Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe bèl mantalite ki nan kongregasyon an

Kenbe bèl mantalite ki nan kongregasyon an

“Mwen swete pou favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, ansanm avèk mantalite nou demontre nou genyen an.” — FIL. 4:23.

1. Poukisa kongregasyon Filip ak kongregasyon Tiyati te jwenn felisitasyon?

NAN premye syèk la, kretyen ki t ap viv nan vil Filip yo te pòv. Malgre sa, yo te donan e yo te montre yo renmen kwayan parèy yo anpil (Fil. 1:3-5, 9; 4:15, 16). Se sa k fè, nan fen lèt Bondye te pouse apot Pòl ekri yo a, Pòl te di: “Mwen swete pou favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, ansanm avèk mantalite nou demontre nou genyen an.” ​(Fil. 4:23). Piske kretyen ki t ap viv nan Tiyati yo te montre yo gen menm mantalite ak kretyen Filip yo, Jezi Kris te di yo: “Mwen konnen sa w fè, mwen konnen lanmou ou genyen, lafwa w, sèvis w ap fè, andirans ou, e mwen konnen sa w fè kounye a plis pase sa w te konn fè anvan.” — Rev. 2:19.

2. Ki jan nou kapab ede kongregasyon nou ladan l lan devlope yon bèl mantalite?

2 Jodi a tou, chak kongregasyon Temwen Jewova gen mantalite pa l. Gen kèk kongregasyon moun konnen kòm kongregasyon ki konn akeyi moun e ki gen lanmou. Gen lòt ki zele nan travay predikasyon Wayòm nan e ki bay sèvis aplentan anpil enpòtans. Si nou chak nou travay pou nou gen yon bèl mantalite, n ap ede kongregasyon an rete ini e n ap ede l kontinye pwogrese nan domèn espirityèl (1 Kor. 1:10). Yon lòt bò, si nou gen yon move mantalite, nou kapab lakòz lòt moun nan kongregasyon an vin ap kabicha nan domèn espirityèl, yo vin tyèd, sa vle di yo pa ni cho ni frèt, e nou kapab menm fè yo sitire move bagay k ap fèt nan kongregasyon an (1 Kor. 5:1; Rev. 3:15, 16). Ki mantalite ki gen nan kongregasyon w lan? Ki sa ou menm ou kapab fè pou w ede kongregasyon w lan gen yon bèl mantalite?

ANNOU ANKOURAJE FRÈ N AK SÈ N YO GEN YON BÈL MANTALITE

3, 4. Ki jan nou ka “fè lwanj” pou Jewova nan reyinyon yo?

3 Men sa yon salmis te di nan yon chante: “M’a di ou [Jewova] mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m’a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.” ​(Sòm 35:18). Salmis la te fè lwanj pou Jewova lè li te avèk lòt moun k ap sèvi Jewova menm jan avè l. Reyinyon nou fè chak semèn yo, pa egzanp etid Toudegad la, se bonjan okazyon nou genyen pou nou fè kòmantè k ap montre nou gen lafwa e nou zele pou vrè adorasyon an. Li bon pou nou chak poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Èske m fè tout sa m kapab pou m patisipe nan reyinyon yo? Èske m byen prepare reyinyon yo e m fè bèl kòmantè?’ Si w se yon chèf fanmi, èske w ede pitit ou yo prepare kòmantè yo alavans e w montre yo ki jan pou yo reponn ak pwòp mo pa yo?

4 Men sa salmis David te di ki montre li te renmen chante pou Jewova: “Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.” ​(Sòm 57:7). Reyinyon yo se bèl okazyon nou genyen pou nou ‘chante epi fè lwanj’ pou Jewova ak tout kè nou. Si gen kèk kantik nou pa fin konnen byen, poukisa nou pa aprann yo nan adorasyon nou fè an fanmi? Annou pran detèminasyon pou nou ‘pase tout lavi nou ap chante pou Senyè a, ap fè lwanj pou li’. — Sòm 104:33.

5, 6. Ki jan nou kapab montre nou akeyan e nou donan, e ki mantalite sa ankouraje moun yo genyen nan kongregasyon an?

5 Yon lòt fason nou kapab ankouraje frè n ak sè n yo montre yo gen lanmou, se lè nou akeyan. Nan dènye chapit lèt Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te ba yo egzòtasyon sa a: “Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo. Pa bliye montre nou akeyan.” ​(Ebre 13:1, 2). Youn nan pi bèl fason nou kapab montre nou akeyan se lè nou ofri siveyan itineran yo ak madanm yo oswa moun ki nan sèvis aplentan yo yon repa. Mete sou sa, nou kapab envite vèv yo, frè ak sè k ap leve pitit yo poukont yo oswa lòt moun ankò vin pran yon repa avèk nou detanzantan oswa patisipe avèk nou nan adorasyon nou fè an fanmi. Se sèten y ap jwenn byenfè lè nou fè sa.

