Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pinga nou “gad dèyè”

Pinga nou “gad dèyè”

“Pa gen yon moun ki mete men l nan yon chari e ki gad dèyè ki fèt pou wayòm Bondye a.” — LIK 9:62.

1. Ki avètisman Jezi te bay, e ki kesyon sa soulve?

“SONJE madan Lòt.” ​(Lik 17:32). Sa gen prèske 2 000 an depi Jezi Kris te bay avètisman sa a. Jodi a, avètisman sa a gen plis enpòtans toujou. Men, ki sa Jezi te vle di lè l te bay avètisman enpòtan sa a? Juif ki t ap koute l yo pa t bezwen plis esplikasyon. Yo te konnen sa k te pase madan Lòt. Lè li menm ak fanmi l t ap kouri kite Sodòm, li te dezobeyi Jewova lè l te vire gad dèyè. Konsa, li te tounen yon poto sèl. — Li Jenèz 19:17, 26.

2. Ki sa petèt ki te fè madan Lòt vire gad dèyè, e ki sa k te rive l lefètke l te dezobeyi?

2 Poukisa madan Lòt te vire gad dèyè? Èske se paske li te vle wè sa k t ap pase a? Èske se paske li pa t kwè sa yo te di l la oswa li te manke lafwa? Oubyen, èske se paske li te regrèt tout bagay li te kite dèyè nan vil Sodòm yo (Lik 17:31)? Kèlkeswa rezon ki fè li te vire gad dèyè a, piske li pa t obeyi, li te peye sa chè paske li te pèdi lavi l. Fè yon ti reflechi. Li te mouri menm jou ak moun Sodòm ak Gomò yo ki te imoral. Nou kapab konprann rezon ki fè Jezi te avèti moun yo pou yo “sonje madan Lòt”.

3. Ki sa Jezi te di ki montre nou pa dwe vire gad dèyè?

3 Jodi a tou, n ap viv nan yon epòk kote li enpòtan pou nou pa gad dèyè. Jezi te montre sa nan repons li te bay yon mesye ki te mande l si l mèt tounen al di fanmi l orevwa anvan l vin disip li. Men sa Jezi te di: “Pa gen yon moun ki mete men l nan yon chari e ki gad dèyè ki fèt pou wayòm Bondye a.” ​(Lik 9:62). Èske repons Jezi te bay mesye a te montre li se yon moun ki di oswa ki pa rezonab? Non, paske Jezi te konnen lè mesye a te mande l sa a se yon eskiz li t ap chèche pou l pa pran responsablite l. Jezi te di lè yon moun voye desizyon l gen pou l pran pou yon lòt lè se gade l ap gade ‘bagay li kite dèyè’. Yon moun k ap travay ak yon chari kapab vire gad dèyè pou yon ti moman pandan l ap travay la oswa li kapab lage chari a nèt epi l vire gad dèyè. Kèlkeswa sa moun nan fè a, moun nan ap distrè e sa ap gen move konsekans sou travay l ap fè a.

4. Sou ki sa nou dwe fikse je nou?

4 Olye nou plede ap gad dèyè, nou dwe fikse je nou pito sou bagay k ap tann nou pi devan. Gade ki jan Pwovèb 4:25 montre sa klè: “Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.”

5. Poukisa nou pa dwe gad dèyè?

5 Nou gen bon rezon pou nou pa gad dèyè. Sa k fè nou di sa? Se paske n ap viv “nan dènye jou yo”. (2 Tim. 3:1.) Jodi a, se pa sèlman 2 vil ki chaje ak moun mechan ki gen pou tonbe devan nou, men se tout sistèm Satan an nèt ki pral tonbe. Kèlkeswa sa k te fè madan Lòt vire gad dèyè a, ki sa k kapab ede nou jodi a pou sa pa rive nou? Toudabò, nou bezwen idantifye kèk bagay ki kapab fè nou anvi gad dèyè (2 Kor. 2:11). Kidonk, annou egzamine kèk bagay ki kapab fè nou anvi gad dèyè e annou wè ki jan nou kapab evite konsantre sou bagay sa yo.

BAGAY YO TE PI BON LONTAN

6. Poukisa nou pa dwe toujou met konfyans nou nan sa memwa nou ban nou?

6 Nou t ap fè yon erè si n ta panse lontan bagay yo te pi bon pou nou. Nou pa dwe toujou met konfyans nou nan sa memwa nou ban nou. San nou pa rann nou kont, nan lespri nou, nou kapab panse bagay yo pa t pi mal pou nou pase sa epi nou kapab panse kè nou te pi kontan. Konsa, sa kapab parèt kòmsi lontan bagay yo te pi bon pase jan yo te ye an reyalite. Si se konsa nou wè bagay yo, sa kapab fè nou anvi retounen nan bagay nou te kite dèyè yo. Men avètisman Bib la ban nou: “Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n’ap viv kounyeya. Moun ki gen bon konprann p’ap mande bagay konsa.” ​(Ekl. 7:10). Poukisa se t ap yon gwo erè si n ta panse konsa?

