Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byografi

“Bò kote ou [...] se yon plezi ki p’ap janm fini.”

“Bò kote ou [...] se yon plezi ki p’ap janm fini.”

Dapre Lois Didur

‘Mwen regrèt chwa m te fè a!’ Konbyen fwa nan lavi nou nou te di pawòl sa yo? Bò kote pa m, apre 50 an nan sèvis aplentan, mwen pa sonje mwen te fè okenn eksperyans nan sèvis Jewova a ki te fè m pèdi jwa m pandan lontan. Kite m di nou poukisa.

MWEN fèt an 1939 e mwen grandi nan Saskatchewan, yon zòn andeyò nan peyi Kanada, ansanm ak kat sè ak yon frè. Lavi nou t ap mennen nan zòn sa a te fè kè nou kontan. Yon jou, pandan Temwen Jewova yo te vin preche papa m, mwen te mande yo si Bondye gen yon non. Yo te montre nou non an nan Sòm 83:18. Sa te fè m anvi konn plis bagay sou Bondye ak sou Pawòl li a.

Nan ane sa yo, nan zòn andeyò yo, timoun ki t ap viv nan fèm yo te konn al nan yon lekòl ki te gen yon sèl sal pou jis yo rive nan 8yèm ane. Lè timoun yo pral lekòl, yo te konn monte cheval oswa yo te konn fè plizyè kilomèt ap mache. Se fanmi ki t ap viv nan zòn nan ki te konn bay pwofesè yo sa yo bezwen pou yo viv. Te gen yon ane se te tou pa paran m pou yo te pran swen nouvo pwofesè a ki te rele John Didur.

Yon bagay mwen pa t konnen sèke jennonm sa a te enterese anpil nan Pawòl Bondye a menm jan avè m. Yon lè, pandan mwen t ap pale an byen de kominis ak sosyalis, de sistèm papa m te konn pale an byen de yo tou, avèk kalm, John te di: “Pèsonn pa gen dwa domine sou lòt moun. Se Bondye sèl ki gen dwa sa a.” Apre ti konvèsasyon sa a, nou te vin gen lòt konvèsasyon enteresan ankò.

Piske John te fèt an 1931, li te konn tande pale de jan lagè bay pwoblèm. Lè gè Kore a te eklate an 1950, li te mande anpil chèf relijye poukisa yo te ankouraje moun patisipe nan lagè. Yo tout te di l pa gen pwoblèm pou kretyen al nan lagè. Annapre, li te pale ak kèk Temwen Jewova sou sa. Yo te montre l pwennvi biblik premye kretyen yo te genyen sou kesyon sa a. John te batize nan ane 1955. Ane apre a, mwen menm tou mwen te batize. Nou toule de te konnen nou te vle itilize lavi nou ak fòs nou nan sèvis Jewova (Sòm 37:3, 4). Mwen te marye ak John an jiyè 1957.

Pandan plizyè ane, nou te konn pase anivèsè maryaj nou nan kongrè. Nou te kontan lefètke nou te ansanm ak plizyè milye moun ki respekte maryaj. Nou te asiste premye kongrè entènasyonal nou nan ane 1958. Nou senk te pran machin sot Saskatchewan pou n al lavil Nouyòk. Nou te pase yon semèn sou wout la. Nou te kondui lajounen e aswè nou te dòmi anba yon tant. Imajine jan nou te sezi lè yon frè nou te rankontre Betleyèm, nan eta yo rele Pennsilvani a, te envite nou dòmi lakay fanmi l pandan nuit nou te pase Betleyèm nan! Grasa envitasyon frè sa a ki te gen bon kè te fè nou an, lè nou te rive Nouyòk, nou te pwòp. Gwo kongrè entènasyonal sa a te ede nou konprann nou kapab pran anpil plezi nan sèvis Jewova. Jan salmis la te ekri sa, ‘bò kote Jewova, se yon plezi ki p’ap janm fini’. — Sòm 16:11.

SÈVIS PYONYE

Ennan apre, an 1959, nou te nan sèvis pyonye e nou t ap viv nan yon ti kay yo rale dèyè machin sou tèt yon ti mòn nan Saskatchewan. Nou te kapab wè byen lwen ale sou plizyè kilomèt. Kèk nan kilomèt sa yo se te tèritwa nou.

