Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa kite maladi fè w pèdi jwa w

Pa kite maladi fè w pèdi jwa w

Pa kite maladi fè w pèdi jwa w

IMAJINE ou leve yon maten epi w gentan swete pou jounen an fini anvan menm li kòmanse. Ou gen yon lòt jounen devan w kote w pral soufri ak doulè nan tout kò w oswa kote lapenn pral anvayi kè w. Petèt menm ou santi w menm jan ak Jòb ki te di: “Pito m te mouri pase pou m soufri tout doulè sa yo.” ​(Jòb 7:15). E si w ta oblije kontinye soufri konsa pandan plizyè ane?

Se nan yon sitiyasyon konsa Mefibochèt, pitit gason Yonatàn, zanmi David la, te ye. Lè Mefibochèt te gen senk an, li te “sot tonbe [...]. Se konsa li [te] vin enfim nan pye”. (2 Sam. 4:4.) Mefibochèt t ap soufri akoz li te enfim, men, lè yo te akize l kòmkwa li te trayi wa David e li te pèdi kèk byen materyèl, siman soufrans li te vin ogmante. Malgre sa, li kite yon bèl egzanp pou nou antanke moun ki te andire anba yon andikap, anba medizans ak desepsyon san l pa t pèdi jwa l. — 2 Sam. 9:6-10; 16:1-4; 19:24-30.

Apot Pòl kite yon bon egzanp pou nou tou. Yon lè li te ekri konsènan “yon pikan nan chè” l li te oblije viv avè l (2 Kor. 12:7). Petèt pikan li t ap pale de li a se te yon maladi li te genyen depi lontan oswa se te moun ki t ap konteste otorite l antanke apot. Kèlkeswa sa pikan sa a te ye, pwoblèm nan te kontinye ap toumante Pòl e Pòl te oblije soufri ak doulè nan kò l oswa ak lapenn nan kè l. — 2 Kor. 12:9, 10.

Jodi a tou, gen kèk nan sèvitè Jewova yo k ap soufri ak lapenn nan kè yo oswa ak yon maladi ki pa gen tretman. Pa egzanp, Magdalena te gen 18 an lè doktè te di l li fè yon maladi kote sistèm iminitè a ki la pou pwoteje kò a kont maladi sanble ap atake tout ògàn kò a. Men sa li di: “Mwen te pè anpil. Plis tan t ap pase, sitiyasyon m nan te vin pi mal. Mete sou sa, mwen te gen pwoblèm pou m fè dijesyon, tout anndan bouch mwen t ap fè maleng e m te vin gen pwoblèm tiwoyid.” Izabela li menm, te gen pwoblèm ki pa t fasil pou moun wè. Men sa l esplike: “Mwen soufri depresyon depi m timoun. Se sa k fè mwen konn rete konsa m panike, mwen gen pwoblèm pou m respire e m konn gen kranp nan vant. Lè konsa mwen santi m fatige anpil.”

Aksepte reyalite a

Maladi ak andikap yon moun genyen ka toumante lavi l. Si w nan yon sitiyasyon konsa, ou bezwen chita epi aprann byen konprann pwoblèm ou genyen an. Li gendwa pa fasil pou w aksepte limit ou. Men sa Magdalena di: “Maladi m nan ap vin pi grav chak jou. Byen souvan, mwen santi m twò fatige pou m desann kabann mwen. Piske m pa konn kòman m ap leve chak jou, li difisil anpil pou m planifye sa m gen pou m fè. Sa k fè m pi mal la, sèke mwen pa kapab fè tout sa m te konn fè nan sèvis Jewova a ankò.”

Men sa yon frè ki rele Zbigniew esplike: “Tank ane ap pase, rimatis la kontinye ap souse tout ti fòs mwen nèt, li atake jwenti m yo youn apre lòt. Pafwa, lè jwenti m yo anfle anpil, mwen pa ka fè menm travay ki pi senp lan. Sa fè m santi m dekouraje.”

Gen kèk ane depi doktè te di Barbara li gen yon timè k ap devlope nan sèvo l. Men sa Barbara di: “Gen yon bann chanjman ki te fèt nan kò m bridsoukou. Mwen santi m kagou, souvan, mwen gen tèt fè mal e li difisil pou m konsantre. Lefètke mwen vin limite nan sa m ka fè, mwen te oblije replanifye lavi m nèt.”

