Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou ede moun yo “leve nan dòmi”

Annou ede moun yo “leve nan dòmi”

“Nou rekonèt epòk la, nou konnen li deja lè pou nou leve nan dòmi.” — WOM. 13:11.

1, 2. Nan ki domèn anpil moun bezwen leve nan dòmi?

CHAK ane, gen plizyè milye moun ki mouri pandan y ap kondui swa paske dòmi te nan je yo, swa paske dòmi te pran yo. Gen lòt moun ki pèdi travay yo paske yo pa leve alè pou y al travay oubyen paske dòmi pran yo nan travay yo. Sepandan, lè yon moun ap kabicha nan domèn espirityèl, rezilta yo ka pi mal toujou. Se sa k fè Bib la di: “Byennere moun ki rete je klè.” — Rev. 16:14-16.

2 Alòske gran jou Jewova a ap pwoche, pifò moun nan monn nan ap dòmi nan domèn espirityèl. Gen chèf relijye ki menm rive di fidèl Legliz yo ap dòmi. Sa sa vle di pou yon moun ap dòmi nan domèn espirityèl? Poukisa li enpòtan anpil pou kretyen yo rete je klè? Ki jan nou kapab ede lòt moun pou yo leve nan dòmi?

SA SA VLE DI POU YON MOUN AP DÒMI NAN DOMÈN ESPIRITYÈL?

3. Ki jan w t ap dekri yon moun k ap dòmi nan domèn espirityèl?

3 Nòmalman, lè yon moun ap dòmi, li pa aktif. Yon lòt bò, moun k ap dòmi nan domèn espirityèl yo gendwa gen anpil aktivite y ap fè, men aktivite sa yo pa gen anyen pou wè ak bagay espirityèl. Yo kapab ap reflechi anpil sou enkyetid lavi a oubyen y ap chèche plezi, prestij oswa richès ak tout fòs yo. Lefètke yo gen tout aktivite sa yo, yo pa twò enterese nan bagay espirityèl yo. Moun ki rete je klè yo yo menm konnen y ap viv “nan dènye jou yo”. Se sa k fè yo fè tout sa yo kapab pou yo rete aktif e pou yo fè volonte Bondye. — 2 Pyè 3:3, 4; Lik 21:34-36.

4. Sa k fè konsèy Pòl te bay pou nou “pa kite dòmi pran nou menm jan ak lòt moun yo” se yon bon konsèy?

4 Li 1 Tesalonisyen 5:4-8. Nan vèsè sa yo apot Pòl te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo “pa kite dòmi pran [yo] menm jan ak lòt moun yo”. Ki sa li te vle di? Yon fason nou ka kite “dòmi pran” nou se lè nou pa suiv prensip moral Jewova yo. Yon lòt fason nou kapab kite “dòmi pran” nou se lè nou fè kòmsi nou pa konnen pa gen anpil tan ki rete ankò pou Jewova detwi moun ki pa gen respè pou li yo. Nou bezwen fè atansyon pou moun sa yo pa enfliyanse nou pou yo fè nou aji menm jan ak yo epi fè nou gen menm mantalite ak yo.

5. Ki sa moun k ap dòmi nan domèn espirityèl yo panse?

5 Gen kèk moun ki panse Bondye pa egziste e yo pa gen kont pou yo rann li (Sòm 53:1). Gen lòt menm ki panse Bondye pa enterese nan zafè lèzòm, e kòm li pa enterese nan nou, pa gen rezon pou nou enterese nan li. Gen lòt moun toujou ki panse depi yo nan yon legliz, se zanmi Bondye yo ye. Tout moun sa yo ap dòmi nan domèn espirityèl. Yo bezwen leve nan dòmi. Ki jan nou kapab ede yo fè sa?

