Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo preche Pawòl Bondye a avèk kran!

Yo preche Pawòl Bondye a avèk kran!

Yo preche Pawòl Bondye a avèk kran!

Vrè kretyen yo montre yo gen kouraj e yo gen kran lè yo jwenn opozisyon. Gen kèk piblikasyon tankou liv ‘Rends pleinement témoignage au sujet du Royaume de Dieu’ a ak liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a ki montre yo gen kalite sa yo. Menm jan ak kretyen parèy nou yo nan premye syèk la, jodi a tou, nou priye Jewova pou l ban nou lespri sen e pou l ede nou preche Pawòl li a avèk kran. — Tra. 4:23-31.

Men sa yon frè ekri konsènan travay predikasyon ki te fèt pandan Premye Gè mondyal la: “Sèvitè Bondye yo te fè tout sa yo kapab pou yo distribye setyèm volim Études des Écritures la ki rele Le mystère de Dieu accompli. Pa t janm gen yon liv sèvitè Bondye yo te distribye tout kantite sa a ladan l anvan sa. Nouvèl Wayòm n1 an te parèt an 1918. Apre sa, Nouvèl Wayòm n2 a te vin parèt e li te esplike poukisa otorite yo te met entèdiksyon sou liv Le mystère de Dieu accompli a. Annapre, Nouvèl Wayòm n3 a te parèt. Esklav fidèl ki prevwayan an te distribye anpil nan piblikasyon sa yo. Frè ak sè yo te bezwen gen lafwa ak kran pou yo te distribye Nouvèl Wayòm yo.”

Jodi a, nòmalman, nouvo pwoklamatè yo resevwa fòmasyon ki ede yo preche bon nouvèl Wayòm nan. Men, sa pa t toujou konsa. Men sa yon frè polonè ki t ap viv Ozetazini te di lè l sonje premye fwa li t al preche an 1922: “Mwen pa t konn kòman pou m ofri piblikasyon yo e mwen pa t pale anglè byen. Mwen te kanpe poukont mwen devan klinik yon doktè e m te frape pòt la. Lè sa a gen yon enfimyè ki ouvri pòt la. Mwen pap janm bliye eksperyans sa a paske mwen te chofe pou m preche, men mwen te pè anmenmtan. Pandan mwen t ap ouvri valiz mwen, tout liv ki te ladan l yo te tonbe atè nan pye enfimyè a. Mwen pa sonje sa m te di l, men, mwen te ba li yon piblikasyon. Lè m t aprale, mwen te santi m vin gen fòs e m te santi Jewova beni m. Jou sa a, mwen te plase anpil liv nan ri sa a ki te gen anpil biznis ladan l.”

Men sa yon sè te di: “Nan zòn ane 1933, anpil nan frè yo te konn sèvi ak machin ki te gen opalè sou tèt yo pou yo preche mesaj Wayòm nan.” Yon lè, menm sè sa a t al preche yon kote Ozetazini ki rele Kalifòni, yon kote ki gen mòn, ansanm ak yon frè ak madanm li. Men sa li di: “Frè a te monte ak machin nan pi wo nan mòn nan, men, nou menm, nou te rete anba nan vil la. Lè l te kòmanse pase mesaj ki te anrejistre a, se kòmsi se nan syèl mesaj la te soti. Moun yo nan vil la te fè tout sa yo kapab pou yo jwenn frè a, men yo pa t janm jwenn li. Lè mesaj la te fin pase, nou t al lakay moun yo pou nou preche yo. Mwen te preche ak de lòt machin konsa ankò, e nou mèt kwè m, pifò moun yo pa t vle tande mesaj la. Men, yo pa t gen chwa. Yo te oblije tande diskou yo etandone son opalè machin yo t ap antre jis anndan lakay yo. Nou te rann nou kont Jewova te ede nou itilize yon bon metòd, nan bon moman an. Metòd sa a te mande pou nou ranmase kouraj nou, men li te toujou akonpli objektif li e sa te glorifye non Jewova.”

Nan ane 1930 yo e nan kòmansman ane 1940 yo, nou te konn itilize fonograf nan travay predikasyon an pou nou fè moun tande diskou ki baze sou Bib la ki te tou anrejistre. Men sa yon sè te di: “Gen yon jèn sè ki t ap preche kay an kay ak yon fonograf. Apre l fin rive nan yon kay e li kòmanse pase yon diskou ki te anrejistre, mesye ki te abite nan kay la te tèlman fache, li bay fonograf la yon sèl kout pye li disparèt li sou galri a. Plak yo pa t gen anyen. Te gen twa mesye ki t ap manje nan yon machin ki te estasyone yon kote ki te wè sa k te pase a. Yo rele sè a e yo fè l pase diskou a pou yo. Apre sa, yo pran kèk piblikasyon nan men l. Sa te ede sè a bliye sa k te pase a.” Yon moun bezwen gen kouraj pou l andire eprèv konsa.

Menm sè sa a kontinye pou l di: “Mwen sonje premye fwa nou te kòmanse ofri peryodik nan lari an 1940. Anvan sa, nou te konn patisipe nan yon seri mach kote frè ak sè yo te konn fè yon liy epi y ap mache youn dèyè lòt sou yon twotwa. Yo te konn mache ak pankat sou yo. Men sa ki te ekri sou pankat yo: ‘Relijyon se yon pyèj e se yon biznis’, ‘Sèvi Bondye ak Kris, Wa a’. Anmenmtan, yo t ap distribye feyè gratis. Pou yon moun te preche konsa, sa te mande pou l gen kran. Sepandan, metòd sa yo te pèmèt moun yo konnen non Bondye se Jewova epi konnen pèp li a.”

Gen yon lòt sè ki te di: “Li te vrèman difisil pou nou bay peryodik nan ti vil yo. Nan epòk sa a, Temwen Jewova yo te jwenn gwo opozisyon [...]. Pou yo te kanpe nan lari ak peryodik nan men yo, epi pou y ap repete slogan yo te konn repete yo, sa te mande anpil kran. Sepandan, se yon lè konsa nou te konn rate yon samdi. Pafwa, moun yo te konn byen janti ak nou. Men, gen lòt lè kote kèk moun ki fache te konn rasanble kote nou ye a, e pafwa nou te oblije chape poul nou pou yo pa fè nou anyen.”

Malgre tout pèsekisyon Temwen Jewova yo te jwenn pandan Dezyèm Gè mondyal la, yo te kontinye preche avèk kran. Soti premye desanm 1940 pou rive 12 janvye 1941, gen anviwon 50 000 pwoklamatè nan peyi Etazini ki te patisipe nan yon kanpay ki te dire 43 jou. Pwoklamatè yo te distribye anviwon 8 milyon ti bwochi. Se te nan epòk frè yo te rele: Epòk pou nou bay temwayaj ak “kran” an.

Anpil frè ak sè aje nan òganizasyon Bondye a sonje, tankou se te avanyè la a, difikilte yo te konn jwenn ki te oblije yo met kouraj sou yo. Kèk nan yo sonje yon ti pawòl yo te konn di pandan plizyè ane: N ap kontinye batay la jiska lafen! Ti pawòl sa a montre jan yo te gen kouraj. Nou pa konn ki lòt metòd ankò n ap gen pou nou itilize pou nou preche mesaj Bondye konfye nou an anvan sistèm mechan sa a rive nan bout li. Sepandan, avèk èd Bondye, n ap kontinye preche Pawòl Bondye a ak lafwa ak kouraj.

[Antrefilè nan paj 9]

Frè ak sè yo te toujou bezwen gen kran pou yo patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan.