Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kòman w bay konsèy?

Kòman w bay konsèy?

Kòman w bay konsèy?

Èske moun konn mande w konsèy? Pa egzanp, èske gen moun ki konn poze w kesyon tankou sa k vin apre yo: ‘Ki sa m ta dwe fè? Èske m ta dwe al nan fèt sa a? Èske m ta dwe fè karyè nan tèl domèn? Èske m ta dwe frekante moun sa a nan entansyon pou m marye avè l?’

Moun ki sensè ka mande w ede yo pran desizyon ki kapab gen enpak sou relasyon yo ak zanmi yo, fanmi yo oswa ak Jewova. Sou ki sa w ap baze repons ou yo? An jeneral, ki jan w bay konsèy? Menmsi sijè w ap bay konsèy sou li a ta parèt pa enpòtan oswa se yon sijè ki gen anpil enpòtans, ou bezwen sonje konsèy ki nan Pwovèb 15:28 la ki di: “Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons.” Ann wè ki jan senk prensip biblik ki vin annapre yo kapab ede w lè w ap bay konsèy.

1 Chèche byen konprann sitiyasyon moun nan.

“Moun ki prese reponn san koute sa y’ap di l, se moun sòt li ye. Li gen pou l wont.” — PWO. 18:13.

Pou nou ka bay bon konsèy, nou bezwen konnen sitiyasyon moun k ap chèche konsèy la e nou bezwen konnen ki jan l wè bagay yo. Ann pran yon egzanp pou nou montre sa. Si yon moun ta rele w epi li ta mande w ki wout ki pi bon pou l pran pou l al lakay ou? Ki sa w t ap bezwen konnen pou w kapab ede l? Èske w t ap kapab di l ki wout ki pi bon pou l pran si w pa konnen ki kote l ye nan moman an? Non. Menm jan an tou, pou w bay bon konsèy, sa mande pou w konnen ki kote moun nan ye. Sa vle di, ou bezwen konnen sitiyasyon moun k ap chèche konsèy la epi w bezwen konnen ki jan l wè bagay yo. Èske gen kèk bagay ki kapab gen efè sou repons w ap bay moun nan? Si w pa byen konnen sitiyasyon moun nan, ou kapab lage moun nan nan plis konfizyon toujou. — Lik 6:39.

Chèche konn ki kantite rechèch moun nan te deja fè. Li kapab saj tou pou w poze moun k ap chèche konsèy la kèk kesyon tankou: “Ki prensip biblik ou panse ki kapab ede w?” “Ki avantaj e ki pwoblèm ou wè nan chwa w gen devan w yo?” “Èske w gentan fè rechèch deja sou kesyon an?” “Èske lòt moun tankou ansyen yo, paran w, oswa moun k ap etidye avè w la ba w konsèy sou sa deja?”

Repons moun nan ba ou pou kesyon sa yo kapab ede w wè ki kantite efò moun nan te deja fè pou l jwenn yon repons. Anplis, lè w ap ba l konsèy, w ap deja konnen ki konsèy lòt moun te ba li. Sa ap ede w wè tou si se pa yon moun l ap chèche pou ‘fè zòrèy li dous’, yon moun pou di l sa l ta renmen tande. — 2 Tim. 4:3.

2 Pa prese bay moun nan yon repons.

“Tout moun dwe prese koute, yo pa dwe prese pale.” — JAK 1:19.

Lefètke w gen bon entansyon, ou ka kouri bay moun nan yon repons. Men, nòmalman, èske sa t ap saj pou w ta kouri bay yon repons, sitou si w poko fè bonjan rechèch sou kesyon moun nan poze w la? Men sa Pwovèb 29:20 di: “Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k’ap prese pale san kalkile.”