NOU PA DWE KITE DÒMI PRAN NOU

6. Poukisa yon kretyen dwe fè tout sa l kapab pou l rete je klè nan domèn espirityèl?

6 Pou nou kapab reveye lòt moun, fòk nou rete je klè. Ki sa sa mande? Pawòl Bondye a makònen dòmi nan domèn espirityèl ak “zèv fènwa” tankou banbòch, eksè nan bwason, relasyon seksyèl imoral, konduit deregle, goumen ak jalouzi. (Li Women 13:11-14.) Li kapab difisil pou nou evite zèv fènwa sa yo. Li enpòtan pou nou vijilan. Yon chofè ki panse pa gen pwoblèm pou l fè yon ti kabicha pandan l ap kondui kapab mete lavi l an danje. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou yon kretyen konnen li kapab mouri si l ap dòmi nan domèn espirityèl!

7. Si nou mal wè moun yo, ki efè sa ka gen sou nou?

7 Pa egzanp, yon kretyen ta kapab panse pèsonn moun nan tèritwa l ap preche a pap janm aksepte bon nouvèl la (Pwo. 6:10, 11). Li ta kapab di tèt li: ‘Si okenn moun pap enterese nan bon nouvèl la, poukisa m ap kraze kò m pou m eseye ede yo oswa touche kè yo?’ Se vre anpil moun gendwa ap dòmi nan domèn espirityèl kounye a, men sitiyasyon yo ak fason yo wè bagay yo kapab chanje. Genyen ki leve nan dòmi e ki byen reyaji. Nou kapab ede moun sa yo si nou menm nou rete je klè. Youn nan fason nou kapab fè sa, se lè nou eseye nouvo fason pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan, fason k ap atire moun yo. Youn nan bagay k ap ede nou rete je klè se lè nou toujou sonje rezon ki fè travay predikasyon an enpòtan anpil.

REZON KI FÈ TRAVAY PREDIKASYON AN ENPÒTAN ANPIL

8. Poukisa travay predikasyon n ap fè antanke kretyen an vrèman enpòtan?

8 Se pou nou toujou sonje kèlkeswa jan moun yo reyaji nan tèritwa a, travay predikasyon nou an bay Jewova glwa e li ede Jewova atenn objektif li. Talè konsa, moun ki pa obeyi bon nouvèl la pral sibi yon jijman. Bondye pral jije moun sa yo selon fason yo reyaji devan travay predikasyon an (2 Tes. 1:8, 9). Mete sou sa, se t ap yon erè si yon kretyen ta panse gwo travay predikasyon k ap fèt jodi a pa nesesè piske “pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis”. (Tra. 24:15.) Pawòl Bondye a ede n konprann moun Jezi konsidere kòm “kabrit” yo pral “detwi pou toutan”. Travay predikasyon nou an montre Bondye gen mizèrikòd, li bay moun yo posiblite pou yo chanje e pou yo gen “lavi ki pap janm fini an”. (Mat. 25:32, 41, 46; Wom. 10:13-15.) Si nou pa preche bon nouvèl la, ki jan moun yo ap fè tande mesaj ki kapab sove lavi yo a?

9. Lè w patisipe nan travay predikasyon an, ki jan sa pote byenfè ni pou ou ni pou lòt moun?

9 Travay predikasyon an bon pou nou tou. (Li 1 Timote 4:16.) Èske w pa rann ou kont lè w pale de Jewova e w pale de esperans nou genyen grasa Wayòm li an, sa fè lafwa w nan Jewova vin pi solid e w vin gen plis lanmou pou li? Èske sa pa ede w devlope kalite kretyen yo dwe genyen? Lè w patisipe nan travay predikasyon an, sa montre jan w atache ak Bondye. Èske sa pa fè kè w kontan? Anpil nan nou ki gen privilèj anseye lòt moun laverite kontan lè nou wè jan lespri Bondye ede moun sa yo amelyore fason y ap viv.

SE POU NOU BON OBSÈVATÈ

10, 11. a) Ki jan Jezi ak Pòl te montre yo vijilan e yo te bon obsèvatè? b) Bay yon egzanp ki montre lè nou vijilan e nou bon obsèvatè, sa kapab fè nou vin pi maton nan travay predikasyon an.

