Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou ofri Jewova sakrifis ak tout nanm nou

Annou ofri Jewova sakrifis ak tout nanm nou

“Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova.” — KOL. 3:23.

1-3. a) Lefètke Jezi te mouri sou yon poto soufrans, èske sa vle di Jewova pa bezwen okenn sakrifis nan men nou ankò? Esplike. b) Ki kesyon nou kapab poze anrapò ak sakrifis n ap ofri jodi a?

NAN premye syèk epòk nou an, Jewova te fè pèp li a konnen sakrifis Jezi a, ranson an, aboli Lwa Moyiz la (Kol. 2:13, 14). Pandan plis pase plizyè santèn ane, Juif yo te konn ofri Jewova sakrifis, men, kounye a, sa pa t nesesè ankò piske sakrifis sa yo te pèdi valè yo. Lalwa te akonpli misyon l antanke ‘gid ki te mennen pèp la bay Kris’. — Gal. 3:24.

2 Sa pa vle di kretyen yo pa enterese nan ofri sakrifis ankò. Okontrè, apot Pyè te fè konnen nou bezwen “ofri sakrifis pa mwayen Jezi Kris, sakrifis lespri Bondye pouse nou fè e ki akseptab nan je Bondye”. (1 Pyè 2:5.) Mete sou sa, apot Pòl te montre byen klè, yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye kapab konsidere chak aspè nan lavi l kòm “yon sakrifis”. — Wom. 12:1.

3 Kidonk, kit yon kretyen ofri Jewova yon bagay, kit li abandone yon bagay poutèt Jewova, se sakrifis li ofri l. Lè nou sonje sa Jewova te mande Izrayelit yo pou l te ka aksepte sakrifis yo te konn ofri yo, ki jan nou kapab asire nou Jewova ap aksepte tout sakrifis nou ofri l jodi a?

CHAK JOU NAN LAVI NOU

4. Ki sa nou dwe sonje konsènan aktivite n ap mennen chak jou yo?

4 Li kapab difisil pou nou wè rapò ki gen ant aktivite nou fè chak jou yo ak sakrifis n ap ofri Jewova. Aktivite nou fè tankou travay nan kay, fè devwa, al travay, al nan mache, elatriye, kapab sanble pa gen anpil rapò ak relasyon nou ak Jewova. Sepandan, si w deja vwe lavi w bay Jewova oswa ou ta renmen fè sa nan jou k ap vini yo, fason w konsidere aktivite ou gen nan monn nan gen anpil enpòtans. Nou se kretyen 24 sou 24. Nou bezwen aplike prensip ki nan Bib la nan tout sa n ap fè. Men sa Pòl te di: “Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm.” — Li Kolosyen 3:18-24.

5, 6. Ki sa k ta dwe enfliyanse fason nou abiye ak konduit nou?

5 Aktivite kretyen yo mennen chak jou pa fè pati sèvis y ap bay Jewova a. Men, piske Pòl te ankouraje nou travay “ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova”, sa fè nou wè enpòtans pou nou aji konsa nan tout sa n ap fè. Kidonk, ki jan nou kapab aplike konsèy sa a pèsonèlman? Èske nou toujou aji yon fason ki kòrèk e nou toujou byen abiye? Nan aktivite nou fè chak jou yo, èske fason nou aji oswa fason nou abiye fè nou wont di se Temwen Jewova nou ye? Pinga nou janm kite sa rive nou! Antanke sèvitè Jewova, nou pa dwe janm fè anyen k ap sal non Jewova a. — Eza. (Iza.) 43:10; 2 Kor. 6:3, 4, 9.

6 Annou wè ki jan anvi yon moun genyen pou l travay “ak tout nanm [li], tankou se pou Jewova” gen enpak sou tout sa l ap fè nan lavi l. Pandan n ap fè sa, l ap bon pou nou sonje Izrayelit yo te dwe ofri Jewova pi bon bagay yo te genyen yo. — Egz. 23:19.