Yon jou, biwo filyal la te voye yon lèt pou nou ki te enteresan. Mwen te kouri al kote John t ap travay sou traktè a. Nan lèt la, yo te mande nou pou n al pyonye espesyal yon kote yo rele Red Lake, nan Ontaryo. Piske nou pa t konn kote sa a, nou te kouri pran yon kat jeyografi pou n te ka wè ki kote l ye.

Kote sa a te diferan nèt parapò ak Saskatchewan ki pa gen anpil pyebwa. Kounye a nou t ap viv yon kote ki te gen gwo forè ak ti vil ki te bati toupre yon seri min lò. Premye jou nou te rive a, pandan nou t ap chèche yon kote pou nou rete, gen yon tifi ki te tande konvèsasyon nou te genyen ak vwazen l lan. Li te kouri al lakay li al pale ak manman l ki te ofri nou avèk jantiyès yon kote pou nou dòmi pandan nuit lan. Nou te dòmi nan yon sousòl an tè. Nan demen, nou te jwenn yon kote pou n rete. Se te yon kay ki te fèt an bwa ki te gen de chanm. Pa t gen ni dlo ni mèb nan kay sa a. Sèl sa ki te genyen se te yon aparèy chofaj ki te sèvi ak bwa. Nou te achte kèk bagay nou te bezwen nan yon magazen ki vann bagay dezyèm men. Anvan lontan, nou te santi nou alèz.

Pa t gen okenn kongregasyon nan zòn nan jiska 209 kilomèt. Anpil nan moun ki t ap travay nan min lò yo te soti ann Ewòp. Yo te mande nou si nou te kapab ba yo yon bib nan lang pa yo. Apre yon ti tan, nou te gentan gen 30 bonjan etid biblik. Nan espas simwa, yon ti kongregasyon te gentan fòme.

Mari yon dam nou t ap etidye avèk li te telefone yon prèt li te konnen yon fason pou prèt la te ka esplike madanm li sa li t ap aprann yo se te manti. Nan konvèsasyon nou te gen ak prèt la, prèt la te fè konnen pami bagay n ap anseye moun yo, nou ta dwe anseye yo doktrin Trinite a. Dam nan te pran Bib katolik yo te genyen an e li te mande prèt la pou l pwouve sa li t ap di yo. Lè sa a, prèt la voye Bib la sou tab la e li di li pa gen anyen pou l pwouve pèsonn. Pandan li prale, nan lang ikrenyen, li di yo ta dwe mete nou deyò nan kay la epi pa janm kite nou met pye n ladan l ankò. Li pa t rann li kont John te konprann ikrenyen.

Yon ti tan apre, nou te kite Red Lake paske John t apral jwenn fòmasyon pou l vin siveyan sikonskripsyon. Anviwon ennan annapre, pandan John t ap bay diskou batèm nan yon kongrè distri, mari dam sa a te youn nan moun ki t apral batize yo. Konvèsasyon nou te gen ak prèt la te fè l kòmanse etidye Bib la.

NAN TRAVAY SIKONSKRIPSYON AN

Nan travay sikonskripsyon an, nou te pran plezi rete ak diferan fanmi. Nou te vin gen yon amitye sere ak moun sa yo ki te pataje kay yo ak lavi yo avèk nou. Gen yon lè, nan mitan sezon ivè, nou te rete lakay yon sè aje nan yon chanmòt ki pa t gen chofaj. Nou te konn tande sè a ki te konn antre nan chanm nou an granmmaten tou dousman pou l limen dife nan yon ti fou. Yon ti tan apre, li te retounen ak yon kivèt ak dlo tyèd yon fason pou nou te kapab pare nou pou jounen an. Mwen te aprann anpil bagay nan men sè sa a ki te janti e ki te dousman.

Travay sikonskripsyon an te ede m vin pi pwòch Jewova. Nan youn nan sikonskripsyon ki te Albèta yo, te gen yon sè ki t ap viv nan yon vil kote moun yo travay nan min. Vil sa a te nan yon zòn yo rele Grannò. Ki jan òganizasyon Jewova a te konsidere sè sa a ki t ap viv yon kote poukont li antanke Temwen Jewova? Chak simwa, nou te pran avyon pou n al pase yon semèn avèk li pou nou preche e pou nou fè reyinyon tankou nou te konn fè sa ak kongregasyon ki te nan gwo vil yo. Sa te ede m sonje jan Jewova pran swen chak grenn timouton l yo avèk tandrès.

