Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mete gason sou ou, pa janm dekouraje”

“Mete gason sou ou, pa janm dekouraje”

“Mete gason sou ou, pa janm dekouraje. [...] Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou.” — JOZ. 1:7-9.

1, 2. a) Ki sa yon moun bezwen genyen pafwa pou l kontinye fè sa ki jis nan lavi l? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

YON moun ki gen kouraj se yon moun ki pa pè anyen, ki pa timid e ki pa lach, okontrè, se yon moun ki fò, ki vanyan e ki gen kran. Pafwa, sèl sa yon moun bezwen fè pou l montre li gen kouraj se kontinye fè sa ki jis chak jou nan lavi l.

2 Gen moun yo pale de yo nan Bib la ki pa t pè lè yo t ap rankontre sitiyasyon ki difisil anpil. Gen lòt moun Bib la pale de yo tou ki te montre yo gen kran lè yo t ap rankontre sitiyasyon tout sèvitè Bondye yo abitye rankontre. Ki sa nou kapab aprann nan egzanp moun sa yo? Ki jan nou kapab montre nou gen kouraj ak kran?

YO TE BAY TEMWAYAJ AVÈK KRAN NAN YON MONN KI PA T GEN RESPÈ POU BONDYE

3. Ki sa Enòk te di ki t apral rive moun ki pa t gen respè pou Bondye yo?

3 Anvan delij ki te fèt nan epòk Noye a, pou yon moun te temwen Jewova nan monn mechan ki te la lè sa a, li te bezwen gen kran. Men yon pwofesi Enòk, yon moun ki te fè pati “setyèm jenerasyon soti depi Adan” an, te anonse avèk kran: “Gade! Jewova vini ak foul zanj li yo ki sen, pou l egzekite jijman l sou tout moun, e pou l deklare tout moun ki pa gen respè pou Bondye yo koupab poutèt tout zak derespektan yo te fè, e poutèt tout bagay chokan pechè sa yo ki pa gen respè pou Bondye te di sou li.” ​(Jid 14, 15). Fason Enòk te pale a se kòmsi pwofesi sa a te deja reyalize, piske li te kwè sa l te di yo t ap reyalize kanmenm. Ann amoni ak sa Enòk te di yo, gen yon delij ki te detwi tout moun sou tè a ki pa t gen respè pou Bondye.

4. Malgre ki sitiyasyon Noye te kontinye “mache byen ak Bondye”?

4 Delij la te fèt nan ane 2370 anvan epòk nou an, plis pase 650 an apre Enòk te fin anonse pwofesi l la. Antretan, Noye te fèt, li leve yon fanmi, e pitit gason l yo te ede l bati lach la. Gen zanj ki te mechan ki te pran fòm kò moun, ki te marye ak bèl fi sou tè a e ki te fè pitit avèk yo. Yo te rele pitit sa yo Nefilim. Mete sou sa, lèzòm te vin mechan anpil e tè a te ranpli ak vyolans (Jen. 6:1-5, 9, 11). Malgre sa, Noye ki te “yon moun ki t ap preche sa ki jis” avèk kran “t’ap mache byen ak Bondye”. (Li 2 Pyè 2:4, 5.) Nan dènye jou n ap viv la a yo, nou bezwen gen kran menm jan an.

YO TE MONTRE YO TE GEN LAFWA AK KRAN

5. Ki jan Moyiz te montre li gen lafwa ak kran?

5 Moyiz te gen lafwa ak kran, e li kite yon bèl egzanp pou nou (Ebre 11:24-27). Soti nan ane 1513 pou rive nan ane 1473 anvan epòk nou an, Bondye te itilize Moyiz pou l fè pèp Izrayèl la soti ann Ejip e pou l dirije yo nan dezè a. Moyiz pa t santi li te kalifye pou travay sa a, men li te aksepte travay la (Egz. 6:12). Li menm ak Arawon, frè l, te parèt plizyè fwa devan Farawon, wa Ejip la, yon wa ki te mechan anpil, e yo te mete kouraj sou yo pou fè l konnen Jewova t apral lage dis flewo sou peyi a. Pa mwayen flewo sa yo, Jewova te delivre pèp li a e li te montre dye Ejipsyen yo pa t ka kanpe devan l (Egz., chap. 7-12). Moyiz te gen lafwa ak kran paske Bondye te toujou avèk li, menm jan li avèk nou jodi a. — Det. 33:27.

