Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye veye menm jan ak Jezi

Kontinye veye menm jan ak Jezi

“Kontinye veye e kontinye priye.” — MAT. 26:41.

1, 2. a) Nan kesyon kontinye veye a, ki sa nou ta kapab mande tèt nou anrapò ak Jezi? b) Èske egzanp Jezi antanke yon moun ki te pafè kapab ede moun ki enpafè? Bay yon egzanp.

OU GENDWA ap mande tèt ou: ‘Èske li vrèman posib pou yon moun kontinye veye menm jan ak Jezi? Dayè, Jezi te pafè! Mete sou sa, gen bagay li te gentan konnen ki t apral rive plizyè milye ane alavni. Donk, èske li te vrèman bezwen kontinye veye?’ ​(Mat. 24:37-39; Ebre 4:15). Nou pral egzamine kesyon sa yo anvan pou nou ka wè jan li enpòtan e li ijan pou nou kontinye veye.

2 Èske egzanp yon moun ki pafè kapab ede moun ki enpafè? Wi, paske li posib pou yon moun aprann nan men yon bon pwofesè ki bay bon egzanp. Imajine yon moun ki fèk ap aprann tire flèch, men li pa kapab byen tire flèch la pou l al frape yon sib l ap vize. Moun sa a kontinye pran leson e li kontinye antrene pou l ka frape sib la. Pou l ka vin pi bon, li pran san l pou l gade moun k ap anseye l la ki fò nan domèn nan. Li byen suiv fason anseyan an kanpe, fason l kenbe banza a ak fason li sèvi ak dwèt li pou l rale fil banza a. Tikras pa tikras, apranti a ki gen detèminasyon ap aprann ki jan pou l rale fil banza a, l ap pran an konsiderasyon fòs van an e l ap kontinye fè efò pou l vin pi bon. Lè l imite sa l wè anseyan an ap fè, ofiramezi, l ap kapab fè flèch yo frape pi pre mitan sib la. Menm jan an tou, antanke kretyen, nou kontinye fè efò pou nou sèvi Bondye pi byen lè nou suiv enstriksyon Jezi ban nou yo e nou imite egzanp li antanke yon moun ki te pafè.

3. a) Ki jan Jezi te montre li te bezwen kontinye veye? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Èske Jezi li menm te bezwen kontinye veye? Wi, e li te fè sa. Pa egzanp, nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a antanke òm, men sa li te di apot li yo ki te fidèl: “Kontinye veye avè m.” Apre sa, li te di yo: “Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” ​(Mat. 26:38, 41). Byenke li te toujou ap veye, se nan moman bagay yo te pi difisil pou li a li te plis bezwen fè sa pou l te kapab pi pwòch Papa l ki nan syèl la. Li te konnen se pa t sèlman nan moman sa a disip li yo te bezwen veye menm jan avè l, men yo t ap bezwen fè sa tou alavni. Ann wè poukisa Jezi vle nou kontinye veye. Apre sa, nou pral wè twa fason nou kapab kontinye veye menm ak Jezi chak jou nan lavi nou.

REZON KI FÈ JEZI VLE NOU KONTINYE VEYE

4. Poukisa nou bezwen kontinye veye?

4 An reyalite, Jezi vle nou kontinye veye paske gen bagay nou konnen e gen bagay nou pa konnen. Lè Jezi te sou tè a antanke òm, èske l te konn tout sa k t apral rive alavni? Non. Gade sa l te di avèk imilite: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se Papa a sèl ki konnen yo.” ​(Mat. 24:36). Nan moman sa a, Jezi, “Pitit” Bondye a, pa t konnen ki lè egzakteman fen sistèm sa a t ap vini. E nou menm jodi a? Èske gen bagay tou nou pa konnen sou lavni? Pa gen dout nan sa! Nou pa konnen ki lè egzakteman Jewova ap voye Pitit li a vin met fen nan sistèm ki la kounye a ki mechan. Si nou te konn lè sa a, èske nou t ap vrèman bezwen kontinye veye? Jan Jezi te di sa, lafen an ap vini bridsoukou, tankou yon vòlè. Se sa k fè, nou bezwen kontinye veye plis toujou. — Li Matye 24:43.

5, 6. a) Lefètke nou konnen objektif Jewova e nou gen konesans sou lavni, ki jan sa ede nou kontinye veye? b) Lefètke nou konn entansyon Satan, ki jan sa ban nou plis detèminasyon pou nou kontinye veye?