10 Gen plizyè fason nou kapab ede moun yo vin enterese nan bon nouvèl Wayòm nan. Se sa k fè, kretyen yo dwe bon obsèvatè. Nan domèn sa a, Jezi se yon egzanp pou nou. Antanke yon moun ki te pafè, li te kapab wè jan yon Farizyen te vekse nan kè l, jan yon dam ki te konn fè peche grav te repanti toutbon, e jan yon vèv te dispoze fè sakrifis (Lik 7:37-50; 21:1-4). Jezi te byen plase pou l satisfè bezwen espirityèl chak moun sa yo. Men, yon sèvitè Bondye pa bezwen pafè pou l yon bon obsèvatè. Apot Pòl te montre sa, paske, li te adapte mesaj li a selon gwoup moun li t ap preche yo e selon fason moun li t ap preche yo te panse, yon fason pou l te kapab fè yo enterese nan mesaj la. — Tra. 17:22, 23, 34; 1 Kor. 9:19-23.

11 Si nou fè efò pou nou vijilan e pou nou bon obsèvatè tankou Jezi ak Pòl, n ap rive wè ki pi bon fason nou kapab ede moun nou rankontre yo vin enterese nan mesaj nou an. Pa egzanp, lè nou pral pale ak yon moun nan predikasyon, chèche ti detay ki kapab ban nou yon ide sou koutim moun nan, sa k enterese l, si l selibatè, si l marye oubyen èske l gen pitit. Ou kapab gade ki sa l ap fè nan moman an epi fè yon ti kòmantè sou sa pou w kapab kòmanse konvèsasyon an.

12. Pandan nou nan predikasyon, poukisa nou ta dwe veye sou konvèsasyon nou gen ak patnè nou?

12 Yon bon obsèvatè fè efò pou anyen pa distrè l. Pandan n ap preche, ti konvèsasyon nou gen ak patnè nou kapab ankouraje nou toule de. Sepandan, nou bezwen sonje objektif nou se preche lòt moun (Ekl. 3:1, 7). Donk, lè nou soti nan yon kay pou n al nan yon lòt, se pou nou veye pou konvèsasyon nou gen ak patnè nou pa anpeche nou fè travay predikasyon an. Yon bon fason nou kapab kenbe lespri nou sou travay predikasyon an, se lè nou pale ak patnè nou sou sa nou ta kapab di moun ki enterese yo. Epitou, menmsi yon telefòn selilè kapab byen itil nou nan travay predikasyon an, nou bezwen pran prekosyon pou apèl nou resevwa pa entèwonp konvèsasyon n ap fè ak moun nou jwenn lakay yo.

MONTRE NOU ENTERESE NAN MOUN YO

13, 14. a) Ki jan nou kapab wè sa ki enterese yon moun? b) Ki sa ki ka fè moun yo enterese nan bagay espirityèl yo?

13 Pwoklamatè ki pap dòmi e ki vijilan yo pran tan pou yo koute sa moun yo rankontre yo ap di. Ki kesyon w kapab poze moun yo nan tèritwa a pou w ankouraje yo di w sa yo santi? Èske se yon moun k ap mande tèt li poukisa gen tout relijyon sa yo, poukisa moun yo ap fè vyolans konsa nan zòn li rete a, oswa poukisa gouvènman yo pa ka rezoud pwoblèm lèzòm? Èske w kapab ede moun yo vin enterese nan bagay espirityèl yo lè w atire atansyon yo sou bèl bagay ki gen nan kreyasyon an oswa lè w montre yo jan konsèy ki gen nan Bib la ka itil yo? Prèske tout moun enterese nan lapriyè, menm moun ki pa kwè nan Bondye. Anpil ladan yo konn mande tèt yo si gen yon moun ki tande priyè vre. Gen lòt menm ki kapab ap chèche jwenn repons pou kesyon ki vin apre yo: Èske Bondye tande tout priyè? Si li pa tande tout priyè, ki sa nou dwe fè pou Bondye tande priyè nou?