6. Si otorite yo ta poze nou kesyon, ki sa k ap ede nou bay temwayaj avèk kran?

6 Nou bezwen gen kran menm jan ak Moyiz, paske, men sa Jezi te di: “Y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa, poutèt mwen. Konsa, n ap ka bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj. Men, lè yo rele nou nan tribinal, pa enkyete nou pou fason n ap gen pou nou pale oswa pou sa n ap gen pou nou di, paske n ap konnen sa n ap gen pou nou di a lè lè a rive. Paske, se pa nou menm sèlman k ap pale, men se lespri Papa nou k ap pale nan nou.” ​(Mat. 10:18-20). Si otorite yo ta poze nou kesyon, lespri Jewova ap ede nou bay temwayaj avèk respè, avèk lafwa e avèk kran. — Li Lik 12:11, 12.

7. Ki sa k fè Jozye te gen kran e li te rive pran Latè pwomiz?

7 Jozye te ranplase Moyiz. Lefètke li te konn etidye Lwa Bondye a regilyèman, li te vin gen plis lafwa e li te vin gen plis kran. Nan ane 1473 anvan epòk nou an, pèp Izrayèl la te pare pou l antre nan Latè pwomiz. Men sa Bondye te di Jozye: “Mete gason sou ou, pa janm dekouraje.” Bondye te di Jozye si l fè sa Lalwa mande, l ap aji avèk sajès e l ap fè pèp la antre nan Latè pwomiz. Men sa Bondye te di l ankò: “Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.” ​(Joz. 1:7-9). Se pa ti ankouraje pawòl sa yo dwe te ankouraje Jozye! Se sèten Bondye te avè l, paske an 1467 anvan epòk nou an, apre sizan sèlman, li te rive pran pifò nan Latè pwomiz.

KÈK FANM VANYAN KI TE PRAN POZISYON POU JEWOVA

8. Ki jan Rahab te montre li gen lafwa ak kouraj?

8 Pandan syèk ki pase yo, gen anpil fanm vanyan ki te pran pozisyon pou Jewova. Pa egzanp, Rahab, yon pwostitye ki t ap viv nan vil Jeriko, te gen lafwa nan Bondye. Li te montre li gen kouraj lè l te kache de espyon Jozye te voye espyone vil la. Apre sa, li te bay moun ki t ap chèche espyon yo move enfòmasyon. Lè Izrayelit yo te pran vil Jeriko, Jewova te sove lavi Rahab ak lavi moun ki te lakay li. Rahab te kite metye pwostitye a, li te vin ap adore Jewova fidèlman e li te vin youn nan zansèt Mesi a (Joz. 2:1-6; 6:22, 23; Mat. 1:1, 5). Se pa ti beni Jewova te beni Rahab poutèt li te gen lafwa e li te gen kouraj!