7-9. a) Ki sa k te rive Izrayelit yo ann Ejip? b) Ki sa k te ba yo kè kontan? c) Pou ki bagay Izrayelit yo te kòmanse plenyen?

7 Ann wè sa k te rive pèp Izrayèl la nan epòk Moyiz la. Okòmansman, byenke Ejipsyen yo te konsidere Izrayelit yo kòm moun yo te envite lakay yo, apre lanmò Jozèf, “yo [te] mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouray yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf”. (Egz. 1:11.) Finalman, pou Farawon te anpeche pèp Bondye a vin gen anpil moun, li te bay lòd pou yo touye pitit gason Izrayelit yo lè yo fèk fèt (Egz. 1:15, 16, 22). Kidonk, nou konprann poukisa Jewova te di Moyiz: “Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y’ap rele anba men moun k’ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y’ap soufri.” — Egz. 3:7.

8 Imajine jan Izrayelit yo te kontan lè yo t ap kite Ejip antanke yon pèp ki te lib. Yo te wè mirak Jewova te fè lè l te lage dis flewo sou Ejipsyen yo ak Farawon, yon wa ki te ògeye. (Li Egzòd 6:1, 6, 7.) Finalman, se pa kite Ejipsyen yo te kite Izrayelit yo ale sèlman, yo te menm mande yo kite peyi a. Yo te tèlman ba yo lò ak ajan, se kòmsi Izrayelit yo te “pran tout bagay moun peyi Lejip yo”. (Egz. 12:33-36.) Izrayelit yo te vin kontan plis toujou lè yo te wè jan Jewova te detwi Farawon ak lame l la nan lanmè Wouj (Egz. 14:30, 31). Se pa ti fòtifye sa dwe te fòtifye lafwa yo lè yo te wè tout gwo evènman sa yo!

9 Sepandan, yon ti tan apre Jewova te fin fè mirak pou l delivre pèp li a, gen yon bagay terib ki te rive: pèp la te pran plenyen kont li. E pou ki bagay yo t ap plenyen an menm? Pou manje wi! Yo pa t satisfè ankò ak sa Jewova te ba yo e yo te pran plenyen kont li. Men sa yo t ap di: “Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje! Men kounyeya, se deperi n’ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase lamàn lan ki devan je nou tout tan!” ​(Nonb 11:5, 6). Wi, yo te vin tèlman mal wè bagay yo, yo te menm vin anvi retounen nan peyi kote yo te esklav la (Nonb 14:2-4). Izrayelit yo te gad dèyè e yo te pèdi favè Jewova. — Nonb 11:10.

10. Ki sa nou aprann nan sa k te rive Izrayelit yo?

10 Ki sa nou aprann nan sa k te rive Izrayelit yo? Lè n ap rankontre difikilte oswa pwoblèm, nou pa dwe konsantre sou bagay nou te kite dèyè anvan nou te konn laverite, bagay ki gendwa sanble te pi bon. Byenke li pa mal pou nou reflechi sou leson nou te aprann grasa eksperyans nou te fè oubyen pou nou reflechi sou yon seri bagay agreyab nou te viv, nou bezwen gen ekilib e nou dwe reyalis nan fason nou wè bagay yo. Si nou pa fè sa, nou kapab vin pa satisfè ak lavi nou plis toujou e nou ka anvi retounen viv jan nou te konn fè sa anvan. — Li 2 Pyè 2:20-22.

SAKRIFIS NOU TE FÈ

11. Ki jan kèk frè ak sè konsidere sakrifis yo te fè nan tan lontan?

11 Yon bagay ki tris sèke gen kèk moun ki te fè sakrifis pou laverite ki regrèt yo te fè sakrifis sa yo lè y ap reflechi ak tout sa yo pèdi. Petèt ou te gen posiblite fè gwo etid, vin gen gwo renome oswa vin gen anpil lajan, men ou te deside abandone tout bagay sa yo. Gen anpil nan frè ak sè nou yo ki abandone posiblite yo te genyen pou yo fè anpil lajan nan domèn tankou biznis, divètisman, edikasyon, oswa spò. Men, ane ale, ane vini, lafen an poko janm rive. Èske w konn ap reflechi sou ki jan lavi w t ap ye si w pa t fè sakrifis sa yo? Si w konn fè sa, “sonje madan Lòt”!

