Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye preche san pèdi tan

Kontinye preche san pèdi tan

“Preche pawòl la, fè sa san rete.” — 2 TIM. 4:2.

1, 2. Lè apot Pòl te konseye Timote pou l ‘preche san rete a’, ki sa l te vle di l, e ki kesyon sa soulve?

GEN moun travay yo se sove lavi lòt moun. An jeneral, moun sa yo pa pèdi tan nan travay yo. Pa egzanp, lè moun rele ponpye, ponpye yo kouri al ede yo paske yo konnen lavi moun sa yo an danje.

2 Antanke Temwen Jewova, nou vle ede moun yo sove lavi yo. Pou nou fè sa, nou pran travay nou genyen pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan oserye. Byennantandi, lè n ap fè travay sa a, nou pa kouri adwat agoch tankou moun ki pa konn sa y ap fè. Ki sa Pòl te vle di lè l te bay kretyen yo konsèy pou yo “preche pawòl la” e pou yo “fè sa san rete”? (2 Tim. 4:2.) Yon moun k ap travay san rete pa ka nan pèdi tan. Nan lang grèk orijinal la, ekspresyon “san rete” a gen sans fè yon bagay san pèdi tan. Ki jan nou kapab preche pawòl la san pèdi tan? E poukisa travay nou an mande pou nou pa pèdi tan?

POUKISA TRAVAY PREDIKASYON NOU AN MANDE POU N PA PÈDI TAN?

3. Selon fason moun yo reyaji lè yo tande mesaj Wayòm nan, ki sa y ap jwenn?

3 Lè nou reflechi sou efè travay predikasyon nou an kapab gen sou lavi moun yo, petèt sa ka fè n santi li nesesè pou nou preche san pèdi tan (Wom. 10:13, 14). Men sa Jewova di nan Pawòl li a: “M avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l’ap fè sa ki byen, [...] li p’ap mouri, se viv pou li viv. M’ap padonnen tout peche li te fè yo.” ​(Eze. 33:14-16). Se sa k fè, Bib la di moun k ap anseye mesaj Wayòm nan ‘ap sove ni tèt yo, ni moun k ap koute yo’. — 1 Tim. 4:16; Eze. 3:17-21.

4. Sa k fè apostazi ki te gen nan premye syèk la te fè l nesesè pou travay predikasyon an fèt san pèdi tan?

4 Pou nou pi byen konprann rezon ki fè apot Pòl te ankouraje Timote pou l preche san pèdi tan, ann egzamine kontèks vèsè ki sèvi kòm baz atik la. Men sa nou li: “Preche pawòl la, fè sa san rete ni nan tan favorab, ni nan tan difisil, korije moun, reprimande yo, ankouraje yo, fè sa avèk anpil pasyans e avèk ladrès nan fason w ap anseye. Paske, gen yon tan k ap rive kote yo pap sipòte ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi yo, yo pral chèche gen yon bann anseyan toutotou yo pou fè zòrèy yo dous. E y ap vire do yo pou yo pa tande laverite.” ​(2 Tim. 4:2-4). Jezi te fè disip li yo konnen t apral gen aposta ki t ap soti nan mitan yo (Mat. 13:24, 25, 38). Piske lè sa a t ap pwoche, Timote te bezwen “preche Pawòl la” san pèdi tan, menm anndan kongregasyon an, yon fason pou kretyen yo pa t kite fo ansèyman ki te kapab atire yo lage yo nan erè. Lavi kretyen sa yo te an danje. E jodi a?

5, 6. Bay kèk ide anpil moun n ap preche kwè ladan yo.

5 Jodi a gen anpil moun toupatou ki abandone vrè adorasyon an e ki vin aposta (2 Tes. 2:3, 8). Ki ansèyman ki fè zòrèy moun yo dous jodi a? Nan anpil kote, gen moun k ap gaye ansèyman evolisyon an avèk anpil zèl. Byenke, an jeneral, moun k ap pale de evolisyon yo itilize yon langaj syantifik, ansèyman sa a prèske tounen yon relijyon e li enfliyanse fason moun yo wè Bondye ak fason yo wè moun. Gen yon lòt ansèyman ankò ki gaye toupatou ki fè konnen Bondye pa enterese nan lèzòm, e piske se konsa, nou pa bezwen enterese nan li tou. Sa k fè ansèyman sa yo atiran konsa e yo fè plizyè milyon moun ap dòmi nan domèn espirityèl? Se paske toule de ansèyman sa yo bay yon sèl mesaj: ‘Ou kapab fè sa w vle paske pa gen okenn moun k ap mande w kont.’ Se pa ti dous mesaj sa a fè zòrèy anpil moun dous! — Li Sòm 10:4.