9. Ki jan Debora, Barak ak Yayèl te montre yo gen kouraj ak kran?

9 Jozye te mouri ozanviwon ane 1450 anvan epòk nou an. Apre lanmò l, te gen jij ki te vin ap dirije peyi Izrayèl. Yabin, yon wa kananeyen, te pase 20 an ap toupizi pèp la lè Bondye te voye Debora, yon fi ki te pwofèt, al di jij Barak li bezwen fè yon bagay pou l retire pèp la nan mizè l ye a. Barak te rasanble 10 000 gason sou mòn Tabò e li te pare pou l fè lagè ak Sisera, chèf lame wa Yabin nan. Sisera te vin nan vale Kichòn ak yon lame ki te gen 900 cha de gè ladan l. Lè Izrayelit yo mache antre nan vale a, Bondye fè yon dlo desann sanzatann nan vale a ki te fè tè kote batay la t apral fèt la tounen labou. Cha de gè kananeyen yo te kole nan labou a. Mesye ki te ak Barak yo te genyen batay la, “yo touye tout sòlda Sisera yo nèt”. Sisera li menm t al chèche kache nan tant yon dam ki te rele Yayèl, men, pandan l ap dòmi, Yayèl touye l. Jan Debora te di sa nan pawòl li te di Barak yo, se yon fanm ki te touye Sisera. Lefètke Debora, Barak ak Yayèl te montre yo gen kouraj ak kran, “te gen lapè nan peyi a pandan karantan”. (Jij 4:1-9, 14-22; 5:20, 21, 31.) Nan epòk pa nou an, gen anpil gason ak fi ki gen respè pou Bondye ki montre yo gen lafwa ak kouraj menm jan an.

PAWÒL NOU YO KA BAY LÒT MOUN KOURAJ

10. Poukisa nou ka di pawòl nou kapab bay lòt moun kouraj?

10 Pawòl nou kapab bay lòt moun k ap sèvi Jewova menm jan avèk nou yo kouraj. Nan 11yèm syèk anvan epòk nou an, men sa David te di Salomon, pitit li: “Mete gason sou ou! Pran kouray, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Senyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.” ​(1 Kwo. 28:20). Salomon te aji avèk kouraj e li te bati yon bèl tanp pou Jewova nan Jerizalèm.

11. Ki enpak pawòl yon tifi ki te gen kouraj te gen sou lavi yon mesye?

11 Nan 10yèm syèk anvan epòk nou an, te gen yon tifi izrayelit ki te montre li gen kouraj. Pawòl li te di yo te fè yon mesye ki te gen lèp jwenn gerizon. Apre yon gwoup vòlè te fin pran tifi a, li te vin esklav yon Siryen ki te rele Naamàn. Se mesye sa a ki te chèf lame siryen an. Kòm tifi a te tande pale de mirak Jewova te fè Elicha fè, li te di madan Naamàn si mari l al ann Izrayèl, pwofèt Bondye a ap geri l. Vrèmanvre, Naamàn al Izrayèl, Jewova fè yon mirak pou l geri l e li vin yon adoratè Jewova (2 Wa 5:1-3, 10-17). Si w se yon jèn e w renmen Jewova menm jan ak tifi sa a, Jewova kapab ba w kran pou w preche pwofesè w yo, elèv lekòl ou yo ak lòt moun ankò.

12. Ki efè pawòl Izkiya yo te genyen sou moun li t ap dirije yo?

12 Lè nou chwazi pawòl ki apwopriye pou nou di lòt moun lè y ap viv sitiyasyon ki mabyal, sa kapab ankouraje yo. Nan 8yèm syèk anvan epòk nou an, lè Asiryen yo t ap mache sou Jida pou yo pran l, men sa wa Izkiya (Ezekyas) te di moun li t ap dirije yo: “Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k’ap mache avè l la, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l. Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou.” Ki jan moun yo te reyaji lè yo te tande pawòl sa yo? Bib la di “lè pèp la tande pawòl sa yo sòti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouray”. (2 Kwo. 32:7, 8.) Lè frè n ak sè n yo jwenn pèsekisyon, bon pawòl nou di yo kapab ba yo kouraj ak kran.

