Bagay ki nan achiv nou
“Li te fè m yon ti jan parèt”
Lè Charlotte White, yon sè ki te nan sèvis aplentan, te debake Lwivil, yon vil nan Kenntèki, Ozetazini, avèk yon malèt ki te gen wou anba l, sa te atire atansyon anpil moun.
SE TE nan ane 1908, e moun yo nan vil la pa t manke pa remake sè White ak envansyon ki te fèk parèt la. Yo te rele envansyon sa a Aurore mobile. Men sa sè White te di: “Moun yo te fè kèk kòmantè lè yo te wè l. Anplis, li te fè m yon ti jan parèt.”
Etidyan Labib yo, jan yo te konn rele Temwen Jewova yo anvan, te wè nesesite pou yo pataje verite ki gen anpil valè yo te dekouvri yo ak lòt moun. Yo te dekouvri verite sa yo grasa etid apwofondi yo te fè nan Bib la. Anpil nan yo te vin konnen Bib la grasa yon seri liv yo te rele L’Aurore du Millénium (Annapre, yo te vin rele liv sa yo Études des Écritures). Kretyen ki te dispoze e ki te kapab yo te vwayaje byen lwen pou y al nan lòt vil ak nan zòn andeyò pou yo ofri liv sa yo bay lòt moun ki te chofe pou li yo. Lè yo t ap ofri liv yo, yo te konn di liv sa yo se yon “èd pou moun k ap etidye Labib”.
Nan ane 1908, sè White ansanm ak lòt pwoklamatè ki te zele t ap ofri toule sis volim liv Aurore la pou 1 dola 65 santim ameriken. Po liv yo te fèt an katon. Yo te pran kòmann nan men moun yo, men yo pa t bay liv yo menm kote a. Yo te retounen annapre pou yo pote liv yo bay moun ki te plase kòmann yo. Ti kòb yo te mande a se te kòb li te koute pou yo enprime liv yo. An jeneral, yo te konn tounen nan jou moun yo te touche nan travay yo. Gen yon opozan ki te di se yon ti kraze monnen moun yo te konn bay lè yo resevwa liv sa yo.
Yon sè ki rele Malinda Keefer te di nan yon semèn kantite kòmann li te pran yo te ant 200 ak 300 liv.
Lefètke anpil moun te vle gen liv Aurore la, frè yo te vin gen yon pwoblèm. Sizyèm volim nan sèlman te gen 740 paj. Òganizasyon an te rekonèt liv yo te lou e frè ak sè yo te “redi twòp” lè yo te gen pou yo fè livrezon, sitou sè yo, paske “senkant liv te peze 18 kilogram”.Gen yon frè ki rele James Cole ki te fè yon kad ki te gen de wou vise ladan l pou l te rezoud pwoblèm nan. Yo te kapab vise yon malèt sou kad la. Men sa frè sa a te di: “Mwen pap kase zepòl mwen.” Frè a pa t oblije pote bwat katon ki te plen ak liv ankò. Li te prezante envansyon sa a nan yon kongrè Etidyan Labib yo te fè Sensinati, Owayo, an 1908. Oditwa a te kontan. Yo te ekri Aurore mobile sou chak pwent travès kad la, piske se liv L’Aurore du Millénium nan yo te plis pote ladan l. Apre yon moun te fin pase yon ti moman ap fè pratik, li te fasil pou l pote plizyè douzèn liv nan malèt la ak yon sèl men. Moun ki t ap sèvi ak malèt la te kapab mete l wotè l vle. Mete sou sa, wou yo te kapab woule sou wout tè. Apre yon moun fin pase yon jou nan travay predikasyon an, li te kapab pliye wou yo ki te fèt an kawotchou sou arebò malèt la pandan l ap retounen lakay li, kit se te apye, kit se te nan transpò.
Sè ki te nan sèvis aplentan yo te kapab jwenn yon Aurore mobile gratis. Lòt frè ak sè yo te konn peye 2 dola 50 santim ameriken. Sè Keefer, ki nan foto a, te tèlman fin fò nan sèvi ak Aurore mobile la, li te kapab pouse yon malèt plen ak liv ak yon men toutpandan li te gen yon lòt valiz nan lòt men an ki te plen ak liv tou. Nan yon vil nan Pennsilvani, Ozetazini, kote moun yo te travay nan min, sè a te jwenn anpil moun ki te vle gen liv L’Aurore du Millénium nan. Dabitid, nan jou livrezon an, li te konn fè twa oswa kat vwayaj sou yon pon pou l al bay liv yo.
Nan fen ane 1980 yo, gen yon pilòt ki te envante yon malèt sou wou. Jodi a, moun wè malèt sa yo nan ayewopò. Nan kèk peyi, nou kapab wè moun ap mache nan lari ak malèt sa yo tou. Sepandan, sa gen anviwon santan, Etidyan Labib ki te zele te konn pran plezi pou moun ap gade yo pandan y ap mache ak Aurore mobile la, ki te fè yo yon ti jan parèt, lè yo t ap simen verite ki nan Bib la ki gen anpil valè.
[Antrefilè nan paj 32]
Dabitid, nan jou sè Keefer te konn fè livrezon yo, li te konn fè twa oswa kat vwayaj sou yon pon.
[Antrefilè nan paj 32]
Sa te rezoud pwoblèm transpò a.