Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske yon kretyen ta kapab tèlman pran abitid gade pònografi, sa vin lakòz ansyen yo eskominye l nan kongregasyon an?

▪ Wi, sa posib. Sa montre jan li enpòtan pou yon moun kouri pou tout fòm pònografi ak tout fòs li, kit se nan bagay ki ekri, kit se imaj ki parèt nan revi, nan fim, nan videyo oswa sou Entènèt.

Pònografi gaye toupatou nan monn nan. Nan epòk nou an, Entènèt fè l pi fasil pou moun jwenn posiblite gade pònografi e li lakòz flewo terib sa a frape pi plis moun toujou. Gen kèk moun, jèn kou granmoun, k al tonbe, san yo pa t vle sa, sou sit Entènèt ki chaje ak pònografi. Gen lòt menm, se yo k al chèche sit pònografi sa yo pandan yo lakay yo oubyen nan biwo kote y ap travay paske yo santi yo pi alèz pou yo li liv pònografi oswa pou yo gade pònografi an kachèt. Poukisa kretyen yo ta dwe pran kesyon pònografi a trèzoserye?

Jezi te bay yon avètisman ki ban nou yon bon rezon pou nou pran kesyon sa a trèzoserye. Men sa l te di: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” ​(Mat. 5:28). Byennantandi, relasyon seksyèl ki natirèl ant yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt se yon bagay ki nòmal e ki bay anpil plezi (Pwo. 5:15-19; 1 Kor. 7:2-5). Men, se pa sa pònografi montre. Okontrè, li montre relasyon seksyèl ki imoral, ki fè moun gen move dezi Jezi te bay avètisman kont li a. Pa gen dout nan sa, lè yon moun li enfòmasyon imoral ki gen rapò ak pònografi oswa li gade pònografi, sa kont enstriksyon Bondye bay ki di: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak fònikasyon, salte, dezi seksyèl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” — Kol. 3:5.

Men, e si se youn ou de fwa sèlman yon kretyen ta gade pònografi? Nou ta ka konpare sitiyasyon l lan ak yon sitiyasyon salmis Asaf te twouve l yon lè ki te mete relasyon l ak Bondye an danje. Men sa salmis la te di: “Pye m glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe.” Ki jan konsyans yon kretyen ki gade pònografi t ap kapab klè devan Bondye e ki jan kretyen sa a t ap kapab anpè ak Bondye si l pran plezi gade imaj pònografi ki gen fi oswa gason ki toutouni ladan yo oswa ki montre yon fi ak yon gason k ap fè fònikasyon? Asaf tou pa t santi l anpè nan sitiyasyon l lan. Se sa k fè l te di (NW): “Mwen sibi kalamite tout lajounen, e mwen resevwa koreksyon chak maten.” — Sòm 73:2, 14.

Yon kretyen ki tonbe nan pyèj sa a dwe souke kò l epi rekonèt li bezwen èd nan domèn espirityèl. L ap jwenn èd sa a nan kongregasyon an. Men sa Bib la di: “Menmsi yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki gen matirite, eseye redrese moun sa a avèk dousè. Men, se pou nou chak veye tèt nou.” ​(Gal. 6:1). Youn oswa de ansyen kapab ba l èd li bezwen an, mete sou sa, ‘lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la refè, e l ap jwenn padon pou peche l fè a’. (Jak 5:13-15.) Moun ki te chèche èd pou yo soti anba enfliyans pònografi, ki tankou yon tach ki te sal yo, rann yo kont li bon pou yo pwoche bò kote Bondye menm jan sa te bon pou Asaf. — Sòm 73:28.

Men, apot Pòl te di gen kèk moun ki te fè peche e ki pa t repanti “pou konduit ki pa pwòp ak fònikasyon ak konduit deregle yo *” te genyen (2 Kor. 12:21). Gen yon pwofesè ki rele Marvin R. Vincent ki te fè kòmantè sou mo grèk lè yo tradui l yo mete “konduit ki pa pwòp” pou li a. Li te di mo sa a gen “sans yon bagay ki pa pwòp ki gen rapò ak imoralite”. Malerezman, gen kèk fòm pònografi ki pi sal pase sèn kote yo annik montre moun toutouni oswa kote yo annik montre gason ak fi k ap fè fònikasyon. Sèn pònografi sa yo chokan, yo bay repiyans, yo montre gason k ap kouche ak gason, fi k ap kouche ak fi, yon pil moun k ap fè sèks ansanm, moun k ap fè sèks ak bèt, granmoun k ap fè sèks ak timoun, yon gwoup moun k ap vyole yon moun, moun k ap bat fi pandan y ap fè sèks avè yo, moun ki mare lòt moun pou yo fè sèks avè yo, oswa moun ki pran plezi pou yo fè lòt moun soufri pandan y ap fè sèks avè yo. Gen kèk moun nan epòk Pòl la “lespri yo [te] nan fènwa” e yo te vin nan yon eta kote “kesyon moralite a, yo pa [t] gen sa menm ankò e yo [te] lage kò yo nan konduit deregle pou yo fè tout kalite salte avèk vorasite”. — Efe. 4:18, 19.

Apot Pòl te pale de “konduit ki pa pwòp” tou nan Galat 5:19. Gen yon biblis anglè ki te fè konnen “nan vèsè sa a, [ekspresyon sa a] kapab [gen rapò] sitou ak tout dezi seksyèl ki pa natirèl”. Ki kretyen ki pap dakò fòm pònografi yo site nan paragraf anvan an ki bay repiyans yo se “dezi seksyèl ki pa natirèl” e ki imoral? Nan Galat 5:19-21, Pòl te di “moun k ap pratike” bagay imoral sa yo “pap benefisye wayòm Bondye a”. Se sa k fè, si yon moun tèlman vin anrasinen nan gade pònografi ki bay repiyans, ki mal prezante relasyon seksyèl, e moun sa a ap fè sa petèt pandan yon bon bout tan e li pa ta repanti epi vire do bay bagay sa yo, li pap kapab kontinye fè pati kongregasyon an. Yo dwe eskominye l pou yo ka kenbe kongregasyon an pwòp e pou l pa gen move enfliyans sou lòt moun nan kongregasyon an. — 1 Kor. 5:5, 11.

Sa ankourajan pou nou konnen gen kèk moun ki te tonbe nan gade sèn pònografi ki repiyan ki t al kote ansyen yo e yo te resevwa èd espirityèl yo te bezwen pou yo fè gwo chanjman nan lavi yo. Men konsèy Jezi te bay kretyen ki te nan kongregasyon Sad la, nan premye syèk la: “Fòtifye sa ki rete ki prèt pou mouri yo, [...] pa janm bliye sa w te resevwa a ak sa w te tande a, kontinye kenbe l, epi repanti. Wi, si w pa reveye, [...] ou pap konnen ki lè m ap rive sou ou.” ​(Rev. 3:2, 3). Li posib pou yon moun repanti, e nan yon sans, pou l kite yo rale l sot nan dife. — Jid 22, 23.

Kidonk, li pi bon lontan pou nou pa kite pònografi sal nou. Wi, se pou nou pran detèminasyon pou nou evite tout fòm pònografi!

[Nòt anba paj]

^ § 8 Pou nou konprann diferans ki genyen ant “konduit ki pa pwòp ak fònikasyon ak konduit deregle”, gade Toudegad 15 jiyè 2006, paj 29-31 (fransè).

[Antrefilè nan paj 30]

Yon kretyen ki tonbe nan pyèj sa a dwe souke kò l epi rekonèt li bezwen èd nan domèn espirityèl.