5 Yon lòt bò, Jezi te konn yon pakèt bèl verite sou lavni pifò moun nan epòk li a pa t konnen. Ti sa nou konnen an pa reprezante anyen devan sa Jezi te konnen, men, se grasa Jezi nou konnen yon pakèt bagay sou Wayòm Bondye a ak sou sa Wayòm sa a pral fè talè konsa. Lè nou gade toutotou nou, kit se nan lekòl nou, kit se nan travay nou oswa nan tèritwa kote n ap preche a, èske nou pa remake pifò moun nan yon fènwa pwès, sa vle di yo pa konn anyen sou bèl verite sa yo? Sa se yon lòt rezon ki fè nou bezwen kontinye veye. Menm jan ak Jezi, nou bezwen veye plis toujou, nou bezwen pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pataje sa nou konnen sou Wayòm Bondye a ak lòt moun. Chak okazyon nou jwenn gen anpil enpòtans, e nou pa dwe kite yo pase. Moun yo ka pèdi lavi yo sou kont nou! — 1 Tim. 4:16.

6 Gen yon lòt bagay Jezi te konnen ki te fè l kontinye veye. Li te konnen Satan te detèmine pou l tante l, pou l pèsekite l, epi kraze entegrite l. Ènmi sadik sa a te toujou ap veye yon “bon okazyon” pou l pase Jezi anba eprèv (Lik 4:13). Se sa k fè Jezi te toujou rete vijilan. Li te pare pou nenpòt eprèv, nenpòt tantasyon, nenpòt opozisyon oswa pèsekisyon. Èske nou pare menm jan an tou? Nou konnen Satan kontinye ap aji tankou “yon lyon k ap gwonde, [k] ap chèche devore moun”. Se sa k fè Pawòl Bondye a bay tout kretyen konsèy sa a: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif.” ​(1 Pyè 5:8). Ki jan nou kapab fè sa?

LAPRIYÈ AP EDE NOU KONTINYE VEYE

7, 8. Ki konsèy Jezi te bay sou lapriyè, e ki egzanp li kite pou nou?

7 Labib montre lapriyè jwe yon wòl ki enpòtan anpil nan ede moun kontinye veye (Kol. 4:2; 1 Pyè 4:7). Yon ti tan apre Jezi te fin mande disip li yo pou yo kontinye veye avè l, men sa l te di yo: “Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” ​(Mat. 26:41). Èske se sèlman pou sitiyasyon difisil disip yo t ap viv nan moman an Jezi te ba yo konsèy sa a? Non. Konsèy sa a se yon prensip nou dwe suiv nan lavi nou chak jou.

8 Jezi kite yon bèl egzanp pou nou nan kesyon lapriyè a. Petèt n ap sonje yon lè li te pase tout yon nuit ap priye Papa l. Ann eseye imajine ki jan nuit sa a te pase. (Li Lik 6:12, 13.) Se te nan sezon prentan. E petèt Jezi te toupre Kapènawòm, yon vil kote moun yo renmen fè lapèch. Li te renmen ale la lè l te nan zòn nan. Apre solèy fin kouche, Jezi monte nan yon mòn kote li te kapab wè lanmè Galile. Tank l ap vin pi fènwa, petèt Jezi wè limyè lanp moun nan Kapènawòm yo oswa nan lòt ti bouk ki toupre a k ap danse. Men, pandan Jezi ap pale ak Jewova, li konsantre nèt sou priyè l ap fè a. Pandan tan ap pase, li pa remake lanp yo anba a k ap etenn youn apre lòt, ni li pa remake lalin nan k ap deplase nan syèl la oswa kèk bèt nan raje a k ap chèche manje pou yo manje. Nan priyè l la, petèt li te pale sou chwa douz apot yo, sa ki te yon gwo desizyon. Nou kapab imajine jan Jezi te pèdi nan priyè a e li t ap rakonte Jewova tout sa k nan panse l konsènan chak disip. Nou kapab imajine tou jan l t ap sipliye Jewova pou Jewova gide l nan chwa li t ap fè yo e pou l ba l sajès.

9. Gen yon lè Jezi te pase tout yon nuit ap priye. Ki sa sa aprann nou?

9 Èske Jezi aprann nou lè n ap priye nou dwe pase yon pakèt tan ap fè sa? Non. Men sa li te di disip li yo avèk bonte: “Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” ​(Mat. 26:41). Malgre sa, nou kapab imite Jezi. Pa egzanp, èske nou mande Papa nou ki nan syèl la direksyon anvan nou pran nenpòt desizyon ki kapab gen enpak sou nou, sou fanmi nou oswa sou frè ak sè nou yo nan kongregasyon an? Èske priyè nou yo montre nou gen sousi pou frè n ak sè n yo? Èske priyè nou yo sot nan kè nou, oswa nou aprann yo pakè? N ap remake tou Jezi te bay moman li te konn pase ap priye Papa l poukont li yo anpil enpòtans. Jodi a, nan monn sa a kote nou chaje ak aktivite, li vrèman fasil pou nou bliye bagay ki pi enpòtan yo. Si nou pran tan pou nou fè priyè pèsonèl ki pwofon, sa ap ede nou kontinye veye plis toujou (Mat. 6:6, 7). N ap vin pi pwòch Jewova, n ap plis anvi ranfòse relasyon nou gen avè l e nou pap fè anyen ki kapab gen move enpak sou relasyon sa a. — Sòm 25:14.