Pran tout tan w pou w kapab sèten konsèy w ap bay la ap ann amoni nèt ak sajès Bondye. Mande tèt ou si fason moun yo panse nan monn nan oswa “lespri monn nan” pa enfliyanse fason w panse (1 Kor. 2:12, 13). Sonje sa, bon entansyon sèlman pa sifi. Apre apot Pyè te fin tande sa k te gen pou rive Jezi, li te di Jezi: “Pa di bagay konsa non Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” Ki sa nou kapab aprann nan fason Pyè te reyaji a? Menm lè yon moun sensè, si li pa fè atansyon, sa kapab rive panse li gen nan tèt li yo ‘se pa panse Bondye, men se panse lèzòm’. (Mat. 16:21-23.) Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou yon moun reflechi anvan l pale! Dayè, eksperyans nou fè pa ka parèt devan sajès Bondye. — Jòb 38:1-4; Pwo. 11:2.

3 Suiv prensip ki nan Pawòl Bondye a avèk imilite.

“Se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen, men, se sa Papa a anseye m mwen di.”— JAN 8:28.

Èske w t ap di moun ki mande w konsèy la “si m te ou m ta...”? Menmsi repons ou bay la ta sanble bon, li pi bon pou w aji avèk imilite e pou w rekonèt ou gen limit menm jan ak Jezi. Malgre Jezi te gen plis sajès ak eksperyans lontan pase tout moun ki t ap viv nan epòk li a, gade sa l te di: “Mwen pa pale selon mwen menm, men Papa a [...] ban m lòd sou sa pou m di ak sa pou m anseye.” ​(Jan 12:49, 50). Ansèyman Jezi yo ak konsèy li te konn bay yo te toujou ann amoni ak volonte Papa l.

Pa egzanp, Lik 22:49 montre lè yo t apral arete Jezi a, disip li yo te mande l èske yo mèt goumen ak moun yo. Gen youn nan disip yo ki te blese yon moun ak epe l. Si w gade jan Matye 26:52-54 rakonte istwa sa a, w ap wè menm nan sikonstans sa a, Jezi te pran tan pou l rezone ak disip li yo sou volonte Jewova. Piske Jezi te konnen prensip nou jwenn nan Jenèz 9:6 la ak pwofesi ki nan Sòm 22 ak Izayi 53 a, li te kapab bay moun bon konsèy ki te kapab sove lavi yo e ki te fè kè Jewova kontan.

4 Fè rechèch nan bibliyotèk ou.

“Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an Mèt li etabli sou domestik li yo pou ba yo manje nan bon moman?” — MAT. 24:45

Jezi chwazi yon esklav li fè konfyans k ap bay manje espirityèl ki kapab sove lavi nou. Lè w ap bay yon moun konsèy sou yon kesyon ki enpòtan, èske w pran tan pou w fè bonjan rechèch nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la?

Index des publications Watch Tower ak Watchtower Library sou CD-ROM * nan pèmèt nou gen yon bann enfòmasyon ki klè. Nou t ap fè yon gwo erè si nou pa ta fouye nan enfòmasyon sa yo! N ap jwenn yon bann sijè ladan yo ak atik ki te ekri pou ede moun ki bezwen konsèy. Èske w konn ki jan pou w ede moun chèche prensip biblik ki kapab ede yo epi ede yo rezone ann amoni ak Pawòl Bondye a? Menm jan yon GPS kapab ede yon moun wè kote li ye epi ede l wè ki kote pou l fè pou l rive kote l vle ale a, se konsa tou zouti nou genyen pou n fè rechèch yo kapab ede yon moun wè kote li ye epi ede l wè sa pou l fè pou l rete sou wout lavi a.

Gen anpil ansyen ki aprann pwoklamatè yo ki jan pou yo fè rechèch nan Index yo oswa nan Watchtower Library. Konsa, yo ede frè ak sè yo aprann rezone ann amoni ak Ekriti yo. Lè ansyen yo fè sa, nonsèlman yo ede pwoklamatè yo jwenn solisyon pou pwoblèm yo, men tou, yo ede yo vin gen abitid fè rechèch epi konte sou manje espirityèl Jewova bay yo. Konsa, yo “rive distenge sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l”. — Ebre 5:14.