14 Li posib pou nou vin pi maton nan kòmanse konvèsasyon lè nou gade jan pwoklamatè ki gen eksperyans yo fè sa. W ap remake yo pa benyen moun yo ak kesyon, ni yo pa chèche antre nan vi prive yo. Ki jan ton vwa yo ak figi yo montre yo vle konprann sa moun yo rankontre yo ap di yo? — Pwo. 15:13.

MONTRE NOU GEN JANTIYÈS AK LADRÈS

15. Poukisa nou ta dwe toujou janti lè n ap fè travay predikasyon an?

15 Èske w renmen lè yo leve w nan fon somèy? Anpil moun pa renmen lè yo fè yo pantan nan dòmi. An jeneral, moun pi renmen lè yo reveye yo dousman. Se menm bagay la tou lè n ap fè efò pou nou leve yon moun k ap dòmi nan domèn espirityèl. Pa egzanp, si yon moun fache poutèt ou vin preche lakay li, ki pi bon fason pou w reyaji? Avèk jantiyès, montre l ou konprann li, di l mèsi paske li pale klè avè w epi al fè wout ou san bri san kont (Pwo. 15:1; 17:14; 2 Tim. 2:24). Lefètke w aji avèk jantiyès, sa kapab fè moun nan dispoze resevwa Temwen yo pwochèn fwa yo vin lakay li.

16, 17. Ki jan nou ka montre nou gen bon konprann nan travay predikasyon an?

16 Gendelè ou kapab kontinye pale ak moun ou jwenn lakay li a menmsi l mal reyaji. Yon moun w al preche kapab di: “Non mèsi, mwen deja gen relijyon pa m”, oubyen, “Sa pa enterese m”, paske li panse se pi bon fason pou l kanpe konvèsasyon an. Sepandan, ou kapab pèsiste avèk jantiyès, e avèk ladrès ou kapab poze l yon kesyon ki fè l reflechi, yon kesyon ki kapab fè l vin enterese nan bagay espirityèl. — Li Kolosyen 4:6.

17 Pafwa, lè nou rankontre moun ki santi yo twò okipe pou yo koute nou, li pi bon pou nou aksepte sa epi nou deplase. Sepandan, gen kèk okazyon kote nou ka rann nou kont li posib pou nou di moun nan yon ti pawòl tou kout ki kapab gen efè sou li. Gen kèk frè ak sè, nan mwens pase yon minit, ki kapab ouvri bib yo, li yon vèsè ki ka fè mèt kay la reflechi epi poze l yon kesyon anvan y ale. Dèfwa, ti prezantasyon tou kout sa yo kapab tèlman kapte atansyon kèk moun, moun sa yo vin wè yo pa t twò okipe vre pou yo fè yon ti pale avèk nou. Poukisa w pa fè sa tou lè sa posib?

18. Ki sa nou kapab fè pou nou vin pi maton nan bay temwayaj enfòmèl?

18 Byen souvan, nou kapab fè moun nou rankontre nan aktivite nou fè chak jou yo vin enterese nan bon nouvèl la si nou prepare nou pou nou bay temwayaj enfòmèl. Gen anpil frè ak sè ki konn met piblikasyon nan pòch yo oswa nan valiz yo. Yo kapab chwazi yon vèsè yo ta renmen itilize si yo jwenn posiblite pou yo pale ak yon moun. Ou kapab pale ak siveyan sèvis la oswa ak pyonye ki nan kongregasyon w lan sou fason w kapab prepare w pou w fè sa.

REVEYE FANMI NOU AVÈK DOUSÈ

19. Poukisa nou pa dwe sispann fè efò pou nou ede fanmi nou?

19 Se sèten nou ta renmen ede fanmi nou aksepte bon nouvèl la (Joz. 2:13; Tra. 10:24, 48; 16:31, 32). Si nou eseye ede yo yon premye fwa e sa pa mache, sa kapab fè nou pa anvi eseye ankò. Nou kapab panse pa gen anyen nou kapab di oswa nou kapab fè pou nou ede yo chanje fason yo panse. Sepandan, bagay k ap pase nan monn nan kapab chanje sitiyasyon yo oswa fè yo vin wè bagay yo yon lòt jan. Oubyen, gendwa se ou menm ki vin pi maton nan fason w esplike laverite ki fè yo aksepte bon nouvèl la kounye a.