ENPAK SA GEN SOU VI NOU

7. Lè yon kretyen vwe lavi l bay Jewova, ki sa sa mande pou l fè?

7 Lè w te deside vwe vi w bay Jewova, ou te fè sa ak tout nanm ou, pa vre? An reyalite, lè w te fè Jewova ve sa a, se di ou te di l w ap ba l premye plas nan tout sa w ap fè. (Li Ebre 10:7.) Se yon bon desizyon w te pran. Pa gen dout ou rann ou kont, kèlkeswa sa w ap fè, lè w chèche konnen ki sa Jewova vle e w aji ann amoni ak volonte l, ou jwenn bonjan rezilta (Eza. 48:17, 18). Pèp Bondye a sen e moun ki ladan l yo gen kè kontan paske yo gen menm kalite ak Sila ki anseye yo a. — Lev. 11:44; 1 Tim. 1:11.

8. Lefètke Jewova te konsidere sakrifis Izrayelit yo te konn fè yo kòm bagay ki sen, ki sa sa montre?

8 Jewova te konsidere sakrifis Izrayelit yo te konn ofri l yo kòm sakrifis ki sen (Lev. 6:25; 7:1). Mo ebre lè yo tradui l yo mete “sen” pou li a bay ide yon bagay yo mete apa pou Bondye, yon bagay ki pou Bondye sèlman oswa yon bagay ki vin sen pou Bondye. Si nou vle Jewova aksepte sakrifis n ap ba li yo, nou pa dwe kite okenn bagay ki nan monn nan kontamine yo. Nou pa dwe renmen okenn bagay Jewova rayi. (Li 1 Jan 2:15-17.) Sa vle di, nou pa dwe pran kontak ak okenn moun oswa okenn bagay ki kapab anpeche nou wè bagay yo jan Bondye wè yo a (Eza. 2:4; Rev. 18:4). Sa vle di tou, nou pa dwe kite je nou kontinye gade bagay ki pa pwòp oswa ki imoral epi plede ap reflechi sou bagay sa yo. — Kol. 3:5, 6.

9. Nan ki pwen sa enpòtan pou kretyen yo aji byen ak lòt moun, e poukisa?

9 Men sa apot Pòl te di kretyen nan epòk li a: “Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi.” ​(Ebre 13:16). Kidonk, lè nou fè byen ak lòt moun e lè nou pa bliye pataje sa nou genyen ak yo se sakrifis nou ofri Jewova, e sa fè l plezi. Lanmou pou lòt moun se yon mak ki idantifye vrè kretyen yo. — Jan 13:34, 35; Kol. 1:10.

SAKRIFIS KI MAKÒNEN AK ADORASYON NOU

10, 11. Ki jan Jewova konsidere travay nou fè nan aktivite predikasyon an ak adorasyon n ap ba li a, e ki kesyon sa ta dwe pouse nou poze tèt nou?

10 Antanke kretyen, youn nan pi bon mwayen nou fè byen ak lòt moun se lè nou “pwoklame esperans nou genyen an”. Èske w pwofite chak okazyon w jwenn pou w bay temwayaj? Apot Pòl te rele aktivite sa a, ki enpòtan nan lavi yon kretyen, yon sakrifis louwanj. Men sa l te di: Annou “bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, annou fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch nou”. (Ebre 10:23; 13:15; Oze (Och.) 14:2.) Nou te kapab di anpil bagay sou kantite tan nou pase ap preche bon nouvèl Wayòm nan ak sou fason nou kapab byen preche mesaj la. Dayè, gen anpil patisipasyon nan reyinyon sèvis yo ki ankouraje nou nan sans sa a. Sepandan, lè n ap ofri Jewova sakrifis sa a, nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou ba li pi bon kalite sakrifis ki posib la. Lè nou preche pòt an pòt ak lè nou bay temwayaj enfòmèl, sa “bay Bondye louwanj”. Mete sou sa, sa fè pati adorasyon n ap ba li a. Se vre sitiyasyon tout moun pa menm, sepandan, souvan kantite tan nou pase ap preche bon nouvèl la montre nan ki pwen nou apresye bagay espirityèl yo.

11 Kretyen yo pase tan ap adore Bondye an prive e an piblik regilyèman. Jewova mande nou fè sa. Se vre nou pa bezwen obsève yon jou saba ankò, ni nou pa bezwen vwayaje regilyèman al nan fèt ki te konn fèt Jerizalèm yo, sepandan, gen bagay Bondye mande kretyen yo fè jodi a tou. Bondye kontinye atann pou kretyen yo sispann patisipe nan aktivite ki pa itil anyen, pou yo etidye Pawòl li a, pou yo priye e pou yo asiste reyinyon yo. Li atann tou pou chèf fanmi yo pran inisyativ pou yo fè adorasyon an fanmi ak manm fanmi yo (1 Tes. 5:17; Ebre 10:24, 25). Anrapò ak aktivite espirityèl nou gen pou nou fè yo, li t ap bon pou nou poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske pa gen anyen m ka fè pou m amelyore kalite adorasyon m ap bay Jewova a?’