Nou te kenbe kontak ak anpil nan moun ki te ban nou lojman lakay yo. Sa fè m sonje youn nan premye kado John te ban mwen. Se te yon ti bwat ki gen plizyè koulè ki te gen papye pou moun ekri lèt. Nou te vrèman kontan sèvi ak papye sa yo pou nou ekri zanmi nou yo yon fason pou n te ka kenbe kontak ak yo. Jiska prezan, ti bwat sa a gen anpil valè pou mwen.

Pandan nou te nan yon sikonskripsyon nan Towonto, yon frè nan Betèl Kanada a te telefone nou pou l mande nou si nou ta renmen vin nan Betèl. Ki lè l te vle pou n ba l repons? Li te di: “Demen si sa posib!”. Vrèmanvre, nan demen, nou te reponn li.

SÈVIS BETÈL

Chak fwa nou te resevwa yon nouvo asiyasyon, nou te rann nou kont se te yon nouvo fason nou ka pran plezi pou nou sèvi bò kote Jewova. Nou te gen menm santiman sa a lè nou te antre nan Betèl an 1977. Piske nou te vin ap viv bò kote kèk nan kretyen Bondye te chwazi pou y al nan syèl yo, sa te pèmèt nou wè jan yo chak gen pèsonalite pa yo e jan yo gen anpil respè pou Pawòl Bondye a.

Nou te kontan sèvi nan Betèl. Anvan sa, rad nou yo te nan yon malèt, men nan Betèl la nou te gen tiwa pou n mete yo. Mete sou sa, nou te nan yon sèl kongregasyon. Mwen te kontan asiyasyon yo te ban mwen an e mwen te toujou pran plezi pou m fè moun vizite Betèl la. Mwen te konn esplike moun yo travay k ap fèt nan Betèl la, mwen koute kòmantè y ap fè epi mwen reponn kesyon yo.

Ane yo te pase vit. An 1997, yo te envite John al nan Lekòl pou manm Komite filyal yo nan Patèsonn, nan Nouyòk. Apre sa, yo te mande nou si nou ta renmen deplase al Ikrèn. Yo te mande nou reflechi sou sa seryezman epi priye Jewova. Nan fen sware a, nou te deside nou t ap aksepte envitasyon an.

N AL SÈVI NAN PEYI IKRÈN

An 1992, nou te asiste yon gwo kongrè entènasyonal ki te fèt Saint-Pétersbourg, nan peyi Larisi. Ane apre a, nou te asiste youn Kyèv, nan peyi Ikrèn. Kongrè sa yo te fè nou apresye frè k ap viv ann Ewòp de lès yo. Nan peyi Ikrèn, nou te rete nan vil Lviv, nan premye etaj yon ansyen kay. Fenèt yo te bay sou yon lakou ki te gen yon ti jaden, yon gwo kòk wouj ak kèk poul. Mwen te santi se kòmsi m te sou youn nan fèm Saskatchewan yo. Antou, te gen douz moun ki t ap viv nan kay sa a. Nou te jwenn yon woulib byen bonè chak maten ki te ede nou travèse vil la pou n al travay nan Betèl.

Ki jan nou te santi nou nan peyi Ikrèn? Nou te santi nou tou piti lè nou te chita nan mitan frè ak sè ki te viv anpil sitiyasyon difisil, ki te viv anba entèdiksyon e ki t al nan prizon poutèt fwa yo. Aktout sa, lafwa yo te toujou fèm. Lè nou te konn felisite yo pou kouraj yo, yo te konn reponn, “nou te fè sa pou Jewova”. Yo pa t janm santi yo poukont yo. Jis kounye a, si w remèsye yon frè oswa yon sè pou jantiyès li, li ka reponn ou “se Jewova pou w di mèsi”. Yo rekonèt se nan Jewova tout bon bagay soti.