20. Poukisa li enpòtan pou nou pale ak fanmi nou avèk jantiyès?

20 Nou bezwen veye pou nou pa aji yon fason ki montre nou pa bay santiman fanmi nou regle anyen pou nou (Wom. 2:4). Èske nou pa ta dwe pale avèk yo avèk jantiyès menm jan nou fè sa lè n ap preche lòt moun? Se pou nou pale avèk yo avèk dousè ak respè. San nou pa plede ap preche yo, montre yo ki jan laverite ede nou vin yon pi bon moun (Efe. 4:23, 24). Esplike yo byen klè ki jan Jewova fè lavi w gen sans e ki jan l “anseye w pou byen w”. (Iza. 48:17NW.) Lè fanmi w yo wè w, se pou yo wè nan ou yon egzanp ki montre fason yon kretyen dwe viv.

21, 22. Rakonte yon eksperyans ki montre enpòtans pou yon moun pa janm sispann fè efò pou l ede fanmi l vin sèvi Jewova.

21 Men sa yon sè te ekri pa gen twò lontan: “Mwen te toujou eseye bay 13 frè m ak sè m yo temwayaj ni nan konduit mwen, ni nan pawòl mwen. Mwen pa t janm kite yon ane pase san m pa ekri yo. Aktout sa, pandan 30 an, se mwen menm sèl ki te Temwen nan fanmi m.”

22 Men sa sè a te ajoute: “Yon jou, mwen telefone youn nan sè m yo k ap viv plizyè santèn kilomèt parapò ak kote m rete a. Li te di m li te mande predikatè legliz li a etidye Labib avè l, men predikatè a pa janm fè sa. Lè m di l mwen t ap byen kontan ede l, li di m: ‘Oke, pa gen pwoblèm, men, m ap tou di w sa depi kounye a, mwen pap janm vin Temwen Jewova.’ Apre m fin poste liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a voye ba li, mwen te konn rele l chak de twa jou. Men, pandan tout tan sa a, li potko janm ouvri liv la. Finalman, mwen te mande l pran liv la e pandan 15 minit, nou te li kèk vèsè yo site ladan l e nou te pale sou yo nan telefòn nan. Apre n te fin pale nan telefòn de twa fwa ankò, li te vle fè plis pase 15 minit ap etidye. Annapre, se li menm ki te kòmanse rele m pou etid la. Pafwa, li te konn rele m anvan menm mwen leve. Dèfwa, li konn rele m de fwa pa jou. Nan ane apre a, li te batize e ennan apre sa, li te pran sèvis pyonye.”

23. Poukisa nou pa dwe sispann eseye leve moun k ap dòmi nan domèn espirityèl yo?

23 Pou nou ede moun yo leve nan dòmi nan domèn espirityèl, sa mande pou nou gen ladrès e pou nou kontinye fè efò. Men, moun ki enb yo kontinye byen reyaji devan efò n ap fè pou nou ede yo leve nan dòmi. Chak mwa, gen plis pase 20 000 moun anviwon ki batize pou yo vin Temwen Jewova. Apot Pòl te di Achip, yon frè nou nan premye syèk la, pou l “kontinye veye pou l ka byen fè sèvis li te aksepte antanke disip Seyè a”. (Kol. 4:17.) Se pou nou pran konsèy li bay la oserye. Atik ki vin apre a pral ede nou pi byen konprann sa sa vle di pou nou preche san pèdi tan.

[Kesyon]

[Kare nan paj 13]

SIS BAGAY K AP EDE W RETE JE KLÈ

▪ Konsantre w sou fè volonte Bondye.

▪ Evite zèv fènwa yo.

▪ Pa bliye dòmi ka pran w.

▪ Bat pou w toujou byen wè moun yo nan tèritwa a.

▪ Eseye nouvo fason pou w preche.

▪ Pa bliye enpòtans travay predikasyon an genyen.