Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Natàn te defann vrè adorasyon an avèk fidelite

Natàn te defann vrè adorasyon an avèk fidelite

Natàn te defann vrè adorasyon an avèk fidelite

Li pa fasil pou yo konvenk yon moun ki gen anpil pouvwa li te mal aji e li bezwen repanti. Èske w t apral pale ak yon moun konsa si w konnen li te deja fè touye yon moun pou l pwoteje repitasyon l?

Nan Izrayèl tan lontan an, wa David te komèt adiltè ak Batcheba e Batcheba te vin ansent. Pou David te kache peche yo te fè a, li te fè yon fason pou yo touye mari fi sa a. Apre sa, li fè Batcheba vin madanm li. Plizyè mwa te pase e David te kontinye ap sèvi kòm wa san l pa di pèsonn anyen. Men, Jewova pa t kite peche David te fè yo pase san l pa fè anyen. Li te voye pwofèt Natàn al pale ak David.

Si w met tèt ou nan plas Natàn, w ap wè se pa t yon misyon ki te fasil. Men, piske Natàn te fidèl ak Jewova e li te respekte prensip li yo, sa te ba l kouraj pou l parèt devan David pou l fè l sonje peche li te fè yo. Ki jan pwofèt la t ap kapab fè sa epi konvenk wa David li te bezwen repanti?

LI TE ANSEYE AVÈK LADRÈS

Pran kèk minit pou w li 2 Samyèl 12:1-25. Imajine w nan plas Natàn e w ap rakonte David istwa ki vin apre a: “Vwala te gen de nonm ki t’ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv. Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite. Pòv la menm pat gen pase yon sèl ti mouton li te achte. Li swen li. Se anndan lakay li ansanm ak pitit li yo ti mouton an grandi. Se nan asyèt malere a menm ti mouton an te konn manje. Se nan gode l li bwè dlo. Se sou janm li li konn dòmi. Ti mouton an te tankou yon pitit fi pou li. Yon jou, yon vizitè vin rive lakay nonm rich la. Nonm rich la pat santi kouray li pou l te pran yonn nan mouton l yo osinon nan bèf li yo pou l fè manje bay vizitè a. Li pran ti mouton malere a, li fè manje ak li bay vizitè ki te lakay li a.” — 2 Sam. 12:1-4.

David, ki te yon gadò mouton, te kwè se yon bagay ki te fèt toutbon. Dapre yon moun ki fè kòmantè sou Bib la, “petèt Natàn te gen abitid al devan David pou l plede kòz moun yo te fè enjistis e ki pa t gen okenn lòt moun pou ede yo, se sa k fè David te panse li te dwe fè yon bagay [pou moun nan istwa Natàn te rakonte l la]”. Menmsi kòmantè sa a ta laverite, Natàn te bezwen fidèl anvè Bondye e l te bezwen gen kran kanmenm pou l al pale ak wa a jan l te fè l la. David te fache anpil apre l fin tande istwa a. Men sa l te di: “Mwen fè sèman nan non Senyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l.” Lè sa a, Natàn di li konsa: “Nonm sa a, se ou menm!” — 2 Sam. 12:5-7.

Ann egzamine poukisa Natàn te pale ak David jan l te pale avè l la? Li pa fasil pou yon moun ki gen santiman pou yon lòt moun byen jije yon sitiyasyon ki konsène li menm ak moun nan. Nou tout gen tandans bay eskiz pou nou defann tèt nou apre nou fin fè yon aksyon moun gen dout sou li. Istwa Natàn te rakonte David la te fè David kondane peche li te fè yo san l pa rann li kont. Wa a pa t gen dout aksyon moun nan istwa a te fè a pa t bon. Sepandan, se apre David te fin kondane moun nan pou aksyon l te fè a, Natàn te fè l konnen se li menm ki moun sa a. Sa te pèmèt David wè jan peche l te fè a te grav e sa te prepare lespri l pou l aksepte blam li te vin jwenn nan. David te rekonèt li te “meprize” ​(NW) Jewova nan fason li te aji ni ak Batcheba ni ak mari Batcheba a e li te aksepte blam li te merite a. — 2 Sam. 12:9-14; Sòm 51, ti nòt ki ekri anlè sòm nan.

Ki leson nou ka aprann nan men Natàn? Lè n ap anseye moun verite ki nan Bib la, objektif nou se ede moun nan byen konprann bagay yo. Natàn te respekte David, e se sa k fè li te pale ak li avèk ladrès. Natàn te konnen nan fon kè David, David te renmen sa ki dwat. Istwa li te rakonte David la te pèmèt li jwe sou kalite sa a David te gen lakay li ki soti nan Bondye. Nou menm tou, nou kapab ede moun ki sensè yo konprann fason Jewova wè bagay yo. Kòman? Lè nou kwè yo se moun ki renmen sa ki dwat e nou sèvi ak sa pou nou ede yo san nou pa fè yo konprann nou pi bon pase yo. Konsènan sa ki byen ak sa ki mal, se Bib la ki pou gide nou, se pa opinyon pa nou.

Se fidelite Natàn ki te plis ba l fòs pou l blame wa David, yon wa ki te gen anpil pouvwa (2 Sam. 12:1). Si nou fidèl tou, n ap gen kouraj pou nou defann prensip Jewova yo ki jis.

