk ak Moyiz. Eksperyans li te fè ede nou aprann anpil bagay sou fason lespri Bondye kapab ede yon moun. (Li Egzòd 35:30-35.) Se Betsalèl ki te gen responsablite pou l fè tout mèb ki t ap anndan tabènak la. Èske li te gen konesans nan domèn sa a anvan yo te ba l responsablite sa a? Petèt li te gen eksperyans deja. Sepandan, gen anpil chans pou se brik li te konn fè pou Ejipsyen yo anvan sa (Egz. 1:13, 14). Ki jan Betsalèl t ap rive fè travay konplike sa a? Labib di Jewova te “mete lespri l sou li an kantite pou l ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l fè tout kalite travay atizan yo konn fè [...], pou l konn fè bèl desen”. Kèlkeswa kapasite Betsalèl te kapab genyen, lespri sen te ede l devlope kapasite sa yo lakay li pi plis toujou. Lespri sen te fè menm bagay la pou Owolyab tou. Yo toule de dwe te aprann byen, piske nonsèlman yo te fè travay la byen, men yo te anseye lòt moun tou. Wi, Bondye te ba yo don pou yo anseye lòt moun.
7 Yon lòt bagay ki montre lespri sen te ede Owolyab ak Betsalèl se kantite tan bagay yo te fè yo te dire. Menm apre anviwon 500 ane, bagay yo te fè yo te toujou la (2 Kwo. 1:2-6). Kontrèman ak moun yo jodi a ki konn met mak fabrik yo sou bagay yo fè, mesye sa yo pa t bezwen bagay konsa. Yo te bay Jewova tout glwa pou bagay yo te fè yo. — Egz. 36:1, 2.
8 Jodi a, nou kapab gen yon travay pou nou fè nan sèvis Jewova a ki fè nou pè paske travay sa a mande pou nou gen anpil kapasite. Pa egzanp, nou gendwa ap travay nan konstriksyon, nan enprimri, n ap òganize kongrè, n ap òganize sekou pou frè ak sè yo lè gen katastwòf natirèl, oswa nou gen pou nou pran kontak ak doktè ak moun k ap travay lopital pou nou pale ak yo sou pozisyon nou sou kesyon transfizyon san an. Pafwa, se frè ak sè ki byen kalifye ki gen privilèj sa yo, men, leplisouvan, se volontè ki pa gen eksperyans ki jwenn privilèj sa yo. Sepandan, lespri Bondye ede yo fè yon bon travay. Èske sa rive w deja ou te refize aksepte yon privilèj paske w te panse gen lòt moun ki pi kalifye pase w ki kapab fè travay la pi byen? Pa bliye sa, lespri Jewova kapab ede w vin gen plis konesans ak plis kapasite pou w ka fè kèlkeswa travay yo mande w fè a.
Lespri Bondye te ede Jozye
9. Nan ki sitiyasyon Izrayelit yo te ye apre yo te fin kite Ejip, e ki kesyon ki te vin soulve?
9 Lespri Bondye te ede yon lòt moun ki te viv nan menm epòk ak Moyiz ak Betsalèl. Yon ti tan apre Izrayelit yo te kite Ejip, Amalekit yo te atake yo san rezon e sa te mande pou yo goumen. Byenke Izrayelit yo pa t konn fè lagè, yo te oblije pare kò yo pou yo goumen. Se premye fwa yo t apral goumen depi lè Jewova te fè yo soti anba men Ejipsyen yo (Egz. 13:17; 17:8). Yo te bezwen yon moun pou pran latèt nan lame a. Kiyès ki t apral fè sa?
10. Sa k fè Izrayelit Jozye t ap dirije yo te genyen batay la?
10 Bondye te chwazi Jozye. Men, èske Jozye te kalifye pou misyon sa a? Anvan sa, li te yon esklav, yon moun ki te konn fè mòtye ak pay e ki te konn ranmase lamàn. Granpapa l, Elichama, te chèf tribi Efrayim nan e sanble li t ap dirije 108 100 gason nan youn nan divizyon twa tribi Izrayèl yo (Nonb 2:18, 24; 1 Kwo. 7:26, 27). Epoutan, Jewova pa t chwazi ni Elichama, ni Noun, pitit gason l lan. Jewova te di Moyiz se Jozye ki t ap gen pou l dirije lame ki t apral pote laviktwa sou tout nasyon ki te lènmi pèp la. Izrayelit yo te pase pifò jounen an ap goumen ak Amalekit yo. Piske Jozye te obeyi Bondye ak tout kè l e li te gen anpil rekonesans pou lespri sen Bondye ki t ap ede l, Izrayelit yo te genyen batay la. — Egz. 17:9-13.