12. a) Jodi a, ak ki sa nou ka konpare lansan yo te konn ofri Jewova nan tan lontan an? b) Ki efè konparezon sa a ta dwe genyen sou sa n ap di nan priyè nou yo?

12 Men sa David te di nan yon sòm: “Se pou priyè m prepare tankou lansan devan w.” ​(Sòm 141:2, NW). Fè yon ti reflechi sou priyè w yo. Èske w fè yo regilyèman? Ki sa w mande ladan yo? Nan liv Revelasyon an, yo konpare “priyè moun ki sen yo” ak lansan. Yo fè konparezon sa a pou montre priyè Jewova aksepte yo tankou lansan ki santi bon yo boule pou li (Rev. 5:8). Nan Izrayèl tan lontan an, yo te bezwen byen prepare lansan yo te konn boule regilyèman pou Jewova a. Se sèlman si yo te prezante lansan sa a jan Jewova te mande a, Jewova t ap aksepte l (Egz. 30:34-37; Lev. 10:1, 2). Si nou byen prepare priyè nou yo e nou prezante yo ann amoni ak volonte Jewova, nou kapab sèten Jewova ap aksepte yo.

MOUN KI TE BAY AK MOUN KI TE RESEVWA

13, 14. a) Ki sa Epafwodit ak kretyen nan kongregasyon Filip yo te fè pou Pòl, e ki jan Pòl te konsidere sa? b) Ki jan nou kapab imite sa Epafwodit ak kretyen sa yo te fè a?

13 Nou kapab konpare kòb nou bay pou nou soutni travay predikasyon an k ap fèt sou tout tè a ak yon sakrifis, kit sa nou bay la anpil, kit li pa anpil (Mak 12:41-44). Nan premye syèk la, kongregasyon Filip la te voye Epafwodit Wòm yon fason pou l te ka pote kichòy bay Pòl pou bezwen materyèl li te genyen. Nan sa frè yo te voye pou li a, sanble yo te voye yon ti kòb. Se pa t premye fwa yo te aji konsa ak Pòl. Yo te fè sa yon fason pou Pòl pa t bay tèt li pwoblèm pou lajan e pou l te ka pase plis tan nan ministè a. Ki jan Pòl te konsidere jès yo a? Labib di Pòl te konsidere kado sa a kòm yon “pafen santi bon, yon sakrifis agreyab ki fè Bondye plezi”. (Li Filipyen 4:15-19.) Ni Pòl, ni Jewova te apresye bèl jès sa a.

14 Menm jan an tou jodi a, Jewova vrèman apresye ofrann nou fè pou travay mondyal la. Mete sou sa, li pwomèt nou si nou kontinye bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou, l ap ban nou tout sa nou bezwen pou nou viv, kit se nan domèn materyèl, kit se nan domèn espirityèl. — Mat. 6:33; Lik 6:38.

MONTRE NOU GEN REKONESANS

15. Bay kèk rezon ki fè w gen Jewova rekonesans.

15 Sa t ap pran anpil tan pou nou ta pale sou tout rezon nou genyen pou nou montre nou gen Jewova rekonesans. Èske nou pa ta dwe remèsye l chak jou poutèt li ban nou lavi? Li ban nou tout sa nou bezwen, manje, rad, kote pou nou rete ak lè pou nou respire. Mete sou sa, lafwa nou genyen an, ki baze sou konesans egzak nou genyen sou Bib la, fè nou gen esperans. Lè nou annik sonje kiyès Jewova ye ak sa li fè pou nou, li toutafè nòmal pou nou adore l e pou nou ba l louwanj kòm sakrifis. — Li Revelasyon 4:11.