6 Gen lòt bagay yo di moun yo tou ki fè zòrèy yo dous. Gen moun ki kontinye al legliz e ki renmen lè y ap di yo ‘kèlkeswa sa yo fè, Bondye renmen yo’. Gen prèt ak pastè ki fè zòrèy moun dous lè yo konvenk yo Bondye dakò ak seremoni ki fèt nan legliz yo, mès yo, ak fèt relijye yo e li dakò pou moun sèvi ak imaj lè y ap adore l. Moun sa yo pa rann yo kont ki malè pandye ki sou tèt yo (Sòm 115:4-8). Sepandan, si nou rive fè yo konprann verite ki nan Pawòl Bondye a pou yo ka leve nan dòmi nan domèn espirityèl, y ap kapab jwenn byenfè Wayòm Bondye a pral pote yo.

SA SA VLE DI POU NOU PRECHE SAN PÈDI TAN?

7. Ki jan nou kapab montre nou pa gen tan pou n pèdi nan travay predikasyon an?

7 Yon bon chirijyen ap konsantre nèt sou yon operasyon l ap fè paske lavi moun l ap opere a an danje. Nan travay predikasyon an, n ap montre nou pa gen tan pou n pèdi lè nou rete konsantre nèt sou travay sa a. N ap rive fè sa lè nou reflechi pou nou wè ki sijè, ki kesyon, oswa ki enfòmasyon ki kapab enterese moun nou rankontre yo. Si nou santi nou pa gen tan pou n pèdi, sa ap pouse nou fè ajisteman nan pwogram nou pou n ka al vizite moun yo lè y ap pi dispoze resevwa nou. — Wom. 1:15, 16; 1 Tim. 4:16.

8. An jeneral, ki sa nou bezwen fè pou nou aji san pèdi tan?

8 Si nou santi nou pa gen tan pou n pèdi, sa ap pouse nou bay sa k pi enpòtan yo premye plas nan lavi nou. (Li Jenèz 19:15.) Imajine ou fin resevwa rezilta kèk analiz ou te fè, epi doktè a rele w nan biwo l pou l di w: “Gade! Ou pa gen tan pou w pèdi non! Ou gen yon mwa sèlman devan w pou w fè yon bagay pou maladi w la!” Se sèten ou pa t ap kouri kite biwo doktè a. Men, ou t ap reflechi sou konsèy li ba ou a, ou t apral lakay ou epi ou t ap reflechi seryezman sou sa ki pi enpòtan pou ou.

9. Poukisa nou kapab di Pòl te preche san pèdi tan pandan l te Efèz?

9 Nou kapab konprann jan Pòl te santi l pa t gen tan pou l pèdi lè nou egzamine sa l te di ansyen ki te soti Efèz yo konsènan bon nouvèl li t ap preche nan zòn Azi a. (Li Travay 20:18-21.) Sanble li te okipe anpil ap preche moun yo bon nouvèl la kay an kay depi premye jou li te met pye l nan zòn sa a. Mete sou sa, pandan dezan, “chak jou, li [t] al bay diskou nan oditoryòm lekòl Tiranis la”. (Tra. 19:1, 8-10.) Pa gen dout nan sa, piske Pòl te santi l pa gen tan pou l pèdi, sa te ede l wè ki aktivite pou l fè chak jou. Lè Pòl te di pou nou preche “san rete a”, oswa san pèdi tan an, li pa t di sa nan entansyon pou l fè nou santi travay predikasyon an twòp pou nou. Sepandan, travay sa a dwe gen premye plas nan lavi nou.

10. Poukisa nou mèt kontan dèske gen kèk kretyen ki te aji san pèdi tan sa gen anviwon santan?

10 Anvan 1914, te gen yon ti gwoup Etidyan Labib ki te pran detèminasyon pou yo preche bon nouvèl la. Ti gwoup sa a te montre sa sa vle di pou yon moun preche san pèdi tan. Byenke yo te kèk milye sèlman, yo te konnen yo pa t gen tan pou yo pèdi e se sa k fè yo te kòmanse preche bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl. Yo te konn pibliye diskou nan plizyè santèn jounal e yo te konn pase yon fim ki gen imaj an koulè ki rele “Fotodram kreyasyon an”. Konsa, yo te rive fè plizyè milyon moun konnen bon nouvèl la. Si yo pa t santi yo pa gen tan pou yo pèdi, konbyen nan nou ki t ap rive tande mesaj Wayòm nan jodi a? — Li Sòm 119:60.