LI TE SOUTNI VRÈ ADORASYON AN

Sanble David ak Natàn te de bon zanmi, paske David te rele youn nan pitit gason l yo Natàn (1 Kwo. 3:1, 5). Premye fwa yo pale de Natàn nan Bib la, li te ansanm ak David. Yo toule de te renmen Jewova. Pa gen dout David te kwè Natàn te gen bon jijman, paske li te fè pwofèt la konnen li te vle bati yon tanp pou Jewova. Men sa David te di l: “Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Senyè a se anba yon kay twal li ye. Natàn reponn li: Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l, paske Senyè a kanpe la avè ou.” — 2 Sam. 7:2, 3.

Kòm Natàn t ap adore Bondye fidèlman, li te byen kontan lè David te pale l de plan li te genyen pou l bati premye tanp ki t ap gen sou tè a pou vrè adorasyon an. Sepandan, nan okazyon sa a, sanble Natàn se opinyon pa l li te bay, paske sa l te di a se pa Jewova ki te di l di l. Nan menm nuit sa a, Bondye te voye pwofèt la al bay wa a yon lòt mesaj. Se pa David ki t ap gen pou l bati tanp Jewova a. Se youn nan pitit gason David yo ki t ap gen pou l fè sa. Men, Natàn te fè David konnen Bondye t ap fè yon alyans ak David e twòn David la t ap “kanpe fèm pou tout tan”. — 2 Sam. 7:4-16.

Anrapò ak konstriksyon tanp lan, Bondye ak Natàn pa t wè bagay yo menm jan. Sepandan, kòm pwofèt la te enb, li te aksepte volonte Jewova e li te kolabore ak Jewova san l pa t plenyen. Si Jewova ta korije nou, li t ap bon pou nou suiv bèl egzanp Natàn kite pou nou an. Antanke pwofèt, Natàn pa t pèdi favè Bondye. Nou konn sa akoz aksyon li te fè annapre. Okontrè, sanble Jewova te enspire Natàn ak pwofèt Gad pou yo ede David òganize 4 000 mizisyen pou jwe mizik pou Jewova nan tanp lan. — 1 Kwo. 23:1-5; 2 Kwo. 29:25.

LI TE DEFANN DWA SALOMON TE GENYEN POU L VIN WA

Natàn te konnen Salomon te gen pou l ranplase David sou twòn nan paske David te vin granmoun. Se sa k fè li te aji avèk detèminasyon lè Adoniya te soti pou l fè dappiyanp sou twòn nan lè David te fin granmoun nan. Yon lòt fwa ankò, Natàn te montre li fidèl e li te montre li gen ladrès nan fason l te aji. Premye bagay Natàn fè, li ankouraje Batcheba al fè David sonje li te sèmante pou se Salomon, pitit gason yo a, ki ranplase l kòm wa. Apre sa, l al wè wa a pèsonèlman pou l mande l si l te bay Adoniya dwa pou l vin wa nan plas li. Lè wa a, ki te granmoun, te reyalize jan sitiyasyon an te difisil, li mande Natàn ak kèk lòt moun ki t ap sèvi l fidèlman pou yo pran Salomon, pou yo vide luil sou tèt li e pou yo fè l wa. Se konsa Adoniya te rate kou li t ap eseye fè a. — 1 Wa 1:5-53.

LI TE YON ISTORYEN KI TE ENB

An jeneral, tout moun dakò se Natàn ak Gad ki te ekri 1 Samyèl chapit 25 rive nan chapit 31 ansanm ak liv 2 Samyèl 1-24 la. Anrapò ak istwa Bondye enspire ki nan liv sa yo, men sa nou li nan 1 Kwonik 29:29: “Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri.” Bib la di Natàn te ekri kèk bagay tou konsènan “istwa Salomon”. (2 Kwo. 9:29.) Sa montre Natàn te kontinye sèvi nan kay wa a menm apre David te fin mouri.

Petèt se Natàn ki te ekri pifò bagay nou konnen sou li yo. Gen enfòmasyon Natàn pa bay sou tèt li ki ede nou byen konprann ki kalite moun li te ye. Pa gen dout li te yon istoryen ki te enb. Li pa t gen anbisyon, ni li pa t ap chèche fè moun konnen l. Dapre yon diksyonè biblik, kote Bib la pale de Natàn yo, li pa fè “okenn entwodiksyon e li pa bay okenn enfòmasyon sou fanmi l”. Se sa k fè, nou pa konn anyen ni sou zansèt Natàn, ni sou lavi l.

FIDELITE L ANVÈ JEWOVA TE POUSE L AJI

Dapre ti kantite enfòmasyon Bib la bay sou Natàn yo, nou wè byen klè se yon moun ki te enb e ki te soutni dispozisyon Jewova te pran yo avèk kouraj. Jewova te ba l gwo responsablite. Reflechi sou kalite Natàn te genyen yo tankou fidelite anvè Jewova ak respè pou prensip li yo epi fè efò pou w gen kalite sa yo.

Petèt Bondye pap janm mande w pou w al blame yon wa ki fè adiltè oswa pou w dejwe konplo yon moun ap fè pou l vin wa. Sepandan, avèk èd Bondye, ou kapab rete fidèl e w kapab respekte prensip Bondye yo ki jis. Mete sou sa, ou kapab aji avèk kouraj pandan w ap montre w gen ladrès nan fason w anseye laverite e w kapab soutni vrè adorasyon an.

[Foto nan paj 25]

Lè Natàn t ap defann dwa Salomon te genyen pou l vin wa a, li te pale ak Batcheba avèk ladrès.