Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te bay bon egzanp e li te bay move egzanp

Li te bay bon egzanp e li te bay move egzanp

Li te bay bon egzanp e li te bay move egzanp

‘Bondye pèp Izrayèl la ap moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n’a mache nan chemen l’ap mete devan nou an.’ — EZA. (IZA.) 2:3.

1, 2. Ki jan egzanp moun yo pale de yo nan Bib la kapab itil nou?

ÈSKE nou kwè toutbon tout sa ki ekri nan Bib la kapab itil nou? Nan Bib la, nou jwenn egzanp gason ak fi ki te fidèl. Nou kapab imite kalite yo ak fason yo te viv (Ebre 11:32-34). Sepandan, siman nou remake gen gason ak fi ki pa t konn aji byen e ki te kite move egzanp pou nou.

2 An reyalite, gen moun Bib la pale de yo ki ban nou bon egzanp e anmenmtan ki ban nou move egzanp. David te yon bèje ki te enb e ki te vin yon wa ki gen anpil pouvwa. Li ban nou yon bon egzanp paske li te yon moun ki renmen laverite e ki te fè Jewova konfyans. Men, David te fè peche ki grav tou. Sa fè nou sonje sa k te rive l ak Batcheba, Ouriya ansanm ak move desizyon li te pran lè l te fè konte pèp Izrayèl la. Ann egzamine egzanp Salomon, pitit li, ki te yon wa e ki te menm patisipe nan ekri liv ki nan Bib la. Toudabò, nou pral wè de fason Salomon te montre li se yon bon egzanp.

“Sajès Salomon”

3. Poukisa nou kapab di Salomon se yon bon egzanp pou nou?

3 Jezi Kris, Gran Salomon an, te pale an byen de wa Salomon e l te di Salomon se yon bon egzanp pou nou. Gen kèk Juif ki te gen dout sou Jezi, se sa k fè l te di yo: “Rèn ki te soti nan sid la ap leve lè jijman an ak jenerasyon sa a e l ap kondane l, paske li te soti nan dènye bout tè a pou l vin tande pawòl sajès Salomon t ap di. Men gade! gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Salomon.” ​(Mat. 12:42). Pa gen dout nan sa, anpil moun te vin konnen Salomon akoz sajès li e gen pawòl li te di ki ankouraje nou chèche gen sajès.

4, 5. Ki jan Salomon te fè vin gen sajès, e ki fason nou menm nou kapab vin gen sajès?

4 Lè Salomon te fèk vin wa, Bondye te pale avè l nan yon rèv e l te di Salomon pou l mande l sa l vle. Piske Salomon te konnen li te manke eksperyans, li te mande Bondye sajès. (Li 1 Wa 3:5-9.) Bondye te kontan dèske Salomon pa t mande l richès ak glwa, se sa k fè l te bay Salomon “plis konesans ak plis bon konprann”, sa vle di sajès, ansanm ak anpil byen (1 Wa 3:10-14). Jan Jezi te di sa, Salomon te tèlman gen sajès, rèn nan peyi Cheba a ki te tande sa te fè yon vwayaj byen long pou l al wè si sa l te tande a se te sa. — 1 Wa 10:1, 4-9.

5 Nou pa atann pou Bondye fè mirak pou l ban nou sajès. Men, Salomon te di “se Jewova menm ki bay sajès”. (NW.) Sepandan, li te montre nou bezwen fè efò pou nou gen kalite sa a Bondye bay la. Men sa l te di: “Louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.” Pou Salomon te montre enpòtans pou nou fè efò pou n gen sajès, li te itilize ekspresyon tankou “chache gen”, “kouri dèyè” ak “chache”. (Pwo. 2:1-6.) Li klè, nou kapab gen sajès.

6. Ki jan nou ka montre nou bay sajès Bondye valè menm jan ak Salomon?

6 Li ta bon pou nou mande tèt nou ‘si nou bay sajès Bondye valè menm jan ak Salomon’. Pwoblèm ekonomik lakòz anpil moun konsantre sou travay yo ak fè lajan e sa pouse yo fè plis etid. Ki jan sa ye pou ou menm ak fanmi w? Èske desizyon w pran yo montre sajès Bondye gen valè pou ou e w ap chèche sajès sa a? Si w ta fè ajisteman nan objektif ou genyen yo, èske sa pa t ap ede w vin gen plis sajès? Pa gen dout nan sa, lè yon moun vin gen sajès e li sèvi ak sajès sa a, sa ap toujou ale byen pou li. Men sa Salomon te ekri: “Si ou koute m, w’a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W’a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W’a konnen tout bon bagay ou dwe fè.”— Pwo. 2:9.