Tout moun nou sot pale de yo pi wo a se sèvitè Jewova ki deja vwe lavi yo ba li. Pou yo menm, sa ki pi enpòtan se fè volonte Jewova. Yo fè l konfyans ak tout kè yo e li ede yo. — Pwo. 3:5, 6.

Ki jan Jewova ede yo?

Nou pa dwe panse se paske Jewova lage nou ki fè n ap soufri (Lam. 3:33). Reflechi sou tout pwoblèm Jòb te andire malgre se te yon moun “san repwòch ki [t ap] mache dwat”. (Jòb 1:8.) Labib di Bondye pa ka pase moun anba eprèv ak bagay ki mal (Jak 1:13). Se akoz Adan ak Èv, premye paran nou yo, ki fè gen maladi, kit se maladi ki pa gen tretman, kit se maladi ki gen efè sou santiman nou. — Wom. 5:12.

Sepandan, Jewova ak Jezi pap janm lage moun ki jis yo (Sòm 34:15). Se lè nou nan moman ki difisil anpil nou vin gen plis rekonesans pou Bondye ki se ‘defans nou ak pwoteksyon nou’. (Sòm 91:2.) Men, lè nou nan sitiyasyon ki difisil, ki sa k ka ede nou pou nou pa pèdi jwa nou?

Lapriyè. Menm jan ak moun nan tan lontan yo ki t ap sèvi Jewova fidèlman, nou kapab priye Jewova, Papa nou ki nan syèl la, pou nou lage fado nou yo sou li (Sòm 55:22). Lè nou fè sa, n ap gen “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”, e lapè sa a “ap pwoteje kè nou ak lespri nou”. (Fil. 4:6, 7.) Lefètke Magdalena apiye sou Jewova grasa lapriyè, li rive sipòte maladi l la. Men sa l di: “Lè m louvri kè m bay Jewova, sa soulaje m e sa fè m gen lajwa ankò. Kounye a, mwen konprann toutbon sa sa vle di pou m konte sou Bondye jou apre jou.” — 2 Kor. 1:3, 4.

Lè nou priye Jewova, li kapab sèvi ak lespri sen l, Pawòl li a ansanm ak frè ak sè nou yo nan kongregasyon an pou l ban nou fòs. Nou pa atann pou Jewova fè mirak pou l geri maladi nou. Sepandan, nou kapab konte sou li pou l ban nou sajès ak fòs nou bezwen pou nou fè fas ak pwoblèm nou rankontre (Pwo. 2:7). Bib la di li kapab fòtifye nou lè l ban nou “pisans ki depase yon pisans nòmal”. — 2 Kor. 4:7.

Fanmi nou. Lè gen yon bèl anbyans nan fanmi an, sa kapab ede nou andire anba maladi nou an. Men, sonje sa, moun nou renmen yo soufri tou. Menm jan nou santi nou pa kapab fè anyen kont maladi a, yo menm tou yo gendwa santi yo menm jan an. Malgre sa, yo la pou nou menm lè bagay yo di anpil. Lè nou priye ansanm, sa ap ede nou gen kè poze. — Pwo. 14:30.

Men sa Barbara di konsènan pitit fi l la ak lòt jèn sè ki nan kongregasyon an: “Yo ede m nan travay predikasyon an. Yo tèlman zele, yo fè kè m kontan.” Pou Zbigniew, madanm li se yon èd ki gen anpil valè. Men sa l di: “Se li ki fè pifò travay ki gen pou fèt nan kay la. Li ede m abiye e souvan se li ki pote valiz mwen lè nou pral nan reyinyon ak lè nou pral preche.”

Frè ak sè yo. Lè nou ansanm ak frè ak sè yo, sa ankouraje nou e sa konsole nou. Men, e si nou pa kapab asiste reyinyon yo akoz yon maladi? Men sa Magdalena di: “Frè yo nan kongregasyon an anrejistre reyinyon yo yon fason pou m pa rate sa ki te di ladan yo. Souvan, frè ak sè yo konn rele m pou yo wè ki lòt bagay yo kapab fè pou yo ede m. Yo konn ekri m tou pou yo ankouraje m. Lè m wè jan yo sonje m e jan yo gen sousi pou mwen, sa ede m kenbe fèm.”

Men sa Izabela, yon sè ki soufri depresyon, di: “Nan kongregasyon an, mwen gen anpil ‘papa’ ak ‘manman’, anpalan de frè ak sè ki koute m e ki eseye konprann mwen. Kongregasyon an se fanmi m, se la mwen santi m anpè e mwen santi m gen lajwa.”

