Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou dwe kite lespri Bondye gide nou?

Poukisa nou dwe kite lespri Bondye gide nou?

Poukisa nou dwe kite lespri Bondye gide nou?

“Ou se Bondye m. Lespri ou bon. Se pou li gide m.” — SÒM 143:10, NW.

1. Bay yon egzanp ki montre ki jan yon fòs envizib kapab gide yon moun.

ÈSKE W deja sèvi ak yon bousòl pou w jwenn wout ou? Yon bousòl se yon ti aparèy byen senp ki gen yon sèl pyès k ap bouje ladan l. Pyès sa a se yon ti leman ki gen fòm yon zegui ki pwente sou direksyon nò. Zegui bousòl la bouje grasa yon fòs envizib ki rele fòs mayetik. Depi plizyè santèn lane, vwayajè ak eksploratè ap itilize bousòl pou gide yo.

2, 3. a) Ki kokennchenn fòs Jewova te itilize depi byen lontan? b) Poukisa nou ta dwe kite fòs aktif Bondye a, ki envizib, gide lavi nou jodi a?

2 Gen yon lòt fòs envizib ki kapab gide nou pi byen toujou. Ki fòs sa a? Se fòs Labib pale de li nan vèsè ki nan kòmansman Bib la. Men sa liv Jenèz la di sou sa Jewova te fè depi byen lontan: “Okòmansman Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Pou Bondye te fè sa, li te itilize yon fòs ki pisan anpil. Bib la di “fòs aktif Bondye a t ap fè ale vini anlè dlo yo”. (Jen. 1:1, 2, NW.) Ki fòs sa a? Se lespri sen, kokennchenn fòs Bondye te itilize pou l kreye tout bagay la. Se grasa lespri sa a ki fè nou egziste. — Jòb 33:4; Sòm 104:30.

3 Èske fòs aktif Bondye a kapab gen lòt efè sou lavi lèzòm? Jezi, pwòp Pitit Bondye a, te konnen sa posib. Se sa k fè l te di disip li yo: “[Lespri a] ap gide nou e l ap ede nou konprann laverite nèt.” ​(Jan 16:13). Lespri Jezi t ap pale de li a, ki sa l ye, e poukisa nou ta dwe kite l gide nou?

Ki sa lespri sen an ye?

4, 5. a) Ki sa moun ki kwè nan Trinite yo panse lespri sen ye ki pa laverite? b) Ki sa w t ap di lespri sen an ye toutbonvre?

4 Siman gen kèk moun nou konn pale avèk yo nan predikasyon ki pa konprann lespri sen an jan Bib la esplike l la. Moun ki kwè Bondye se yon dye an twa pèsòn yo kwè lespri sen se yon moun envizib ki egal ak Bondye, Papa a. Men, sa yo kwè a se pa sa (1 Kor. 8:6). Li fasil pou yon moun pwouve doktrin Trinite a pa ann amoni ak sa Bib la di.

5 Donk, ki sa lespri sen an ye menm? An jeneral, lè y ap tradui mo ebre rouah ki parèt nan Jenèz 1:2 a, yo mete ‘espri’ pou li, men yo kapab mete ‘van’ oswa lòt mo ki montre y ap pale de yon fòs aktif ki envizib (Konpare ak Jenèz 3:8; 8:1). Nou pa ka wè van, epoutan li gen fòs. Nou pa ka wè lespri sen tou, men, nou kapab wè efè li gen sou moun oswa sou lòt bagay Bondye kreye yo. Lespri sa a se yon fòs ki soti nan Bondye ki pèmèt ni moun ni bagay Bondye kreye yo fè volonte l. Èske li difisil pou nou kwè yon fòs estrawòdinè konsa soti nan Bondye Toupisan an ki sen? Non! — Li Ezayi (Izayi) 40:12, 13.

6. Ki bagay enpòtan David te mande Jewova?

6 Èske Jewova ap kontinye itilize lespri sen l pou l gide nou? Men pwomès li te fè salmis David: “M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a moutre ou chemen pou ou swiv la.” ​(Sòm 32:8). Èske David te vle pou Jewova gide l? Wi. Men jan l te sipliye Jewova: “Montre m fè volonte w, paske ou se Bondye m. Lespri ou bon. Se pou li gide m.” ​(Sòm 143:10, NW). Nou menm tou, nou ta dwe dispoze kite lespri Bondye gide nou menm jan ak David. Poukisa? Ann egzamine kat rezon ki fè nou di sa.