TRAVAY PREDIKASYON AN EDE NOU KONTINYE VEYE

10. Ki egzanp ki montre Jezi te kontinye pwofite tout okazyon pou l bay temwayaj?

10 Jezi te veye pou l kontinye fè travay Jewova te ba l fè a. Gen travay kèk moun ap fè, menm si yo pa rete konsantre sou travay la, sa pap bay gwo pwoblèm. Sepandan, gen lòt travay ki mande pou yon moun vrèman konsantre sou sa l ap fè a. Pa gen dout nan sa, ministè nou an se yon travay ki mande pou nou rete konsantre sou li. Jezi te toujou rete konsantre sou travay sa a. Li te pwofite tout okazyon li te jwenn pou l preche moun bon nouvèl la. Pa egzanp, lè li menm ak disip li yo te rive nan vil Sicha, apre yo te fin pase tout yon maten ap mache, disip yo t al achte manje. Jezi te rete bò kot pi ki te nan vil la pou l te ka repoze l, men li te kontinye veye. Pandan l la, li te jwenn yon okazyon pou l bay temwayaj. Te gen yon Samaritèn ki te vin pran dlo. Jezi te kapab chwazi fè yon ti dòmi. Li te kapab jwenn yon bann lòt rezon pou l pa pale ak fi a. Men, li te deside pale avè l. Li te ba l yon temwayaj ki te gen gwo enpak sou anpil moun ki t ap viv nan vil sa a (Jan 4:4-26, 39-42). Èske nou kapab kontinye veye pi plis toujou menm jan ak Jezi, lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pataje bon nouvèl la ak moun nou rankontre chak jou?

11, 12. a) Ki sa Jezi te di moun ki te chèche distrè l nan travay li t ap fè a? b) Ki jan l te montre li gen ekilib toutpandan l te kontinye ap fè travay sa a?

11 Pafwa, gen moun ki te gen bon entansyon ki te konn chèche distrè Jezi nan travay li t ap fè a. Nan vil Kapènawòm, mirak Jezi te fè pou l geri moun yo te tèlman touche yo, yo te vle Jezi rete ansanm avèk yo. Nou kapab konprann sa. Sepandan, se pa t moun nan vil sa a sèlman Jezi te gen misyon pou l preche, li te gen misyon pou l preche tout “mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la”. (Mat. 15:24.) Se pou rezon sa a li te di moun yo: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” ​(Lik 4:40-44). Pa gen dout nan sa, Jezi te konsantre sou ministè l. Li pa t kite anyen distrè l.

12 Lefètke Jezi te konsantre anpil sou ministè l, èske sa te fè l vin yon fanatik, yon moun ki pa pran kontak ak moun oswa ki pa gen sousi pou fanmi l? Non. Jezi te ekilibre, e li kite yon bon egzanp pou nou nan sans sa a. Jezi te renmen lavi, li te konn pase bon ti moman ak zanmi l e l te pran plezi nan sa. Fanmi l te gen enpòtans pou li, li te konprann sa moun yo te bezwen e li te konn pwoblèm yo. Mete sou sa, li te montre li renmen timoun. — Li Mak 10:13-16.

13. Ki jan nou kapab kontinye veye menm jan ak Jezi, e ki jan nou kapab gen ekilib nan travay predikasyon Wayòm nan?

13 Pandan n ap fè tout sa n kapab pou nou kontinye veye menm jan ak Jezi, ki jan nou montre nou se moun ki ekilibre? Nou pa kite monn sa a distrè nou nan travay n ap fè a. Menm bon zanmi nou ak fanmi nou ki gen bon entansyon kapab ap di nou pou nou pase mwens tan nan travay predikasyon an oswa pou n chèche gen yon vi ki swadizan nòmal. Sepandan, si nou imite Jezi, n ap konsidere travay predikasyon an kòm manje nou (Jan 4:34). Travay n ap fè a nouri nou nan domèn espirityèl. Mete sou sa, li ban nou kè kontan. Nou pa dwe janm vin fanatik, pou nou vin jis nan je pa nou, epi pou nou pa pran kontak ak lòt moun. Menm jan ak Jezi, nou vle gen lajwa e nou vle ekilibre nan sèvis n ap bay “Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Tim. 1:11.