5 Pa pran desizyon pou moun nan.

“Chak moun ap pote pwòp chay pa l.” — GAL. 6:5.

Finalman, se moun ou bay konsèy la k ap deside si l ap suiv konsèy ou ba li a. Jewova ban nou libète pou nou chwazi si wi ou non n ap kite prensip li yo gide nou (Det. 30:19, 20). Nan kèk sitiyasyon, gen plizyè prensip biblik ki kapab ede yon moun, men, desizyon final la se moun ki te mande w konsèy la ki pou pran l. Selon kesyon moun k ap chèche konsèy la poze w la e selon laj li, petèt w ap bezwen mande tèt ou: ‘Èske se mwen menm ki ta dwe reponn kesyon sa a?’ Gen de kesyon yon moun poze, li pi bon pou se ansyen yo ki reponn li. Konsa tou, gen de kesyon yon timoun poze, li pi bon pou se paran l ki reponn li.

[Nòt anba paj]

^ § 20 Watchtower Library sou CD-ROM nan disponib kounye a nan 39 lang. Index des publications Watch Tower yo disponib kounye a nan plis pase 45 lang.

[Foto/Kare nan paj 8]

Rechèch nan kad adorasyon an fanmi

Nan kad adorasyon an fanmi, poukisa w pa fè rechèch pou w jwenn repons sou kèk kesyon yo te poze w sa pa gen twò lontan? Ki atik ak ki prensip biblik ou kapab jwenn k ap pèmèt ou ede yon moun ki te poze w kèk kesyon? Ann sipoze yon frè oswa yon sè ta poze w kesyon sou frekantasyon paske l ta renmen marye. Ou kapab sèvi ak Index yo oswa ak Watchtower Library pou w fè rechèch. Premye bagay ou kapab fè, se chèche atik ki gen rapò dirèk ak sijè moun nan te poze kesyon sou li a. Pa egzanp, nan Index yo ou kapab chèche nan ribrik “Fréquentations” oswa ribrik “Mariage”. Apre sa, gade nan ribrik ki anba ribrik sa yo pou w kapab jwenn atik k ap ede w bay moun nan yon repons. An jeneral, lè w ap fè rechèch nan Index yo e w al nan yon ribrik ou panse ki kapab ede w, gade pou w wè si gen lòt ribrik ki parèt nan parantèz kote yo ekri “Voir aussi” a epi al ladan yo paske yo ka pi tonbe daplon ak sa w ap chèche a.

[Kare nan paj 9]

Grasa manje espirityèl Jewova ban nou pa mwayen òganizasyon l lan, nonsèlman nou kapab bay bon konsèy, men tou, nou kapab resevwa bon konsèy. Men sa Eklezyas 12:11 di: “Pawòl moun ki saj yo tankou digèt bèf, e moun k ap rasanble pawòl sajès yo tankou klou yo kloure. Se yon sèl bèje ki bay yo.” ​(NW). Menm jan ak yon “digèt”, yon bwa ki gen yon pwent file yo itilize pou fè yon bèt k ap pote chay mache, bon konsèy kapab gide moun ki sensè yo nan bon direksyon. Lè yo “kloure” yon bagay, bagay la vin pi solid. Menm jan an tou, yon bon konsèy kapab bay bon rezilta. Moun ki saj yo pran tout plezi yo nan “rasanble pawòl sajès” ki reflete sajès Jewova, “sèl bèje” yo a.

Lè w ap bay lòt moun konsèy, se pou w imite Jewova, Bèje w la. Se pa ti privilèj ou genyen pou w koute yon moun lè sa posib epi ba l konsèy ki kapab ede l! Lè konsèy ou yo ann amoni nèt ak prensip ki nan Bib la, nonsèlman y ap bon, men tou, yo kapab pèmèt moun w ap bay konsèy la jwenn byenfè pou toutan.