Nou pa kapab gide tèt nou

7, 8. a) Poukisa nou pa kapab dirije tèt nou san èd Bondye? b) Bay yon egzanp ki montre poukisa nou pa ta dwe pran chans chèche wout nou poukont nou nan sistèm mechan sa a.

7 Premye rezon ki fè nou ta dwe kite lespri Bondye gide nou se paske nou pa kapab gide tèt nou poukont nou. “Gide” vle di “dirije yon moun sou yon wout oswa montre l ki wout pou l suiv”. Men, Jewova pa t kreye nou ak kapasite pou nou gide tèt nou. Mete sou sa, nou enpafè. Men sa Bib la di: “Senyè, mwen konnen pèsonn pa mèt tèt yo, pèsonn pa ka kontwole kote yo prale.” ​(Jer. 10:23). Sa k fè sa? Pwofèt Jeremi te tande rezon Bondye te bay ki fè sa. Pandan Jewova t ap pale de moun nou ye pa anndan an, li te di: “Kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm. Ki moun ki ka konnen l?” — Jer. 17:9, NW; Mat. 15:19.

8 Èske se pa t ap yon foli pou yon moun ki pa gen eksperyans ta al travèse yon gwo dezè poukont li, yon dezè li pa menm konnen byen, san l pa gen yon bon gid oswa yon bousòl pou ede l? Lefètke li pa konn ki jan pou l viv nan dezè e li pa konn ki kote pou l fè pou l rive kote l prale a san pwoblèm, li mete lavi l an danje. Konsa tou, yon moun mete lavi l an danje si l panse li kapab dirije tèt li poukont li, nan monn mechan sa a, san èd Bondye. Se sèlman si nou fè menm priyè David te fè a n ap rive travèse sistèm sa a san pwoblèm. Men sa l te mande Jewova: “Fè pye m mache nan chemen w yo, paske se sèten pye m pap glise nan chemen sa yo.” ​(Sòm 17:5, NW; 23:3). Ki jan Bondye ap fè sa?

9. Jan nou kapab wè sa nan paj 17 la, ki jan lespri Bondye, yon gid ki fyab, kapab dirije nou?

9 Si nou se moun ki enb e ki dispoze konte sou Jewova, Jewova ap ban nou lespri sen l ki se yon gid ki fyab. Ki jan fòs aktif sa a ap ede nou? Men sa Jezi te di disip li yo: “Èd la, lespri sen Papa a ap voye nan non m nan, ap anseye nou tout bagay, e l ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo.” ​(Jan 14:26). Si nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman san wete pawòl Jezi yo e nou priye Bondye pou l ede nou konprann sa n ap etidye a, lespri sen ap ede nou pi byen konprann sajès Bondye ki pwofon, sa k ap ede nou fè volonte Bondye pi byen (1 Kor. 2:10). Mete sou sa, kèlkeswa kout gidon lavi a ta fè avèk nou sanzatann, lespri sen ap montre nou ki wout pou n fè. L ap fè nou sonje prensip biblik nou te deja aprann yo e l ap ede nou wè ki jan nou ka aplike yo pou nou ka konnen ki kote pou nou met pye nou.

Se lespri sen ki t ap gide Jezi

10, 11. Ki sa sèl Pitit Bondye fè a t ap tann, e ki sa k te rive l?

10 Yon dezyèm rezon nou genyen pou nou kite lespri sen gide nou se paske Bondye te gide pwòp Pitit li a grasa lespri sen. Anvan sèl Pitit Bondye fè a te vin sou tè a, li te konnen pwofesi Izayi a ki di: “Lespri Bondye a pral desann sou li. L’ap ba li bon konprann ak lespri. L’ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L’ap fè l konn Senyè a, l’ap fè l gen krentif pou li.” ​(Eza. (Iza.) 11:2). Imajine jan Jezi te swaf resevwa èd lespri Bondye pou l te fè fas ak sitiyasyon l t ap viv pandan l te sou tè a!