PA BLIYE NOU PA GEN TAN POU N PÈDI

11. Sa k fè kèk moun konn bliye yo pa gen tan pou yo pèdi?

11 Gen bagay ki kapab fè nou distrè epi fè nou bliye jan travay predikasyon an enpòtan. Sistèm Satan an fèt yon fason pou l fè nou chèche enterè pa nou sèlman ak lòt bagay ankò ki pa gen enpòtans (1 Pyè 5:8; 1 Jan 2:15-17). Gen kèk moun ki te konn bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo ki vin bliye yo pa gen tan pou yo pèdi. Pa egzanp, nan premye syèk la, gen yon kretyen ki te rele Demas ki te “konpayon travay” Pòl, men ki te kite monn nan ki pa gen respè pou Bondye pran tèt li. Olye Demas te kontinye ankouraje Pòl nan yon moman difisil Pòl t ap travèse, li te pito abandone l. — Flm. 23, 24; 2 Tim. 4:10.

12. Ki privilèj nou genyen kounye a e ki posiblite nou pral genyen pou toutan?

12 Si nou vle kontinye preche san pèdi tan, nou bezwen veye kò nou pou nou pa vin anvi pwofite monn nan nèt. Nou dwe fè tout sa n kapab pou nou “kenbe lavi toutbon an fèm”. (1 Tim. 6:18, 19.) Siman w kwè ou pral gen posiblite fè yon pakèt aktivite enteresan lè Bondye bay lavi ki pap janm fini an sou tè a anba dominasyon Wayòm li an. Men, privilèj nou genyen kounye a pou nou ede lòt moun chape vivan nan Amagedòn nan se pa yon privilèj n ap janm genyen ankò.

13. Piske kounye a nou se kretyen, ki jan nou kapab kontinye aji san pèdi tan?

13 Piske pifò moun nan monn nan manke sajès e y ap dòmi nan domèn espirityèl, ki sa nou ka fè pou nou pa bliye nou bezwen aji san pèdi tan? Nou pa dwe bliye gen yon lè nou t ap dòmi nan domèn espirityèl, se kòmsi n te nan fènwa. Men kounye a, nou reveye nan dòmi e, jan Pòl te di sa, Kris ap klere nou. Kounye a, nou gen privilèj pou nou pote limyè pou moun yo. (Li Efezyen 5:14.) Men sa apot Pòl te ekri apre l te fin di pawòl sa yo: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou, paske jou yo makawon.” ​(Efe. 5:15, 16). Nan monn mechan sa a n ap viv la, nou bezwen “byen sèvi ak tan nou” pou nou fè aktivite k ap ede nou rete je klè nan domèn espirityèl.

N AP VIV NAN YON MOMAN KI MANDE POU N AJI

14-16. Ki sa k fè travay predikasyon nou an pi ijan jodi a pase tout lòt epòk?

14 Travay predikasyon kretyen yo ap fè a te toujou mande pou yo aji san pèdi tan. Men, kounye a, yo bezwen aji konsa plis toujou. Depi 1914, moun ka wè siy ki gen plizyè pati Jezi te pale de li a byen klè (Mat. 24:3-51). Lavi lèzòm pa t janm an danje konsa! Malgre dènye akò ki fèt ant nasyon yo, gwo pisans yo toujou gen plis pase 2 000 bonm atomik ki tou pare pou yo lanse yo. Gen anpil otorite ki fè konnen yo “pèdi” plizyè santèn materyèl moun ka itilize pou fè bonm atomik. Èske gen nan materyèl sa yo ki nan men teworis yo? Gen moun ki di teworis yo kapab kòmanse yon gè byen fasil ki kapab detwi tout moun nèt. Sepandan, lagè se pa sèl gwo pwoblèm ki ka lakòz lèzòm disparèt sou tè a.

15 Nan ane 2009, te gen yon jounal medikal ak yon inivèsite nan peyi Angletè ki te fè konnen: “Nan 21yèm syèk la, chanjman k ap fèt nan klima a se bagay ki plis menase sante lèzòm sou tout tè a. Chanjman sa yo ki gen gwo efè sou sante moun pral frape pi plis moun toujou nan kèk dizèn ane ankò e y ap mete lavi ak sante plizyè milyon lòt moun an danje plis toujou.” ​(The Lancet and University College London). Chanjman sa yo kapab lakòz destriksyon sou tout tè a akoz nivo lanmè a ki pa sispann monte, sechrès, inondasyon, epidemi, siklòn ak lagè ki pral fèt akoz resous natirèl yo ki vin pa ase pou tout moun. Vrèmanvre, lagè ak katastwòf natirèl menase lavi lèzòm.

16 Gen kèk moun ki ta kapab panse lefètke gen danje pou yon gè nikleyè eklate, sa kapab mennen nan yon seri evènman ki pral akonpli “siy” Jezi te pale de li a. Men, pifò nan yo pa konprann ki sa siy lan anonse toutbonvre. Sa fè plizyè dizèn ane depi evènman k ap pase nan monn nan montre Kris prezan e lafen sistèm sa a ap pwoche byen vit (Mat. 24:3). Tout pati ki nan siy lan pa t janm parèt klè konsa anvan sa. Se moman pou tout moun k ap dòmi nan domèn espirityèl yo leve nan dòmi. Travay predikasyon nou an kapab jwe yon gwo wòl nan sa.