FASON POU NOU KONTINYE VEYE LÈ NOU JWENN EPRÈV

14. Lè nou jwenn eprèv, kont ki tandans nou bezwen lite, e poukisa?

14 Jan nou sot wè sa, se lè Jezi te anba gwo eprèv li te bay disip li yo kèk nan pi gwo ankourajman ki te montre yo nesesite pou yo kontinye veye. (Li Mak 14:37.) Se lè nou jwenn eprèv nou bezwen imite Jezi plis toujou. Gen anpil moun ki gen tandans bliye yon verite enpòtan lè yo anba eprèv. Verite sa a tèlman enpòtan, li parèt de fwa nan liv Pwovèb la. Men sa nou li nan liv sa a: “Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.” ​(Pwo. 14:12; 16:25). Si nou konte sou pwòp tèt nou, sitou lè nou rankontre gwo pwoblèm, se sèten n ap mete ni lavi nou, ni lavi moun nou renmen yo an danje.

15. Ki sa yon chèf fanmi kapab anvi fè akoz pwoblèm ekonomik?

15 Pa egzanp, yon chèf fanmi gendwa jwenn gwo presyon lefètke li gen responsablite pou l pran swen “moun ki sou kont li”. (1 Tim. 5:8.) Li gendwa anvi pran yon travay k ap fè l plede rate reyinyon, k ap fè l pa fè adorasyon an fanmi oswa k ap fè l pa gen tan pou l patisipe nan travay predikasyon an. Si li pa wè bagay yo menm jan ak Jewova, li kapab bay tèt li rezon pou l kenbe travay la, e li kapab santi pa gen pwoblèm nan sa. Sepandan, sa kapab gen move efè sou relasyon l ak Jewova oswa sa kapab menm fè l pèdi relasyon sa a. Èske li pa t ap pi bon pou nou suiv konsèy nou jwenn nan Pwovèb 3:5, 6 la? Men sa Salomon te di: “Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w’ap fè. Li menm, l’a moutre ou chemen pou ou pran.”

16. a) Jezi te konte sou sajès Jewova olye l konte sou pwòp tèt li, ki sa sa aprann nou? b) Ki jan anpil chèf fanmi imite egzanp Jezi nan kesyon mete konfyans yo nan Jewova lè yo nan sitiyasyon difisil?

16 Lè Jezi te jwenn eprèv, li pa t janm konte sou pwòp tèt li. Imajine sa! Moun ki te pi saj ki te gen sou tè a te chwazi pa konte sou pwòp sajès li. Pa egzanp, nan yon okazyon kote Satan t ap tante l, pou l te ka bay Satan yon repons, plizyè fwa li te di l: “Men sa ki ekri.” ​(Mat. 4:4, 7, 10). Li te konte sou sajès Papa l pou l repouse tantasyon an. Konsa, li te montre li gen imilite, yon kalite Satan pa genyen ditou e li rayi. Èske nou aji menm jan an? Yon chèf fanmi ki kontinye veye menm jan ak Jezi kite Pawòl Bondye a gide l, sitou lè l nan sitiyasyon difisil. Gen anpil chèf fanmi sou tout tè a ki fè sa. Yo kontinye bay Wayòm Bondye a ak adorasyon ki pwòp la plis enpòtans nan lavi yo pase bagay materyèl. Lè yo fè sa, yo pi byen pran swen fanmi yo. Jewova beni yo pou tout efò yo fè pou yo bay fanmi yo sa yo bezwen, jan li pwomèt sa nan Pawòl li a. — Mat. 6:33.

17. Ki sa ki pouse nou kontinye veye menm jan ak Jezi?

17 Pa gen dout nan sa, se Jezi ki kite pi bon egzanp pou nou nan kesyon kontinye veye a. Egzanp li kite a itil nou, e li kapab menm sove lavi nou. Pa bliye sa, Satan detèmine pou l fè nou dòmi nan domèn espirityèl, pou l febli lafwa nou, pou l fè nou pa sèvi Jewova ak tout kè nou e pou l fè nou pèdi entegrite nou (1 Tes. 5:6). Pa kite Satan venk nou! Nan kesyon lapriyè a ak nan travay predikasyon an, nou bezwen kontinye veye menm jan ak Jezi. Nou bezwen fè sa tou lè nou jwenn eprèv. Si nou aji konsa, depi kounye a, n ap gen yon bèl vi, n ap kontan e n ap gen satisfaksyon nan monn sa a k ap depafini an. Mete sou sa, lè Mèt nou an vini pou l met fen nan sistèm sa a, l ap jwenn nou ap veye, nou aktif nan sèvis Papa l la e n ap fè volonte Papa l. Se pa ti kontan Jewova ap kontan rekonpanse nou pou fason nou te sèvi l avèk fidelite! — Rev. 16:15.

[Kesyon]

[Foto nan paj 6]

Jezi te preche yon fi li te rankontre bò kot yon pi. Ki jan nou chèche okazyon pou nou preche chak jou?

[Foto nan paj 7]

Lè nou pran swen fanmi nou nan domèn espirityèl, nou montre nou kontinye ap veye.