12. Ki jan Pòl te konsidere bagay li te kite dèyè yo?

12 Apot Pòl te abandone anpil bagay pou l te ka vin disip Kris (Fil. 3:4-6). Ki jan l te konsidere sa l te kite dèyè yo? Men sa l di: “Bagay ki te yon avantaj pou mwen, m aksepte pèdi yo poutèt Kris.” Sa k fè l te di sa? Men sa l te ajoute: “Vrèmanvre, m aksepte tou pou m pèdi tout bagay poutèt kokenn enpòtans konesans sou Kris Jezi, Seyè m nan, genyen an. Poutèt li menm, mwen aksepte pèdi tout bagay e mwen konsidere yo tankou yon pil fatra *, yon fason pou m ka gen Kris.” ​(Fil. 3:7, 8). Menm jan yon moun ki fin jete fatra pa regrèt sa l jete yo, Pòl pa t regrèt okenn avantaj li te kite dèyè nan monn nan. Li te sispann wè yo tankou bagay ki gen valè.

13, 14. Ki jan nou kapab suiv egzanp Pòl?

13 Ki sa k ap ede nou si nou rann nou kont nou kòmanse ap reflechi sou swadizan avantaj nou te pèdi? Se pou nou suiv egzanp Pòl nan sans sa a. Kòman? Reflechi sou sa w genyen kounye a ki gen valè. Ou gen yon relasyon sere ak Jewova e li konnen tout sa w te fè pou w ret fidèl devan l (Ebre 6:10). Ki avantaj monn nan ka ofri w ki ka parèt devan benediksyon ou jwenn depi kounye a nan domèn espirityèl yo ansanm ak benediksyon ou pral jwenn alavni yo? — Li Mak 10:28-30.

14 Apre sa, Pòl pale de yon bagay ki kapab ede nou kontinye sèvi Bondye fidèlman. Men sa l te di: “Mwen bliye bagay ki dèyè yo e mwen lanse dèyè bagay ki devan yo.” ​(Fil. 3:13). W ap remake gen de bagay Pòl pale de yo, e toule de enpòtan. Premyèman, nou bezwen bliye bagay nou kite dèyè yo epi sispann pèdi tan nou ak enèji nou ki gen anpil valè pou n ap plede reflechi sou yo. Dezyèmman, menm jan ak yon moun ki rive nan fen yon kous e ki fè yon dènye efò pou l fini kous la, nou menm tou nou bezwen lanse dèyè bagay ki devan yo epi kenbe je nou fikse sou bagay sa yo.

15. Ki byenfè n ap jwenn lè nou reflechi sou egzanp sèvitè Bondye ki fidèl?

15 Lè nou reflechi sou egzanp moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman nan tan lontan e k ap sèvi l fidèlman jodi a, sa kapab ankouraje nou plis toujou pou nou kontinye avanse olye nou gad dèyè. Pa egzanp, si Abraram ak Sara te kontinye ap reflechi sou vil Ou, “yo t ap jwenn posiblite pou yo retounen” nan vil sa a (Ebre 11:13-15). Men, yo pa t janm fè sa. Moyiz te kite plis bagay lontan ann Ejip pase nenpòt lòt Izrayelit. Men, pa gen okenn pasaj nan Bib la ki montre li te anvi bagay sa yo. Olye de sa, Bib la di nou li te “konsidere dezonè l te jwenn antanke Moun yo chwazi a kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo, piske li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan”. — Ebre 11:26.

MOVE EKSPERYANS NOU TE FÈ

16. Ki efè move eksperyans nou te fè kapab gen sou nou?

16 An jeneral, se pa tout eksperyans yon moun fè ki bon. Petèt nou te fè kèk peche oswa kèk erè, nou toujou ap reflechi yo e sa ban nou anpil pwoblèm (Sòm 51:3). Li posib tou pou yon moun te ban nou yon konsèy yon fason ki fèm e jiska prezan sa kite yon gou anmè nan bouch nou (Ebre 12:11). Nou kapab santi yo fè nou enjistis. Kit se vre, kit se nan tèt nou sa ye, sa gendwa ap domine nou (Sòm 55:2). Ki sa nou kapab fè k ap anpeche nou kite move eksperyans sa yo fè nou konsantre sou bagay nou te kite dèyè yo? Ann pran twa egzanp ki kapab ede nou.

17. a) Poukisa Pòl te konsidere tèt li kòm “yon moun ki pi piti pase pi piti nan tout moun ki sen yo”? b) Sa k te ede Pòl pa bay tèt li pwoblèm akoz santiman negatif li te genyen?