13. Ki jan Obadya, youn nan sèvitè wa Ahab yo, te montre li gen kouraj?

13 Pafwa, nou montre nou gen kouraj lè nou pa bay kèk enfòmasyon. Nan 10yèm syèk anvan epòk nou an, Obadya, youn nan sèvitè wa Ahab yo, te montre li gen kouraj lè l te kache 100 pwofèt Jewova nan de gwòt, “senkant nan chak gwòt”, yon fason pou rèn Jezabèl, yon rèn ki te mechan, pa touye yo (1 Wa 18:4). Menm jan ak Obadya ki te gen lakrentif pou Bondye, jodi a, gen kretyen k ap sèvi Jewova fidèlman ki pwoteje kretyen parèy yo lè yo pa bay moun k ap pèsekite yo enfòmasyon sou yo.

ESTÈ SE YON RÈN KI TE GEN KOURAJ

14, 15. Ki jan rèn Estè te montre li gen lafwa ak kouraj, e ki sa k te rive poutèt sa?

14 Nan 5yèm syèk anvan epòk nou an, Estè ki te rèn nan anpi pès la te montre li gen lafwa ak kouraj lè Amàn, yon mesye ki te mechan, te fè konplo pou l touye tout Juif ki t ap viv nan anpi sa a. Nou kapab konprann rezon ki fè Juif yo te tris e yo pa t manje. Sandout tou, yo te priye Jewova ak tout kè yo (Estè 4:1-3). Rèn Estè te enkyete anpil. Mòdekay, monnonk li, te fè l jwenn yon kopi lwa ki te bay lòd pou yo touye Juif yo e li te ba l lòd pou l al wè wa a pou l plede kòz Juif parèy li yo. Yo te konn touye tout moun ki te parèt devan wa a san otorizasyon. — Estè 4:4-11.

15 Malgre sa, Mòdekay voye di Estè: ‘Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, pèp juif la ap toujou ka jwenn delivrans. Ou pa janm konnen si se pa pou sa ou larenn jounen jòdi a.’ Estè te di Mòdekay pou l rasanble tout Juif ki nan vil Siz yo e pou l mande yo fè jèn. Mete sou sa, li te di l: ‘Mwen menm bò pa m m ap fè jèn tou. Apre sa, m’aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m’a mouri.’ ​(Estè 4:12-17). Estè te aji avèk kouraj, e liv ki pote non l lan montre Jewova te delivre pèp Li a. Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ansanm ak lòt kretyen yo montre yo gen kouraj menm jan ak Estè lè yo jwenn eprèv, e Moun ki “tande lè y’ap lapriyè” l la toujou avèk yo. — Li Sòm 65:2; 118:6.

“PRAN KOURAJ”

16. Ki egzanp Jezi kite pou jèn yo?

16 Nan premye syèk epòk nou an, gen yon lè paran Jezi yo ki t ap chèche l te jwenn li nan tanp lan ki “te chita nan mitan anseyan yo, li t ap koute yo e li t ap poze yo kesyon”. Li te gen douzan lè sa a. “Tout moun ki t ap koute l te ret bouch ouvè devan entèlijans li e devan repons li t ap bay.” ​(Lik 2:41-50). Malgre Jezi te jèn, li te gen lafwa ak kran. Se sa k fè li pa t pè poze anseyan yo kesyon, byenke yo te pi gran pase l. Si jèn yo nan kongregasyon an kenbe egzanp Jezi nan lespri yo, sa ap fè yo pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo ‘defann kwayans yo devan nenpòt moun ki mande yo rezon ki fè yo gen esperans yo genyen an’! — 1 Pyè 3:15.

17. Poukisa Jezi te di disip li yo “pran kouraj”, e poukisa nou menm tou nou bezwen “pran kouraj”?

17 Jezi te konn di lòt moun pou yo “pran kouraj”. (Mat. 9:2, 22.) Men sa li te di disip li yo: “Gade! Gen yon lè k ap vini, e vrèman, li deja rive, kote n ap gaye, chak moun pral lakay yo, e n ap kite m poukont mwen. Epoutan, mwen pa poukont mwen, paske Papa a ansanm avè m. Mwen di nou bagay sa yo pou nou ka gen lapè grasa mwen. Nou gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen venk monn nan.” ​(Jan 16:32, 33). Monn nan rayi nou menm jan li te rayi premye disip Jezi yo. Pinga nou janm vin menm jan ak moun yo nan monn nan! Lè nou toujou sonje jan Pitit Bondye a te gen kran, sa ka ban nou kouraj ak kran pou nou pa kite monn nan kòwonp nou. Jezi te venk monn nan e nou kapab fè sa tou. — Jan 17:16; Jak 1:27.