16. Ki jan nou montre nou gen rekonesans pou ranson Kris te bay pou nou an?

16 Jan nou te wè sa nan atik anvan an, youn nan kado Jewova fè limanite ki vrèman espesyal, se ranson li bay pou li a, sa vle di sakrifis Jezi a. Se yon fason estrawòdinè Jewova montre lanmou li gen pou nou (1 Jan 4:10). Ki jan nou montre rekonesans nou pou sa? Men sa Pòl te di: “Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa, paske men sa nou rive konprann: yon sèl moun te mouri pou tout moun [...]. Li te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a.” ​(2 Kor. 5:14, 15). Se kòmsi Pòl te di si nou gen Jewova rekonesans pou favè san parèy li fè nou an, n ap sèvi ak vi nou pou nou onore ni li menm, ni Pitit li a. Nou montre nou renmen Bondye ak Kris e nou genyen yo rekonesans lè nou obeyi yo, lè nou anvi preche e nou anvi fè disip. — 1 Tim. 2:3, 4; 1 Jan 5:3.

17, 18. Ki sa kèk moun konn fè pou yo bay Jewova plis louwanj kòm sakrifis? Bay yon egzanp.

17 Èske gen posiblite pou nou amelyore fason nou bay Jewova louwanj kòm sakrifis? Gen anpil moun ki òganize yo pou yo pase plis tan nan travay predikasyon an e nan lòt aktivite ki gen nan adorasyon n ap bay Bondye a lè yo reflechi sou tout sa Bondye fè pou yo. Genyen ki pran sèvis pyonye oksilyè pandan yon mwa oswa pandan plizyè mwa chak ane, gen lòt ki vin pyonye pèmanan. Gen lòt toujou ki travay nan pwojè konstriksyon Sal Wayòm. Tout bagay sa yo se bon mwayen pou nou montre nou gen Jewova rekonesans. Jewova ap aksepte tout sakrifis sa yo nou fè nan sèvis sakre l la depi nou fè yo paske nou genyen l rekonesans e paske nou vle remèsye l.

18 Gen anpil kretyen ki santi yo anvi fè plis pou Jewova lefètke yo genyen l rekonesans. Gen yon sè ki te santi l konsa ki rele Morena. Anvan li te vin Temwen Jewova, piske li te leve nan relijyon katolik, li te konn chèche repons pou kesyon li te genyen ki gen rapò ak Bondye nan relijyon sa a. Li te chèche repons tou nan filozofi ki soti nan peyi ki ann Azi yo. Men, li pa t jwenn repons ki te satisfè l. Se lè l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo li te pase swaf li te genyen pou l konprann yon seri bagay sou Bondye. Morena te tèlman gen rekonesans pou tout repons byen klè li te jwenn pou kesyon l yo e pou fason repons sa yo te fè l gen ekilib nan lavi l, li te vle sèvi Jewova ak tout fòs li yon fason pou l te ka di l mèsi. Tousuit apre batèm li, li pran sèvis pyonye oksilyè anpèmanans. Annapre, lè sitiyasyon l te pèmèt li, li te vin pyonye pèmanan. Sa gen trantan depi Morena te pran sèvis sa a e jouk kounye a li nan sèvis aplentan.

19. Ki jan w kapab fè plis sakrifis pou Jewova?

19 Nòmalman, gen anpil moun k ap sèvi Jewova fidèlman sitiyasyon yo pa pèmèt yo vin pyonye pèmanan. Kèlkeswa sa sitiyasyon nou pèmèt nou fè nan sèvis Jewova a, nou tout nou kapab ofri Jewova sakrifis l ap aksepte. Konduit nou enpòtan. Nou bezwen byen aplike prensip Jewova yo ki jis nan lavi nou toutpandan nou pa bliye nou dwe toujou aji antanke reprezantan l. Nou bezwen gen lafwa. Nou montre sa lè nou kwè ak tout kè nou objektif Bondye yo ap reyalize. Nou bezwen fè bèl aksyon. Youn nan fason nou fè sa se lè nou patisipe nan gaye bon nouvèl la. Annou kontinye fè sakrifis pou Jewova ak tout nanm nou, konsa, n ap montre nou gen rekonesans nan kè nou pou tout sa li fè pou nou.

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 25]

Lè w wè jan Jewova bon avèk ou, èske sa pa ankouraje w amelyore fason w ba li louwanj kòm sakrifis?

[Foto nan paj 23]

Èske w pwofite tout okazyon w jwenn pou w bay temwayaj?