6 Apot Pòl te di Timote pou l ankouraje lòt moun “pou yo travay pou sa ki byen, pou yo rich nan fè bèl aksyon, pou yo donan e pou yo dispoze pataje ak lòt moun. Konsa, y ap sere yon trezò pou yo menm, sa vle di yon bon baz pou lavni, dekwa pou yo ka kenbe lavi toutbon an fèm”. (1 Tim. 6:17-19.) Pawòl sa yo montre Pòl t ap ankouraje frè ak sè yo pou yo renmen bay. Menm lè nou gen difikilte nan domèn ekonomik, si nou donan, n ap ankouraje lòt moun pou yo donan tou. Youn nan bon fason nou kapab fè sa, se lè nou bay frè ak sè nou yo woulib pou y al nan predikasyon, pou y al nan reyinyon e pou yo retounen lakay yo apre reyinyon yo. Men, ki sa frè ak sè ki jwenn woulib yo kapab fè bò kote pa yo? Si yo montre yo gen rekonesans, y ap ankouraje lòt moun nan kongregasyon an gen yon bèl mantalite. Pou yo montre rekonesans yo, petèt yo kapab bay moun ki ba yo woulib la yon ti kòb pou gaz paske pri gaz la monte. Mete sou sa, si nou aranje nou pou nou pase plis tan ansanm ak frè ak sè nou yo, èske sa pa t ap fè yo santi yo enpòtan pou nou e nou renmen yo? Lè nou fè bon aksyon anvè “moun ki fanmi nou nan lafwa”, lè nou aranje nou pou nou pase plis tan avèk yo e lè nou pataje sa nou genyen avèk yo, nonsèlman nou vin renmen yo pi plis, men tou, nou ankouraje moun ki fè pati kongregasyon nou ladan l lan gen yon bèl mantalite. — Gal. 6:10.

7. Lè nou pa mete koze moun nan lari, ki jan sa ap prezève bèl mantalite ki gen nan kongregasyon an?

7 Lè nou fè zanmi ak frè ak sè nou yo e nou pa mete koze yo nan lari, sa fè vin gen plis lanmou tou nan kongregasyon an. (Li Pwovèb 18:24.) Yon bon zanmi pa mete koze zanmi l nan lari. Lè yon frè oswa yon sè fè nou konnen sa k nan panse l ak sa l santi e li gen konfyans nou pap mete koze l nan lari, l ap vin pi renmen nou. Annou fè tout sa nou kapab pou nou montre nou se moun yo ka fè konfyans, yon zanmi ki pap mete koze zanmi l nan lari. Konsa, n ap ede kongregasyon an fonksyone tankou yon fanmi ki gen lanmou. — Pwo. 20:19.

SE POU NOU ZELE NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

8. Ki konsèy Jezi te bay kongregasyon Lawodise a, e poukisa?

8 Men sa Jezi te di kongregasyon Lawodise a: “Mwen konnen sa w fè, mwen konnen ou pa ni cho, ni frèt. Mwen ta renmen w cho oswa w frèt. Se sa k fè, etandone ou tyèd, ou pa ni cho, ni frèt, m ap vomi w sot nan bouch mwen.” ​(Rev. 3:15, 16). Kretyen ki t ap viv Lawodise yo te manke chofe nan ministè a. Petèt atitid sa a yo te genyen an te afekte relasyon yo te genyen youn ak lòt. Se sa k fè Jezi te di yo avèk amou: “Mwen reprimande tout moun mwen gen afeksyon pou yo, e mwen disipline yo. Kidonk, se pou w zele e se pou w repanti.” — Rev. 3:19.