Moun ki rankontre divès eprèv ap fè byen si yo pa chèche “viv apa” poukont yo. Olye de sa, yo ta dwe vrèman kontan pase tan ak frè ak sè yo (Pwo. 18:1). Lè yo aji konsa, yo vin yon gwo sous ankourajman pou lòt moun. Okòmansman, nou gendwa pa santi nou alèz pou nou di lòt frè ak sè yo sa nou bezwen. Men, y ap kontan si nou pale sensèman avèk yo konsènan sa nou bezwen. Sa ap ba yo posiblite pou yo montre “yon afeksyon ki san ipokrizi” pou nou (1 Pyè 1:22). Si nou bezwen woulib pou n al nan reyinyon, nou anvi preche avèk frè ak sè yo oswa nou bezwen yon moun pou n pale, poukisa nou pa di yo sa? Nòmalman, nou pa dwe fè yo egzijans, men nou ta dwe gen rekonesans pou èd yo ban nou.

Se pou nou pozitif. Pou nou andire anba yon maladi ki pa gen tretman san nou pa pèdi jwa nou, souvan, sa depann de nou. Si kè nou gen tandans pa kontan e nou santi nou pap janm soti anba maladi nou an, sa kapab fè nou gen panse negatif. Men sa Bib la di: “Lè yon moun anvi viv, sa ede l anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?” — Pwo. 18:14.

Men sa Magdalena di: “Mwen fè anpil efò pou m pa ret konsantre sou pwoblèm mwen yo. Mwen bat pou m byen pwofite jou m pa pi mal yo. Mwen jwenn ankourajman lè m li istwa frè ak sè ki rete fidèl byenke yo gen maladi ki pa gen tretman.” Izabela jwenn fòs lè l sonje Jewova renmen l e li gen valè nan je Jewova. Men sa li di: “Mwen santi mwen itil e mwen gen yon moun ki ban m anvi viv. Anplis, mwen gen yon bèl esperans pou lavni.”

Men sa Zbigniew di: “Maladi m nan aprann mwen pou m gen imilite e pou m obeyisan. Li aprann mwen pou m aji avèk sajès, pou m gen bon jijman e pou m padone ak tout kè m. Mwen aprann sèvi Jewova ak kè kontan san m pa plenyen sò m. Mwen santi m motive pou m kontinye gen pi bon relasyon ak Jewova.”

Pa bliye sa, Jewova wè andirans nou. Li konprann soufrans nou e li gen sousi pou nou. Li pap janm “bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l”. (Ebre 6:10.) Sonje pwomès sa a li fè tout moun ki gen lakrentif pou li yo: “Mwen pap janm kite w, e mwen pap janm abandone w.” — Ebre 13:5.

Lè nou santi nou dekouraje, fikse lespri nou sou bèl esperans nou genyen pou nou viv nan monn nouvo a. Lè a prèske rive pou nou wè tout benediksyon Wayòm Bondye a pral pote pou tè a.

[Kare/Foto nan paj 28, 29]

Yo kontinye preche malgre yo gen maladi ki pa gen tretman

“Mwen pa ka mache poukont mwen ankò. Se sa k fè madanm mwen oswa frè ak sè yo al preche avè m. Mwen aprann kèk prezantasyon ak kèk vèsè pakè.” — Jerzy. Li pa wè byen.

“Nonsèlman mwen preche moun nan telefòn, men tou, mwen ekri lèt e mwen kontinye kenbe kontak ak kèk moun ki enterese. Pandan m lopital la, mwen toujou mete Labib ak piblikasyon bò kabann mwen. Sa ede m gen bonjan konvèsasyon ak kèk moun.” — Magdalena. Li gen yon maladi kote sistèm iminitè l atake ògàn li yo.

“Mwen renmen preche pòt an pòt, men, lè m pa santi m kapab, mwen preche nan telefòn.” — Izabela. Li gen yon gwo depresyon.

“Mwen renmen fè nouvèl vizit e mwen renmen al fè etid ak lòt moun pou m kapab ede yo. Nan jou m pa santi m pi mal yo, mwen renmen al preche pòt an pòt.” — Barbara. Li gen yon timè nan sèvo.

“Mwen pote yon valiz ki lejè anpil pou m met peryodik. Mwen rete nan predikasyon toutotan jwenti m yo pèmèt mwen fè sa.” — Zbigniew. Li gen rimatis.

[Foto nan paj 30]

Kèlkeswa laj nou, nou kapab yon sous ankourajman pou lòt moun.