Salomon te soutni vrè adorasyon an e sa te pote lapè

7. Ki jan Bondye te fè vin gen yon bèl tanp?

7 Nan kòmansman rèy Salomon an, Salomon te pran dispozisyon pou l bati yon bèl tanp ki t apral ranplase tabènak yo te konn itilize depi nan epòk Moyiz la (1 Wa 6:1). Byenke nou rele tanp sa a tanp Salomon an, se pa Salomon ki te vin ak ide pou l bati yon tanp pou Jewova, ni se pa t yon fason li t ap fè pou moun konnen l kòm yon achitèk oswa kòm yon moun ki chaje lajan k ap fè byen. An reyalite, se David ki te premye vin ak ide pou l bati tanp lan, men se Jewova ki te ba l plan tanp lan ki te gen tout ti detay ni sou tanp lan ni sou bagay ki ta dwe anndan l. Mete sou sa, David te bay yon kokennchenn kontribisyon pou yo te ka fè travay la (2 Sam. 7:2, 12, 13; 1 Kwo. 22:14-16). Sepandan, se Salomon ki te gen responsablite bati tanp lan. Travay sa a te dire setan edmi. — 1 Wa 6:37, 38; 7:51.

8, 9. a) Ki bon egzanp Salomon kite pou nou anrapò ak pèseverans? b) Ki sa k te rive lefètke Salomon te soutni vrè adorasyon an?

8 Donk, Salomon kite yon bon egzanp pou nou suiv nan fason li te pèsevere nan travay li te gen pou l fè a e nan fason li te bay sa k te pi enpòtan yo priyorite. Lè yo te fin konstwi tanp lan e yo te mete lach alyans lan anndan l, Salomon te fè yon priyè devan tout pèp la. Men kèk pawòl li te di Jewova nan priyè sa a: “Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w’ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m’ap fè nan pye ou la a.” ​(1 Wa 8:6, 29). Ni moun ki Izrayelit, ni moun ki pa Izrayelit te kapab priye nan direksyon tanp sa a ki te makònen ak non Bondye. — 1 Wa 8:30, 41-43, 60.

9 Ki sa k te rive lefètke Salomon te soutni vrè adorasyon an? Apre inogirasyon tanp lan, pèp la te gen “kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou [yo] wè tout benediksyon Senyè a te bay David, sèvitè l la, ansanm ak pèp Izrayèl” la (1 Wa 8:65, 66). Pandan 40 an Salomon te fè ap dirije pèp Izrayèl la, peyi a te anpè e afè moun yo te bon. (Li 1 Wa 4:20, 21, 25.) Sòm 72 la montre sa e li ede nou konprann tout benediksyon nou pral jwenn anba dominasyon Jezi Kris, Gran Salomon an. — Sòm 72:6-8, 16.

Move egzanp Salomon te bay

10. Ki erè Salomon te fè moun ka plis sonje?

10 Poukisa nou kapab di Salomon te kite move egzanp pou nou tou? Anpalan de move egzanp, premye bagay ki ka vin nan tèt ou se bann madanm ak fanm deyò Salomon te genyen ki te soti nan lòt peyi yo. Men sa nou li: “Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Senyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò.” ​(1 Wa 11:1-6). Se sèten ou detèmine pou w pa janm imite move egzanp Salomon an! Men, èske se sèl move egzanp sa a Salomon te bay? Ann egzamine kèk detay nan lavi l anpil moun pa bay enpòtans e ann wè ki leson nou ka aprann.

11. Ki sa nou ka di sou premye maryaj Salomon te fè a?

11 Salomon te wa pandan 40 an (2 Kwo. 9:30). Lè nou li 1 Wa 14:21, ki sa nou aprann? (Li vèsè a.) Selon vèsè sa a, apre lanmò Salomon, Reyabam, pitit Salomon, te vin wa lè l te gen 41 an e se ‘Nama, moun lavil Amon’ ki te manman l. Sa ede nou konprann, anvan Salomon te vin wa, li te marye ak yon fi ki te soti nan yon nasyon ki te ènmi nasyon Izrayèl la e ki t ap sèvi zidòl (Jij 10:6; 2 Sam. 10:6). Èske fi sa a te konn adore zidòl? Byenke li te konn adore zidòl, petèt li te sispann fè sa e l te vin yon vrè adoratè Jewova menm jan ak Rahab ak Rit (Rit 1:16; 4:13-17; Mat. 1:5, 6). Dam sa a gendwa te sispann sèvi zidòl, men lefètke Salomon te marye avè l, Salomon te vin gen Amonit ki te fanmi l pa alyans e ki pa t ap sèvi Jewova.