17, 18. a) Ki efè “epòk” n ap viv la gen sou nou? b) Ki sitiyasyon ki ka fè moun yo vin aksepte mesaj Wayòm nan?

17 Pa ret anpil tan ankò pou nou montre nou renmen Jewova e pou nou fini travay predikasyon li ban nou fè nan dènye jou sa yo. Pawòl Pòl te di kretyen women yo nan premye syèk la gen plis valè pou nou jodi a. Men sa l te di yo: “Nou rekonèt epòk la, nou konnen li deja lè pou nou leve nan dòmi, piske kounye a, delivrans nou pi pre pase lè nou te vin kwayan an.” — Wom. 13:11.

18 Evènman yo te anonse pou dènye jou yo kapab fè moun yo rann yo kont yo bezwen Bondye. Lè moun yo wè jan gouvènman yo pa ka fè anyen kont gwo pwoblèm ekonomik, menas nikleyè, gwo zak kriminèl, oswa yo wè jan gouvènman yo pa ka fè anyen pou tè a k ap depafini, yo rann yo kont lèzòm bezwen èd. Gen lòt menm ki vin rann yo kont yo bezwen èd Bondye lè gen gwo pwoblèm nan fanmi yo tankou pwoblèm sante, divòs, oswa lè yon moun yo renmen mouri. Lefètke n ap preche bon nouvèl la, nou rann tèt nou disponib pou nou ede moun sa yo.

YO TE SANTI YO PA GEN TAN POU YO PÈDI

19, 20. Lefètke gen anpil kretyen ki te vin wè yo pa gen tan pou yo pèdi, ki chanjman yo te fè nan lavi yo?

19 Anpil kretyen ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an paske yo santi yo pa gen tan pou yo pèdi. Pa egzanp, gen yon jèn koup ekwatoryen ki te deside senplifye lavi yo apre yo te fin asiste yon diskou nan yon jounen asanble espesyal an 2006 ki te gen tèm: “Se pou je nou toujou rete senp.” Yo te fè yon lis tout bagay yo pa t bezwen. Nan espas twa mwa yo te kite apatman yo a ki te gen twa chanmakouche e yo t al viv nan yon lòt apatman ki gen yon sèl chanmakouche. Yo te vann kèk bagay yo te genyen e yo te peye tout dèt yo. Yon ti tan apre sa, yo te pran sèvis pyonye oksilyè e yo te suiv konsèy yon siveyan sikonskripsyon te ba yo pou y al sèvi nan yon kongregasyon ki bezwen plis pwoklamatè.

20 Men sa yon frè k ap viv ann Amerik dinò ekri: “An 2006, lè mwen menm ak madanm mwen te asiste asanble jounen espesyal la, nou te gen 30 an depi n te batize. Pandan n te nan machin n ap retounen lakay nou, nou t ap pale sou fason nou kapab aplike konsèy yo te bay nan asanble a pou nou senplifye lavi nou (Mat. 6:19-22). Nou te gen twa kay, san konte tè, plizyè machin ki vann chè anpil, yon bato ak yon machin ki tankou yon ti kay ki gen tout bagay ladan l. Nou te santi lòt kretyen ki t ap gade nou dwe te pran nou pou de kretyen ki pa gen bonsans. Se sa k fè, nou te deside n ap antre nan sèvis aplentan. An 2008, nou te vin pyonye pèmanan menm jan ak pitit fi nou an. Se pa ti kontan nou kontan kolabore pi plis ak frè ak sè yo! Nou te gen posiblite sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè. Epitou, lefètke n ap fè plis travay nan sèvis Jewova a, sa fè nou vin pi pwòch avè l. Yon privilèj nou genyen ki fè nou kontan anpil se lè nou gade nan je moun yo e nou wè jan yo kontan lè yo tande laverite ki nan Pawòl Bondye a e yo konprann li.”

21. Ki sa nou konnen ki fè n al preche bon nouvèl la?

21 Nou konnen, talè konsa, “jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo” pral rive sou monn mechan sa a (2 Pyè 3:7). Konesans nou gen sou Pawòl Bondye a fè nou chofe pou nou anonse gwo tribilasyon ki pral vini an ak monn nouvo k ap vin apre l la. Annou kontinye bay tout nou menm nan travay predikasyon an e annou fè sa san pèdi tan pou nou kapab pote bonjan espwa pou moun yo! Lè nou fè sa, n ap montre nou renmen Bondye e nou renmen pwochen nou toutbonvre.

[Kesyon]