Nan peyi Ikrèn, anpil frè ak sè konn mache pou y al nan reyinyon. Kidonk, yo gen tan pou yo pale youn ak lòt sou tout wout la e pou yo ankouraje youn lòt. Pou pi piti, yo konn mache inèdtan. Gen 50 kongregasyon nan Lviv, e gen 21 nan kongregasyon sa yo ki itilize yon lokal ki gen plizyè Sal Wayòm ladan l. Chak dimanch, sa vrèman bèl pou w wè tout frè ak sè sa yo lè y ap vin nan reyinyon.

Sa pa t pran lontan pou nou te santi nou alèz ak frè ak sè sa yo ki janti e ki renmen ede moun. Lè m gen difikilte pou m konprann lang nan, yo toujou pran anpil pasyans avè m. Jis kounye a, mwen pa fin alèz nan lang nan. Souvan, yo di m pawòl ki touchan, e lè m gade nan je yo, mwen wè yo gen sousi pou mwen.

Pandan kongrè entènasyonal ki te fèt Kyèv nan ane 2003 a, nou te viv yon bagay ki te montre nou ki jan frè ak sè yo fè youn lòt konfyans toutbon. Nou te fèk desann nan yon estasyon tren ki te chaje ak moun lè yon tifi te vin jwenn nou e li te di nou tou dousman: “Mwen pèdi, mwen pa ka jwenn grann mwen.” Ti pitit la te konnen nou se Temwen Jewova paske li te wè ensiy nou te gen sou nou yo. Li te brav anpil e li pa t kriye. Avèk jantiyès, gen yon madan siveyan sikonskripsyon ki te ansanm avèk nou ki te pran ti pitit la e ki te mennen l nan sèvis objè twouve ki nan stad la. Anvan lontan, ti pitit la te gentan jwenn grann li. Lè m te wè jan ti pitit la ki te nan mitan yon foul moun te gen konfyans nan frè ak sè yo, sa te gen yon gwo efè sou mwen.

Nan mwa me ane 2001, te gen anpil frè ak sè ki te soti nan divès peyi pou yo vin nan inogirasyon Betèl peyi Ikrèn nan. Nan dimanch maten, apre yo te fin bay diskou espesyal la nan yon stad, gen yon gwo foul frè ak sè ki t ap mache pou yo vin vizite nouvo Betèl la. Se yon bagay mwen pa gendwa janm bliye! Sa te touche m anpil lè m te wè jan frè ak sè yo te kalm e yo te gen lòd. Sa te fè m wè plis toujou jan se yon plezi pou yon moun sèvi Bondye.

YON GWO CHANJMAN

An 2004, malerezman, doktè te wè John gen kansè. Nou t al Kanada pou li te kapab suiv tretman. Premye seyans chimyoterapi a te yon ti jan twòp pou li e li te oblije entène lopital pandan plizyè semèn. Erezman li te vin reprann li. Aktout li te difisil pou l pale, nou te kapab wè nan je l jan li te kontan lè gen moun ki te vin wè l.

Sepandan, li pa t rive reprann li nèt, e li te mouri ann otòn, nan menm ane a. Se kòmsi m te pèdi yon moso nan mwen. Se pa ti kontan John avè m te kontan sèvi Jewova ansanm! Ki sa m t apral fè? Mwen te deside retounen Ikrèn. Mwen te gen anpil rekonesans pou lanmou sensè fanmi Betèl la ak frè ak sè yo nan kongregasyon an te gen pou mwen.

Mwen menm ak John, nou pa t janm regrèt chwa nou te fè yo. Nou te jwenn satisfaksyon ak kè kontan nan lavi nou e nou te gen posiblite rankontre anpil moun debyen. Mwen konnen gen anpil bagay pou m aprann toujou sou byenveyans Jewova e mwen espere m ap kontinye sèvi l pou toutan, paske mwen vrèman ‘pran plezi pou m bò kote Jewova’.

[Antrefilè nan paj 6]

“Nou pa t janm regrèt chwa nou te fè yo.”

[Foto nan paj 3]

Jou mwen te marye ak John nan.

[Foto nan paj 4]

Lè m te pyonye espesyal Red Lake, nan Ontaryo.

[Foto nan paj 5]

An 2002, mwen menm ak John nan peyi Ikrèn.