11 Sa Jewova te di a te reyalize. Levanjil yo rakonte sa k te rive Jezi apre l te fin batize. Men sa nou li nan Lik 4:1: “Apre sa, Jezi, ki ranpli ak lespri sen, kite rivyè Jouden an, e lespri a mennen l pasipala nan dezè a.” Pandan Jezi te nan dezè a, li t ap jene, li t ap priye e li t ap medite. Se petèt nan moman sa a Jewova te bay Pitit gason l lan enstriksyon e li te ba l eklèsisman sou sa k t ap tann li. Fòs aktif Bondye a te enfliyanse lespri ak kè Jezi, sa ki te gide panse l e ki te ede l pran desizyon. Se sa k fè, Jezi te konnen ki sa pou l fè nan chak sitiyasyon e li te fè egzakteman sa Papa l te vle l fè.

12. Poukisa li nesesè pou nou mande Bondye lespri sen yon fason pou lespri sa a gide nou?

12 Piske Jezi te konprann enpòtans lespri sen genyen nan lavi l, li te fè disip li yo konnen jan li enpòtan pou yo mande Bondye lespri sen e pou yo kite lespri sa a gide yo. (Li Lik 11:9-13.) Poukisa li vrèman enpòtan pou n fè sa? Se paske lespri sen kapab enfliyanse lespri nou pou l fè nou panse menm jan ak Kris (Wom. 12:2; 1 Kor. 2:16). Si nou kite lespri sen dirije lavi nou, n ap kapab panse menm jan ak Kris e n ap kapab imite egzanp li. — 1 Pyè 2:21.

Lespri monn nan kapab fè nou pèdi wout nou

13. Ki sa lespri monn nan ye e ki enfliyans li gen sou moun yo?

13 Twazyèm rezon ki fè nou dwe kite lespri Bondye gide nou se paske san lespri sa a nou kapab pèdi wout nou akoz yon move espri k ap enfliyanse moun yo jodi a. Monn nan gen yon fòs ladan l ki pisan e ki kapab enfliyanse nou pou nou aji yon fason ki kontrè nèt ak lespri sen. Olye lespri monn nan ede moun yo panse menm jan ak Kris, li fè yo panse e li fè yo aji menm jan ak Satan, chèf monn nan. (Li Efezyen 2:1-3; Tit 3:3.) Lè yon moun kite lespri monn nan enfliyanse l e li kòmanse pratike zèv lachè yo, l ap peye sa chè e sa ap anpeche l benefisye Wayòm Bondye a. — Gal. 5:19-21.

14, 15. Ki jan nou ka rive reziste kont lespri monn nan?

14 Jewova ban nou sa nou bezwen pou nou reziste kont lespri monn nan. Apot Pòl te di se pou nou “kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan fòs li ki pisan [...] yon fason pou nou ka reziste lè jou mechanste yo rive”. (Efe. 6:10, 13.) Jewova ban nou lespri sen pou n ka gen fòs pou nou reziste kont efò Satan ap fè pou l twonpe nou (Rev. 12:9). Lespri monn nan pisan, e nou pa kapab soti anba enfliyans li nèt. Men, sa pa vle di nou dwe kite lespri sa a kòwonp nou. Lespri sen pi fò lontan pase lespri monn nan e l ap ede nou.

15 Men sa apot Pyè te di konsènan moun ki te abandone kongregasyon kretyen nan premye syèk la: “Yo abandone chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo.” ​(2 Pyè 2:15). Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske “se pa lespri monn nan nou te aksepte, men se lespri ki soti nan Bondye a”! (1 Kor. 2:12.) Lè nou kite lespri sen enfliyanse nou e nou pwofite tout dispozisyon Jewova pran pou nou ka gen bon relasyon avè l yon fason pou n pa pèdi wout nou, n ap rive reziste kont lespri monn sa a ki anba enfliyans Satan. — Gal. 5:16.

Lespri sen pwodui bon fwi lakay nou

16. Ki bon fwi lespri sen kapab pwodui lakay nou?

16 Yon katriyèm rezon ki fè nou ta dwe kite lespri sen enfliyanse nou se paske lespri sen pwodui bon fwi lakay moun ki kite l gide yo. (Li Galat 5:22, 23.) Kiyès nan nou ki pa ta renmen vin gen plis lanmou, plis kè kontan epi vin pi dispoze fè lapè? Kiyès nan nou ki pa ta renmen vin gen plis pasyans, plis bonte ak plis byenveyans? Kiyès nan nou ki pap jwenn anpil byenfè si l vin gen plis lafwa, plis dousè ak plis metriz? Lespri Bondye pwodui bèl kalite lakay nou ki bon ni pou nou ni pou lòt moun k ap viv oswa k ap sèvi Bondye bò kote nou. Pou nou devlope tout kalite ki gen nan fwi lespri a, sa mande pou nou kontinye fè anpil efò. Nou bezwen tout kalite ki nan fwi sa a e Jewova ban nou posiblite pou nou devlope yo tout.