17 Erè nou te fè. Apot Pòl te konsidere tèt li kòm “yon moun ki pi piti pase pi piti nan tout moun ki sen yo”. (Efe. 3:8.) Sa k fè l te santi l konsa? Jan li te di sa, se paske “[li] te konn pèsekite kongregasyon Bondye a”. (1 Kor. 15:9.) Èske w imajine jan Pòl dwe te santi l lè l te rankontre kèk nan moun li te konn pèsekite yo? Sepandan, olye l te kite santiman negatif sa yo ba l pwoblèm epi fè l sispann sèvi Jewova, li te reflechi pito sou favè san parèy Jewova te fè l la (1 Tim. 1:12-16). Lefètke li te gen rekonesans pou sa Jewova te fè pou li, li te bay tout li menm nan sèvis li t ap bay Jewova a. Peche li te konn fè yo fè pati bagay li te kite dèyè e li te pran detèminasyon pou l bliye yo. Nou menm tou, si nou reflechi sou jan Jewova te fè nou mizèrikòd, nou pap kite erè nou te fè nan tan lontan dekouraje nou afòs n ap bay tèt nou pwoblèm, alòske nou pa ka chanje sa n te fè a. Konsa, n ap kapab sèvi ak fòs nou pito pou nou fè travay nou gen pou nou fè a.

18. a) Ki sa ki ka rive si n ap reflechi sou yon konsèy yo te ban nou ki kite yon gou anmè nan bouch nou? b) Ki sa nou kapab fè pou nou suiv konsèy Salomon an?

18 Konsèy ki te fè nou mal. E si nou gen tandans ap reflechi sou yon konsèy yo te ban nou ki kite yon gou anmè nan bouch nou e jiska prezan nou gen rankin nan kè nou? Nonsèlman sa kapab fè nou soufri, men tou, sa ka fè nou pèdi fòs nou epi fè nou “dekouraje”. (Ebre 12:5.) Si nou “meprize” konsèy yo te ban nou an paske nou pa panse se yon bon konsèy, oswa nou vin “dekouraje” paske nou pa t suiv li, se menm bagay la nou fè. Sa ap montre nou pa vrèman pwofite konsèy la e nou pa kite l ede nou. Li pi bon lontan pou nou suiv yon konsèy Salomon te bay. Men sa l te di: “Aksepte disiplin, kenbe l fèm, pa lage l, paske lavi w depann de li.” ​(Pwo. 4:13, NW). Menm jan yon bon chofè suiv tout pano li jwenn sou wout li, nou menm tou, nou dwe aksepte konsèy yo te ban nou an, aplike l epi kontinye avanse. — Pwo. 4:26, 27; li Ebre 12:12, 13.

19. Ki jan nou kapab imite Abakouk ak Jeremi, de pwofèt ki te gen lafwa?

19 Lè yo fè nou enjistis oswa nou panse yo fè nou enjistis. Pafwa, nou kapab santi nou menm jan ak pwofèt Abakouk ki t ap kriye nan pye Jewova pou l jwenn jistis piske li pa t konprann poukisa Jewova te kite kèk bagay rive (Aba. 1:2, 3). Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou imite pwofèt sa a ki te gen lafwa! Men sa l te di: “Mwen menm, m’ap toujou kontan poutèt Senyè a. M’ap fè fèt pou Bondye k’ap delivre m lan.” ​(Aba. 3:18). Menm jan ak Jeremi nan tan lontan, si nou mete lafwa nou nan Jewova nèt, Bondye ki renmen jistis la, epi nou “ret tann” li (NW), nou kapab gen konfyans tout bagay ap antre nan plas yo lè lè a rive. — Lam. 3:19-24.

20. Ki jan nou kapab montre nou “sonje madan Lòt”?

20 N ap viv nan yon epòk ki espesyal. Gen anpil gwo evènman k ap fèt kounye a e gen lòt ki gen pou fèt pi devan. Li enpòtan pou nou mache pazapa ak òganizasyon Jewova a. Annou suiv konsèy biblik ki mande pou nou bliye bagay ki dèyè yo e pou n lanse dèyè bagay ki devan yo. Si nou aji konsa, n ap montre nou “sonje madan Lòt”.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Nan lang orijinal la, mo yo tradui l yo mete “fatra” pou li a gen sans “bagay yo jete bay chen”, “poupou”. Gen yon biblis ki fè konnen Pòl te itilize ekspresyon sa a pou l montre li te “vire do nèt bay yon bagay ki pa gen valè e ki ba l repiyans, yon bagay li pa t vle gen okenn kontak avè l ankò”.

[Kesyon]