11. Menm jan ak Jozye, ki jan n ap rive fè sa Bondye mande nou fè?
11 Annapre, Jozye, ki te “gen anpil bon konprann sou li” grasa lespri Bondye, te ranplase Moyiz (Det. 34:9). Lespri sen pa t bay Jozye kapasite pou l pwofetize oswa pou l fè mirak menm jan ak Moyiz. Men, li te ede l dirije Izrayelit yo nan kanpay militè yo te fè ki te pèmèt yo pran tèritwa Kananeyen yo. Jodi a, nou kapab santi nou pa gen ase eksperyans oswa nou pa kalifye pou nou fè kèk bagay Bondye mande nou fè. Sepandan, menm jan ak Jozye, n ap rive fè sa Bondye mande nou fè si nou suiv enstriksyon l ban nou yo pye pou pye. — Joz. 1:7-9.
“Lespri Senyè a desann sou Jedeyon”
12-14. a) Lefètke 300 sòlda Gideyòn yo te bat kokennchenn lame Madyanit yo, ki sa sa montre? b) Ki jan Jewova te bay Gideyòn asirans? c) Ki garanti Bondye ban nou jodi a?
12 Apre lanmò Jozye, Jewova te kontinye montre ki jan li kapab fòtifye moun k ap sèvi l avèk fidelite. Nan liv Jij la, gen yon bann pasaj ki montre ki jan yon pakèt moun ‘ki te fèb te vin pisan’. (Ebre 11:34.) Bondye te itilize lespri l pou l fè Jedeyon (Gideyòn) pran latèt nan batay pèp la t apral mennen an (Jij 6:34). Sepandan, te gen 4 sòlda nan lame madyanit la pou chak sòlda nan lame Gideyòn nan. Jewova te panse te gen twòp moun nan lame Gideyòn nan. Pandan de fwa, li te mande Gideyòn pou l retire nan kantite sòlda li te genyen yo jiskaske te vin gen yon sòlda Izrayelit pou 450 sòlda madyanit (Jij 7:2-8; 8:10). Nan je Jewova, kantite sa a te akseptab paske lè Izrayelit yo t ava genyen batay la, pèsòn pa t ap ka di se grasa fòs yo oswa sajès yo ki fè lame izrayelit la te genyen.
13 Gideyòn ak sòlda l yo t ap prepare yo pou batay la. Si w te youn nan moun ki te nan ti gwoup sòlda sa a, èske w t ap santi w an sekirite paske Bondye te retire moun ki lach e ki pa t vijilan yo nan gwoup la, oubyen èske kè w t ap sote lè w ap reflechi sou sa k ka pase? Kèlkeswa jan Gideyòn te santi l, li te fè egzakteman sa Jewova te mande l fè a! (Li Jij 7:9-14.) Jewova pa t repwoche Gideyòn paske Gideyòn te mande l yon siy ki t ap fè l konnen li t ap avè l toutbonvre (Jij 6:36-40). Okontrè, li te fòtifye lafwa Gideyòn.
14 Jewova gen yon kapasite estrawòdinè pou l sove sèvitè l yo. Li kapab sove yo nan kèlkeswa sitiyasyon yo ye. Li kapab menm sèvi ak moun ki sanble pa ka fè anyen pou yo pou l fè sa. Pafwa, nou ka santi gen anpil moun ki kont nou oswa n ap pase yon move kadè. Nou pa atann pou Bondye fè mirak pou nou menm jan l te fè sa pou Gideyòn, sepandan, Pawòl Bondye a ak òganizasyon Bondye ap dirije ak lespri sen l lan kapab ban nou anpil konsèy ak konsolasyon (Wom. 8:31, 32). Bèl pwomès Jewova fè nou yo fòtifye lafwa nou e yo ban nou garanti Jewova ede nou toutbonvre!
“Lespri Senyè a te sou Jefte”
15, 16. Sa k fè pitit fi Yifta a te dispoze fè sakrifis, e ki jan sa ankouraje paran yo?
15 Ann pran yon lòt egzanp. Lè Izrayelit yo t apral goumen ak Amonit yo, lespri Jewova “te sou Jefte”. Kòm Jefte, sa vle di Yifta, te vle genyen batay la wè pa wè pou glwa Jewova, li te fè Jewova yon ve ki te koute l chè. Li te di si Bondye lage moun Amòn yo nan men l, premye moun lakay li ki vin rankontre l la dwe vin pou Jewova. Pandan Yifta t ap retounen lakay li apre l te fin bat moun Amòn yo, pitit fi l la te kouri vin rankontre l (Jij 11:29-31, 34). Èske sa te fè Yifta sezi? Non, paske se yon sèl pitit la li te genyen. Li te respekte ve li te fè a piske li te fè pitit fi l la al sèvi Jewova nan tabènak la, nan Chilo. Piske Yifta t ap sèvi Jewova avèk fidelite, pitit fi l la te kwè se pou papa l respekte ve li te fè a. (Li Jij 11:36.) Lespri Jewova te bay yo toule de fòs yo te bezwen nan sitiyasyon sa a.