17. Si nou wè li nesesè pou nou devlope yon kalite ki gen nan fwi lespri a pi plis toujou, ki sa n ka fè?

17 L ap bon pou nou analize tèt nou pou nou asire nou pawòl nou ak aksyon nou montre byen klè se lespri sen k ap gide nou e nou devlope fwi lespri a lakay nou (2 Kor. 13:5a; Gal. 5:25). Si nou wè li nesesè pou nou devlope kèk kalite ki gen nan fwi lespri a, n ap bezwen kite lespri sen enfliyanse nou pi plis toujou. N ap fè sa lè nou sèvi ak Bib la ansanm ak piblikasyon nou yo pou n etidye chak kalite ki gen nan fwi lespri a. Konsa, n ap wè ki jan nou kapab montre nou gen kalite sa yo chak jou nan lavi nou e n ap kapab fè efò pou nou devlope yo pi plis toujou *. Lè nou wè jan lespri sen enfliyanse lavi nou ak lavi lòt kretyen parèy nou yo, n ap konprann byen klè rezon ki fè nou dwe kite lespri sen gide nou.

Èske w kite lespri Bondye gide w?

18. Ki egzanp Jezi ban nou nan fason li te kite lespri sen gide l?

18 Jezi, “ouvriye abil” ki te travay bò kote Bondye lè Bondye t ap kreye linivè a, konnen tout bagay sou chan mayetik tè a, fòs lèzòm konn itilize pou gide yo lè y ap vwayaje a (Pwo. 8:30; Jan 1:3). Bib la pa montre Jezi te konn itilize fòs sa a pou gide l lè l te sou tè a. Men, Labib fè konnen, lè Jezi te sou tè a, lespri sen te yon gwo fòs nan lavi l. Li te aksepte pou fòs sa a enfliyanse l, e lè fòs sa a te pouse l aji, li te kite l dirije l (Mak 1:12, 13; Lik 4:14). Èske w fè menm jan ak Jezi?

19. Ki sa n dwe fè pou lespri sen kapab vin tounen fòs k ap gide nou nan lavi a?

19 Jodi a tou, fòs aktif Bondye a kontinye enfliyanse lespri ak kè moun ki dispoze yo pou l pouse yo aji e pou l gide yo. Ki jan w ka kite fòs sa a gide w nan bon direksyon an? W ap rive fè sa lè w toujou priye Jewova pou l ba w lespri sen l e pou l ede w kite lespri sa a enfliyanse w. (Li Efezyen 3:14-16.) Apre sa, ou dwe viv ann amoni ak priyè w fè yo. W ap fè sa lè w chèche konsèy ki nan Pawòl Bondye te fè ekri grasa lespri sen l lan, anpalan de Bib la (2 Tim. 3:16, 17). Anplis de sa, se pou w obeyi enstriksyon ki plen sajès ou jwenn nan Bib la epi aksepte direksyon lespri sen bay ak tout kè w. Finalman, se pou w aji yon fason ki montre ou gen lafwa nan kapasite Jewova genyen pou l gide lavi w kòmsadwa nan monn mechan sa a.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou chak kalite ki gen nan fwi lespri a, gade nan Index des publications Watch Tower yo nan sijè “Fruit de l’esprit de Dieu”, epi al nan soutit “liste par facette”.

Èske nou te konprann pwen prensipal yo?

• Ki jan lespri sen kapab enfliyanse lavi nou?

• Bay kat rezon ki fè nou ta dwe kite lespri Bondye gide nou.

• Ki sa nou kapab fè pou nou byen pwofite direksyon lespri sen bay la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Lespri Bondye te yon gwo fòs nan lavi Jezi.

[Foto nan paj 17]

Lespri Bondye enfliyanse lespri ak kè moun pou l pouse yo aji e pou l gide yo.