9. Ki jan fason nou patisipe nan travay predikasyon an gen yon efè sou mantalite kongregasyon an?

9 Pou nou ankouraje kongregasyon nou ladan l lan gen yon bèl mantalite, nou dwe zele nan predikasyon. Kongregasyon an la pou chèche moun ki tankou mouton nan tèritwa a epi fòme moun sa yo nan domèn espirityèl. Se sa k fè, menm jan ak Jezi, nou bezwen chofe nan travay fè disip la (Mat. 28:19, 20; Lik 4:43). Antanke “konpayon travay Bondye”, plis nou zele nan ministè a, se plis n ap gen inite nan mitan nou (1 Kor. 3:9). Lè nou wè jan frè ak sè nou yo defann fwa yo nan ministè a e yo apresye laverite, n ap vin renmen yo pi plis toujou e n ap vin gen plis respè pou yo. Mete sou sa, lè nou travay “kòtakòt” (NW) nan ministè a, sa ede moun nan kongregasyon an gen tèt ansanm. — Li Sofoni (Sefànya) 3:9.

10. Lè nou amelyore fason nou preche, ki efè sa gen sou moun yo nan kongregasyon an?

10 Lè nou fè efò pou nou amelyore ministè nou, sa gen bon efè sou frè ak sè yo. Lè nou montre nou enterese nan moun nou rankontre nan ministè a e nou fè tout sa nou kapab pou nou touche kè yo, n ap vin pi chofe pou nou patisipe nan ministè a (Mat. 9:36, 37). Si nou chofe nan ministè a, sa ap pouse frè ak sè yo pou yo chofe tou. Jezi te voye disip li yo preche de pa de (Lik 10:1). Nonsèlman sa te ankouraje yo e sa te pèmèt yo jwenn fòmasyon, men tou, sa te fè yo gen plis zèl nan ministè a. Lè nou preche ak pwoklamatè ki zele, èske sa pa ban nou kè kontan? Lefètke yo gen zèl nan travay predikasyon an, sa ankouraje nou e sa fè nou anvi kontinye patisipe nan travay sa a. — Wom. 1:12.

VEYE POU NOU PA PLENYEN E POU NOU PA FÈ PECHE GRAV

11. Ki mantalite kèk Izrayelit te vin genyen nan epòk Moyiz la, e ki konsekans sa te genyen?

11 Izrayelit yo te gen kèk semèn sèlman depi Jewova te fè yo vin yon nasyon, epoutan yo te gentan kòmanse plenyen e yo pa t satisfè. Se sa k fè, yo te rebele kont Jewova ak reprezantan l yo (Egz. 16:1, 2). Se sèlman yon ti ponyen nan tout Izrayelit ki te kite Ejip yo ki te rive wè Latè pwomiz. Menm Moyiz pa t antre nan Latè pwomiz akoz fason li te reyaji lè pèp Izrayèl la te montre yo gen yon move mantalite (Det. 32:48-52). Ki sa nou kapab fè jodi a pou nou pa vin gen yon move mantalite?

12. Ki sa k ap ede nou pou nou pa gen tandans plenyen?

12 Nou dwe veye pou nou pa gen tandans ap plenyen. Lè nou aprann gen imilite ak respè pou otorite, sa ap ede nou pa gen tandans plenyen. Yon lòt bagay ki kapab ede nou tou, se lè nou veye pou nou pa fè zanmi ak nenpòt ki moun. Lè nou mal chwazi detant nou yo, lè nou pase twòp tan ak kòlèg travay nou oswa ak kondisip nou ki pa gen okenn respè pou prensip Jewova yo ki jis, n ap peye sa. N ap montre nou saj lè nou pa chèche gen relasyon ak moun ki gen yon move mantalite oswa k ap ankouraje lòt moun pou yo pa soumèt yo anba otorite Jewova. — Pwo. 13:20.

13. Ki lòt gwo pwoblèm ki kapab vin genyen nan domèn espirityèl si gen moun ki renmen plenyen nan kongregasyon an?

13 Lè yon moun renmen plenyen, sa kapab lakòz lòt gwo pwoblèm nan domèn espirityèl. Pa egzanp, lè gen moun ki renmen plenyen nan yon kongregasyon, sa ka lakòz pa gen lapè ak inite nan kongregasyon an ankò. Anplis de sa, lè yon moun plenyen kont kwayan parèy li, nonsèlman sa kapab fè moun l ap plenyen kont li an mal, men tou, sa kapab lakòz moun k ap plenyen an tonbe nan peche tankou fè medizans ak joure moun (Lev. 19:16; 1 Kor. 5:11). Nan kongregasyon premye syèk la, kèk kretyen ki te konn renmen plenyen te konn ‘meprize moun ki alatèt yo e yo te konn pale moun ki onorab yo mal’. (Jid 8, 16.) Se sèten, moun ki te konn plenyen kont moun ki alatèt yo pa t gen apwobasyon Jewova.