16 Ki sa k fè pitit fi Yifta a te dispoze fè yon sakrifis konsa? Pa gen dout, lafwa l te vin djanm lè l te wè jan papa l te zele e jan papa l te atache ak Bondye. Nou menm paran, pa panse pitit nou yo pa wè egzanp nou ba yo. Aksyon nou montre si nou vrèman kwè nan sa n ap di yo. Pitit nou yo wè priyè nou fè ak tout kè nou, fason nou anseye avèk ladrès ansanm ak egzanp nou bay ki montre sa sa vle di pou yon moun sèvi Jewova ak tout kè l. Se sèten egzanp nou bay ap fè yo vrèman anvi sèvi Jewova ak tout kè yo, sa k ap ban nou kè kontan.
“Lespri Senyè a desann sou” Samson
17. Ki sa lespri sen te pèmèt Samson fè?
17 Ann pran yon lòt egzanp ankò. Lè Izrayelit yo te anba men Filisten yo, Labib di “Lespri Senyè a [te] konmanse travay” nan Samson pou l pouse Samson delivre pèp la (Jij 13:24, 25). Samson te fè yon seri aksyon ki te mande anpil anpil fòs. Lè Filisten yo te konvenk Izrayelit yo pou yo arete Samson, Labib di “lespri Senyè a desann sou Samson. Epi [Samson] kase kòd ki te mare de bra l yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife”. (Jij 15:14.) Menm apre Samson te vin pèdi fòs li akoz move desizyon l te pran, Bondye te fè l vin gen fòs ankò “grasa lafwa”. (Ebre 11:32-34; Jij 16:18-21, 28-30.) Lespri Jewova te aji sou Samson yon fason espesyal akoz sitiyasyon pèp la t ap viv nan epòk la. Istwa sa yo ankouraje nou anpil. Kòman?
18, 19. a) Lè nou wè ki jan lespri sen te ede Samson, ki garanti sa ban nou? b) Ki sa w aprann nan egzanp moun fidèl nou sot egzamine nan atik sa a?
18 Nou konte sou lespri sen menm jan ak Samson. Nou fè sa lè n ap patisipe nan travay Jezi te bay disip li yo fè a ki se “preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè”. (Tra. 10:42.) Travay sa a mande pou nou gen ladrès, byenke se yon kapasite nou gendwa pa fèt avè l. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jewova sèvi ak lespri sen l pou l ede nou ak tout responsablite li ban nou yo! Se sa k fè, toutpandan n ap fè travay Jewova ban nou fè a, nou kapab di menm jan ak Izayi: “Senyè a ban mwen lespri l, li voye m!” (Eza. (Iza.) 48:16). Wi, se lespri Bondye ki voye nou! Nou mete tout kè nou nan travay Jewova a e nou gen konfyans Jewova ap fè nou vin pi kalifye menm jan li te fè sa pou Moyiz, Betsalèl ak Jozye. Nou pran “epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a”, toutpandan nou gen konfyans Bondye ap ban nou fòs menm jan li te fè sa pou Gideyòn, Yifta ak Samson (Efe. 6:17, 18). Lè nou konte sou Jewova pou l ede nou fè fas ak difikilte nou rankontre yo, n ap vin djanm nan domèn espirityèl menm jan Samson te djanm fizikman.
19 Pa gen dout nan sa, Jewova beni moun ki pran pozisyon fèm pou vrè adorasyon an. Lè nou kite lespri sen Bondye aji sou nou, sa fè lafwa nou vin pi solid. Se sa k fè, se pral yon plezi pou nou egzamine kèk istwa enteresan yo rapòte nan Liv ki te ekri an grèk yo. Sa pral ede nou konprann ki jan lespri Jewova te ede kretyen fidèl yo ni anvan, ni apre Pannkòt ane 33 epòk nou an. Nou pral egzamine istwa sa yo nan atik ki vin apre a.
Poukisa li bon pou nou konnen ki jan lespri Bondye te ede:
• Moyiz?
• Betsalèl?
• Jozye?
• Gideyòn?
• Yifta?
• Samson?
[Kesyon]
[Antrefilè nan paj 22]
Lespri sen ap fè lafwa nou djanm menm jan li te fè Samson djanm.
[Foto nan paj 21]
Paran, lè nou zele nan sèvis Jewova a, sa gen bon efè sou pitit nou.