12, 13. Ki move desizyon Salomon te pran lè l te fèk vin wa e ki sa petèt li te panse ki te fè l pran desizyon sa a?

12 Bagay yo te vin pi mal apre Salomon te vin wa. Men sa Bib la di: “Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l rete nan lavil David la.” ​(1 Wa 3:1). Èske Ejipsyèn sa a te pratike vrè adorasyon an menm jan ak Rit? Pa gen anyen ki montre li te fè sa. Men, avèk letan, Salomon te bati yon kay pou li e petèt pou Ejipsyèn ki t ap sèvi l yo pa deyò vil David la. Poukisa l te fè sa? Bib la di li te fè sa paske li pa t bon pou yon moun k ap adore fo dye abite toupre kote lach alyans lan te ye a. — 2 Kwo. 8:11.

13 Petèt Salomon te wè avantaj politik li t ap jwenn si l marye ak yon prensès ki soti ann Ejip. Men, èske sa te ba l dwa fè maryaj sa a? Depi byen lontan, Jewova te entèdi Izrayelit yo marye ak Kananeyen yo ki pa t ap sèvi l, e li te menm bay yon lis nasyon Izrayelit yo pa t dwe marye ak moun ki soti ladan yo (Egz. 34:11-16). Èske se paske Ejip pa t nan lis sa a ki fè Salomon te panse li te ka marye ak prensès la? Si l te panse sa, èske jan l te panse a te bon? Antouka, fason li te aji a montre byen klè li pa t pran sa Jewova te di a oserye, anpalan de danje ki genyen pou yon Izrayelit ki marye ak yon moun lòt nasyon ta kite vrè adorasyon an pou l al sèvi fo dye. — Li Detewonòm 7:1-4.

14. Lè nou reflechi seryezman sou move egzanp Salomon te bay la, ki leson nou aprann?

14 Èske nou wè ki leson nou ka pran nan move egzanp Salomon te bay la? Yon sè ta kapab di tèt li pa gen pwoblèm pou l renmen ak yon moun ki pap sèvi Jewova. Men, sa pa ann amoni ak enstriksyon Jewova bay pou yon moun marye ak yon moun “sèlman si moun sa a nan Seyè a”. (1 Kor. 7:39.) Nenpòt frè oswa nenpòt sè ki mal panse kapab santi pa gen pwoblèm pou l patisipe nan spò oswa nan lòt aktivite ki fèt nan lekòl li, oswa pa gen anyen ki mal pou l bay manti sou kantite kòb li antre yon fason pou l pa peye kantite enpo li dwe peye, oubyen tou pou l bay manti lè yo poze l kesyon konsènan yon move aksyon li te fè ki gendwa fè l santi l wont. Sa nou bezwen konprann sèke Salomon dwe te bay tèt li tout kalite rezon pou l pa obeyi kòmandman Bondye yo, e menm bagay la ka rive nou tou jodi a.

15. Ki jan Jewova te montre mizèrikòd nan fason li te aji ak Salomon, men ki sa nou ta dwe sonje?

15 Yon bagay ki enteresan sèke apre Bib la fin di Salomon te marye ak yon prensès ejipsyèn, li di Bondye te bay Salomon sajès jan Salomon te mande l la ak anpil richès (1 Wa 3:10-13). Byenke Salomon pa t obeyi Jewova, pa gen anyen ki montre Jewova te kouri retire wayòm nan nan men l ni li te pini l pou sa l te fè a. Sa ann amoni ak Bib la ki montre Bondye sonje nou fèt nan pechè e se pousyè tè nou ye (Sòm 103:10, 13, 14). Sepandan, nou dwe sonje towouta n ap peye pou tout sa nou fè ki pa bon.

Tout madanm sa yo!

16. Ki kòmandman Bondye Salomon pa t obeyi lè l te chwazi gen anpil madanm?

16 Nan liv Kantik de Kantik la, sa vle di liv Chan Salomon an, gen yon wa ki t ap pale de yon vyèj li te renmen anpil e ki te di vyèj sa a pi bèl pase 60 rèn ak 80 fanm kay (Kan. (Chan) 6:1, 8-10). Si wa sa a se Salomon, lè l te di pawòl sa yo, li te gentan gen tout madanm sa yo. Menmsi pifò madanm Salomon yo oubyen yo tout t ap adore Jewova, Bondye te di Moyiz wa a “pa fèt pou l gen anpil madanm, paske sa ka fè l pèdi tèt li”. (Det. 17:17.) Yon lòt fwa ankò, Jewova pa t annik vire do bay Salomon, li te beni l kanmenm. Li te itilize l pou l ekri liv Chan Salomon an.