14, 15. a) Lè yon moun nan kongregasyon an fè yon peche grav e nou pa di sa, ki enpak sa kapab genyen sou kongregasyon an? b) Ki sa nou dwe fè si nou konnen gen yon frè oswa yon sè ki fè yon peche grav e li pa di ansyen yo sa?

14 Ki sa nou ta dwe fè si nou vin okouran gen yon moun nan kongregasyon an ki fè yon peche grav e li kache sa? Moun sa a gendwa te bwè twòp alkòl, li t ap gade pònografi oswa l ap mennen yon vi imoral (Efe. 5:11, 12). Si nou fèmen je nou sou peche grav yon frè oswa yon sè fè, Jewova kapab retire lespri sen l nan kongregasyon an, e sa ka fè pa gen lapè ladan l (Gal. 5:19-23). Nan premye syèk la, kretyen nan kongregasyon Korent yo te dwe retire tout move enfliyans nan kongregasyon an. Jodi a tou, menm jan ak kretyen sa yo, nou bezwen debarase kongregasyon an anba tout move enfliyans pou nou prezève bèl mantalite ki gen nan kongregasyon an. Kidonk, ki sa ou menm ou kapab fè pou w ede kongregasyon an toujou gen lapè ladan l?

15 Jan nou te di sa pi wo a, gen de koze moun rakonte nou, li enpòtan pou nou pa mete yo nan lari, sitou lè moun nan fè nou konnen sa k nan kè l ak sa k nan panse l. Li pa bon pou nou fè moun konnen afè konfidansyèl yon moun. Lè nou fè sa, se pa ti mal sa fè moun nan mal. Sepandan, si se yon peche grav yon moun fè, ansyen yo nan kongregasyon an dwe konn sa, paske, jan Ekriti yo montre sa, yo gen obligasyon pou yo rezoud pwoblèm nan. (Li Levitik 5:1.) Kidonk, si nou okouran gen yon frè oswa yon sè ki fè yon peche grav, nou dwe ankouraje l al chèche èd nan men ansyen yo (Jak 5:13-15). Men, si frè a oswa sè a pa al di ansyen yo sa nan yon tan ki rezonab, se devwa nou pou nou di ansyen yo sa.

16. Lè nou fè ansyen yo konnen peche grav frè nou yo fè, ki jan sa prezève mantalite kongregasyon an?

16 Kongregasyon kretyen an fè nou santi nou an sekirite. Nou dwe pwoteje kongregasyon an lè nou fè ansyen yo konnen peche grav yon moun te fè. Apre ansyen yo fin ede moun sa a retounen nan bon sans li, moun nan repanti e li aksepte konsèy ak reprimann yo ba li, li pap reprezante yon danje pou kongregasyon an ankò. Men, ki sa k ap pase si li pa repanti e li pa aksepte konsèy ki plen lanmou ansyen yo ba li? Lè sa a, y ap eskominye l, konsa y ap “elimine” move enfliyans sa a nan kongregasyon an yon fason pou yo prezève mantalite ki gen nan kongregasyon an. (Li 1 Korentyen 5:5.) Wi, se nou chak ki pou aji pou nou prezève mantalite kongregasyon an! N ap rive fè sa lè nou kolabore ak gwoup ansyen an e lè nou pwoteje frè ak sè nou yo.

ANNOU KENBE “INITE LESPRI A”

17, 18. Ki sa k ap ede nou “kenbe inite lespri a”?

17 Premye disip Jezi yo te “koute ansèyman apot yo”, e sa te pèmèt gen inite nan kongregasyon an (Tra. 2:42). Yo te bay konsèy ak enstriksyon ansyen yo te bay, ki baze sou Ekriti yo, anpil enpòtans. Jodi a, piske ansyen yo kolabore ak esklav fidèl ki prevwayan an, sa ankouraje moun nan kongregasyon an e sa fè yo rete ini (1 Kor. 1:10). Lè nou suiv enstriksyon òganizasyon Jewova a ban nou ki soti nan Bib la e nou kolabore ak ansyen yo, nou montre “n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. — Efe. 4:3.

18 Kidonk, annou fè tout sa nou kapab pou nou kenbe yon bèl mantalite nan kongregasyon an! Si nou fè sa, nou mèt gen garanti “favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, [ap] ansanm avèk mantalite nou demontre nou genyen an”. — Fil. 4:23.

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Èske w prepare bèl kòmantè pou w ede kongregasyon an gen yon bèl mantalite ladan l?

[Foto nan paj 20]

Lè nou aprann konnen kantik yo, n ap kontribye pou gen yon bèl mantalite nan kongregasyon an.