“ANKOURAJE!”

18, 19. Ki sa k pwouve Pòl te gen lafwa ak kouraj?

18 Apot Pòl te andire anba anpil eprèv. Gen yon lè, kèk Juif nan Jerizalèm te soti pou yo rache l fè miyèt moso, men, erezman sòlda women yo te vin sove l. Nan aswè, “Seyè a vin kanpe bò kot Pòl, li di l: ‘Ankouraje! Paske, menm jan w bay yon temwayaj konplè sou mwen nan Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou w bay temwayaj nan Wòm’”. (Tra. 23:11.) Se egzakteman sa Pòl te fè!

19 Nan yon lòt okazyon, Pòl te reprimande kèk kretyen nan kongregasyon Korent lan san l pa t pè. Kretyen sa yo t ap chèche kòwonp lòt kretyen yo. Li te rele mesye sa yo “gwo apot”. (2 Kor. 11:5; 12:11.) Kontrèman ak mesye sa yo, Pòl te kapab bay prèv ki te montre li te yon vrè apot: Li te pran prizon, li te pran kout baton, li te fè vwayaj ki te met lavi l an danje, e gen lòt bagay ankò ki te mete lavi l an danje. Mete sou sa, li te konn grangou, li te konn swaf, li te konn pase nuit san dòmi e li te gen anpil enkyetid pou kongregasyon yo. (Li 2 Korentyen 11:23-28.) Se pa ti lafwa e se pa ti kouraj Pòl te genyen! Tout bagay Pòl te andire yo montre Bondye te ba l fòs.

20, 21. a) Bay yon egzanp ki montre nou bezwen kontinye ranmase kouraj nou pou nou aji avèk kran. b) Nan ki sikonstans nou ka bezwen montre nou gen kouraj ak kran, e ki garanti nou genyen?

20 Se pa tout kretyen k ap jwenn gwo pèsekisyon. Sepandan, yo tout dwe gen kouraj ak kran pou yo ka fè fas ak pwoblèm yo jwenn nan lavi a. Men yon egzanp ki montre sa: Gen yon jenòm nan peyi Brezil ki te nan yon gang. Apre li kòmanse etidye Bib la, li rann li kont li bezwen fè chanjman nan lavi l. An jeneral, depi yon moun kite gang sa a, yo touye l. Apre l fin priye, l al wè chèf gang nan e li itilize kèk vèsè pou l montre l rezon ki fè li pap ka rete nan gang nan ankò. Yo kite misye ale san yo pa fè l anyen. Kounye a, li se yon pwoklamatè Wayòm nan.

21 Nou bezwen gen kran pou nou preche bon nouvèl la. Kretyen ki lekòl yo bezwen gen kalite sa a pou yo ka kenbe entegrite yo. Nou kapab bezwen gen kouraj pou nou mande konje nan travay nou pou nou asiste tout sesyon nan kongrè yo. Gen yon bann lòt bagay ankò ki mande pou nou gen kouraj ak kran. Sepandan, kèlkeswa eprèv nou jwenn, Jewova ap tande “lapriyè [nou] fè ak lafwa”. (Jak 5:15.) Anplis, se sèten li kapab ban nou lespri sen l pou nou ka ‘met gason sou nou, epi pa janm dekouraje’.

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Enòk te preche avèk kran nan yon monn ki pa t gen respè pou Bondye.

[Foto nan paj 12]

Yayèl te met fanm sou li e li te aji avèk kouraj.