17. Ki sa nou pa dwe janm bliye?

17 Èske sa vle di Salomon te kapab dezobeyi Bondye san anyen pa rive l e nou kapab fè sa tou? Non. Okontrè, sa montre Bondye kapab tolere yon moun pandan yon tan. Lefètke yon moun ki dezobeyi Jewova pa resevwa pinisyon pou sa l fè a lapoula, sa pa vle di li pap peye pou sa l fè a pi devan. Sonje sa Salomon te ekri: “Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.” Anplis de sa li te di: “Mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w’ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.” — Ekl. 8:11, 12.

18. Ki jan lavi Salomon montre pawòl ki nan Galat 6:7 la se laverite?

18 Ala bon sa t ap bon si Salomon te kontinye kenbe verite ki nan Eklezyas 8:11, 12 la nan lespri l! Se vre li te fè anpil bon bagay e li te jwenn anpil benediksyon nan men Bondye, men, avèk letan, li te fè peche sou peche. Li te vin gen move tandans. Vrèmanvre, pawòl Bondye te pouse Pòl ekri nan Galat 6:7 la se laverite: “Pa twonpe tèt nou: moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” Avèk letan, Salomon te rekòlte fwi move aksyon l te fè yo paske li te dezobeyi kòmandman Bondye. Men sa nou li nan Bib la: “Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et [Itit yo].” ​(1 Wa 11:1). Petèt anpil nan medam sa yo te toujou ap sèvi fo dye, e konsa yo te enfliyanse Salomon. Salomon te vire do bay Bondye nou an ki pasyan e li te pèdi favè l. — Li 1 Wa 11:4-8.

Leson nou ka aprann nan bon ak move egzanp li te bay

19. Ki rezon ki fè gen anpil moun ki bay bèl egzanp nan Bib la?

19 Avèk bonte, men sa Jewova te pouse apot Pòl ekri: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” ​(Wom. 15:4). Nan sa ki te ekri yo, nou jwenn istwa ki pale de gason ak fi ki te gen yon lafwa estrawòdinè e ki kite bon egzanp pou nou. Se sa k fè Pòl te kapab di: “Ki sa m ta di ankò? Paske, mwen pa t ap gen tan si m ta vle pale konsènan Gideyòn, Barak, Samson, Yifta, David ansanm ak Samyèl ak lòt pwofèt yo. Grasa lafwa yo te genyen, yo te rive pote laviktwa sou yon seri wayòm, yo te aji avèk jistis, yo te resevwa pwomès, [...] yo menm ki te fèb, yo te vin pisan.” ​(Ebre 11:32-34). Si nou imite moun ki kite bon egzanp pou nou nan istwa biblik yo, se sèten n ap jwenn byenfè.

20, 21. Poukisa nou detèmine pou nou pran leson nan men moun yo pale de yo nan Pawòl Bondye a?

20 Men, gen kèk istwa biblik ki pale de moun ki te bay move egzanp. Pami moun sa yo, gen gason ak fi ki te gen favè Jewova e ki t ap sèvi l yon lè. Lè nou li Bib la, n ap kapab wè ki sa kèk moun nan pèp Bondye a te fè ak jan yo te vire do ba li, sa ki fè yo se move egzanp pou nou. N ap wè ki jan, tikras pa tikras, kèk ladan yo te vin devlope yon move tandans, sa ki te pote move konsekans pou yo. Ki sa pou n fè pou nou pran leson nan istwa sa yo? Nou kapab poze tèt nou kesyon tankou: ‘Ki jan tandans sa a te fè vin devlope lakay moun sa a? Èske yon tandans konsa kapab vin devlope lakay mwen tou? Ki sa m ka fè pou sa pa rive m e pou m pran leson nan sa k te pase a?’

21 Nou ta dwe egzamine egzanp sa yo seryezman, paske, men sa Bondye te pouse apot Pòl ekri: “Bagay sa yo ki te rive yo a se egzanp yo ye pou nou menm fen sistèm yo rive sou nou an e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman.” — 1 Kor. 10:11.

Ki sa nou te aprann?

• Poukisa nou jwenn moun ki bay bon ak move egzanp nan Bib la?

• Ki jan Salomon te fè kite move tandans devlope lakay li?

• Ki leson nou ka pran nan move egzanp Salomon te bay la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Salomon te sèvi avèk sajès Bondye te ba li a.

[Foto nan paj 12]

Èske w pran leson nan move egzanp Salomon te bay la?